Konsèy
sekirite a salye envestiti Préval
Dimanch 14 me a, prezidan René Préval te prete
sèman devan Asanble Nasyonal la pou yon manda 5 ane. Nan diskou li, nouvo Chèf
Leta a plede anfavè revizyon manda Minustah a. Li fè konnen fòk Minustah a
transfòme l an koperasyon teknik nan kad devlopman peyi a.
Nan
deklarasyon Konsèy sekirite Loni a te fè lendi 15 me a, yon jou apre envestiti
a, li salye nouvo prezidan an e li mande pou eleksyon minisipal yo, lokal e rès
lejislatif yo ta fèt tousuit pou konsolide enstitisyon demokratik yo.
Prezidan
Konsèy sekirite pou mwa me a, Bazil Ikouebe ki se yon Kongolè, nan yon
deklarasyon nan non tout manm konsèy la felisite prezidan Préval. Li lanse yon
apèl bay donatè yo pou yo kontinye bay nouvo gouvènman an èd pou l ka fè peyi
vanse.
Koperasyon
kiben an ap vanse
Nan kad koperasyon Kiba ak Ayiti, visprezidan
Konsèy Deta Kiben an, Esteban Lazo ki te genyen avèk li minis Envestisman
etranje e kolaborasyon ekonomik, Marta Lomas te rankontre prezidan René Préval
lendi 15 me a. Rankont lan te dewoule nan yon atmosfè fratènèl kote yo te pale
sou fason 2 peyi yo ap kontinye devlope kolaborasyon bilateral yo nan tout
domèn posib. Rezilta koperasyon Kiba a, k ap travay anfavè pèp ayisyen toujou
trè pozitif. Esteban Lazo te pwofite pou l te rankontre avèk 115 kiben k ap
travay nan plizyè domèn nan peyi a.
Yon lòt kote 23 me k ap vini la a, genyen yon
reyinyon k ap fèt Brezil sou asistans finansyè pou Ayiti. Etazini ap voye yon
delegasyon k ap genyen: asistan sekretè Deta pou afè emisferik la, Thomas
Shannon; asistan administratè USAID pou Amerik Latin ak Karayib la, Adolfo
Franco; reprezantan Bank mondyal, bank entèamerikèn pou devlopman, Nasyonzini e
OEA. Nan reyinyon sa y ap evalye asistans finansyè entènasyonal 800 milyon yo
te bay deja premye minis defakto a Gérard Latortue e prepare konferans donatè
yo ki genyen pou fèt nan mwa jiyè a.
Latortue
dwe rann kont sou vòl nan Ilavach
Visprezidan Chanm depite a, Geneste Jean
David, ki eli sou banyè pati Alyans pou sikonskripsyon Cayes-Ilavach, mande
otorite jidisyè yo ak tout lòt enstans ki konsène pou pran responsabilite yo
sou dosye siyati kontra 27 out 2004 la. Se gouvènman defakto Alexandre/Latortue
a ki te siyen yon kontra sispèk ak konpayi etranjè pou fè rechèch anba lanmè
nan zòn Ilavach. Depite a fè konnen li genyen bon jan enfòmasyon genyen plizyè
pyès lò e emewod avèk plizyè kanon bwonz ki koute plizyè milyon dola ki
disparèt nan Ilavach. Dapre depite a, siyati kontra a montre degre koripsyon ki
te genyen nan gouvènman defakto a. Plizyè lòt depite te pale nan menm sans lan.
N ap raple nan yon nòt Primati a te fè sou dosye sa a te tante dedwane Premye
minis defakto a, men minis Kilti ak Kominikasyon an te demanti Latortue e fè
konnen Latortue te la lè kontra a t ap siyen nan sal konferans ministè Ekonomi
ak Finans.
Fen
misyon pou Juan Gabriel Valdés
Vandredi 12 me a, reprezantan espesyal sekretè
jeneral Loni an ann Ayiti, Juan Gabriel Valdes te òganize yon seremoni lakay
li, nan kapital la, nan okazyon fen misyon l ann Ayiti. Moun ki te prezan, se
prezidan René Préval, Premye minis defakto a, Gerard Latortue ak plizyè lòt
lidè politik tankou: Paul Denis, OPL; Luc Mésadieu, Mochrenah; Charles Henri
Baker; Himler Rébu, GREH; Hubert Deronceray, GFCD.
Juan
Gabriel Valdés te fè bilan aktivite Minustah te fè sou direksyon l e li fè
konnen kominote entènasyonal la detèmine pou akonpanye prezidan Préval la. «Nou
pral fè tout sa nou kapab pou twouve lajan ak lòt api ki nesesè nan kominote
entènasyonal la pou prezidan Préval kapab genyen yon gran siksè pandan manda li
a.» N a wè sa, men se pa premye fwa nou tande sa.
Sekretè
jeneral Nasyonzini, Kofi Annan nome yon diplomat gwatemaltèk, Edmond Mulet pou
ranplase Valdés. Edmond Mulet ki genyen 55 lane se anbasadè Gwatemala nan Inyon
ewopeyèn, Beljik ak Liksanbou. L ap genyen pou l vin dirije Minustah a.
Sitiyasyon
nan kapital la
Dapre pòtpawòl Polis nasyonal la (PNH), Frantz
Lerebours, nan dènye
konferans pou laprès li te bay mèkredi 17 me a, ensekirite a bese nan kapital
la, e lapolis trete sèlman 67 afè kont 102 li te trete nan semèn avan an; sòti
10 pou rive 16 me lapolis fè 87 arestasyon nan zòn metwopolitèn lan kont 150
nan semèn avan an.
Kidnapin yo fè yon bese tou, se
sèlman 5 ka selil antikidnapin lan anrejistre e yo arete 13 moun kont 27 nan
semèn avan. Lapolis dekouvri 12 moun ki mouri nan lari, 10 ladan yo resevwa bal
e 2 lòt anba zam blanch.
Sou sa ki te pase nan Penitansye
nasyonal la 14 me, menm jou ak envestiti prezidan Préval la, Frantz Lerebours
fè konnen pat genyen yon tantativ evazyon jan yo ta fè kwè li a. Men dapre yon
kominike Direksyon administrasyon penitansyè a (DAD) genyen 11 prizonye ki
blese grav e gen 7 yo transpòte lopital e 5 ajan ki blese. Pou Rezo nasyonal
defans dwa moun, genyen yon karantèn prizonye ki blese pami yo gen 5 ki trè
grav e 3 ajan penitansye blese.
Blakawout nan lopital Jistinyen
Lopital
Jistinyen Kap Ayisyen plonje nan yon veritab blakawout depi kèk tan, se ak
bouji doktè sèvi pou bay malad swen, pou fè akouchman. Administrasyon lopital
pa genyen lajan pou yo achte gaz pou mete nan delko.
Charles
Henry Baker ap pwoteje pitit pitit li
Jounalis nan diferan estasyon radyo nan
kapital la ap kontinye deba tradisyonèl sou plizyè faktè konjonkti politik la
ap pote e natirèlman diskou envestiti prezidan Préval 14 me pase a ak premye
zak li nan kad dezyèm manda sa a se pwen cho ki bay diferan «lidè» politik
okazyon pou repozisyone yo e an menm tan tou pèmèt pèp la ka tou wè kote l gad.
Menm «lidè» ki deja pa vo anyen nan eleksyon kote pèp patisipe, men ki danjere
nan kad konplo destabilizasyon ak pwojè mizè pa mas pòv yo. Plizyè ekzanp gen
pou vini sètènman men Charles Henry Baker sou bò pa l pran devan nan yon
emisyon sou radyo Vizyon 2000 jou dimanch 21 me a kote li t ap bay opinyon l
sou akò Petrokaribe a.
Alapapòt Baker avanse
yon prezonpsyon koripsyon sou repitasyon prezidan Préval lò li fè konnen 40%
lajan an gen posibilite pou l pa itilize nan kad pwojeksyon prezidan an ap
inisye a. Kidonk li ka fè wout krochi tankou milya dola Latòti a, anfèt sa pa
alòddijou. Sepandan tout moun ka konstate menm OPL pa janm oze prezante Préval
kòm dilapidatè fon piblik. Yon lòt kote tout moun ka konprann santiman chimerik
yon boujwa eksplwatè lè li tande yon prezidan gen sousi pou pwojè sosyal ak
amelyorasyon kondisyon lavi pèp.
Sepandan yon eleman
sinik pa gen entèdiksyon pou l imajine yon agiman akseptab lè li pa dakò ak yon
lide e fè oditè gras pou yo pat tande Baker ki reyalize kado prezidan Chavez la
ki dayè ap fèt nan kad yon akò entegrasyon rejyonal te ka yon kado anpwazone.
Se pou w ta kwè Baker se yon militan altèmondyalis avangadis ! Antouka Baker gen anbisyon pou striktire pati
Respè a, FMI, BID ak Bank mondyal mèt pran nòt.
Jacques
Edouard Alexis ap pare l pou premye minis
Aprè deziyasyon ofisyèl Jacques Edouard Alexis
kòm Premye minis lendi 12 me a pa prezidan René Préval, sa pa t pran tan pou
ansyen minis Edikasyon nasyonal la epi tou ansyen Premye minis prezidan Préval
nan premye manda l (mas 1999-fevriye 2001) an t al fè premye demach li devan palman
an nan kad pwosesis ratifikasyon l. Alexis depoze pyès devan Sena a madi 23 me
a e prezidan komisyon spesyal Sena ki monte pou etidye dosye yo fè konnen yo
pral travay san pran souf prezante rapò yo pou pita nan 48tè daprè presizyon
senatè Lespwa Emmanuel Limage prezidan komisyon an te bay laprès. Nan okazyon
sa a plizyè responsab platfòm Lespwa te akonpanye Premye minis deziye a tankou
ansyen depite Joseph Jasmin, ansyen depite Alix Fils-Aimé, ansyen minis Jean
François Chamblain.
Kidonk
se pa etonan, pwofil Jacques Edouard Alexis, tamperaman l, konpetans li, pase
politik li te trennen anpil kòmantè sinon menm reyaksyon. Men sitou kwòk anjanb
diplomatik peyi Kanada ki te deja mete non Alexis nan yon «lis gwoup ansyen
ofisyèl gouvènman Lavalas ki ta fè krim kont liminate» (Radio Kiskeya,
23-05-06) vin mete lwil sou dife.
Sepandan
Premye minis deziye a fè konnen: «Prezidan Préval konnen mwen reyini kondisyon
ki ka pèmèt peyi a fè yon nouvo demaraj. Ak fòs apwi prezidan Préval. Ak fòs
platfòm Lespwa reprezante. Ak fòs ouvèti prezidan an ak Lespwa ap fè pou al
chèche patenarya ak koperasyon bò kote lòt sektè politik ak gwoup nan sosyete
sivil la mwen gen yon chans pou mwen ta vin nouvo Premye minis peyi a». Pou
moun ki repwoche l kòmkwa li se yon pèsonaj awogan epi konfliktyèl, Jacques
Edouard Alexis reponn se abitid li pou l di laverite kri ki fè yo pèsevwa l
konsa men li afime li pa chanje. Senpleman li estime se preferab pou l jwe ak
franchiz plis transparans menm si dorenavan l ap chèche fòm ki gen plis souplès
pou kontinye di verite san li pa sèvi ak sa l rele «meta langage», ni bay manti
ak pwomès li paka respekte.
Jacques
Edouard Alexis kòmanse revele kèk aspè nan filozofi gouvènman an pra l adopte
nan ka li ta vin chèf gouvènman an ki sipoze rasanble anpil valè nan plizyè
sektè nan peyi a. Li siyale «atou li pral mete devan se eksperyans li,
patriyotism li, yon konpreyansyon anje yo ak defi yo jodi a ki montre fòn
rasanble, fòn jwe sou dyalòg, eksplikasyon paske sitiyasyon an pa fasil. Pèp la
ap tann anpil bagay nan men gouvènman an ni palman men afòs nan chèchè
koperasyon pèp la, patisipasyon l, afòs eksplike n ap jwenn mwayen pou n avanse
ak kesyon modènizasyon Leta a, ak
pwodiksyon nasyonal la. Sekirite ak lapè pou n mete nan peyi a. Respè pou n chèche
kote patnè entènasyonal yo pou yo konnen Ayiti se yon peyi tankou yon lòt epi
pou rive nan rekiperasyon souvrente peyi a». Kantite eleman vrèman vre ki ta
kapab sèvi baz pou deba pwodiktif sitou lè nan yon nivo oubyen yon lòt
gouvènman an tava pran yon opsyon ki an depaman ak enterè veritab mas pèp la.
San bliye kondisyon politik ki pote platfòm Lespwa opouvwa kidonk mobilizasyon
mas yo pap kapab kontante yo ak bèl pawòl, eksplikasyon vid, bèl swè pou lapè
san jistis, jistis sosyal elatriye. Nou ta byen renmen pa egzanp gen plis detay
sou kisa Alexis rele «modènizasyon Leta» a. Men se konte selon tout aparans san
pretansyon jiskoboutis pati OPL an alyans ak pati Konba ki regwoupe 15 depite
ki deja kanpe an kwa kont presizeman pèsonaj Jacques Edouard Alexis. Sa k pi
rèd la apwòch san respè minimòm chèf defil kowalisyon konze sa yo depite
Acluche Louis Jeune pa rapò ak prezidan René Préval kite sou bò pa l devan
palman lendi 22 me a deja rabese prestij enstitisyon an e moun ka sipoze s ak
pral pase an konparezon ak sa k te konn pase. Paske nou ka raple n palman ak
majorite OPL sou premye manda prezidan Préval se te veritab blokaj devlopman
peyi a e tout desizyon nan yon sans malere pou pèp la tankou likidasyon
antrepriz Leta te pran ak bonjan benediksyon yo. E sou kesyon akizasyon vilgè e
san fondman Kanada ap eseye lage dou do plizyè ofisyèl Lavalas pami yo Alexis
jwen rezonans san rezèv pote sou Acluche Louis Jeune ki konpòte l la tankou yon
veritab restavèk paske diplomasi kanadyèn pap pran tan pou l reyalize ke li
pase tèt li nan betiz kòm pwomotè rejim sanginè Alexandre/Latortue a alòske
Premye minis Jacques Edouard Alexis ki kalifye demach sa de «movèz plezantri»,
li brandi fyèman pou prèv 2 pwosè kite reyalize nan peyi a sou gouvènman l lan
kote Leta te pran responsabilite pou kondane kriminèl e l ap tann ekskiz piblik
bò kote gouvènman kanadyen.