Pages Centrales:
Investiture 2006 :
Une immense foule salue Préval
Et réclame le retour d’Aristide !
Perspectives:
Le blog de Claude Ribbe
Le futur haïtien
Par Eduardo Alvarez*
Un pays dévasté Un pays à construire
Par Serge Rousseau
(1e partie)
Coup d'oeil sur le monde:
Le grand jeu des bases militaires Europe
Par Manlio Dinucci
Des intellectuels rebelles à Miami
Par Gabriel Molina
Reporters sans frontières
Ménard, partenaire européen No 1
de la sale campagne de Bush contre Cuba
Par Jean-Guy Allard
L’anticastrisme: une affaire juteuse
Par Ángel Rodríguez Álvarez
Nan Peyi Dayiti
Diskou
Diskou envestiti prezidan
René Préval 14 me 2006
Pèp Ayisyen, pèp Ayisyen respè pou ou!
Nan non w, m ap di
tout etranje ki vin pataje moman espesyal
sa a avèk nou, mèsi.
Mèsi byenvini.
Byenvini son ekselans onorab
Michaëlle Jean gouvènè jeneral Kanada ;
Byenvini son ekselans trè zonorab Perry Christy Premye
minis Bayamas la
Son ekselans Richard
Tounhari, gouvènè Turks and
Caicos ;
Son ekselans José
Alencar visprezidan Brezil
la
Son ekselans Esteban Lazo, visprezidan
Konsèy Deta Cuba ;
Son ekselans José
Vicente Rangel Reca visprezidan Venezyela
Son ekselans Dr.
Michaël Eugène Misick Premye
minis Turks and Caicos
M. Philippe Douste-Blazy minis Afè etranjè peyi Lafrans
M. Carlos Morales Troncoso
minis Afè etranjè Repiblik Dominikèn
M. Bernandino Leon minis Afè etranjè Lespay
M. Jeb Bush gouvènè Eta la Florid
Son ekselans José
Miguel Insulza sekretè jeneral OEA
Byenvini ak tout lòt reprezantan prezidan ak chèf gouvènman
yo,
Reprezantan palman etranje yo,
reprezantan òganizasyon entènasyonal
yo. Byenvini espesyalman a reprezantan Pap la.
Nan non w pèp Ayisyen m ap
salye pèp tout lòt peyi yo spesyalman sè ak frè
nou Dominiken vwazen nou. Lapè pou tout pèp k ap viv
sou tè a, lapè ant 2 pèp k ap
viv sou zile a, Dominiken ak Ayisyen. Lapè
ant nou menm pitit tè Dayiti
k ap viv ann Ayiti oswa
k ap viv nan lòt peyi. Prezidan Boniface
Alexandre, Premye minis Gérard Latortue, manb kabinè ministeryèl
la nou fè tout sa nou te kapab pou Ayiti rive nan kafou sa a, li pat
fasil men nou rive.
Manb Konsèy elektoral
la travay nou pat fasil non plis, depi 1987,
eleksyon ann Ayiti se traka, premye a fini nan san, pifò lòt
yo fini nan kontestasyon an. Eleksyon
sa yo tou te gen pwoblèm pa
yo, men tout moun rekonèt
pat gen vyolans, pèp la patisipe anmas e tout moun rekonèt rezilta
yo.
Men travay la poko fini, rete kolektivite teritoryal yo, ki se baz òganizasyon ekonomik, sosyal ak politik
peyi a. Peyizan yo sitou ap tann eleksyon
sa yo tankou tè sèk ap
tann lapli, pou desantralizasyon an kòmanse kaba avèk eksklizyon.
Juan Gabriel Valdès misyon w fini, travay ou pat fasil nonplis men ou mèt kontan, rezilta a la, devan nou jodi
a. Juan Gabriel Valdès misyon w fini, sekretè jeneral Nasyonzini an ap gen pou ranplase w touswit paske misyon
Minustah a poko fini. Minustah pral
kontinye akonpanye pèp Ayisyen an.
Men fwa sa a n ap mande l ede n avèk plis traktè, bouldozè, lodè, kamyon pou fè wout, pou fè
kanalizasyon pou wouze tè nou yo.
Se materyèl sa yo ki nesesè jodi
a pou estabilize peyi a, se pa
cha ankò. Minustah ap gen pou l bay kout men tou patikilyèman
nan pwofesyonalizasyon polis nou
an. Pèp Ayisyen n ap pale je nan je, m ap gade w je
nan je, gade m je nan je. Nou fè yon gwo pa nan
eleksyon an, prezidan an
sot prete sèman, palman an enstale, yon bò yon lòt gouvènman pral
nonmen. Sa k ap
fèt? Sa nou pral fè?
M byen
di ki sa nou pral fè ? Nou menm ayisyen, pati politik, òganizasyon popilè yo, òganizasyon patwonal, sendikal, òganizasyon fanm yo, jèn
yo, òganizasyon relijyez, sosyo profesyonèl, peyizan, etidyan, inivèsitè, peyizan elatriye. Ki sa nou pral fè ?
Ki sa ki gen pou fèt ? Repons lan senp,
repons lan klè pou mwen. Nou
genyen pou nou fè lapè.
Nou gen pou nou fè lapè atravè
yon dyalòg pèmanan, fòk nou
pale yon ak lòt, pou nou deside
ansanm, ki kote nou vle
ale ansanm, ak ki vitès, ak
ki mwayen, mwayen moun, mwayen
kòb, si nou pa pale ant nou,
nou pral batay yonn ak
lòt, e pap gen lapè. Nou
pral batay, pa paske yonn
pa renmen lòt, men senpleman paske nou pa
konn sa lòt la vle. Pale a deja kòmanse, lapè a deja kòmanse, fòk
nou ranfòse pale a, pou nou ranfòse lapè.
Lapè a se kle ki pou ouvri tout lòt pòt yo.
Pòt envestisman pou kreye travay, travay
k ap konbat chomaj.
Pòt pou plis touris antre nan peyi a, pòt pou plis wout, plis lekòl, plis lopital, plis prodiksyon nasyonal. Se lapè ki pou pèmèt
machann monte desann. Pèp ayisyen pale a deja kòmanse, lapè
a deja kòmanse tabli, ann laji
pale a, ann ranfòse l, ann pale avèk pasyans,
entelijans, imilite san pèsonn pa
gonfle lestomak yo.
Pèp ayisyen nan 4 jou,
se 18 me, nou pral Lakayè onore zansèt
nou yo Petyon,
Desalin ki ba nou legzanp
chita pale ant yo, pou yo fè
lapè ant yo. E se lapè sa a ki debouche sou kreyasyon Ayiti. Jodi a ann pran egzanp
sou yo, ann chita pale pou nou fè lapè antre nou,
k ap debouche sou yon Ayiti san
twoup etranjè. Pèp ayisyen, solisyon
pwoblèm peyi a se nan men nou
ayisyen li ye.
Solisyon an kòmanse pa chita pale pou nou fè lapè. Pèsonn
pa ka fè l nan plas nou, ni nou
pa bezwen èd pèsonn pou nou
fè l, ni Minustah, ni FMI, ni Bank Mondyal, ni BID, ni Inyon ewopeyèn, ni koperasyon bilateral pa ka fè l pou nou, pandan
n ap di yo mèsi davans pou bourad yo pral
kontinye ba nou.
Pèp ayisyen m sèten, si nou
kontinye pale, si nou kontinye fè lapè,
nou ka antann nou, sou ki sa pou nou fè, pou 7 fevriye
2011, lè m prale, n ap admire ansanm yon lòt Ayiti.
Yon Ayiti avèk plis wout, plis travay, plis manje, plis lekòl, plis lopital, yon Ayiti pi bèl.
Tanpri souple ede m, ede
peyi a, ede tèt nou, mèsi anpil.
A Travers Haiti
Le «sentiment» de Jacques Chirac…
Retour et retrouvailles…
Une rencontre du président élu avec les médias
La CEA, une officine de corrompus pour enquêter sur la corruption?
Arrestation de René Civil
Une «réconciliation» sur mesure?
L’Usaid recrute?
Trésors sous marins :
Gérard Latortue plonge au fond!
Gérard Latortue portera-t-il l’uniforme…?
Dans le communauté:
Rolande Realty:
Une institution dans la communauté
En bref:
Haïti absente au Sommet de Vienne
La CARICOM presse l'Espagne…
Boniface Alexandre au Costa Rica
Visite d’un conseiller de Kofi Annan
Arrestation de deux policiers
Latortue et ses complices doivent être jugés
Arrêt de travail à la Fasch
Sommet sur le tourisme
Nouvelle plate-forme paysanne
La «continuité» aux trousses de Latortue?
Résultats du recensement
Prolongement du mandat de la Minustah
Prévention de la grippe aviaire
L’UE prête à coopérer avec Préval
Practiques Culturelles
Tombouctou: une ville légendaire au cœur de l’Afrique
Par Ernesto Colón Rodríguez
|