Konplis Gérard Latortue kenbe li nan manti !
Dapre yon nòt ansyen minis defakto Kilti ak Kominikasyon
an, Magalie Comeau Denis fè soti sou dosye
pwospeksyon anba lanmè nan Ilavach, nan depatman Sid la, Premye minis defakto a, Gérard Latortue te prezan
nan moman yo t ap siyen kontra a ak konpayi « SubSea Research», 27 out 2004. Kontra sa a te siyen nan sal konferans ministè Ekonomi ak Finans
e se minis Ekonomi ak Finans lan, Henri Bazin, minis Kilti ak Kominikasyon,
Magalie Comeau Denis, ki te siyen l an prezans Premye minis defakto a, Gérard Latortue, minis Komès
ak Endistri a e Touris la, nan epòk la, Daniele Saint-Lot, avoka konpayi a, Gervais Charles e reprezantan
konpayi Sub Sea research Carribean
Marine Institut, Christopher John Lea Russon e Douglas D. Chrozianin, direktè kabinè minis Finans lan, Guy Bernadin te la tou.
Nouvo kontra sa a te elimine yon premye
kontra menm konpayi sa a te
siyen avèk gouvènman Jean-Bertrand Aristide la nan ane
2003 e konpayi a te pran angajman pou fè pwospeksyon, rechèch e eksplwatasyon sibakwatik nan zòn Ilavach.
Kodirektè konpayi a, Greg Brooks akize gouvènman defakto Alexandre/Latortue a de koripsyon,
de konplisite, de vòl de kanon ak lòt
objè enpòtan. Nan yon deklarasyon li te fè 27 avril la, Greg Brooks fè konnen nan mwa novanm 2005, yo vòlè 6 kanon an bwonz ak plizyè pyès
an lò e emerod nan sit la nan Ilavach ke yo transpòte
yo Panama anvan yo voye yo Kanada.
Prezidan Preval rankontre direktè medya
Madi 9 me a, prezidan René Préval te rankontre responsab plizyè medya, pou pale sou priyorite li yo lè l fin envesti 14 me a. Li fè konnen se konsètasyon
ak tout sektè yo k ap pèmèt Ayiti debloke nan sitiyasyon difisil sa a. Li envite laprès pou rejwenn li nan yon mouvman konsètasyon
jeneral, pou l mete kanpe yon ajenda nasyonal
pou 12 premye mwa prezidans li a.
Objektif rankont li ak laprès se te kontinye eksplike demach li antreprann lan ki se konsètasyon
ak api enstitisyon piblik
yo pou yo kapab defini yon ajenda nasyonal
pou mete ala dispozisyon pwochen gouvènman an.
Prezidan Preval te pale sou misyon nouvo palman an e li envite laprès pou apiye palmantè yo nan travay yo, e li te fè bilan plizyè rankont li te fè ak plizyè
Chèf Leta nan Amerik di Sid la ak Karayib la sou koperasyon yo avèk Ayiti. Li te site kèk peyi kou wè,
Ajantin, Brezil e Chili, yo
pwomèt y ap ede l nan plizyè domèn. Li te pale sou vizit li te fè nan Kiba ak Venezuela, e Venezuela entegre Ayiti nan Petwokaribe a e li pwomèt depi
prezidan Preval fin pran pouvwa a, l ap voye gaz la ann Ayiti.
Etidyan yo pote plent kont defakto yo
Gwoup Refleksyon ak rechèch inivèsite pou devlopman (GREUDI) e Inyon etidyan inivèsitè konsète ayisyen (UNICEH)
manifeste pou yo depoze yon plent kont
otorite defakto yo devan Chanm depite
a ak Sena a. Etidyan yo ap mande palmantè yo pou yo mennen yon ankèt sou jesyon
otorite defakto yo pou yo kapab idantifye epi arete tout moun ki koupab de malvèsasyon.
Yo akize rejim defakto ki
pat respekte lalwa, vyolasyon dwa moun
e koripsyon, tolere enpinite, lè l fè libere moun
ki te kondane, ki te akize nan enplikasyon krim dokimante, e mete nan prizon tout opozan politik li yo.
Kòdonatè jeneral GREUDI a, Jean
Gédéon e sekretè jeneral
UNICEH la, Apollon Renelsond fè
konnen otorite defakto yo dwe rann kont sou jesyon
yo pandan 2 ane yo pase
sou pouvwa a. Pòtpawòl
òganizasyon yo site kèk kontra ilegal defakto
yo te siyen kouwè: Kontra gouvènman
defakto a te siyen avèk yon konpayi
etranjè pou eksplwatasyon
fon lanmè; arete prezidansyèl nan dat 9 desanm 2005 ki te revoke 5 jij nan kou kasasyon; akò
Latortue ak Minustah pou mete
polis nasyonal la sou titèl
Minustah.
Pou
tout zak ilegal sa yo etidyan yo
pral depoze yon plent devan
chanm depite a, pou l ka mete responsab defakto yo ann
akizasyon epi sena a pral erije
l an wòt kou de jistis pou jije yo.
Grèv nan Fakilte Syanszimèn
Depi vandredi 5 me a, etidyan
fakilte Syanszimèn yo, youn nan 11 fakilte nan Inivèsite Leta (UEH) a, ap obsève yon grèv
nan lokal enstitisyon an
pou pwoteste kont move jesyon ak
fonksyonman fakilte a. Daprè etidyan yo,
konsèy ki te eli depi 9 mwa pa
fè anyen pou amelyore kondisyon yo. Depi 5 me a tout aktivite yo bloke
nan fakilte a. Yo mobilize e mete yo dakò sou lis revandikasyon sa yo: reyabilitasyon twalèt yo, pwoblèm elektrisite
a, ogmante kantite òdinatè e agrandi laboratwa enfòmatik la, etidyan dwe genyen aksè
nan sèvis fotokopi a ak enpresyon an pou pipiti lajan. Etidyan
yo fè konnen
y ap rete mobilize jiskaske responsab yo satisfè
revandikasyon yo.
Nouvo platfòm òganizasyon peyizan
6 òganizasyon peyizan
k ap travay nan plizyè depatman kouwè Latibonit, Nò, Nòdwès, Lwès ak
Grandans deside kreye yon platfòm
ki rele Kòdinasyon
nasyonal revandikasyon peyizan Ayisyen yo (Konarepa) ki
ap genyen ladan l: Inyon ti peyizan ayisyen
(Tèt kole), Federasyon peyizan patizan Mackandal (Feppam), Federasyon gwoupman peyizan Bèlfontèn (FGPB), Mouvman revandikatif peyizan san tè (MRPST), Kòdinasyon defans enterè peyizan yo (KODEP), e Kòdinasyon militan pou devlopman (CMD). Objektif kòdinasyon an se chache solisyon ki korèk pou sektè
peyizan an: rebwasman, refòm agrè pou ògmante pwodiksyon nasyonal la, sistèm irigasyon fyab, wout nan seksyon kominal yo, desantralizasyon
sèvis sosyal yo, refòm nan aparèy
jidisyè, elatriye.
Kòdinasyon sa a ki te prezante l bay piblik la jedi 4 me a, fè konnen li prè pou l travay ak lòt
òganizasyon peyizàn pou fè pase revandikasyon yo. Responsab Konarepa
deklare yo pa nan okenn pati
politik, men y ap travay pou fè
respekte revandikasyon peyizan yo.
Rezilta resansman
Mèkredi 10 me a, Enstiti ayisyen
statistik e enfòmatik
(IHSI) prezante rezilta definitif katriyèm resansman popilasyon ak abita nan lotèl
Karibe Convention Center. Daprè dokiman an, an Ayiti genyen 8 milyon 373 mil 750 abitan, e ki genyen yon
tandans pou l ògmante a 10 milyon nan ane 2010. Genyen 59,2 pou san nan popilasyon an k ap viv nan milye
riral, depatman Lwès la genyen 37 pou san, Latibonit 16 pou san e depatman Nò 10 pou san. Fanm yo reprezante
52 pou san, moun ki genyen 65 lane
e plis reprezante 5.1 pou san.
Resansman sa a ki te reyalize nan lane 2003 montre ke Ayiti genyen
yon popilasyon ki pi jèn nan tout Lamerik la avèk 50 pou san moun ki
aje de mwens 20 lane.
Se
minis defakto Ekonomi ak Finans lan,
Henri Bazin ki te dirije seremoni an ki te dewoule an prezans reprezantan Fon Nasyonzini pou popilasyon, (UNFPA) Hernando Clavijo ; direktè IHSI a, Evens Joseph, direktè biwo resansman an, Renand Dorélien e plizyè kad nan administrasyon piblik la. Se Inyon ewopeyèn Unfpa, BID, Japon e rejyon Wallone nan Beljik ki te finanse resansman
sa a.
Arestasyon 2 polisye nan Pòdepè
Responsab Polis nasyonal yo
nan depatman Nòdwès la arete 2 polisye, enspektè Charles François e komisè
Hervé Bastien pou enplikasyon yo
nan trafik dwòg. Pou kounye a 2 mesye sa yo twouve yo
nan izolman nan kapital la. Dapre
deklarasyon enspektè
Charles François, li kalifye arestasyon li an kòm yon kidnaping,
e li akize direktè depatmantal polis Nòdwès la,
Nicolas Dalbert Prato kòm yon dilè dwòg
epi ki toujou
kanpe ankwa pou lapolis pa fè arestasyon dilè dwòg yo
nan vil Pòdepè.
Inyon ewopeyèn
anonse yon èd de 294 milyon ewo
Prezidan komisyon ewopeyèn lan, José Manuel Barroso anonse mèkredi 10 me nan Bruxelles yon èd de 294 milyon ewo pou
Ayiti. Avèk èd sa a Inyon
ewopeyèn konfime pozisyon l nan tèt lis bayè
fon pou Ayiti.
José Manuel Barroso fè anons sa a 2 jou avan louvèti
somè Ewop – Amerik Latin – Karayib la ki t ap fèt
Vyèn nan Otrich. Li swete pwosesis chanjman ki demare
avèk eleksyon 7 fevriye 2006 la nan peyi Dayiti kontinye. Li montre li satisfè
pou fason eleksyon prezidansyèl ak lejislativ yo te dewoule an Ayiti.