Bolivi rejwenn Kiba e
Venezyela nan batay kont ZLEA a
Prezidan bolivyen an, Evo Morales siyen akò pou l rejwenn Kiba e
Venezyela nan Altènativ Bolivaryèn pou Amerik la (ALBA) ke prezidan venezyelyen
an, Hugo Chavez te lanse kòm altènativ a zòn lib echanj ann Amerik (ZLEA)
enperyalis meriken vle peyi nan amerik la siyen ak li. Nan okazyon selebrasyon
premye anivèsè ALBA, 27 avril ki sot pase a, plizyè milye moun te patisipe nan
yon gwo rasanbleman sou plas Revolisyon an, nan kè kapital kibèn lan, nan la
Havane, an prezans 3 lidè istorik nan Amerik la ; Fidel Castro, Hugo
Chavez e Evo Morales.
Evo Morales te pran
lapawòl pou felisite pwojè ALBA a e remèsye gouvènman kiben an poutèt li elaji
operasyon mirak ki deja trete 7 mil bolivyen ki te malad nan zye. Li deklare
« Bolivi, peyi devaste ekonomikman, ap eseye rekipere resous natirèl li
yo, ranplase neyoliberalis la, refonde nasyon an, kote yo te mete deyò vrè pèp
la, pou sa fèt nou konvoke yon Asanble konstitiyant.» Hugo Chavez bò kote pa l,
fè Bolivi konnen, li mèt konte sou li pou l ka rekipere resous li yo, li anonse
li pral l ogmante kredi li konn bay Bolivi a 100
milyon dola.
Ayiti antre nan Petwokaribe a
Madi 2 me a yon delegasyon venezyelyen ak kiben te rive nan Pòtoprens
nan demach k ap fèt pou entegre Ayiti nan pwogram Petwokaribe prezidan
venezyelyen an, Hugo Chavez mete kanpe pou vann gaz a yon pi ba pri bay peyi yo
nan Karayib la. Ansyen premye minis lan Jacques Edouard Alexis ki te fè anons
lan, fè konnen preparatif ap vanse byen pou prezidan René Préval kapab siyen
akò a lendi 15 me a, yon jou apre envestiti l.
Dapre Alexis, travay
delegasyon an deja temwanye volonte prezidan venezyelyen an, Hugo Chavez pou
fasilite entegrasyon Ayiti nan pwogram sa a. Men Alexis t ap di tou ke: «Se pa
yon don ni yon sibvansyon, men yon kontra k ap bay Ayiti posibilite pou l peye
sou yon peryòd 25 lane».
60 milyon pèdi pou peyi a
Visrektè pou afè akademik nan Inivèsite Leta Ayiti (UEH), Wilson Laleau
fè konnen jou 3 me a, sou wòl inivèsite nan devlopman sosyoekonomik, sou lèzond
Radyo Solidarite, genyen plis pase 60 milyon dola ki ale an Repiblik Dominikèn
pou finanse etid ayisyen yo chak ane. Li kalifye sitiyasyon sa a de eskandal,
pandan li raple bidjè inivèsite Leta Ayiti fikse a 277
milyon goud, ki pipiti ke 8 milyon dola. Dapre vis rektè a genyen 12 mil
etidyan ayisyen an Repiblik dominikèn, ki reprezante mwatye efektif inivèsite
Leta a. Po
Dapre kèk temwanyaj
Ajans ayisyen près jwenn, etidyan ayisyen yo pati kite peyi a pou al etidye an
Repiblik Dominikèn nan dènye ane sa a, pou plizyè rezon : degradasyon
anviwonman sekiritè e movè kalite ansèyman inivèsite ayisyen yo.
Fondasyon 30 septanm mande
jistis pou viktim yo
Mèkredi 26 avril pase a, Fondasyon 30 septanm te òganize yon
mobilizasyon sou plas Mati yo, sou Channmas la pou mande jistis pou tout moun
ki te viktim, soti 26 avril 1987 pou rive jounen jodi a. Madanm Yvon Antoine,
Kemlie yon manm Kolektif fanmi prizonye politik yo ki t ap patisipe nan
mobilizasyon sa a mande liberasyon tout prizonye politik yo avan envestiti
prezidan eli a, René Préval 14 me k ap vini an.
Kemlie fè konnen
jounen jodi a, Kolektif GDP fanmi prizonye politik yo, yo kanpe la a avèk
Fondasyon 30 septanm pou yo frape kont gouvènman san manman sa a, kont
gouvènman zago loray sa a, ki kenbe yon bann sitwayen nan prizon pou opinyon
politik yo pandan 2 lane. Li denonse òdonans ranvwa jij Mimose Janvier te fè
soti pou voye Annette Auguste alyas Sò Ann ak Yvon Antoine alyas Yvon Zapzap
devan yon tribinal. Li denonse gwoup 184 la ak doktè Boulos k ap fè konplo pou
yo ka kenbe pitit pèp la nan prizon pou konviksyon politik yo.
Ansanm ansanm nou se Lavalas!
Mouvman elaji Lavalas (MOEL), nan yon konferans près mèkredi 26 avril
la, felisite popilasyon an ki te fè deplasman al vote kandida Lespwa ak Fanmi
Lavalas yo nan dezyèm tou eleksyon yo, vandredi 21 avril la. Pòtpawòl MOEL la,
Luckner Jabrun ankouraje tout sektè politik yo kolabore avèk nouvo gouvènman
prezidan Preval pral mete kanpe a, pou yo ka rive retire peyi a nan sitiyasyon
li twouve l apre 2 ane jesyon defakto yo. Li deklare: « MOEL apresye
detèminasyon ak volonte pèp la, lè l te konprann e adopte konsiy avèk modòd
MOEL te ba yo pou al vote tout kandida Lespwa avèk Fanmi Lavalas yo, paske nou
rekonèt ansanm ansanm nou se Lavalas. Ke l te Lespwa, ke l te Fanmi Lavalas,
nou tout se Lavalas. E n ap profite okazyon sila a pou n di ansanm de palmantè
sa yo, ke l te Lavalas, ke l te lòt pati politik, nou anfas yon defi jounen
jodi a ; defi kote peyi a fizikman l ap depafini, kote sosyalman l ap
degrade.»
Sekretè
jeneral CTH la denonse defakto yo
Sekretè jeneral adjwen konfederasyon Travayè
ayisyen yo (CTH), Jacques Belzin denonse briganday rejim defakto
Alexandre/Latortue a fè nan peyi a pandan 2 lane
jesyon yo. Li mande respè dat 8 me a pou 48tyèm lejislati
a antre an fonksyon e 14 me pou prezidan eli a pran envestiti l pou al travay
pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an. Li fè konnen yonn nan pi gwo fado
rejim defakto kite kòm eritaj pou pwochen gouvènman konstitisyonèl la, se dosye
lajistis la. Pami pil ak pakèt dezòd defakto yo fè, Jacques Belzin site: dosye
prizonye politik yo, dosye lakou kasasyon, nominasyon nan konsèy siperyè
majistra yo, siyati kontra pou chache pwodui presye anba lanmè, akò Latòti
siyen ak Nasyonzini pou mete polis nasyonal la sou titèl Minustah, pil ak pakèt
nominasyon k ap fèt san gade dèyè nan reprezantasyon ayisyen yo nan peyi
etranje ak nan administrasyon piblik yo. Tout bagay sa yo reprezante yon pyèj
pou prezidan René Préval ki pral pran direksyon peyi a 14 me k ap vini la a.
Wa Allada nan peyi Benin rann
Tousen Louvèti omaj
Nan peyi Benin, nan okazyon 203zyèm anivèsè lanmò François Dominique
Toussaint Breda, yo te rele Toussaint Louverture, Wa Allada a te òganize yon
seremoni pou rann Toussaint Louverture yon gwo omaj. Seremoni sa a te dewoule a
Allada, yon lye istorik ki sitiye a 50 kilomèt de Kotonou, an prezans plizyè
pèsonalite beninwaz, ayisyen e lot etranje, manm kò diplomatik la e
reprezantant anbasad Ayiti a nan peyi Benin. Yo te fè rapèl sou lavi Toussaint
Louverture ki se te pitit premye wa Allada, Deguenon Gahou kolon blan yo te
pote vin lage ann Ayiti. Yo rekonèt Toussaint Louverture kòm papa endepandans
ayisyèn lan, ki te mennen yon batay pou libere esklav nwa yo. Li te mouri nan yon
prizon an Frans 7 avril 1803.
1200 nouvo sòlda brezilyen ap
rive
Ajans brezilyèn lan, Agencia Brasil, fè konnen genyen 1200 sòlda
brezilyen ki kite Brezil lendi premye me a,
e ki genyen pou rive Ayiti nan 30 jou pou vin fè wotasyon pou twoup
Brezil ki deja nan Minustah ann Ayiti yo.
Dapre chèf
kominikasyon twoup brezilyen yo nan Minustah, lyetnan kolonèl, Fernando Mattos,
se ensekirite ak vyolans yo ki jistifye prezans sòlda brezilyen yo. Li fè
remake kantite kidnapin yo kite 167 chak mwa jiska desanm 2005 pase a 6 nan mwa
avril 2006 la e genyen yon sitiyasyon trè kalm nan peyi a depi apre eleksyon ki
te pote René Préval prezidan.
N ap raple se Brezil ki
gen kòmandman militè Minustah a ki genyen 6 mil 200 militè ki soti nan 20 peyi.
Se football oubyen lajan ki
kab bloke eleksyon kolektivite yo?
Eleksyon minisipal e lokal yo konsèy elektoral pwovizwa (KEP) a te
prevwa fè dimanch 18 jen an kapab ranvwaye poutèt match Brezil ak Ostrali k ap
jwe jou sa a nan mondyal foutbòl 2006 la, ann Almay. Sekretè jeneral KEP la,
Rosemond Pradel te deklare vandredi 28 avril la: «Pèp ayisyen renmen anpil
foutbòl e yo di nou ke sitwayen ak sitwayèn pap soti pou al vote 18 jen an. Paramèt
a nou pap kapab inyore l». Direktè jeneral KEP la, Jacques Bernard bò kote pa l
fè konnen KEP la poko jwenn lajan pou fè eleksyon kolektivite yo.
Anpil pale anpil sou kestyon
migrasyon
Chanselye dominiken an Carlos Morales Troncoso fè konnen nan Washington
jou 2 me a, otorite ayisyen ak dominiken yo ap travay ansanm pou yo wè si yo ta
jwenn yon solisyon nan pwoblèm san papye ayisyen yo k ap viv sou teritwa
dominiken an. Dapre ajans dominiken, Chanselye a fè deklarasyon sa a pandan l t
ap patisipe nan yon fowòm ki rele: «Rechèch de baz komin nan refòm migratwa nan
peyi Etazini». Pou sèlman mwa avril la, Dominiken yo rapatriye 2 mil 500
ayisyen.
Ki kalte pri sa a Prezidan
Fernandez ap resevwa!
Prezidan dominiken an, Leonel Fernandez, anonse samdi 29 avril pase a,
gwo pwoblèm sekirite ki genyen sou fwontyè a pral jwenn yon solisyon avèk ekzekisyon
yon plan ki te prepare ansanm ant Ayiti, Repiblik Dominikèn, Etazini e Ewop.
Dapre Leonel Fernandez plan sekirite sa a pral konbat tout trafik ilegal k ap
fèt sou fwontyè kou wè: trafik dwòg, kontrebann k ap agrave sitiyasyon an sou
fwontyè a. Prezidan Fernandez te fè deklarasyon sa a, pandan l t ap patisipe
nan yon dine nan lotèl Hilton nan Santo Domengo, kote l re resevwa pri entèamerik lidèchip 2006,
Fondasyon Panameriken pou devlopman (PADF). Li resevwa pri sa a, pou
kontribisyon l nan ranfòsman sosyete a e amelyorasyon pèfòmans ekonomik
Repiblik Dominikèn. Se pa dwe pou sa yo
ba li pri sa a, paske pandanstan pèp dominiken ap pwoteste pou solda ameriken
ki twouve yo enstale ko yo nan Barahona!
Fwa agrikol sou Channmas
Nan okazyon fèt agrikilti e travay
premye me a, Ministè Agrikilti defakto a te òganize yon fwa agrikòl sou
Channmas la, 29 e 30 avril sou tèm: « Ann bay pwodiksyon nasyonal la
valè ». Yonn nan òganizatè yo, Wilson Durand fè konnen se te yon reyisit
pou yo, paske yo te rive mobilize plizyè milye moun, pami yo 200 ekspozan ki
soti nan diferan sektè nan peyi a.