Arestasyon Raphaël Boulos pou kontrebann
Mèkredi 12 avril la, polisye yo
ak dwanye sou fwontyè a, nan Malpas te prezante bay laprès 96 baril metanòl e 240 baril etanòl yo te sezi. Moun ki
mèt produi sa yo se yon seri kontrebandye
ki te itilize lak Azueyi ant Ayiti
ak Repiblik Dominikèn pou antre ak pwodui sa yo ki ta dwe genyen yon otorizasyon espesyal plizyè ministè.
Direktè jeneral PNH la, Mario Andresol te deklare lè sa a: « Li lè, li tan pou
jan daksyon sa yo sispann
nan peyi a; kèlkeswa moun
li ye, y ap arete yo e remèt yo bay otorite jidisyè pou suit legal.»
Choz di choz fèt,
parètil, lendi 17 avril la,
lapolis arete yon komèsan ayiysen, Raphaël Boulos ak 3 lòt moun.
Aprè sa, lapolis te al fouye yon antrepriz
Boulos la e yo te jwenn menm pwodui sa yo. Pòtpawòl PNH la, Frantz Lerebours
te deklare: «Raphaël Boulos
e 3 lòt moun sa yo ap reponn kesyon
lapolis kounye a e y ap
voye yo devan lajistis pou
yo bay esplikasyon sou zak
yo repwoche yo.» Antouka nou mèt
si e sèten Raphaël Boulos p ap
rete nan prizon lontan e tout bagay pral efase byen
vit.
Lopital yo nan menm eta
ak wout yo!
Prezidan Federasyon ayisyèn foutbòl la, Yves Jean
Bart ki t al vizite jwè foutbòl ekip
Dinamik Senmak ki te fè aksidan sou
Wout Nò a, pandan yo t ap
sot jwe yon match Kap ayisyen 16 avril la. Doktè Jean Bart fè konnen se yon wont pou wè nan ki
eta lopital la twouve l, sitiyasyon sa a mete lavi viktim aksidan yo plis
an danje, e li te deklare: «Eta
wout yo pa bon, gade eta yon lopital
depatmantal nan yon vil, kòm Site Endepandans
lan!. E poutan
jan Gérard Latortue ap vante jan li ranje wout, jan li bati lekol!
PNH fè bilan dezyèm tou eleksyon yo
Pòtpawòl polis nasyonal la, komisè
Frantz Lerebours drese yon bilan pou dezyèm tou eleksyon lejislativ 21 avril
la. Li fè konnen nan komin Vèrèt nan Latibonit biwo yo te fèmen avan lè,
kote yon kandida pou depite, Dorson Jean Beauvoir te ouvè kout zam sou elektè
epi blese yon obsèvatè nasyonal.
Sitiyasyon sa a te pwovoke yon gwo panik
nan zòn lan, responsab PNH yo te sètoblije pran kèk dispozisyon.
Genyen yon polisye ki blese
nan lekòl nasyonal ti Plas Kazo nan kapital la e genyen yon polisye
14zyèm pwomosyon ki te jwenn arestasyon l nan depatman Nòdwès la, se sòlda Minustah yo ki te arete l ak gwo zam nan men l. Lapolis arete plis pase yon santèn moun
nan diferan rejyon jou eleksyon yo.
Frantz
Lerebours fè konnen ajan PNH yo arete plis pase yon santèn
moun nan zòn metropolitèn lan pou tantativ asasina, kidnapin, abid konfyans e kanbriyolaj.
Depòtasyon Ayisyen
Otorite dominiken rapatriye
180 ayisyen 26 avril la, aprè
yo te fin arete yo nan nò peyi a. Se enspektè imigrasyon ak militè dominiken
yo ki te arete yo nan diferant lokalite.
Kòdonatè Oganizasyon Solidarite Fwontalyè nan Dajabon, nan nòdwès Repiblik Dominikèn, Regino Martinez fè konnen se pa rapatriman fòse a k ap rezoud
pwoblèm imigrasyon ayisyen yo. Dapre Regino
Martinez, se otorite dominikèn
yo ki dwe fè yon fason
pou ranfòse sistèm kontwòl vwayaje e mete fen ak
tout koripsyon ki genyen
sou fwontyè a, kote militè dominiken ap pran lajan
pou kite moun pase. Depi lane
2006 la kòmanse, yo raptriye plis pase 10 mil Ayisyen, dapre lame dominiken an.
Depòtasyon 138 Dominiken
Jounal dominiken El Viajero
anonse mèkredi 19 avril la depòtasyon
138 resòtisan dominiken ki te rive ilegal nan plizyè zil nan Karayib la tankou: La Dominik, Kiraso, Matinik e Awouba. Pi fò nan yo se fanm,
ki t al rann tèt yo volontèman
bay otorite imigrasyon yo
pou retounen yo nan peyi yo pou yo te echape anba eksplwatasyon
seksyèl nan peyi sa yo kote yo menm ap
frape yo pou fè yo aksepte travay
nan bòdèl yo.
Latortue
ap ransone chofè piblik yo!
Federasyon transpòtè piblik ayisyen kritike gouvènman defakto
Alexandre/Latortue a k ap fè chofè yo
monte lesyèl pa do nan Ofis asirans veyikil
(OAVCT) ak direksyon jeneral enpo (DGI). Nan OAVCT prim asirans lan
ki te 495 goud nan lane 2000 pase a 2 mil 500 goud pou rive kounye a 7 mil 500 goud. Sa k pi rèd la, yon machin te mèt fè 5 lane, 10 lane
kanpe e li anpàn w ap peye tout lajan an kanmenm dapre yon
nòt OAVCT fè soti.
Nan DGI, yo elimine kat idantite a, yo ranplase l pa yon matrikil fiskal, men yo fè moun peye tout aryere yo te
dwe. Men pou kounye a, chofè ak pwopriyetè
machin yo pa ka jwenn matrikil fiskal la, sa fè chofè
yo pa ka jwenn lisans ak plak pou
yo sikile. DGI fèmen pou chofè ak pwopriyetè machin.
Anivèsè vil Senmak
Madi 25 avril la, vil Senmak t ap fete 311zyèm anivèsè li. Nan okazyon sa a yon mès te chante nan legliz pawasyal la, yo te fè plizyè aktivite
kiltirèl nan vil la. Plizyè sitwayen
k ap viv aletranje te rantre vin fete, yo manifeste volonte yo pou yo ede nan devlopman
zòn lan, men yo kritike responsab
yo ki pa fè anyen pou vil la. Prezidan komisyon kominal la, Thompson Charliénord bo pa li akize gouvènman
defakto a: «Yo repwoche nou pou mank kolaborasyon, men pa genyen moun
ki ka fòse nou patisipe nan zak koripsyon .» Li fè konnen, li espere
nouvo gouvènman pral ede nan devlopman vil Senmak.
Préval lanse
yon apèl bay 48tyèm lejislati
a
Prezidan eli a, René Préval lanse yon apèl bay 48tyèm Lejislati a, nan kèlkeswa pati
yo soti, pou yo fè
prèv bòn fwa, pou al travay
pou yo chache
amelyore kondisyon vi popilasyon an. Li fè palmantè yo konnen
yo genyen yon gwo wòl pou
yo jwe nan
fòmasyon gouvènman an, nan vote bidjè a e nan kontwole gouvènman
an e ke platfòm politik li a pa genyen pretansyon e resous pou debloke
sitiyasyon difisil peyi Dayiti. Se pou sa li deja chita pale ak plizyè dirijan
politik.