Dezyèm vizit Preval nan Dabòn
Avan l te pati pou Kiba, prezidan eli a, René Préval, te fè yon dezyèm
vizit madi 11 avril la, nan izin Sikriyè Dabòn lan, nan Leyogàn pou l te pran
enfòmasyon kouman izin lan ap mache apre enstalasyon nouvo konsèy administrasyon
an. René Préval te genyen avèk li, anbasadè brezilyen an Andrade Paolo Pinto;
reprezantan adjwen sekretè jeneral Nasyonzini an ann Ayiti, Larry Rossin e
minis defakto Agrikilti a, Philippe Mathieu. Yo chak bò kote pa yo te felisite
prezidan Préval sou fason li abòde dosye izin lan.
Prezidan Preval bò
kote pa l, te felisite teknisyen kiben ak ayisyen pou jefò y ap fè pou izin lan
rekòmanse fonksyone e li mande responsab nouvèl administrasyon an ranmase tout
doleyans plantè yo ak tout moun k ap travay nan izin lan, pou yo kapab twouve
solisyon pou tout pwoblèm ki anpeche izin lan mache byen.
Prezidan Preval fè bilan
vizit li nan Kiba
Prezidan eli a, René Préval rantre ann Ayiti madi 18 avril la sòti
Kiba, kote l te pase 6 jou. Préval anonse yon gwoup teknisyen kiben k ap vin
ede Ayiti pou etidye pwodiksyon enèji, e ke Ayiti pra l antre nan Petwokaribe a prezidan Venezyela a, Hugo
Chavez te deja ofri Ayiti.
Prezidan
Preval ki te montre l trè satisfè sou vizit li Kiba anonse tou ke otorite kiben
yo pwomèt li yon kouvèti medikal ki pral touche 55 lot komin nan peyi a avèk
arive yon lòt kontenjan doktè kiben. Èd kibeen an pou Ayiti ap genyen pou
kouvri plizyè lòt domèn.
Delegasyon
prezidansyèl la te genyen yon ventèn moun, pami yo te genyen : minis
agrikilti defakto a, Philippe Mathieu; ansyen minis agrikilti a, François
Séverin ; ansyen sekretè Deta sekirite piblik la, Robert Manuel ak plizyè
mizisyen k ap soutni platfòm Lespwa a.
Jacques Edouard Alexis al apiye kandida Lespwa yo
Pandan absans prezidan Préval, ansyen
premye minis e responsab platfòm politik Lespwa a, t al fè kanpay pou kandida
Lespwa yo, nan Jakmèl ak Gonayiv. Li te deklare: «N ap mande popilasyon an
mobilize l, leve bonè, menm si gen difikilte, menm jan 7 fevriye a, ebyen leve
pou nou al vote tout kandida Lespwa yo, 3 fèy la, Lespwa #1»
Nan
Jakmèl, Jacques Edouard Alexis te mande kandida Lespwa yo, pou yo mete tèt yo
ansanm.
Hugo Chavez denonse Etazini
Prezidan venezyelyen an Hugo Chavez
denonse madi 18 avril la, plizyè entèvansyon militè Etazini te fè nan plizyè
peyi nan Amerik Latin lan. Chavez deklare: «Kounye a Etazini ap pale de yon
estrateji de sekirite e li pale de yon lagè prevantiv epi li fè konnen li gen
dwa pou l entèvni ak lafòs nan nenpòt peyi. Bò kote pa nou, nou pral konbat
enperyalis Washintonn lan .» Prezidan Chavez fè konnen Etazini kòmanse ap
fè kèk manèv nan Venezyela menm, se yon menas kont Venezyela, men yon menas
kont Kiba tou.
2 aksidan sou wout Nasyonal #1 an
Pandan wikenn paskal
la, genyen 2 aksidan machin fèt sou wout Nasyonal #1 an. Genyen yonn ki te fèt
nan zòn Pilbowo, dimanch swa 16 avril la, lè yon otobis ki t ap transpòte ekip
foutbòl Dynamit Senmak la ki t ap sot jwe yon match KapAyisyen. Otobis la te genyen 34 moun, li tonbe
nan yon ravin, 3 moun mouri e yon ventèn lòt blese. Visprezidan federasyon
foutbòl la, Julio Cadet te konfime enfòmasyon sa a, e li te anonse genyen yon
delegasyon federasyon an, ki gen nan tèt li prezidan federasyon an, Yves Jean
Bart, ki ale Gonayiv ak Enri kote aksidan an te fèt.
Lòt
aksidan an te fèt nan zòn Ponsonde samdi 15 avril la, yon kamyon HL
konstriksyon te pèdi fren al antre nan yon bann rara. Bilan aksidan sa a, 6
moun mouri e plizyè lòt blese, ke yo te transpòte blese yo nan lopital Senmak
la.
Repiblik Dominikèn rapatriye plis pase mil 1200 ayisyen
Soti 2 mas pou rive 13 avril, sèvis
imigrasyon dominiken rapatriye plis pase 1200 ayisyen. Pami yo genyen yon fanm
ansent, plizyè jèn k ap etidye nan plizyè fakilte an Repiblik Dominikèn.
Kòdonatè rejyonal ofis nasyonal migrasyon (ONM), Enock Hérard fè konnen
Repiblik Dominikèn voye ayisyen sa yo retounen san yo pa gentan pran afè yo.
Dapre kòdonatè ONM lan pi fò nan moun sa yo soti Gonayiv ak Wanament e li fè
konnen Ofis la pa genyen ase mwayen finansye pou l ede rapatriye yo.
Mario Joseph depoze yon plent kont Ramikòsm
Vandredi 7 avril la,
Mario Joseph, avoka k ap defann viktim Lavalas yo te depoze plent kont plizyè
moun ki te enplike nan masak kont patizan Lavalas apre koudeta 29 fevriye 2004
la. Li depoze plent sa yo kont plizyè manm Ramikòsm, yon òganizasyon kriminèl
ki t ap goumen kont prezidan Aristide nan konplisite ak gwoup 184 lan nan vil
Senmak. Mario Joseph te bay kèk esplikasyon: «Se de moun tout moun konnen nan
Senmak, manm Ramikosm yo lè yo t ap fè ekzaksyyon sa yo, vyolans de dwa moun sa
yo, yo te fè l sou zye tout moun.»
Inibank kreye yon fondasyon
Madi 18 avril la, Inibank te rele
laprès pou mete l okouran de yon fondasyon li kreye ki rele « Fondasyon
Unibank ». Fondasyon sa a genyen yon kapital de 100 milyon goud ki soti
sèlman nan pwofi aksyonè yo. Fondasyon an pral bay plis enpòtans a
edikasyon, rechèch, espò ak kilti e
tout lòt pwojè ki vize pou pwoteje anviwonnman. Fondasyon an ap pote
kontribisyon l bay tout efò k ap fèt pou devlope antrepriz nan peyi Dayiti, e k
ap fasilite konstriksyon kay pou kouch moun defavorize yo. Dapre prezidan
Inibank lan, Carl Braun, pou fondasyon an atenn objektif li yo l ap genyen pou
l travay avèk enstitisyon nasyonal ak entènasyonal yo.
Michaëlle Jean ka vin asiste envestiti Preval
Gouvènè jeneral Kanada a, ki genyen
orijin ayisyèn Michaëlle Jean kapab vin asiste seremoni envestiti prezidan René
Préval, k ap genyen pou fèt dimanch 14 me. Responsab yo nan rezidans ofisyèl
gouvènè a nan Ottawa ap planifye tout detay vizit la ki kapab dire plizyè jou.
Tout polisye dwe pote badj yo
Nan kad travay refòm k ap fèt nan polis
nasyonal la, direktè jeneral PNH la, Mario Andresol anonse tout polisye dwe
pote badj yo tout kote. Dapre Mario Andresol:
«Yon polisye ki pa pote badj li, pa polisye. Se yon ekzijans nan kad
travay k ap fèt nan PNH pou yo kapab retire move grenn yo e rive kontwole pi
byen ajan yo.»
Mario
Andresol te fè deklarasyon sa a nan ayewopò a madi 18 avril la, lè l t al
chèche prezidan eli a, René Préval ki t ap soti Kiba.
UE di li pral ogmante èd li
Samdi 15 avril la, responsab direksyon
èd pou devlopman nan Inyon Ewopeyèn (UE) te fè yon vizit ann Ayiti. Pandan
pasaj li, Manservisi fè konnen Inyon ewopeyèn pral wè si l ta ogmante èd li
konn bay Ayiti. Li te deja bloke 200 milyon ewo pou Ayiti. Nan kad vizit li a,
Manservisi te rankontre avèk prezidan eli a, René Préval e premye minis defakto
a, Gérard Latortue.
Anplwaye meri Site Solèy reklame 35 mwa aryere
Anplwaye sèvis vwari
meri Site Solèy la mande minis defakto Enteryè ak Kolektivite teritoryal la,
Paul Gustave Magloire ak majistra defakto meri Site Solèy la, Jean Joël
Corneille peye yo 35 mwa aryere salè. Yo akize Corneille detounen lajan salè yo
pou afè pa li. Sipèvizè sèvis vwari meri a, Antonio Gelin te bay kèk
esplikasyon: «Aprè majistra Fritz fin ale, li te dwe nou 14 mwa, apre demach
nou fin fè an desanm 2004, 25 desanm 2004, yo ba nou 3 mwa sou 14 mwa, rete 11
mwa, avan yo ba nou li, men Joël Corneille ki premye mè nan Site Solèy
aktyèlman la a, misye di, a ti kòb sa a n ap touche a se pa anyen li ye, 200
dola (1000 goud) pa ka fè anyen pou moun yo, li rele kontab la, li di kontab la
monte bidjè vwari a pou mwen, travayè 400 dola, (2000 goud), chèf ekip 500 dola
(2500 goud), sipèvizè 600 dola (3000 goud).»
Antouka Gelin fè konnen yo deja ekri minis Enteryè a sou
salè yo, li poko janm voye repons ba yo. Anplwaye yo, mande defakto yo peye yo
35 mwa aryere salè yo, paske se malere ak malerez anndan Site Solèy yo k ap
ranmase chyen mouri, tout kalite vye bagay santi yo jwenn nan lari.
Liberasyon 5 prizonye politik
Jij denstriksyon Mimose
Janvier, responsab dosye 5 desanm 2003, nan fakilte Syanszimèn, libere 5
prizonye 13 avril la: Harold Sévère, Jacques Anthony Nazaire, Mario Exilhomme,
Rospide Pétion ak yon lot.
Ayiti nan lòd di jou reyinyon Karikòm lan
Lendi 24 ak madi 25
avril minis Afè etranjè peyi ki manm Karikòm lan ap reyini nan Grenade. Dirijan Karikòm yo pral analize
dènye devlopman sitiyasyon Ayiti apre premye tou eleksyon 7 fevriye yo ki te
pote René Garcia Préval sou pouvwa.
Karikom te koupe relasyon ak Ayiti apre koudeta Etazini, Lafrans, Kanada
ak tyoul li yo anndan peyi a te fè sou prezidan konstitisyonèl lan, Jean
Bertrand Aristide, 29 fevriye 2004.
Konsèy Saj ta vle jwe yon wòl!
Kòdonatris administratif Konsèy Saj la,
Anne Marie Issa, drese yon bilan negatif sou fonksyonman gouvènman defakto
Alexandre/Latortue pandan 2 lane li pase sou pouvwa. Li fè konnen li pa aplike
yon seri pwen nan akò 4 avril la. Li deklare : « Fè kèk aksyon sosyal
onivo peyi a, oke, sekirize peyi a, prepare eleksyon, anfen se tout yon lis,
malerezman m pa gen akò a. Men lè m ap gade akò a, m wè pa gen yonn ladan yo ki
fèt, e se yonn nan pwoblèm Konsèy Saj la; e m kwè se yonn nan bagay ki fè ke n
ap repete lè ke nou panse ki domaj, paske gouvènman tranzisyon an, wòl li se te
prepare peyi a sou yon ray pou pwochen gouvènman an ki vini omwen li jwenn,
tankou m ta di w, li jwenn baz la. Men
li pa jwenn anyen, li jwenn yon peyi ki fin detwui. Nou panse ke se yon
tranzisyon ki rate, oke, e m panse ke gouvènman tranzisyon an se yon vre
echèk ».
Kòdonatris
Konsèy saj la fè konnen y ap kontinye prepare dosye yo pou remèt yo bay 48tyèm
lejislati a, nan premye seyans travay li, menm lè gouvènman defakto a te retire
tout pouvwa Konsèy Saj la te bay tèt li. Li mande tout sektè pou kolabore ak
nouvo dirijan peyi a pou rive pote yon amelyorasyon nan kondisyon popilasyon
an.
Etidyant enfimyè yo denonse koripsyon minis Bijou
Etidyant lekòl nasyonal enfimyè yo
denonse tantativ kòripsyon minis Sante piblik la, Josette Bijou te voye fè sou
etidyant yo k ap fè grèv nan lokal ministè a nan Tijo. Se Ariel Henri ki te
genyen pou misyon vin kòwonp etidyant yo pandan l te vin ofri yo tout yon seri
avantaj li te chache rankontre ak 4 etidyant ki pat genyen manda, anba pou fè
yo kèk òf pou eseye detounen revandikasyon etidyant yo ki se fòse minis fè bak
sou desizyon l te pran pou fè etidyant yo fè yon ekzamen ki pat nan pwogram
akademik yo. Etidyant yo fè konnen y ap okipe lokal ministè a jiskaske minis
Bijou fè bak sou desizyon li an.
AIJD mande liberasyon prizonye politik yo!
Biwo asosiyasyon entènasyonal jiris
demokrat yo denonse vyolasyon dwa moun an Ayiti e mande rejim defakto a libere
tout prizonye politik ak prizonye dopinyon yo k ap mouri nan prizon. Li mande
òganizasyon Nasyonzini respekte souverènte peyi a, lè l konsidere apre kidnapin
gwo peyi yo te fè sou prezidan Aristide 29 fevriye 2004, li te voye yon fòs
okipasyon ki rele tèt li «Misyon Nasyonzini pou stabilizasyon ann Ayiti
(MINUSTAH)» ki pa rive jwe misyon lapè jan chat Nasyonzini an e rezolisyon
15-42 a te prevwa l.
Biwo
a fè konnen, menm responsab seksyon dwa moun nan fòs okipasyon Loni an,
Minustah, denonse sitiyasyon katastrofik dwa moun nan peyi a e konstate depi enstalasyon
gouvènman defakto a apre 29 fevriye 20004, sistèm jidisyè a transfòme an yon
veritab machin represyon politik, kote li mache arete tout progresis ak patizan
mouvman Lavalas yo e fèmen yo nan prizon san yo pa gen okenn jistifikasyon
legal. Tandis ke bandi yo akize pou grav vyolasyon dwa moun, k ap mache fè
masak, kidnapin jwenn liberasyon yo fason trè sispèk ak konplisite gouvènman
defakto a.
Donk
asosiyasyon entènasyonal jiris demokrat yo ki te reyini nan Kiba 11 ak 12 avril
ki sot pase a, reprann rezolisyon asanble jeneral AIJD a, kote l te deja mande
liberasyon tout prizonye politik yo an Ayiti avan envestiti prezidan eli a,
René Préval. Li mande sekretè jeneral Loni an, Kofy Annan ak Konsèy Sekirite a
respekte souverènte e otodetèminasyon pèp ayisyen pou l chwazi libreman dirijan
l.
Afè echo sinistre Gonayiv la toujou la
Dapre Jounal Montréal 3 mil recho yo di
ki koute 100 mil dola depi 18 mwa nan dwàn Pòtoprens lan. Ladwàn reklame plis
pase 10 mil dola kòm frè nan mwa septanm 2005 e plis jou ap pase, plis frè dwàn
lan ap ogmante. Recho sa yo se yon ONG nan Montreyal ODECH ki te pran yon pati lajan Radiothon ki te fèt apre siklon
Jeanne pou te achte yo pou voye Gobayiv. Dapre prezidan òganizasyon an, Asma
Heurtelou, Premye minis defakto a, Gérard Latortue, pandan vizit li te fè
Montreayl apre sa nan Montréal te pwomèt piblikman li pral okipe de dedwany la,
men nada marinad, Latortue pa janm respekte pwomès li, li pa fè anyen sou dosye
a. Asma Heurtelou fè konnen l ap tann prezidan Préval fin pran envestiti 14 me
k ap vini la a, pou l ka rantre nan peyi a pou l vin regle afè sa a. Donk tout
kolonn GNBis ta vle se pou nouvo prezidan an regle tout sa konpayèl putchis
parèy yo pa t regle pou yo?
Ladwann defakto a fè sa li pito
Depi aprè eleksyon 7 fevriye yo, ladwàn
nan peyi Dayiti pran yon seri dispozisyon tèt chaje, se anba anpil monte desann
pou rive dedwane kèk koli e yo mande yon pakèt lajan. Menm pwodui k ap ekspire
yo rele « perisab » yon moun pa kapab pran ladwàn jou ak lè ouvrab
yo. N ap pran kòm ekzanp jounal « Haïti-Progrès » ki konn pase 3 a 4
jou ladwàn e se aprè anpil pale anpil pou n rive jwenn jounal la. Lè w fin
ranpli fòmalite ladwàn, yo voye nan Divizyon Trètman Machandiz. Lè w rive nan
DTM ou pa ka jwenn dwanye, lè w resi jwenn yon dwanye, yo pa gen blòk resi pou
al livre koli yo. Yo di w se sèl administratè ki gen dwa ouvri baz la, si l pa
la ou pap jwenn koli a.
Vòl 11 pano solè nan Savanèt
Komin Savanèt pa kapab kominike ak
lemond, bandi pote ale 11 pano solè ki te konn fè Teleko fonksyone nan zòn lan,
8 panosolè nan vil la ak 3 nan zòn ka Montas, kote sit Teleko a ye. Depi plizyè
jou, sitwayen yo sètoblije mache anviwon 15 kilomèt pou ale sou fwontyè
Ayiti/Repiblik Dominikèn lan pou fè yon apèl oubyen mache 24 kilomèt pou ale
Mibalè pou yo ka pale ak fanmi yo, paske Teleko pa kapab bay sèvis. Popilasyon
an mande direksyon jeneral Teleko nan Pòtoprens pou fè yon efò pou pote yon
solisyon pou yo.
Arestasyon yon prezime asasen Mark Bourque
Vandredi 7 avril la, polisye Nasyonzini
yo arete yon prezime asasen ansyen polisye Kebèk la, Mark Bourque ki t ap
travay nan misyon Loni an ann Ayiti. Lapolis te rive arete l an konpayi 2 lòt kòlèg
li pandan yo t ap soti nan yon makèt sou wout Delma a, san yo pa relve non yo. Mark
Bourque ki te yon polisye retrete nan jandamri wayal Kanada te jwenn lanmò 20
desanm 2005 nan zòn ayewopò Mayi Gate a. Lapolis te rive arete mesye sa yo,
apre enfòmatè te fin idantifye asasen Mark Bourque yo.