Grèv
nan prèske tout lopital
Depi plizyè semèn tout aktivite yo bloke nan
plizyè lopital nan peyi a, anplwaye yo kanpe travay pou mande minis Sante
Piblik la, Josette Bijou peye yo plizyè mwa aryere ak pi bon kondisyon travay. Mouvman
grèv sa a gaye nan diferan depatman: Lwès, Nò, Nòdès, Nip, Sant ak Sidès. Nan
lopital jeneral, nan kapital la, tout sèvis yo kanpe travay kouwè : ijans,
radyoloji, òtopedi, pedyat, laboratwa ak famasi. Move odè ap degaje nan tout
kwen lopital la, malad pa ka jwenn swen, yo sètoblije kite lopital la. Prezidan
sendika pèsonèl soutyen Lopital jeneral (HUEH) la, Lévy Milot Félix denonse
ekip defakto ki nan tèt lopital jeneral la ki pap defann enterè malad k ap
frekante lopital la.
Nan
Kap Ayisyen, 2 malad deja mouri nan lopital Justinien. Nan lòt lopital yo malad
yo ap plenyen anpil pou swen yo pa kapab jwenn, yo lage responsabilite a sou do
minis de fakto Sante piblik la, Josette Bijou ki pa janm fè anyen pou rezoud
pwoblèm yo.
Ki kote
lajan ki debloke pou Gonayiv la pase?
Abitan nan rejyon Gonayiv: Twousab, Asifa, Lòt
Bò Kanal pa sispann denonse movè kondisyon sanitè vil la twouve l depi aprè
pasaj siklòn Jeanne an septanm 2004. Yo fè konnen, malgrè gwo kantite lajan ki
te debloke pou netwaye vil la, fatra ak rès dechè siklòn lan toujou rete anpile
nan divès kote nan vil la. Sitiyasyon sa a lakoz plizyè timoun tonbe malad,
popilasyon an mande otorite defakto yo pran responsabilite yo. «Men sa pèp la
bezwen an, yo menm yo pa janm fè l pou li. Tankou w ap gade avni Léon Legros,
lè lapli tonbe se yon zòn ki enpratikab, moun pa ka fè l, tandiske gen moun k
ap viv ladan l. Mwen ta renmen mande konsène yo poukisa yo pran moun ki rete
nan zòn sa yo, èske moun sa yo se bèt yo ye? Paske chak kòb ki tonbe pou yo fè
yon bagay, yo di wi y ap fè l, men tout ranblè yo, yo mete l nan pòch yo, tout
adoken nan pòch yo.» E otorite lokal yo fè konnen ke se gouvènman defakto a ki
pa ba yo mwayen pou fè pwòpte nan vil la. Sa Latortue ak konpayèl li yo fè ak
lajan yo?
Prezidan
Préval mande defakto yo libere prizonye politik yo
Pandan vizit li Etazini, prezidan eli a, René
Préval mande otorite defakto yo libere tout prizonye politik yo. Daprè prezidan
Préval, aparèy jidisyè a se yon enstitisyon ki pi malad nan peyi a. Li te lanse
yon apèl bay otorite defakto yo pou l mande yo pran responsabilite yo, libere
tout moun k ap kwoupi de fason enjis nan prizon, san lajistis pa jwenn okenn
chaj kont yo. Li te deklare: «Aparèy jistis la se youn nan enstitisyon ki pi
malad ann Ayiti. Lè mwen rive an pwovens, nan Sid, mwen rankontre avèk manman
Mathelier, jou sa a m wè madam lan ap kriye, menm pale m pa t ka pale, tèlman m
te santi m angwase devan doulè yon manman, mwen mande aktyèl prezidan, mwen
mande Premye minis la, minis Jistis, wè si yo ta fè yon jan pou yo libere moun
sa yo lepli vit posib».
Nouvo
anbasadè Etazini an ap resite leson li
Nouvo anbasadè Etazini an, Janet Ann
Sanderson, nan premyè rankont li ak laprès, mèkredi 12 avril la, nan rezidans
prive l, fè konnen Wachintonn manifeste volonte l pou l ranfòse koperasyon nan
plizyè domèn kouwè: sekirite, lit kont povrete, lit kont trafik dwòg ak refòm
jidisyè epi ranfòse Polis nasyonal la. Daprè anbasadè a Wachintonn deside
kontinye apiye pwosesis elektoral la, li ankouraje popilasyon al patisipe nan dezyèm
tou eleksyon yo vandredi 21 avril la. Nou ta swete pito pou li ta prevni
anplwaye li mete pou dirije KEP la pou li pa rekòmanse menm magouy yo.
Kou
siperyè dè kont pral verifye jesyon defakto yo
Nan yon lèt li te voye bay chèf gouvènman
defakto a, Gérard Latortue, Kou Siperyè dè kont fè l konnen, l ap vin verifye
kouman administrasyon li an te depanse lajan Leta pou peryòd ki sòti mas 2004 a
mas 2005. Premye minis defakto a Gérard Latortue ta sanble byen akeyi
enfòmasyon sa a, li fè konnen travay sa a rantre nan kad misyon ak atribisyon
konstitisyonèl kou a. De tout fason se
sa Latortue montre yo ke yo ap wè.
Yon
avyon Caribintair manke kraze
Mèkredi 12 avril la, yon avyon konpayi ayisyèn
Caribintair manke kraze sou pis ayewodwòm Jeremi an. Li te genyen 19 pasaje ak
ekipay a. Yon kawoutchou tren aterisaj la te eklate, men pa t genyen okenn moun
blese, men sanble dapre moun yo se move kondisyon pis la ki lakoz sa.
Latortue
vle pran woulib!
Seleksyon Olenpik ayisyèn foutbòl mwen 20 tan
an kalifye l pou l patisipe nan faz final Je Santrameriken k ap fèt nan Kolonbi
nan mwa jiyè 2006 la. Premye minis defakto a, Gérard Latortue te kouri ap
resevwa yon delegasyon seleksyon an nan madi 11 avril la, pou li te pwofite
radote aloske mouche pa janm fè anyen pou espò nan peyi a.
Chili ak Brezil ap rete…
Prezidan eli a, René
Préval anonse Brezil, Ajantin ak Chili ap voye yon gwoup teknisyen pou vin
etidye posibilite pou ede Ayiti sèvi ak etanòl. Prezidan
Préval te fè deklarasyon sa a pandan l t ap vizite izin sikriyè Dabòn lan, madi
11 avril la. Daprè anbasadè Brezil la eksperyans sa yo deja pataje ak plizyè
lòt peyi kouwè: Etazini ak peyi ewopeyen yo.
Yon
lòt kote, prezidan brezilyen an, Luiz Inacio Lula da Silva ak prezidan Chili,
Michelle Bachelet pran angajman madi 11 avril la nan Brazilya pou yo kite
militè ki yo ki nan Minustah. Michelle Bachelet te deklare: «Nou pa vle fòs
militè yo rete pou toutan, men n ap kenbe yo jiskaske otorite demokratik yo ann
Ayiti e Loni ap mande nou sa. Prezidan Préval ki eli de fason demokratik te
mande nou èd; nou, nou pap refize l. Sa ta pral chanje vokasyon latino-ameriken
e karayibeyen nou.»
Teleco: Akize a lanse akizasyon pa li!
Ansyen kòdonatè
direksyon administratif konpayi nasyonal telefòn lan (Teleko), Jean Baptiste Brissault
voye jete tout akizasyon malvèsasyon ak fot administrativ grav direktè jeneral
la Guy Bauduy lage sou do l pou l te revoke l. Tout dosye kouwè: apwovizyonman
ak distribisyon an kabiran nan Teleko yo, acha e reparasyon machin yo,
amenajman lokal ak espas biwo ki te kapab fè objè malvèsasyon, te trete
dirèkteman nan kabinè teknik direksyon jeneral la. Donk, Jean Baptiste
Brissault fè konnen li revoke poutèt li
te refize mete non sekretè Guy Bauduy a nan yon dokiman vwayaj pou Wachinton.
Nòt pou
laprès Mouvman jèn pwogresis Gonayiv
Mouvman jèn pwogresis Gonayiv (MJPG) ap raple
pèp la pandan manda Premye minis defakto a bout depi 7 fevriye 2006 la konsa
tou manda prezidan defakto a Alexandre Boniface nan bout tou. Tou 2 mesye sa yo
chita sou blòk glas yo yo pa vle rale kò yo pou yo pay peyi a yon chans pou l
demare. Yo chita la pou yo fin piye kès peyi a. Ala bagay dous se pouvwa! Yo
chita la y ap marinen konplo pou yo mete koukasasyon sou tèt prezidan Préval.
Magouy sa a pap pase.
9
fevriye msye Gérard Latortue leve al siyen pou manda Minustah renouvle. 22
fevriye menm jenòm la twouve al siyen yon akò pou mete peyi a sou titèl
Minustah. Aprè, li monte nan radyo pou l di akò sa a gen anpil pwen ki pa klè
ladan l. Mezanmi sa fè wont pou yon gwo teknokrat tankou Gérard Latortue twouve
ap siyen lèt kondanasyon l. Mezanmi yon moun pa bezwen gwo entelektyèl pou l
konprann tout sa, ni Boniface Alexandre, ni Gérard Latortue ta siyen nan yon
peyi a pa gen okenn avni. Paske manda moun sa yo fini deja. Se paske pèp
ayisyen toleran ki fè kòb taks pèp la kontinye ap peye moun sa yo toujou. Se pa
moun ki gen pyès lejitimite pou yo pran desizyon ki ta angaje nasyon an. Ni
Gérard Latortue, ni Boniface Alexandre se machann peyi. Si nou kite yo la
toujou y ap mete peyi a sou titèl moso pa moso. Se youn nan rezon ki fè yo
rekile dat envestiti prezidan Préval la. Pèp ayisyen fò n kale je nou.
Juan
Gabriel Valdés gen yon plan byen monte nan men l pou peyi Dayiti. 2 kriminèl sa
yo, 2 asasen sa yo Boniface Alexandre ak Gérard Latortue dwe al pase rès tan yo
menm kote yo mete Yvon Neptune, Jocelerme Privert, Anette Auguste di Sò Ann ak
tout pakèt lòt militan Lavalas yo, ki dwe jwenn liberasyon yo prese prese.
Pou MJPG
Féquière
Séraphin
Pòtpawòl