Ouvèti kanpay dezyèm tou a
Nan yon kominike,
Konsèy elektoral pwovizwa (KEP) a fè konnen tout kandida ki pase pou dezyèm tou
eleksyon yo ki fikse pou 21 avril 2006 la, kanpay elektoral lanse ofisyèlman.
Yo kapab òganize rasanbleman sou plas piblik yo an ako ak lapolis. KEP la raple
tout kandida yo kanpay la ap pran fen 48tè avan dat 21 avril la e li pran tout
dispozisyon pou evite erè ki te fèt nan premye tou a.
Pati ki genyen plis kandida pou
dezyèm tou se: Platfòm Lespwa avèk 46 kandida, Fizyon sosyo demokrat 30
kandida; OPL, 27 kandida; Alyans, 22 kandida; Inyon 19 kandida e Lavalas 12
kandida.
Agresyon kont prezidan KEP la
Dimanch 2 avril la,
yon gwoup moun atake kòtèj prezidan Konsèy elektoral pwovizwa (KEP) a Max
Mathurin, nan zòn Aken e sezi yon machin, eklate kawoutchou e pran plizyè lòt
materyèl. Max Mathurin t ap sòti nan depatman Sid la, e li
kase tèt tounen pou Okay kote li pran avyon pou l rantre Pòtoprens lendi maten.
Lapolis te rekipere machin lan.
Prezidan
BED Nòdwès la mande pwoteksyon
Prezidan Biwo elektoral depatmantal Nòdwès la,
Petit-Homme ekri prezidan KEP la, Max Mathurin pou mande l sekirite pou tèt li
ak pou biwo a. Li fè konnen genyen kèk kandida k ap menase li.
KEP la
di li pre
Daprè plizyè responsab Konsèy elektoral pwovizwa (KEP) a tout bagay prèske prè pou dezyèm tou
eleksyon yo 21 avril k ap vini la a. Bilten yo deja fini enprime an Repiblik
dominikèn, y ap rantre ann Ayiti e yo disponib nan depatman yo depi 6 avril la.
Prezidan
KEP la, Max Mathurin, anonse yon kanpay edikasyon sivik pou elektè yo k ap dire
15 jou, Pwogram Nasyonzini pou devlopman (PNUD) deja debloke 4 milyon dola pou
sa. Louis Gerson Richemé anonse yon seyans repetisyon e similasyon pou manm
biwo vòt yo. Direktè jeneral KEP la, Jacques Bernard fè konnen genyen kèk
chanjman k ap fèt nan lokalizasyon kèk sant vòt ak jesyon yo, yo pral kreye
plizyè lòt sant vòt yon fason pou dekonsantre yo. Patrick Fèquière, bò kote pa
l lanse yon miz angad bay tout administratè elektoral ki ta eseye fè magouy pou
kèk kandida, e li raple yo konstitisyon an rekonèt sèlman 9 konseye elektoral
yo. Li fè konnen yo pap aksepte okenn ensibòdinasyon e tout moun k ap vyole lwa
elektoral la ap genyen pou fè fas ak lajistis yon jou kanmenm.
Minustah
dekouvri briskeman lajistis?
Nan 6zyèm anivèsè asasina direktè radyo Ayiti
Entè a, Jean Dominique ak Jean-Claude Louissaint 3 avril 2006 la, plizyè
pèsonalite ak responsab asosiyasyon jounalis leve vwa yo pou mande jistis pou
viktim yo. Sou inisyativ Gwoup refleksyon e aksyon ann apwi a gwoupman
demokratik yo, plizyè santèn moun te manifeste madi 4 avril la, sou Channmas la
pou reklame jistis pou Jean Dominique.
Pou
sekrektè jeneral SOS jounalis, Guyler C. Delva, genyen yon absans volonte
politik ki fè dosye Jean Dominique ap trennen nan tiwa lajistis. Li mande
otorite lajistis yo relanse dosye a touswit pou yo kapab jwenn otè entelektyèl
krim pou l ka pini selon lalwa.
Reprezantan
seksyon dwa moun misyon Loni an, ann Ayiti Thierry Faggart, bò kote pa l fè
konnen yo toujou ankouraje otorite jidisyè yo panche pi plis sou plizyè afè k
ap trennen depi lontan nan tiwa jij yo. Li deklare: «Enpinite se youn pami gwo
pwoblèm pwochen gouvènman pral genyen pou l atake.» Men tout jou sa a Faggart
pa t janm pale konsa, e se pandan Préval pral enstale a ke yo deside mete
presyon ?
Bilan
operasyon PNH
Pòtpawòl Polis nasyonal (PNH) la, Frantz
Lerebours anonse mèkredi 5 avril la, arestasyon yo ogmante de 40 pou san pou
premye semèn avril la, konparativman a 2 dènye semèn yo. Lapolis arete 130
endividi pou zak malonèt, yo trete 87 afè, yo sezi 6 zam ak plizyè minisyon e 3
telefòn pòtab ; yo anrejistre 3 kidnapin.
Komisè
polis Senmak la bò kote pa l, Francène Moreau fè konnen yo arete yon gwoup 10
endividi ki enplike nan divès zak malonèt nan komin lan.
Bandi
touye Osias Elyce yon ajan 4 PNH ki te afekte nan penitansye nasyonal, e pote
ale yon enpòtan anpil lajan.
Yon
lòt kote, fineray 3 polisye, enspektè divisyonè Victor Colbert, Tam Philex e
ajan 1 Charles Durcé, bandi te touye nan kapital la 11 mas ki sòt pase a, te
chante vandredi 31 mas la nan legliz Christ Roi.
René
Préval pwopoze yon pak 25 lane
Prezidan eli a, René Garcia Préval, ekri
responsab Bank entèamerikèn devlopman (BID) sou yon plan li genyen ki rele «Pak
gouvènans e devlopman pou 25 lane». René Préval konte sou patisipasyon tout
sektè politik e sosyal pou reyalize pwojè li a. Li fè konnen li deja kòmanse
demach yo bò kote tout sektè nan peyi a nan pèspektiv pak gouvènans lan.
Defakto yo pa vle bay dosye yo?
Ansyen Premye minis,
Jacques Edouard Alexis k ap kòdone dosye platfòm Lespwa ak pasasyon pouvwa a.
fè konnen yon ansanm pwoblèm, reta ki genyen nan remèt dosye yo. Se vandredi 31
mas li rive resevwa yon lo dosye enpòtan e genyen plizyè lòt yo ta dwe remèt.
Daprè Jacques Edouard Alexis, genyen pwoblèm ki poze nan mekanis konsiltasyon
yo, se nan laprès ekip tranzisyon l ap dirije ap aprann sèten desizyon pouvwa a
pran. Li denonse lantè nan transmisyon dosye yo.
Fòmasyon yon nouvo òganizasyon
Yon gwoup avoka
prezante bay laprès yon nouvo òganizasyon dwa moun ki rele : Kolektif
jiris pwogresis ayisyen ki genyen ladan l: majistra, avoka, oksilyè nan zafè
dwa ak etidyan ki fini nan dwa. Objektif Kolektif la se
asiste tout moun ki pa genyen mwayen pou peye yon avoka e asire swivi dosye yo.
Youn nan responsab yo Mario Joseph te pote kèk eksplikasyon: «Pou ke nou evre
nan kad pwomosyon ak defans dwa moun, e pou pwomosyon sa a, nou antann pote
chak aktè sosyal santi yo konsène pa deba k ap fèt jodi a sou dwa ak libète
piblik».
Ayiti
bezwen 20 mil polisye
Nan yon entèvyou li bay Associated Press, chèf
sivil Minustah a, Juan Gabriel Valdés fè konnen Ayiti ap pran plizyè ane pou l
prepare 20 mil polisye li bezwen pou asire sekirite. Li fè remake se sèlman 300
polisye ki sòti nan akademi polis la chak 3 mwa. Valdés mande ògmantasyon salè
polisye yo k ap touche sèlman 100 dola.