Vòlè bay sekrè richès Michel Brunache
Daprè jounal Miami Herald, ant 22 janvye e 12
mas vòlè piye kay Michel Brunache chèf kabinè e bofis prezidan defakto a,
Boniface Alexandre. Yo pote ale plizyè gwo bijou, tankou bijou lò, kolye
emewod, braslè ak yon bon kantite lajan, daprè yon rapò polis jounal la site.
Gen lè Brunache gen yon rezon pou li sere lajan li lakay li olye li al mete li
labank ? Toujou daprè Miami Herald, Michel Brunache te achte kay sa a k ap
amenaje nan nimewo 14000, 51nyèm ri nan banlye Southwest, nan yon katye rich,
Miramar, nan Miyami. Donk Brunache gen tan fè yon «ti ekonomi» pandan 2 zan li
fè kom chèf kabinè prezidansyèl defakto a ? Si li rete 2 zan anko, se pa rich li ap rich anko! Papa li dwe fyè, li te byen aprann leson li.
Michel
Brunache bò kote pa l, ki t ap eseye eksplike fotin sibit sa a bay plizyè
vèsyon nan mikwo plizyè radyo nan kapital la. Nan mikwo Radyo Karayib, li fè
konnen se yon kay yon zanmi te prete l, paske fakti otèl madanm li ki t al
akouche nan Miyami te kòmanse monte twò wo. Men nan mikwo radyo Kiskeya, li di se yon kay li te lwe. Pou Miami
Herald se yon kay li achte. Donk gouvènman defakto, Alexandre/Latortue/GNBis
yo, Etazini, Lafrans ak Kanada te enpoze peyi Dayiti a ap benyen nan koripsyon
ak manti. N ap raple w eskandal ki te eklate, ki te fè kwè prezidan defakto a,
Boniface Alexandre te genyen yon pitit gason l ki t ap touche gwo lajan nan yon
konsila ayisyen an Swis san l pa travay la.
Blakawout total nan kapital la
Depi plizyè mwa se
prèske pa aza abitan nan Pòtoprens wè yon anpoul limen lakay yo, kapital la
plonje nan yon blakawout total. Responsab Elektrisite Deta Dayiti (EDH) ki t ap
eseye bay kèk eksplikasyon, evoke 2 pwoblèm: konpayi Alstrom ki an pàn ak
reparasyon k ap fèt nan santral idwolik Pelig la. Daprè minis defakto Travo
piblik la (TPTC), Fritz Adrien, kriz sa a sòti esansyèlman nan yon pàn ki
genyen nan konpayi Alstrom ki se yon konpayi prive ke Leta te siyen yon kontra
pou founi EDH 50 megawat elektrisite.
Yon lòt kote, santral idwolik Pelig
la ki te konn founi 54 megawat an
reparasyon. Daprè direktè pwodiksyon EDH la, Joseph Alix Bastien, reparasyon sa
yo ap dire anviwon yon mwa. An nou tann yon mwa pou nou wè ki chanson minis la ak direktè a ap vin
chante!
Dekouvèt
28 tèt mò nan fatra
Samdi 25 mas la, abitan Petyonvil dekouvri 17
tèt mò vlope ak papye nan de bokit vèt,
nan ri Métellus. Daprè kèk temwen se moun ki te nan yon kamyon ki te vin lage
yo nan yon pil fatra la. 2 jou aprè, lendi 27 mas la, abitan Kanapevè dekouvri
11 lòt tèt mò nan yon pil fatra. PNH ak Minustah te ale avèk yo.
Sitiyasyon
sa a soulve reyaksyon plizyè sektè: ekspè nan antwopoloji, pwofesè nan
inivèsite, ougan, etc., e yo chak eseye bay pwòp entèpretasyon pa yo sou sa.
Daprè Rachelle Beauvoir Dominique, tèt mò sa yo te byen vlope ak etikèt sou yo
pou voye nan peyi etranje pou yo itilize pou fè etid nan laboratwa.
Machann
yo retounen nan mache Site Solèy la
Aprè koudeta sou prezidan konstitisyonèl la,
Jean-Bertrand Aristide 29 fevriye 2004 la, sòlda Minustah yo te anvayi mache
Site Solèy la, mete machan yo deyò epi tabli baz yo. Aprè anpil gwo
mobilizasyon, Minustah te rive kite mache a, lendi 27 mas la, machann yo
retounen nan mache a. Kèk nan yo te di: «Fòk blan Minustah yo ale pou nou ka
viv kè poze, paske nou te genyen twòp move souvni pandan 2 lane ki sòt pase yo.
Depi lendi m la, tout avan yè nou te sou waf la, depi lendi se la a nou ye. Se
pa kontan nou kontan ankò e se pa noumenm sèlman ki kontan, ni achtè, ni vandè
tout kontan, paske tout machann tounen nan plas yo».
Mousah,
youn nan òganizasyon ki t ap sansibilize machann yo pou yo te ka retounen nan
mache a, fè konnen se yon chanjman li pote sitou nan ekonomi moun k ap viv Site
Solèy ak retou mache a nan plas li te ye avan an.
Manifestasyon
nan Gonayiv
Jedi 30 mas la, manm Fwon rezistans yo nan
Gonayiv ki te genyen gwo zam fann fwa nan men yo, te òganize yon manifestasyon
pou fòse sòlda Minustah yo libere yon akolit yo ki rele Billy, yo te arete pou
posesyon zam ilegal madi 28 mas la. Manifestan yo te mache fèmen pòt tout biwo
yo, lekòl, komès, bank yo e mete barikad nan plizyè ri, bloke tout aktivite nan
vil la. Se Wilfort Ferdinand, alyas Ti Will ki te gen gwo zam lou nan men l ki
te nan tèt manifestasyon an. Ti Will se yon ansyen asasyan, ki genyen manda
darè dèyè l poutèt li te touye yon ti fi ki ta genyen sèlman 6 lane nan
Gonayiv.
Bilan
PNH
Pòtpawòl
Polis nasyonal (PNH) la, Frantz Lerebours anonse mèkredi 29 mas la,
lapolis mete yon avi rechèch dèyè yon polisye ki rele Lamy Henock alias Jeff,
ki vin reprezante yon danje pou lapolis. Li te debake nan direksyon jeneral PNH
la madi nan Pako yon fason ki etone polisye yo, pou l te vin rankontre ak
direktè jeneral PNH la. Manoucheca
Lamy, sè Lamy Henock fè konnen lapolis debake nan lopital Bernard Mevs e arete
l.
Yon lòt kote, pòtpawòl la deklare
PNH la obsève yon ogmantasyon nan kidnapin lan nan fen mwa mas la, kidnapin
reprezante 43 pou san nan zak banditis yo e lapolis arete 12 prezime koupab pou
7 timoun yo te kidnape de fason separe. Lapolis arete 292 moun pou 179 afè
trete konparativman a mwa ki sòt pase a kote yo te arete 367 moun e trete 277
afè.
Mario Andresol vle travay
Direktè jeneral Polis
nasyonal (PNH) la, Mario Andresol denonse yon lòt fwa ankò koripsyon aparèy
jidisyè a ak politik moun pa defakto yo ap mennen. Mario Andresol fè konnen li
pa korèk pou bandi yo akize pou krim ak masak dokimante rive blanchi e libere
tandis ke plizyè sitwayen yo swadizan di ki enplike nan yon seri lòt aksyon ap
pouri nan prizon. Li site an patikilye ka Premye minis Yvon Neptune ki genyen 2
lane depi l fèmen nan prizon san l pa genyen okenn chaj sou do l. Li plede
anfavè yon vrè dezameman nan peyi a ki pa ta dwe fèt sèlman nan katye popilè
yo.
Defakto
yo monte pri gaz
Nan mwa mas la, gouvènman defakto a monte yon
lòt fwa ankò pri gaz la. Gazolin 91 lan ki t ap vann 159 goud pase a 179 goud,
yo mete 20 goud sou li; gazolin 95 lan ki t ap vann 165 goud pase a 189 goud,
yo mete 24 goud sou li. Nouvo ogmantasyon sa a reprezante plis pase 10 pou san
sou mache a, lage chofè ak pasaje yo nan gwo diskisyon chak jou, taksi ki te 20
goud pase a 25 goud. Gouvènman defakto a pa janm bay okenn eksplikasyon, chofè
yo bò kote pa yo anonse yo pral pran dispozisyon pou fòse gouvènman an bese pri
gaz la.
OPC ap
bay dizon li
Nan okazyon 19vyèm anivèsè konstitisyon an, 29
mas 1987-29 mas 2006, Ofis pwoteksyon sitwayen te òganize yon jounen pòt
louvri. Pwotektè sitwayen an, Necker Dessables te pwofite okazyon sa a pou
mande otorite yo respekte e aplike chat fondamantal la. Li te pwofite tou fè
bilan aktivite Ofis la e difikilte l ap konfwonte. Li fè konnen Ofis la genyen
yon bidjè ki pa depase 10 milyon goud chak ane, ki pa ka reponn a bezwen l. Li
denonse yon sitiyasyon ki genyen nan penitansye nasyonal, kote genyen plis pase
2 mil prizonye pou yon kote ki te fèt pou fèmen sèlman 800 moun.
KEP la
ap refè eleksyon kèk kote
Aprè l te fin trete plizyè dosye kontestasyon
kandida yo nan plizyè sikonskripsyon elektoral, Konsèy elektoral pwovizwa (KEP)
a deside refè eleksyon premye tou nan 14 sikonskripsyon: Site Solèy, Gantye/Fon
Verèt, Tigwav e Koniyon, La Chapelle, Grand Salin, Ennery e Gwomòn,
Pestel/Beaumont ak Mowon/Chanbelan, Saint-Suzanne, Kanperen/Manich, Beladè,
Bonbadopolis. Pou depatman Nòdès la, genyen 153 kandida pami yo 23 pou senatè
ki pral patisipe 21 avril nan eleksyon yo.
Minustah ak PNH fè konnen yo pral pran tout
dispozisyon pou asire sekirite jou eleksyon yo.
Revokasyon
direktè administratif Teleko a
Daprè Ajans ayisyèn près, ki site yon sous
pwòch direksyon jeneral Teleko a, direktè administratif la, Jean-Baptiste
Brisseau te revoke pou fòt administratif grav. Depi kèk semèn plizyè kad nan
administrasyon piblik yo denonse tout sòt dezòd ki genyen nan administrasyon
yo, plizyè nominasyon ak pwomosyon k ap fèt avan pasasyon pouvwa bay prezidan
eli a, René Garcia Préval. Biwo Premye minis defakto a te fè sanblan pran yon
kominike kont sa.
Kontenjan
espayòl ak mawoken yo pati
Daprè ajans espayòl EFE, retrè kontenjan
espayòl ki te nan Minustah fini 29 mas la. 100 sòlda ki te rete nan 200 militè
Espay yo te genyen nan Minustah ki te nan depatman Nòdès la, nan Fòlibète,
retounen an Espay. Sòlda mawoken yo te deja kite peyi a. Se yon batayon Uruguay
ki ranplase twoup espayòl ak mawoken yo nan Nòdès la.
Arestasyon 33 moun nan Twou di Nò
Yon responsab Polis
Nasyonzini an (UNPOL), Marc Jacquet, fè konnen, nan yon operasyon yo te mennen
ansanm ak Polis Nasyonal (PNH) la, samdi 25 mas la, nan depatman Nòdwès la, nan
Twou di Nò, yo rive arete 33 moun ki t ap prepare pou al fè dezòd nan eleksyon
yo. Pami yo, te genyen 11 ki jwenn liberasyon yo, 20 plase an gadavi e 2 ansyen
kondane yo t ap chèche.
Operasyon an te mennen pa 50 ajan
PNH, 11 polis UNPOL ak 16 militè ajanten ki te patisipe.
Li te tou pwofite fè bilan operasyon
«Bonjou» li a, kote li di yo deja rekipere plizyè zam ilegal ak plizyè machin
yo te vòlè e yo arete 4 moun ki te patisipe nan kidnapin.
Enstalasyon nouvo responsab CCM/Ayiti
Nan yon seremoni nan
lokal ministè defakto Kondisyon fanm yo, an prezans direktè fondasyon Sogebank
k ap okipe l de Fon mondyal la, Emile Hérald Charles, reprezantan FNUAP la,
Hernando Clavijo ak plizyè reprezantan ONG nan lit kont Sida, nouvo responsab
yo te enstale mèkredi 29 mas la. Se nan yon eleksyon yo te òganize nan
CCM/Ayiti, yo te chwazi minis Sante piblik defakto a Josette Bijou kòm prezidan
e Pierre Despagne kòm visprezidan.
Ansyen
militè yo ap reparèt pou mande lajan!
Ansyen militè nan Okay ki te nan 49nevyèm
konpayi a, mande gouvènman defakto Alexandre/Latortue a peye yo 10zan aryere
salè yo dwe yo. Plizyè nan yo fè
konnen yo deja fè 20 vwayaj, depanse lajan pou al bò kote kolonèl Jacques Jeudy
pou yo wè si l ta peye yo lajan yo, nad marinad yo pa janm jwenn 5 kòb. Yo fè
konnen jounen jodi a yo bouke monte desann nan biwo swadizan ki la pou jere
dosye ansyen militè yo. Devan sitiyasyon sa a yo di yo prè pou yo pase alaksyon
si otorite defakto yo pa pran ka yo an konsiderasyon.
Defakto yo pran trik pou bay tèt yo dechaj
Biwo kominikasyon primati a pibliye rapò
konsèy minis defakto yo ki te fèt mèkredi 29 mas la. Minis defakto yo te
apwouve yon pwojè dekrè sou lejislasyon spòtif, sekretè Deta jenès spò ak
edikasyon sivik Paul Berne te pwopoze: «Pwojè dekrè relatif a pwomosyon,
òganizasyon, kòdinasyon e sipèvizyon aktivite fizik e spòtif yo».
Epi
aprè rekòmandasyon kou siperyè dèkont e kontansye administratif, konsèy minis
yo bay dechaj a sitwayen sa yo: Jacques Edouard Alexis, eksminis Enteryè ak
kolektivite teritoryal yo e eks Premye minis, Bernard Gousse, eks minis Jistis
ak sekirite piblik, Charles Beaulieu, eks minis Ekonomi ak finans, André
Jean-Louis, eks minis Agrikilti, resous natirèl e devlopman riral, epi Carl
Michel Nicolas, eksminis Enteryè e defans nasyonal. Yo melanje tout moun ansanm
pou yo kapab bay volè pa yo dechaj. Sèlman moun pa konnen ki kalte trik Gérard
Latortue pral itilize pou li eksplike tout vagabonday li siyen «san li pa li
yo». E kouman yo pral eksplike fotin Michel Brunache, chèf kabinè Boniface
Alexandre?