Kondanasyon
2 vyolè kriminèl
Mèkredi 22 mas, yon tribinal san asistans jiri
kondane Mackenson Joseph e Eliphète Beljean avi nan prizon ae travo fòse, pou
patisipasyon yo nan yon vyòl kolektif 27 fevriye 2005 sou yon dam ak pitit fi
li 16 zan, ke yo vin jwenn mouri 4 mwa apre.
Jij Bredy Fabien, fè konnen li pwononse vèdik
li an konfòmite ak atik 281 kòd penal la, e li kondane 2 kriminèl sa yo pou yo
peye 500 mil goud kòm domaj e enterè. Men yo potko arete 3 lot asasen ki te nan ekip kriminèl sa yo.
KEP la
ap fè règleman eleksyon toujou
Gouvènman defakto a pran yon arete
prezidansyèl vandredi 17 mas la pou konfime dat 21 avril la KEP la te pwopoze
pou dezyèm tou lejislativ yo. Dapre konsèy elektoral pwovizwa (KEP) la, genyen
60 kandida pou sena e 187 pou
depitasyon. Pati ki genyen plis kandida nan dezyèm tou a se Platfòm Lespwa ak
pati Fizyon sosyodemokrat yo.Nan premye tou eleksyon yo se sèlman 2 depite ki
te pase: Denis Francenet sou banyè Kowalisyon Inyon Chavannes Jeune ap dirije
a, pou sikonskripsyon Lazil, li ranpòte ak 63 pou san vòt yo e Elourd Saint
Louis Fleurimé, ki te prezante sou banyè Fizyon pou sikonskripsyon Lagonav.
KEP
la anonse eleksyon yo pral refèt pou 2 sikonskripsyon nan depatman Latibonit :
Grand Salin ak La Chapelle e yo te oblije rekonte bilten yo pou senatè pou 2
sikonskripsyon nan depatman Sid la : Tòbèk e Chantal.
Men
genyen plizyè lòt sikonskripsyon kote kandida yo ap denonse KEP la yo di ki pa
pran pwotestasyon yo an konsiderasyon.
Teleko
an difikilte
Direktè jeneral Teleko a, Guy Beauduy, denonse
sabotaj konpayi a ap sibi nan zòn metwopolitèn lan. Nan zòn ayewopò a, pi fò
aktivite yo te bloke, menm avyon yo pat kapab vole. Moun yo pat rive idantifye
sabotè yon sit Teleko, yo pote ale plis pase 2 mil pye kab ak 2 mil pè nan
Boutilye, menm poto yo bandi yo rache. Devan sitiyasyon sa a, Guy Beauduy mande
otorite yo pran responsabilite yo
Pandan
tan sa a yon konfli eklate ant Teleko e Ayitèl, pou 6 milyon dola Ayitèl dwe
Teleko, Ayitèl poze kòm kondisyon pou l peye Teleko, siyati yon kontra avèk
Konatèl, san l pa pase pa Teleko jan l te konn fè l avan. Ayitèl fè konnen depi
Konatèl ta fin siyen kontra a avèk li l ap vèse 2 milyon dola.
Nouvo
anbasadè Etazini
Vandredi 17 mas la, nouvo anbasadè Etazini an
ann Ayiti, Janet Ann Sanderson remèt lèt de kreyans li bay prezidan defakto a, Boniface
Alexandre nan Palè nasyonal. Prezidan George W. Bush te nonmen Janet A
Sanderson 7 novanm 2005 lan pou ranplase James B. Foley, e sena a te ratifye l,
16 fevriye 2006.
Avan
l te vin ann Ayiti, Janet A. Sanderson te reprezante Etazini nan Aljeri, li te
okipe plizyè lòt fonksyon kou wè chèf adjwen nan misyon nan Jòdani ; minis
konseye nan zafè ekonomik nan anbasad Etazini nan Egypte, li te travay nan
plizyè lòt enstitisyon e òganizasyon Etazini.
Otorite
Suriname entèpele 6 ayisyen
Dapre yon depèch ajans karayibeyèn
« Caribbean Net News », pòtpawòl lapolis Surinam lan, Maritha
Ritfeld-Asontoe, lapolis arete 6 ayisyen ki t ap antre ilegal nan Suriname nan
mwa mas la. Pami 6 ayisyen sa o genyen : 2 gason, 2 fanm e 2 timoun ;
ayisyen sa yo te rive san viza nan ayewopò Entènasyonal Paramaribo, kapital
Surinam. 6 ayisyen sa yo te nan yon gwoup 125 lòt ayisyen ki te gen bon papye
nan men yo, yo te gen viza valid pou 30 jou.
Arestasyon
5 polisye
Samdi 18 mas la, enspeksyon jeneral polis
nasyonal (PNH) fè arete 5 polisye nan direksyon depatmantal Nip lan, nan
Miragwàn. 5 polisye sa yo ki te nan inite espesyal UDMO, akize nan yon operasyon detounman dwòg e 75 mil dola. Dapre
yon responsab PNH, Marie Yolande Damas, polisye sa yo te al mennen yon
operasyon fouy san otorizasyon direksyon polis la nan Kafou Deriso, nan antre
Miragwàn.
Repiblik
Dominikèn kontinye rapatriman
Responsab Gwoup dapui a rapatriye ak refijye
yo (GARR) kontinye ap denonse fason Repiblik Dominikèn ap voye konpatriyòt nou
yo tounen. Dapre responsab GARR la, Anthonal Mortimé, sòti 13 pou rive 16 mas,
komite Beladè a resanse 600 rapatriman. Pami 600 moun sa yo genyen tifi, ti
gason ki poko genyen 18 lane.
Chatbari
dèyè Gérard Latortue
Apre Premye minis defakto a, Gérard Latortue,
te deklare sou emisyon Le Point nan televizyon Radyo Kanada, ke pandan 2 lane
li pase nan gouvènman li a, li fè tout sa l kapab pou evite yon gè sivil nan
peyi a, e rive òganize eleksyon yo. Plizyè responsab politik reyaji pou demanti
Latortue e akize l kòm moun ki t ap chache pwovoke yon gè sivil nan peyi a.
Lidè
GREH a Himler Rébu, kalifye deklarasyon Latortue yo de fafeli e demagojik. Li
di tout kondisyon te reyini 7 fevriye pou te genyen yon eklatman sosyal nan
peyi a, men pèp ayisyen an ki te trè entèlijan, ki te rive kontoune danje a. Li
denonse konpòtman malonèt otorite defakto yo.
Lidè
Mochrenha bò kote pa l Luc Mésadieu denonse fanfawonad deklarasyon Latortue a,
li fè konnen Latortue plis kontribye pou kraze peyi olye li te bay yon kout men
pou rekonstrui. Poutan se mesye sa yo ki te nan travay tou pou ranvèse
gouvènman konstitisyonèl prezidan Aristid la pou fè blan meriken vin enstale
Latortue. Se konyè a yo koumanse konprann.
SOS
UNICEF pou timoun
Nan yon rapò entènasyonal sou sitiyasyon
timoun ann Ayiti, fon nasyonzini pou timoun (UNICEF) pibliye 22 mas la, li
lanse yon SOS pou timoun yo. Dapre rapò a, timoun ki fèt ann Ayiti ap kouri
plis danje pou yo mouri lè yo fèt pase tout lòt timoun ki fèt nan peyi ki nan
emisfè oksidantal la. Ann Ayiti yon timoun sou 14 pa viv pou lontan, yo pa menm
ka rive fete premye anivèsè yo.
Vizit 2
kongrèsman Etazini
Lendi 20 mas la, 2 kongresman Etazini te fè
yon vizit 4 trè tan nan Pòtoprens: repibliken Mark Foley ak demokrat Maxime
Waters ki te rankontre avèk prezidan eli a, René Préval e avèk kèk manm nan
sektè prive a. 2 palmantè sa yo te pote apui yo bay prezidan René Préval.
Kolektif
fanmi prizonye politik yo mande libeasyon yo
Kolektif fanmi prizonye politik la te òganize
yon sitin devan palè jitis la nan madi 21 mas la, pou denonse movè kondisyon
prizonye politik yo nan Penitansye nasyonal e reklame liberasyon yo san
kondisyon. «Moun yo ap dòmi pa relèv, pou moun ap mare dra pou ap dòmi, li pa
fè sans. Se sa k fè noumenm kolektif fanmi prizonye yo, nou oblije pran lari a
pou nou mande jij yo, èske yomenm yo pa ta ka nan plas sa a tou. Lè moun anndan
penitansye a ap fè yon lane, 2 lane, 8 mwa, 7 mwa yo pa janm pase devan jij.
Noumenm kolektif fanmi prizonye, nou di se swa yo jije moun yo oubyen yo libere
yo.»
Hubert
De Ronceray di li rale kò l
Lidè GFCD a Hubert Deronceray anonse samdi 18
mas la li pran dispozisyon pou l pa ale dèyè okenn pòs elektif nan peyi a. Li
fè konnen li pat janm ap chache okipe yon pòs pa foli pouvwa, men se te volonte
l ak devouman l pou l te ede Ayiti soti nan twou li ye a. Li di lè a rive pou
yon lòt jenerasyon pran la relèv. Gen lontan ke Deronceray te dwe wè sa, li pa
t bezwen ale nan eleksyon pou montre ke pèsonn pa vle vote pou divalyeris.
Mario
Andresol fikse pozisyon l sou dosye masak Matisan
Direktè jeneral Polis nasyonal (PNH) la, Mario
Andresol fikse pozisyon l sou dosye masak Gran ravin lan nan Matisan ; li
fè konnen dosye sa a se yon afè klase pou polis nasyonal la. Dapre Andresol,
lapolis te fin travay li, li te deja mennen ankèt sou dosye yo remèt rapò l e
sa te pèmèt plizyè arestasyon fèt. Men li di yo mal entèprete travay PNH te fè
a. Li fè konnen direksyon PNH la ap prepare l pou l bay pozisyon sou liberasyon
6 nan moun yo te arete yo.
Yon
lòt kote, Mario Andresol fè konnen madi 21 mas la, kidnapin yo fè yon ti bese
nan dènye jou sa yo nan kapital la. Lapolis anrejistre sèlman kèk kidnapin.
Fenomèn zenglendo sanble ak retounen nan kapital la, yo anrejistre kèk ka vòl
lannuit nan zòn Kanapevè. Li di lapolis deja idantifye volè sa yo e genyen gwo
dispozisyon k ap pran kont yo.