18 Janvier, 2006

January 18, 2006

18 Janvye, 2006
Vol. 23 No. 45

Minista ap kontamine dlo!
Depi kèk semèn, kliyan Kamèp nan zòn Dèlma, Boudon e anviwon pa jwenn yon ti gout dlo. Tiyo sèk kon pen rasi. Direktè Kamèp fè konnen se plizyè aparèy ki an pàn, men yo koumanse ap ranje yo. Men sa ki pi grav, sè ke kamyon Minista chaje ak bagay toksik ap lage yo nan Rivyè Griz. Konsa sante popilasyon nan plizyè zòn nan kapital la an danje. Pinga gwo zouzoun panse yo pa ladan ! paske lè yo bezwen kamyon dlo pou yo sèvi, se nan Rivyè Griz kamyon pran dlo pou sèvi yo. Men ni ! lè se pa ak bal fòs okipasyon ap sasinen moun, se ak fatra pwazon y ap ekstèmine nou.

2 militè Minista pèdi lavi yo
Nan maten 17 janvye a te gen anpil tire zòn Dwouya e ozanviwon. Sa w tande se te panik. Li te vè 7tè 45. Sanble nan zòn Site Solèy gen moun blese paske gen 2 cha Minista ki t ap kouri sou wout Taba a, a tout boulin. Yonn nan cha yo, dapre temwen, se Lakwawouj nimewo plak UN-67190. Lòt ki te devan li an, nimewo plak UN-67482 ta pral pi vit epi li monte sou yon machin ke l kraze ! ki pi grav, li pa menm rete pou konn si gen lanmò osnon blese.

Antouka, li ta sanble se kouri cha Minista a t ap kouri ak blese militè jòdanyen ki pran bal nan operasyon yo t al fè Site Solèy jou 17 janvye a. Dapre Radyo Metwopòl 2 sòlda jòdanyen mouri e yonn blese grav. Byen antandi, poko gen detay sou konbyen moun nan popilasyon sivil la ki mouri osnon blese.

Valdés denonse kandida kidnapè yo
Reprezantan sekretè jeneral Nasyonzini ann Ayiti, Juan Gabriel Valdés denonse jou 5 janvye a nan kotidyen Segunda de Santiago nan Chili kèk kandida ann Ayiti k ap sèvi ak lajan kidnapin pou finanse kanpay elektoral yo. Li fè konnen pou sèlman mwa desanm, yo anrejistre 90 kidnapin nan Pòtoprens e li afime Minustah a ak gouvènman defakto a pap kite trafikan dwòg yo, gwoup politik yo sèvi ak kidnapin pou teworize popilasyon an pou bloke *eleksyon+ yo.

Minustah ap touye moun nan Site Solèy
Dimanch 8 ak lendi 9 janvye a, sòlda Minustah yo te mennen yon operasyon nan Site Solèy kote yo touye 3 moun e blese plizyè lòt. Daprè abitan nan Site a, sòlda Minustah yo ta pran kadav yo ale avèk yo e yo akize Minustah ki lanse yon seri operasyon kriminèl pou satisfè ekzijans sektè prive Réginald Boulos ak Andé Apaid la.

Brezil vle konsève kòmandman Minustah a!
Aprè lanmò jeneral brezilyen an, Urano Teixeira da Matta Bacellar, ki t ap kòmande twoup Minustah yo, Brezil ta vle kontinye konsève kòmandman Minustah a. Li pwopoze yon lòt jeneral ki rele José Elito Carvalho Sigueira, pou vin ranplase defen jeneral Bacellar. Men Loni mande Brezil soumèt li 2 non pou l ka chwazi youn ladan yo.

Plizyè sektè nan Brezil mande retire twoup yo
Lanmò jeneral Bacellar soulve anpil kritik nan Brezil nan plizyè sektè ki kont prezans twoup brezilyen yo ann Ayiti. Palmantè brezilyen yo kritike prezans sòlda brezilyen yo ann Ayiti, ki koute twòp lajan e ki ap akonpli yon wòl militè, pandan peyi rich yo pa respekte pwomès yo te fè ki se pwomouvwa devlopman ekonomik e sosyal peyi a aprè yo te fin kidnape prezidan Aristide. Palmantè yo denonse kèk gwoup presyon ayisyen k ap fè presyon sou sòlda Minustah yo pou al touye mas pòv yo nan bidonvil yo. Palmantè brezilyen yo di tou ke Brezil pou kont pa li gen ase pwoblèm sosyal ak kriminalite lakay li ke li pa kapab regle.

Amaral denonse Boulos ak Apaid
Amaral Duclona yon abitan nan Site Solèy mete prezidan Chanm komès la, Réginald Boulos ak kòdonatè Gwoup 184 la an defi pou yo pwouve ke li ta chèf kanpay kandida pou pòs prezidan platfòm Lespwa a nan Site Solèy. Amaral fè konnen, Boulos ak Apaid lage akizasyon sa yo sou do l poutèt li te refize kolabore ak yo, lè yo te mande l renonse a konviksyon politik li, pou l te ka vin travay ak yo. Amaral deklare : *Mwen pa yon chèf gang, m ap travay avèk lòt abitan Site Solèy yo, pou amelyore kondisyon lavi nan bidonvil sa a. Mwen pa genyen okenn kandida ofisyèl, men mwen detèmine pou mache avèk moun k ap ede peyi a sòti nan twou kote l ye a epi amelyore kondisyon lavi popilasyon an. Yo panse mwen se youn nan moun viza ka egare m, yo panse m se youn nan moun yo te ka fè menm jan ak Labanyè yo te mete nan Site Solèy pou entimide popilasyon an. Jounen jodi a m konprann Boulos ki te ofri m yon viza Sen Domeng pou yon ane, yon viza Kanada pou madanm mwen avèk pitit mwen. Lè sa a li pa t trete m de kidnapè, lè sa a m pat kidnapè, avèk Apaid Andy ki te ofri m viza pou Antiy la, pou mwen menm m ale pou m kite kesyon mouvman Lavalas la, lè sa a m pat kidnapè, li te konn pale avèk mwen trè byen+.

René Momplaisir denonse arestasyon l
Jedi 5 janvye an, yon patwouy polisye arete René Momplaisir, yon militan selil de baz Fanmi Lavalas nan Kafou Arewopò a.René Momplaisir t ap soti Site Solèy pou l te ale Delma.e 3 polisye t ap suiv kamyonèt li te monte a, e lè l rive sou wout Delma a yo rete kamyonèt la yo fè tout moun desann epi yo fouye l an dènye. Polisye yo poze l anpil kesyon e yo di l akonpanye yo , yo pra l DCPJ avèk li, apre yo kondi l nan komisarya Delma 33 a kote l pase plis pase 2 zè tan nan gadavi. Li deklare *lè m te antre anndan an yo te mande m pou kisa m pa travay pou Andy Apaid ak Charles Henry Baker.+

Mgr Constant sou menm bit ak Apaid?
Monseyè Hubert Constant, achevèk KapAyisyen an kritike Minustah ki dapre li vle rete nan peyi pou plis pase 10 ane e yo pa fè anyen pou mete lapè ak sekirite nan peyi a. Li fè konnen responsab Minustah yo ap imilye ayisyen yo e move sitiyasyon peyi a ap viv jounen jodi a se fòs Loni an ki responsab sa. Men twouve se konyè a an menm tan ak Apaid ak Boulos ke Monseyè Constant dekouvri sa!

Almay siyen 8 milyon pou Latortue
Gouvènman defakto Latortue a siyen yon akò finansman 8 milyon ewo avèk Almay, madi 10 janvye a ; an prezans minis defakto Ekonomi ak Finans lan, Henry Bazin, minis defakto Planifikasyon ak koperasyon ekstèn lan, Roland Pierre epi anbasadè Alman an Almay bay defakto yo lajan sa pou fè pwomosyon pou devlòpman lokal, amelyore kondisyon lavi popilasyon an e ankadre mas yo nan zòn defavorize yo. Daprè Gérard Latortue, kontribisyon sa a reprezante 25 pou san nan finansman Inyon Ewopeyèn bay Ayiti. Konbyen pousan ki pou li ladan li pou depans li?

Anbasadè fransè a remèt lèt de kreyans
Madi 11 janvye a, nouvo anbasadè fransè a, Christian Conan te remèt lèt kreyans li bay prezidan de fakto a, Boniface Alexandre, nan palè nasyonal. Christian Conan ki te minis delege pou devlopman an Frans, vin ranplase Thierry Burkard ki te pase plis pase 2 lane nan tèt misyon diplomatik fransè a an Ayiti. Aprè seremoni an, anbasadè a te rankontre avèk Premye minis defakto a Gérard Latortue ki te pwenti bouch li pou li radote pi rèd..

Jij Jean Perès Paul mande libere 4 prezime asasen
Nan moman kote tout jij nan palè jistis t ap fè grèv pou pwoteste kont desisyon gwo ponyèt prezidan defakto a, Boniface Alexandre te pran pou revoke 5 jij nan Kou kasasyon an ; jij denstriksyon an, ki se prezidan Asosiyasyon nasyonal majistra yo (ANAMAH), Jean Perès Paul pran yon òdonans 30 desanm ki sòt pase a pou mande libere 4 prezime asasen anplwaye Unibank lan, Nathanaël Génélus. Pami 4 yo, genyen bizisman Stanley Handal avèk 3 lòt. Jij Jean Perès Paul evoke atik 80 kòd enstriksyon kriminèl lan pou l mande libere yo.

Pakè pòtoprens lan bò kote pa l pa ekzekite òdonans lan, li pote afè an an apèl, pou anpeche aplikasyon òdonans lan. Jij denstriksyon an Jean Perès Paul ki te reyaji sou pozisyon pakè a fè konnen, se bagay ki regade pakè a si l vle kenbe moun yo nan prizon, men li menm li fè travay li antan ke jij denstriksyon, li mande lage yo.

PLIH denonse kominote entènasyonal la
Platfòm inivèsite ayisyen (PLIH), denonse kominote entènasyonal k ap chèche pa tout mwayen mete Ayiti sou pwotektora. Pou pwoteste kont sitiyasyon sa a PLIH te òganize yon manifestasyon madi 10 janvye a pou mande Konsey elektoral pwovizwa (KEP) fè *eleksyon+ yo. Daprè kèk manm PLIH manifestasyon sa a se yon etap nan tout yon seri mobilizasyon kont miz sou pwotektora peyi Dayiti.

Yon lòt *Blòk+!
Jedi 5 janvye an, 11 pati politik siyen yon pwotokòl akò pou yo konstitye yon blòk konsètasyon e aksyon politik ki rele *Blòk Altènatif+ (BA). Blòk politik sa a genyen ladan l : Aksyon Demokratik (AD), Pati Sosyal Renove (PSR), Aksyon Demokratik pou bati Ayiti (ADEBAH), Inyon Nasyonal Kretyen pou Rekonstriksyon Ayiti (UNCRH), Fwon Siviko Politik Ayisyen (PENH), OLAHA, JPDN, MNPA e PITACA. Nan yon nòt pou laprès, responsab Blòk Altènatif yo fè konnen yo pran inisiyativ sa a pou yo ka chèche inite e ranfòse tèt ansanm ant kandida yo, etc..

Asasina nan mòg Kanperen!
Pastè Delince Pierre se te yon kandida pou depite pou sikonskripsyon Manich nan Sid la, sou banyè Mokrenah e li te endispoze, e fanmi li te panse li mouri, yo te pote l nan yon mòg nan Kanperen. Men se nan koma li te ye e lè l rive nan mòg la, li tap bat kò l, e gadyen mòg yo egzekite pastè a ak kout baton mèkredi 4 janvye a. Popilasyon an reyaji e yo boule pomp finèb la.

PNH pwomèt sekirite pou kanaval la
Pòtpawòl Polis nasyonal (PNH) la, Frantz Lerebours anonse yo pra l pran tout dispozisyon pou yo garanti sekirite popilasyon an pandan kanaval la ki genyen pou fèt dimanch 26, lendi 27 ak mèkredi 28 fevriye a. Li fè konnen PNH ap travay pou diminye vyolans ak ensekirite pandan peryòd elektoral nan kapital la tou, li deklare Site Solèy rete kòm yon defi pou PNH la e zòn nondwa yo ap ogmante chak jou.

Daprè yon bilan komisè Lerebours, lapolis arete 11 moun nan zòn Site Solèy nan debi ane a, 2 polisye jwenn lanmò yo e 5 lòt blese pa bal pou menm peryòd la.

Sa Boulos ak Apaid ap fè pou peyi a?
Anbasadè Chili a Marcel Young voye jete akizasyon sektè prive a ki pa fè anyen pou soulaje soufrans popilasyon an, pandan y ap mande Minustah al touye popilasyon Site Solèy la sou pretèks y ap chèche bandi. Marcel Young mande sektè prive a *ki sa l fè pou l kreye travay nan katye popilè Bèlè e ede yo konbat delenkan nan zòn sa a, aprè l fin pasifye l?+ Anbasadè Brezil la, Paulo Andrade Da Pinto te ale nan menm sans lan, e li di li genyen anpil pwoblèm lè l konstate akizasyon sektè prive a eseye lage sou do Minustah.

Chili mande pou Minustah rete
Yon delegasyon Chili ak visminis chilyen Defans la, Gabriel Gaspard e responsab pou Amerik santral la ak Karayib la te fè yon vizit 2 jou nan peyi Dayiti pou te vin pote sipò peyi yo bay misyon Loni a ak chèf li, Juan Gabriel Valdès k ap resevwa anpil atak nan men sektè prive a.

Chili mande Loni pou l pwolonje manda Minustah pou 2 lane pou yo ka sipòte gouvènman k ap sòti nan *eleksyon+ yo.

Asasen pè kouto?
Pòtpawòl Minustah a, Damian Onsès Cardona demanti enfòmasyon kèk stasyon radyo kapital la, ki te fè kwè bandi Site Solèy yo ta gen nan men yo yon machin blende Minustah. Li fè konnen se fabrike radyo yo fabrike tout pyès enfòmasyon sa yo. Cardona voye demanti tou ke sòlda Minustah yo ap kolabore ak bandi nan Site Solèy nan vann yo minisyon. Li deklare: *Kouman yon moun ta fè kwè yon sòlda Loni ta aji yon fason konsa, lè l konnen yo kapab touye l ak pwòp minisyon yo?+ Se pa yon sekrè pou Cardona afè dezenfomasyon sa a paske kominote entènasyonal la pa manke konnen sèvi ak sa!

Eske Mathurin pare pou demisyone?
Prezidan Konsèy elektoral pwovizwa a (KEP) Max Mathurin anonse ke yo korije erè yo te fè nan plasman biwo vòt yo. Li fè konnen li prè pou demisyone si 7 fevriye pa respekte pou premye tou *eleksyon+ yo.

Pòtpawòl Minustah a bò kote pa l, Damian Onsès Cardona fè konnen dat ki fikse pou reyalizasyon *eleksyon+ yo se rezilta plizyè konsiltasyon ant Konsèy elektoral pwovizwa a, gouvènman defakto a ak kominote entènasyonal la e y ap travay pou fè respekte l.