11 Janvier, 2006

January 11, 2006

11 Janvye, 2006
Vol. 23 No. 44

Fineray Ginoue Mondésir
Fineray Ginoue Mondésir te chante nan lakou Telemax la madi 3 janvye a, an prezans plizyè santèn moun. Se konpayon l Valdo Jean ki te asasine l samdi 24 desanm lan sou wout nasyonal nimewo 1, nan zòn Akayè. Ginoue Mondésir se te yon prezantatris nan Telemax, li te jwe wòl aktris nan yon film ki rele "Mirak de la fwa", li t ap travay nan ministè Afè etranjè Valdo Jean fèmen nan Penitansye nasyonal.

Asasina Mercier Célestin
Madi 3 janvye a, abitan nan Sen Mak, zòn Pak Level leve jwenn kadav Mercier Célestin ak 3 trou nan tèt li devan pòt lakay li. Célestin te genyen 68 lane e se te yon bòs chapant ki te chaje siveye Pak Level nan Sen Mak. Youn nan pitit li yo, Youseline Célestin te pote kèk endikasyon: "Pandan m anndan kay pa m nan, yon moun di Mercier mouri, m di ki Mercier, li di m Mercier ki bò madam Ulrick la epi lè m rive la m jwenn papa m kouche atè a sou do. M verifye li, li gen 3 twou nan tèt li. Li genyen bò zye sa a la yo foure yon bagay ladan l, epi yo bat li nan tout do l epi li mouri." Nan vil Sen Mak yo fè konnen ke asasina Mercier Célestin se paske li t ap anpeche vòlè vin pran materyèl pou restore Pak Levelt la.

Bilan PNH nan kapital la
Polis Nasyonal la te fè yon bilan operasyon li te mennen sòti 12 desanm pou rive 4 janvye. Daprè pòtpawòl PNH la, Garry Desrosiers, lapolis trete 2024 afè ki pèmèt yo arete 319 moun. Pou kidnapin lapolis trete 43 ka e yo arete 30 moun; pou vyòl lapolis trete 2 ka e arete 7 moun ; pou asasina avèk zam, lapolis trete 27 ka e yo arete 6 moun ; pou asosiyasyon malfektè, lapolis trete 8 ka e yo arete 64 moun, pou vòlè machin, lapolis trete 33 e yo arete yon moun. Nan divès lòt ka kouwè : kanbriyolaj, vwadfè, trafik dwòg, abi konfyans, detansyon zam a fe, vòl elatriye, lapolis trete plizyè ka e arete plizyè moun.

Selebrasyon Lendepandans sou okipasyon
Nan okazyon 202 lane endepandans Ayiti, premye janvye 2006 la, responsab legliz katolik yo nan Gonayiv te chante yon mès aksyon gras an absans chèf Leta defakto a, Boniface Alexandre ak Premye minis de fakto a, Gérard Latortue. Gouvènman defakto a te tou senpman voye kèk reprezantan l kouwè: chèf kabinè Premye minis defakto an, Gracia Jean ; konseye spesyal Premye minis lan, Jean-Robert Jean Noël ak sekretè Deta jenès ak spò a defakto a, Paul Berne. Se evèk Gonayiv la, Yves Marie Péan ki te prezide seremoni relijye an.

Aprè mès la, reprezantan gouvènman defakto ki te genyen nan tèt li, Gracia Jean te pwononse yon diskou nan meri a. Popilasyon Gonayiv la bò kote pa l, nan manifestasyon l te òganize, te lanse anpil pawòl piman bouk kont gouvènman defakto a, Alexandre/Latortue. Daprè popilasyon an, se pou yo pa t reponn a diferan pwojè defakto yo te pwomèt popilasyon Latibonit lan ki pa janm reyalize takou konstriksyon wout nasyonal nimewo 1 an, sòti Sen Mak pou rive Gonayiv, ki fè yo pa t vini.

Manifestasyon kont Pettigrew ak Coderre
Lendi 2 janvye a, fas a krim Minustah ak Polis nasyonal gouvènman defakto ayisien an ke gouvènman liberal Kanadyen an ap soutni, yon gwoup jèn atis, mizisyen orijin ayisyen nan Montreal te òganize manifestasyon devan biwo elektoral minis Afè etranjè a, Pierre Pettigrew, pou mande Kanada sispann apiye krim yo. Manifestan yo akize Kanada pou patisipasyon nan kidnapin prezidan Aristide la 29 fevriye 2004 la. Yo akize Kanada ki apiye vyolans politik e yo pase nan lari devan biwo a kote yon videyo Kevin Pina ki t ap montre krim ki ap komèt kont popilasyon Cite Soleil.Epi apre manifestan yo te pran wout pou al devan biwo depite Denis Coderre ki se konseye espesyal pou Ayiti, kote yo te rele: "Coderre, kanibal!" Manifestasyon sa a te gen gwo enpak kote tout televizyon ak radyo ak jounal te pale de sa sitou nan peryòd eleksyon kanadyen an kote Pettigrew koumanse genyen laperèz pou li pa antre ankò kòm depite, paske popilasyon kanadyen an koumanse ap okouran wòl Kanada nan tout briganday krim ki ap fèt an Ayiti yo.

Taïwan ap fè defakto yo kado
Gouvènman Taïwan voye bay Ayiti 6 kontenè pwodwi ki genyen diferan kalte bagay ladann kouwè: rad, soulye, jwèt. Responsab Taïwan yo ap remèt 4 konntenè bay òganizasyon imanitè entènasyonal "Food for the poor", 2 lòt y ap bay meri Pétion ville la. Anbasad la fè konnen Food for the poor t ap distribiye yon konntenè 6 janvye a bay abitan bò lokal òganizasyon an nan zòn Delmas. Se yon konpayi taïwanè ki rele Yugen Cie ki te bay gouvènman taïwanè a 6 kontenè sa yo, nan kad yon don 629 konntenè ; ki genyen plizyè milyon diferan bagay ladan yo e ki evalye a 750 mil dola.

Men Anbasad la fè konnen ke pi gwo pwoblèm y ap konfwonte nan jan inisyativ sa yo se koripsyon. Yo toujou asiste a detounman lajan ak materyèl kominote entènasyonal la voye bay Ayiti. Sa pap brennen defakto yo pou yo piye kado Taiwan sa a!

Presyon sou Minustah
Chèf Minustah a Juan Gabriel Valdès fè konnen Minustah pap aji sou presyon, men sòlda Minustah yo pral fè tout sa yo konnen pou kreye yon klima sekirite nan kapital la. Li fè konnen sòlda Minustah yo pral pran tout dispozisyon pou mennen kèk operasyon nan rejyon metwopolitèn lan pou anpeche gang ame yo teworize popilasyon an.

Nan dènye jou sa yo, lidè pati politik yo ak boujwa yo ap mete presyon sou Minustah pou li antre fè masak san gade dèyè nan katye popilè yo..

Eleksyon ranvwaye ankò
Konsèy elektoral pwovizwa (KEP) la deside ranvwaye "eleksyon" yo pou 7 fevriye selon lòd yo resevwa nan men konsèy sekirite LONI. Men youn nan konseye yo, Patrik Féquière fè konnen eleksyon yo ta dwe fèt nan 2 ou 3 mwa, daprè evaliyasyon li fè. Prezidan defakto a, Boniface Alexandre te swete nan diskou l te fè 2 janvye a pou "eleksyon" yo ta fèt nan yon delè ki pa twò lwen. Konsèy sekirite Nasyonzini an avèk OEA tou, chak bò pa yo, ki te reyini sou dosye Ayiti a te pase lòd bay defakto yo pou yo fè (s)eleksyon an pou pita 7 fevriye 2006.

Kandida yo ap mande "ranbousman"!
Plizyè kandida nan Gonayiv, nan depatman Latibonit lan kanpe sou aktivite elektoral yo, poutèt Konsèy elektoral pwovizwa (KEP) la ranvwaye "eleksyon" yo pou pwoblèm teknik. Kandida yo fè konnen yo gen tan depanse tout lajan yo nan òganize miting, yo fè konnen li pa nòmal pou KEP la ap ranvwaye "eleksyon" yo a chak fwa konsa. Kandida yo mande KEP la ak gouvènman defakto a repare yo pou gwo pèt yo fè yo fè.

Latortue mande konsèy sekirite Loni koute li souple!
Chèf gouvènman defakto a, Gérard Latortue ekri prezidan Konsèy Sekirite Loni, anbasadè Tanzani an Augustine Mahiga pou mande l pou yo patisipe nan rankont konsèy la genyen pou fè sou dosye Ayiti a, pou yo ka bay vèsyon pa yo sou sitiyasyon peyi a.

Gérard Latortue fè konnen patisipasyon gouvènman defakto a nan reyinyon an ap pèmèt yo prezante pi byen sitiyasyon katastwofik Ayiti a. Li di rankont lan pa ta dwe dewoule san prezans KEP la ki chaje pou reyalize "eleksyon" yo, ki ta dwe pote plis eksplikasyon sou koz ki fè "eleksyon" yo pa kapab fèt nan dènye dat ki te prevwa kidonk 8 janvye a.