Bandi pou pi rèd!
Lendi 28 novanm lan, yo kidnape yon kandida pou depite pou premyè sikonskripsyon Kwadèboukè, Cluny Dumé ak chèf kanpay li, Daniel Desmarais, nan zòn Laplèn, nan lokalite Maren nan Nò kapital la. Desmarais se manm UNCHR, platfòm politik kandidati alaprezidans pastè Chavannes Jeune la. Yo te jwenn liberasyon yo jedi premye desanm lan nan aswè aprè paran yo te peye yon ranson.
Menm premye desanm lan, yo kidnape plis pase 15 moun, pami yo 11 elèv ki ta pral lekòl nan yon bis e 2 lòt ak yon sitwayen ameriken, Philippe Schneider k ap travay nan yon ONG. Elèv yo te jwenn liberasyon yo nan aswè aprè vèsman yon ranson.
Vandredi 2 desanm lan, bandi yo kidnape Wadson Désir, jounalis Radyo Métropole e korespondan Radyo Frans Entènasyonal (RFI) ann Ayiti, avèk papa l sou wout nasyonal nimewo 1, nan zòn Nò nan kapital la. Sekretè jeneral SOS jounalis, Guyler C. Delva fè konnen li te antreprann kèk demach bò kote kidnapè yo e li te rive ba yo 4500 dola pou yo te libere jounalis la, samdi 3 desanm lan.
Nan fen semèn lan dapre Radyo Solidarite yo kidnape yon manm kad Fanmi Lavalas nan kapital la. Se Emmanuel Cantave. Yo mande 300.000 dola pou lage l.
E mèkredi 30 novanm lan abitan Solino dekouvri kadav 2 moun yo asasine, youn ki rele Guito Pierre.
Men nan tout zak sa yo, nou tande polis nasyonal la di li ap fè pwogrè nan arete bandi, men se sèlman pèp katye popilè yo li ap mache touye ak Minustah, paske sanble bandi pi rèd nan peyi a.
Ni chofè ni pasaje yo pa satisfè!
Bès gaz la ak nouvo tarif transpò piblik la pa satisfè pasaje ak chofè yo. Chofè yo pa vle respekte nouvo tarif ministè Afè sosyal defakto a te fè sòti a, pasaje yo bò kote pa yo vle bay pipiti lajan ministè a fikse a. «Daprè mwen li yon pwoblèm paske pou yo desann machin lan, yo desann li twò piti pri, paske pou yo te desann pri machin, li te ka 5 goud, si yo te mete l 5 goud, gaz la te 100 goud, machin te 5 goud, li t ap bon pou mwen, m t ap santi m m ap travay pi byen. Men machin lan desann 7 goud, pasaje ap ba w 5 goud, yo pa menm byen peye w. Depi yè swa se nan goumen, sa k pwomèt pou yo kraze vit mwen, yo pa vle peye», te di yon chofè. Donk otorite defakto yo lage plis divizyon a ant chofè yo ak pasaje yo.
Kolektif kont lavi chè pwoteste
Kolektif pou mobilizasyon kont lavi chè akize responsab Asosiyasyon nasyonal distribitè pwodwi petwolye yo (Anadipp) e otorite defakto yo ki pa p defann enterè popilasyon an, k ap defann pwòp enterè yo nan zafè gaz la. Nan konferans pou laprès yo te bay mèkredi 30 novanm lan, Jean Charles Evrard, youn nan responsab Kolektif la denonse responsab Anadipp yo ki te fè yon jounen grèv lendi 28 novanm lan pou fòse gouvènman defakto a ògmante kantite pwofi yo sou gaz la. Daprè Evrard Jean Charles, depi kilè Anadipp te konn defann enterè mas devaforize yo?
Responsab Kolektif la kritike otorite defakto yo tou ki koube yo rapidman sou ekzijans Anadipp yo e abandone popilasyon an k ap konfwonte tout sòt difikilte. Li denonse rejim defakto Alexandre/Latortue a ki pa bay twòp enpòtans a dosye Petwokaribe a, kote Venezyela ofri Ayiti yon gaz a bon mache, li pwomèt Ayiti 11 mil baril gaz chak jou. Responsab Kolektif la anonse yon sitin pou vandredi 9 desanm lan devan ministè Ekonomi ak Finans pou fòse gouvènman defakto a jwenn akò ak Venezuela sou dosye gaz la.
Blakawout la pi rèd!
Depi kèk semèn popilasyon an nan kapital la konstate blakawout la retounen pi rèd nan zòn metwopolitèn lan. Daprè moun k ap viv nan zòn Lali a, nan sant kapital la, depi kòmansman mwa novanm lan se chak 2 jou yo genyen 2zè tan kouran. Yon abitan Delmas nan Nòdès kapital la deklare: «Pandan 2 dènye semèn ki sòt pase yo, EDH bay sèlman 1nè de tan kouran chak jou, kèk fwa 15 minit, yon fason pou ka wè yo te bay li».
Nan zòn Fontamara nan Sid kapital la EDH bay 5kè tan kouran, chak jou, avan yo te konn jwenn 12zè tan. Direktè Elektrisite Deta Dayiti (EDH), fè konnen se gaz la ki fini, konpayi petwolye yo refize livre yo gaz pou dèt. Poutan EDH te fèk sòt anonse ògmantasyon tarif kilowat la akòz pri gaz la ki ta ògmante sou mache entènasyonal la, men gaz la vin bese poutan.
Gouvènman defakto a te pwomèt 18tè tan kouran chak jou, e aprè 2 lane, popilasyon an konstate pwomès sa a pa respekte, okontrè pwoblèm kouran an vin pi grav.
Pè Jean Juste resevwa tit doktè onoris koza
Inivèsite katolik San Francisco nan Californie bay pè Gérard Jean Juste tit doktè onoris koza pou bon jan travay li te konn fè nan mitan mas pèp la ann Ayiti. Avoka pè Jean Juste la, Mario Joseph atire atansyon popilasyon an kote l fè konnen se pè etranje k ap ankouraje pè ayisyen an Gérard Jean Juste, frè li yo ann Ayiti pa manifeste okenn solidarite avèk li nan moman difisil l ap travèse a.
Mario Joseph mande responsab legliz katolik yo pran men yo, pou yo mete yo bò kote pè Jean Juste. Daprè Mario Joseph pè Jean Juste ta dwe jwenn libète l pou l al resevwa distenksyon sa a, paske gouvènman kriminèl sa a kenbe l nan prizon san motif legal. N ap raple gouvènman defakto Alexandre/Latortue a te arete pè Gérard Jean Juste depi 21 jiyè 2005 lan, nan legliz Saint Pierre, Pétionville, nan moman fineray jounalis Jacques Roche.
Repiblik Dominikèn voye jete demann defakto yo
Madi 30 novanm lan, sena dominiken vote yon rezolisyon, kote l mande jent santral eletoral dominiken an pou pa resevwa demann otorite defakto ayisyèn yo, pou enprime lis elektoral yo pou «eleksyon» yo. Prezidan jent santral dominiken an (JEC), Luis Arias Nunñez deklare: «se pa yon demann dirèk yo te fè sena, men se yon dosye ki nan atribisyon ekzekitif la ak jent lan. Si yo pran yon desizyon, se pa paske sena te deja bay opinyon sou kesyon sa a. Men sa fè pati de konsiderasyon nou te deja fè ann akò avèk fason nou te wè bagay yo sou fason pwosesis elektoral la ki ta dwe sèn e lib de tout pètibasyon».
Prezidan jent santral elektoral la, Luis Arias Nuñez fè manm Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) la konnen yon eprimant vann sèlman 20 mil dola. Ala yon wont pou otorite defakto yo!
Kandida yo mawon envitasyon peyizan yo
Se sèlman 3 kandida pou prezidan ki te vini nan yon envitasyon Platfòm peyizan pou sekirite alimantè Nòdwès (PPSANO) te fè pou 30 novanm lan 31 pati politik: Reynold Georges pou Alah; Himmler Rébu pou Greh ak Judie C. Roy Reparen.
Youn nan patisipan yo Ernia Massillon, reprezantan Platfòm rejyonal òganizasyon Ba Nòdwès yo (Porebano) fè konnen kandida yo montre trè klèman yo pa pral pran revandikasyon peyizan yo an konsiderasyon. Li poze kesyon èske peyizan yo pral kontinye sibi eksplwatasyon politisyen yo ki vle rive sou pouvwa ?
Moderatè rankont lan Allenn Henry fè konnen, jounen jodi a, peyizan yo vle antre nan batay pou fè revandikasyon yo pase e patisipe nan gran desizyon pou tout peyi a.
29 novanm 1987 - 29 novanm 2005 : 18 ane aprè
29 novanm 2005 fè 18 ane depi pèp ayisyen ta pra l fè premyè eksperyans demokratik aprè plis pase 30 lane diktati Duvalier. Divalyeris yo ak lame Dayiti ki pa t vle respekte règ jwèt la, te planifye yon masak nan moman eleksyon yo 29 novanm 1987. Yo mache tire gwo kout zam sou tout moun nan biwo vòt yo prèske nan tout peyi a. Men kote ki te genyen plis moun ki te mouri se te nan Lekòl Argentine Bellegarde nan riyèl Vayan sou wout Lali a, menm jounalis pa t epaye, e yon jounalis dominiken, Carlos tonbe anba bal bouwo ansyen jeneral lame Claude Raymond. Se yon veritab masak militè ak divalyeris yo te fè sou popilasyon an ki ta pral vote.
Viktim malarya nan peyi a
Malarya touye 4 moun nan depatman Nip lan, 2 moun nan Grandans e yon moun nan depatman Lwès la.
Minis Jistis defakto a denonse koripsyon lakay li!
Minis Jistis defakto a, Henri Dorléans, nan fineray prezidan Koukasasyon an Georges Henri, premye desanm lan fè konnen konpetans se yon bagay ou pa jwenn fasil nan lajistis ayisyèn lan. Entegrite a menase anpil nan sistèm jidisyè a, li fè konnen li pa ezite pou l pran sanksyon kont yon jij ki te pran 250 mil goud pou libere yon prizonye. Men li pa genyen prèv ki pwouve tout ka koripsyon yo. Minis lan te pwononse l sou pil ak pakèt moun k ap pouri nan prizon nan peyi a, li te site ka Premye minis Yvon Neptune ki fèmen nan prizon depi plis pase 17 mwa san motif presi.
Men bèl antant!
Lendi 28 novanm lan, 9 pati politik ak regwoupman siyen yon antant ki batize «Antant pou demokrasi ak modènite». Nan antant sa a, pati yo pran angajman pou rekonèt rezilta «eleksyon» yo e k ap jwenn konfimasyon obsèvatè nasyonal e entènasyonal. Yo pran angajman pou yo dirije peyi a ansanm, pou yo fòme yon gouvènman antant nasyonal, pou youn sipòte lòt nan dezyèm tou «eleksyon» yo, pou yo fòme yon blòk palmantè pou yo ka genyen yon majorite konfòtab nan palman an
Pati politik ki siyen antant sa a se: Alyans Evans Paul la ; Fizyon, Serge Gilles, Gran fwon sant dwa, Hubert Deronceray ; OPL, Paul Denis ; RDNP, Leslie Manigat ; Pati liberal ayisyen, Daniel Supplice, Inyon, Chavanne Jeune ; Mochrenha, Luc Mesadieu; Regwoupman politik respè/konba, Charles Henri Baker.
Osner Févry denonse pirat li yo
Kòdonatè Konsèy nasyonal pati non aliye yo (Conaced), Osner Févry kalifye mèkredi 30 novanm lan, «Antant demokratik pou modènite» 9 pati yo te siyen an de yon zak piratri politik. Daprè Osner Févry antant sa a se yon fotokopi inisyativ ki te bay nesans a konsèy nasyonal pati politik yo l ap dirije a. Li kritike responsab politik sa yo ki pa t envite lòt pati politik kouwè Adebah, Pndph, Greh elatriye pou fòme yon antant pi laj.
Espay pap voye lòt twoup ann Ayiti
Gouvènman espanyol ki genyen Premye minis Jose Luis Rodriguez Zapatero nan tèt li deside lendi 21 novanm lan, nan konsèy minis li pou retire pwojè lwa ki ta pral ba l otorizasyon pou l voye ajoute lòt militè sou sa ki deja la ann Ayiti. Minis li yo refize kategorikman siyen pwojè lwa sa a.
Gouvènman Espanyol la te deja menase an plizyè okazyon pou l retire sòlda li yo nan Minustah a, si l pa resevwa lajan kominote entènasyonal la te pwomèt l ap bay. Nan mwa novanm lan Minustah deplwaye 200 nouvo sòlda espanyòl nan vil Fò Libète ak Wanament.
Sena Irigweyen bò kote pa l apwouve yon lwa madi 29 novanm lan pou otorize gouvènman Irigweyen an voye 200 lòt militè ann Ayiti pou vin ranfòse Minustah k ap mache touye pitit pèp la nan katye popilè yo nan kapital la.
KEP la ap vann kat?
Lendi 28 novanm lan Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) pibliye yon nouvo kalandriye elektoral: premye tou «eleksyon» prezidansyèl ak lejislatif yo ap fèt 8 janvye 2006, dezyèm lan se 15 fevriye e minisipal e lokal yo ap fèt 5 mas.
KEP la kòmanse finansman pati politik yo, li te mande yo pote dosye yo vin depoze pou yo ka jwenn yon premye tranch lajan ki se 1 milyon 500 mil goud. Men pou pati a jwenn lajan sa a fòk li bay yon lis ki genyen 40 mil elektè avèk siyati yo. Genyen yon dizèn pati ki deja depoze dosye yo.
Pandan tan sa elektè yo poko ka jwenn kat idantifikasyon nasyonal yo, manm BED ak BEK yo poko touche plizyè mwa salè, e yo menase kanpe travay si KEP la pa peye e ranbouse yo dèt yo te fè pou KEP la. Elektè yo fè konnen se peye pou yo peye pou yo ka jwenn kat la. «Si prezidan KEP la pase lòd, mèkredi 23 pou yo livre kat nan 9 depatman an… men di konsa ke li pa p livre kat, e poutan, pandan li di li pap livre l la, gen kat k ap bay pa anba, lè fini si w pa gen 50 goud, ou paka jwenn li».