Pati Popilè Nasyonal (PPN) sezi tande pawòl degrenngòch ki sòti nan bouch yon swadizan dirijan baz popilè Bèlè. Malerezman pawòl sa yo pale jou anivèsè lanmò Jean Jacques Dessalines, 17 oktòb 2005 lan, ki fè 199 lane depi yon konplo sasinay, ki sòti nan mitan klas dominant ki te fenk kale nan peyi d Ayiti, te pote l ale nan peyi san chapo. Samba Boukman fè konnen: «…(yo) menm ki sòti nan baz popilè Fanmi Lavalas Bèlè, fè 2 kandida pèp la; René Préval ak Marc Bazin (konnen)…… pap gen pèdan nan mitan yo. Tou lè 2 se 2 kandida pèp la ki se Lavalas…..e se pou (yo) fè yon kokenn chenn inite…….k ap mennen pèp la nan lapè ak pwogrè…..”.
Alapapòt, n ap di sèten dirijan opòtinis, nan mouvman popilè a, ki kite yo vire lòlòj yo nan fè yo fo pwomès. Marc Bazin ak René Préval pa kandida mas pèp la. Bazin ak Préval se kandida yon sektè nan boujwazi a ak enperyalis meriken. Dayè se sa k fè yo tou 2 pa gen pwoblèm, tankou tout lòt politisyen kandida yo, patisipe nan seleksyon Lèzetazini, Lafrans ak Kanada ap prepare pou foure nan gòj pèp la. Se sa k fè yo pa gen pwoblèm patisipe nan yon swadizan eleksyon anba banyè lokipasyon. Se sa k fè tou, yo pa gen pwoblèm pou kosyone, pou aksepte koudeta /kidnapin 29 fevriye 2004 la. 2 mesye sa yo, kidonk Marc Bazin ak René Preval se 2 moun ki san prensip. Yo pa fouti mennen pèp la ni nan lapè, ni nan pwogrè. Poukisa?
Ki moun ki bliye ke Washington, an 1982, te fòse diktatè Jean Claude Duvalier mete Marc Bazin kòm minis Finans li pou aplike plan lanmò FMI/Bank Mondyal kidonk touye kochon kreyòl, ouvè ladwann pou djanni, pèpè anvayi peyi a, kraze pwodiksyon nasyonal de fason pou vant tout popilasyon an nan men peyi etranje. Washington te mete Bazin an 1982 pou te koumanse travay privatizasyon antrepriz piblik yo. E se te tout travay sa yo ki mete peyi d Ayiti nan yon sitiyasyon mizè, represyon ak okipasyon jounen jodi a.
– Ki moun ki bliye ke Marc Bazin te kandida meriken an 1990 e yo te sipòte l ak anpil dola vèt.
– Ki moun ki bliye ke ansyen prezidan peyi Etazini Jimmy Carter te rantre vin di pè Aristide alepòk pou l kite prezidans lan pou kandida meriken an.
– Ki moun ki bliye ke apre koudeta sanglan 1991 lan Marc Bazin te Premye minis defakto militè poutchis yo, kidonk Cédras ak Michèl François ki te touye plis pase 5 mil patizan Lavalas.
– Ki moun ki ka bliye ke René Préval, lè l te prezidan, an 1996 te voye peyizan nan plenn Leyogàn sou lagraba, lè yo te kite Boulos ak Mevs enpòte ethanol, an konplisite avèk ministè Komès, ki t ap kraze pwodiksyon kleren nan peyi a. Lè sa a, minis komès la kidonk Fresnel Germain te fè konnen: « Li pa kesyon pou yo pwoteje plantè, pwopriyetè gildiv yo….paske sa ka antrene reyaksyon OMC » ki se Oganizasyon Mondyal Komès. Preval pat di anyen nan sa.
– Ki moun ki ka bliye René Préval te akspete yo vann Minotri ilegalman pou yon monnen. Li pat gen pwoblèm ak sa, donk se plan lanmò FMI/Bank Mondyal la li dakò avè l.
– Ki moun ki ka bliye ke lè René Preval te prezidan, li te bay peyi Etazini dwa rantre nan peyi d Ayiti ni anlè, ni atè, ni nan lanmè pou te swadizan vin arete moun ki nan dwòg. Sa rele vann souvrènte peyi a. E Lèzetazini, pou l te imilye René Préval ak pèp la, nan yon sans, te fè Sekretè Deta alepòk, Madleine Albright vin fè Préval siyen akò sa a jou anivèsè lanmò lanperè Jean Jacques Dessalines 17 oktòb 1997. Eske 2 mesye sa yo ka mennen pèp la nan lapè ak pwogrè? Mil fwa non! Nan pwen okenn nan 35 politisyen ratdokale ki kandida pou chèz boure oubyen lòt pou senatè, depite elatriye ki ka pote lapè ak pwogrè nan peyi d Ayiti anba banyè lokipasyon. Si se Marc Bazin osnon René Préval lavalasyen ap tann pou fè Aristide ak lòt egzile rantre nan peyi a, yo va tann jouk yo tounen pwatann!
Yon lòt bò n ap denonse kèk lòt swadizan dirijan baz ki nan Site Soléy, jou 17 oktòb 2005 lan ki deklare ipokritman wout 9 la rele kounye a Boulva Dread Wilme; alòske yo fin chita, jou 27 septanm 2005 lan, ak okipan yo, OEA ak Minustha, ki sasinen anpil pitit pèp la ansanm ak Dread Wilme nan masak 6 jiyè 2005 lan. Patisipasyon dirijan degrenngòch sa yo tankou John Joel Joseph ak René Momplaisir, nan trennen yon ti pati nan pèp la, nan seleksyon ki pral fèt yo pou konsakre koudeta 29 fevriye a ak okipasyon peyi a se yon trayizon e se touye yo touye dread Wilme yon lòt fwa ankò.
Dayè ki eleksyon demokratik, onèt, sensè ki ka fèt la a nan tout lobo ki gen nan peyi a? Tout moun wè ke KEP sa a, yo fè sa yo vle avè l, li pa granmoun tèt li. Nou fenk wè ke premye minis defakto a Gerard Latortue nome yon chèf nan tèt KEP a, sou lòd okipan an, pou eseye kalme chirepit e swadizan fè pwosesis la vanse paske okipan an pase lòd pou le 7 fevriye fòk gen nouvo popetwèl ni nan prezidans lan ni nan palman an, menm si peyi a kraze. N asiste yo fòme komisyon ki pou kore KEP a. Ki eleksyon kòrèk ki ka fèt nan tout anachi sa a? Kat pèlen yo te fè pou moun poko ka bay tèlman yo tèt anba: kounye a, se pa konpayi ki Meksik k ap fè kat ankò, se konpayi kanadyen. Tout lajan sa yo k ap gaspiye a se pèp ki pral peye po kase a. Tout moun ap asiste chire pit ant kandida k ap rele anmwe pou Dumarsais Mécène Siméus ki meriken e Kou Kasasyon pase lòd pou l sou lis kandida ki ka patisipe nan seleksyon pou prezidan. Donk konstitisyon sa a, se yon konstitisyon yo pase anba pye. E gen kandida k ap plenyen, kòm kwa fò yo respekte konstitisyon, men se lè sa pa an favè yo. Men lè sa an favè yo, ou pa tande yon mo sot nan bouch yo. Egzanp koudeta 1991 ak koudeta 2004 la. Egzanp ankò: lè Preval te vann Minotri san ke palman an pat bay dizon l. Ki kote nan konstitisyon an yo di gen dwa gen koudeta. Ki kote nan konstitisyon an yon prezidan ka vann yon antrepriz Leta.
Dayè ki eleksyon demokratik, onèt, sensè ki ka fèt lè gen dè milye prizonye politik lavalas nan prizon nan 4 kwen nan peyi a. Pandan represyon pa janm sispann nan katye popilè jouk jounen jodi n ap pale a. Ki eleksyon demokratik ki ka fèt pandan yo voye yon prezidan ke pèp la te chwazi ann egzil. Ki eleksyon korèk ki ka fèt lè fòs okipasyon yo ap ankadre atache ak manchèt epi eskadwon lanmò ki nan mitan polis la pou al fè masak Site Solèy, Bèlè, Solino, Gran Ravin elatriye. Jounen jodi a, nou sezi wè e tande yon responsab dwa moun Loni, ki ann Ayiti, ki rele Thierry Fagard ap denonse gouvènman an e sitou lapolis nan divès masak ak egzekisyon, la pou la, k ap fèt nan peyi a. Kounye a, men okipan an vle lage ladoba a sèlman sou lapolis. Eske se pa Minustha nan tout masak k ap fèt yo ki ankadre eskadwon lanmò k ap sasinen pèp la? Eske se pa krenn yo krenn travay Tribinal Entenasyonal la ap fè pou Mennen moun ki nan tèt Minustha yo ki koupab devan wot kou jistis la Haye nan peyi Hollande?
Devan sitiyasyon makawon sa a, peyi a ap travèse jounen jodi a, Pati Popilè Nasyonal (PPN) mande tout patriyòt, tout vre demokrat, òganisasyon baz yo, tout popilasyon an jeneralman pou yo chita sou blòk glas yo nan eleksyon/seleksyon okipan an ak defakto yo pral bannou. Nou pap patisipe nan seleksyon sa a pou demen yo pa di: nou te vote donk se nou ki te chwazi frèt k ap kale nou an. Jounen jodi a, li lè pou sektè pwogresis, òganizayon baz popilè yo, ki pa trayi, ansanm ak mas yo òganize yo pi plis toujou pou n fè echèk a diktati k ap pwente a e ak plan lanmò FMI/Bank Mondyal ke tout elèv yo mete yo an ran, kidonk kandida yo, ap fè konkirans antre yo pou okipan ka wè ke se yo ki pi bon pou al fè plis represyon, kale plis mizè andedan peyi a, nan aplike pwojè okipan yo.
Aba tout opòtinis ki nan mouvman popilè a!
Aba gouvènman defakto Alexandre/Latortue a!
Aba okipasyon!
Aba eleksyon/seleksyon!
Ann rekare batay la pou yon lòt 1804!
Libète ou Lanmò
Pou biwo Politik PPN
Georges Honorat
Pòtoprens, 19 oktòb 2005