OPL ap pran gagann nan men CEP eleksyon/seleksyon yo?
Yon responsab OPL), Irvelt Chery mete kritike konseye elektoral yo, ke li kalifye kòm enkonpetan e kòm moun k ap fè magouy an favè yon fòmasyon politik, li pa site non l. Ansyen senatè OPL pou depatman Sidès la, ki pa lan peyi a depi yon bon bout tan, denonse iregilarite ki te genye nan òganizasyon konkou pou manm Biwo elektoral depatmantal yo (BED) e li di ke majorite prezidan ak visprezidan biwo sa yo pa t patisipe nan konkou a.
Kofi Annan fenk ap reveye?
Sekretè jeneral LONI an Kofi Annan, nan yon rapò li fè, 11 oktòb la, fè konnen Ayiti trouve l jounen jodi a nan yon moman trè kritik. Daprè rapò a, Polis nasyonal la kontinye ap vyole dwa popilasyon an, gouvènman defakto a ap konfwonte yom gwo difikilte sou plan politik. Minustah dekouvri plizyè ka arestasyon ilegal, move tretman e detansyon pwovizwa pwolonje. Nan mwa jiyè 2005, 93 pou san moun ki nan prizon, se moun ki an detansyon pwovizwa, Misyon an dekouvri 3 ka tòti sou ti moun ki nan prizon yo. Minustah fè konnen li resevwa yon seri enfòmasyon ki kredib ki fè kwè genyen plizyè ajan Polis Nasyonal la (PNH) ki patisipe nan plizyè ekzekisyon somè e plizyè lòt zak banditis e vyolans nan peyi a. De fason jeneral, moun k ap viv nan mitan kapital la ak nan bidonvil yo kontinye ap viktim chak jou vyolans, agresyon seksyèl, kidnaping, entimidasyon e tout tout lòt fòm movè tretman anba men nèg ame yo. Se konyè a ke Minustah ap dekouvri sa alòske se li ki konn ap apiye bandi PNH li yo lè yo pral kraze moun nan Site Solèy ak nan Bekè?
Sosyetè koperativ yo di gouvènman defakto a pa pran lajan yo!
Jedi 13 oktòb la, sou inisyativ Asosiyasyon nasyonal fanm viktim koperativ yo (ANFVK) e Rasanbleman nasyonal sosyetè viktim koperativ yo (RANASOVIK), yon santèn sosyetè viktim koperativ an fayit yo te òganize yon sitin devan ministè Ekonomi ak Finans pou mande gouvènman defakto a peye sosyetè viktim yo. Kòdonatris ANFVK la Margareth Fortuné denonse otorite defakto yo ki pran byen koperativ an fayit yo pou mete yo nan patrimwàn Leta. « Otorite gouvènmantal yo dwe kout ke kout repare sosyetè viktim yo, n ap fè tout sa nou kapab pou n evite yo pran lajan sosyetè yo pou yo itilize l pou bezwen pèsonèl yo.»
Minis de fakto Kilti a prezante Wyclef ekskiz
Aprè ensidan ki te pase nan salon diplomatik la nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture a nan Pòtoprens nan kòmansman mwa oktòb la, kote yon ajan sekirite agrese Wyclef Jean ; minis defakto Kilti a, Magalie Comeau Denis te prezante ekskiz li jedi 13 oktòb la bay atis la. Wyclef Jean ki te rantre nan peyi a pou l te ka fè kat idantifikasyon nasyonal li, pou l te ka al vote nan eleksyon yo. Lè l ta pra l pran avyon pou l retounen, lè l te rive nan ayewopò, yon sèten René Louis, yon ajan sekirite pase l lòd pou l kite salon diplomatik la, paske l te genyen sou li yon t-Shirt ak yon tenis nan pye l. Malgre yo te prete l kostim avoka l, ajan sekirite fòse l kite salon an poutèt tenis lan.
Kèk temwen te pwoteste, yo fè konnen se yon mezi diskriminatwa otorite defakto te pran, yo site kòm egzanp jwè brezilyen an Ronaldo ki te antre nan menm salon diplomatik la, t ap mache san rad sou li.
Latortue antòtye!
Spesyalis nan kesyon ayisyen nan Inivèsite Trinity nan Wachintonn, Bob Maguire fè konnen 12 oktòb la ke gouvènman defakto Gérard Latortue a fè fayit nan misyon l ki se te asire stabilite politik e ekonomik peyi Dayiti. Daprè spesyalis la, Gérard Latortue kreye enmi nan boujwazi ak nan mas pèp la e li desevwa sipòtè l nan kominote entènasyonal la.
Bob Maguire fè konnen vizit sekretè Deta Etazini, Condoleezza Rice, nan fen mwa septanm nan kapital la, se yon siy denkyetid administrasyon Bush la sou pwosesis elektoral la.
Minis Bijoux prezante 128 medsen Ayisyen ki fòme Kiba
Jedi 12 oktòb la, minis Sante piblik de fakto a te òganize yon seremoni espesyal nan Ritz Kinam pou prezante 128 medsen Ayisyen ki t al pran fòmasyon Kiba. Josette Bijou fè konnen se yon gwo evenman pou peyi a, paske pa genyen anpil moun ki kalifye nan peyi a. Se premyè pwomosyon etidyan yo ki t al Kiba sou gouvènman Lavalas. 128 medsen sa yo ki sòt pase 6 lane nan Kiba, montre kè kontan yo pou retounen nan peyi a pou al sèvi kominote yo nan rejyon orijin yo. Dapre Josette Bijoux se sa ki sanse fèt e nou ta vle kwè l ap kenbe pawol li pou bèl pwojè sa a pa gaspiye..
Lavalas pèdi wout li?
Madi 11 oktòb la, anpil abitan Site Solèy te òganize yon manifestasyon an favè kandidati René Préval. Pòtpawòl yon sektè militan Lavalas yo nan Site Solèy, John Joël Joseph fè konnen pati a pap patisipe nan eleksyon yo, paske kandida yo a pè Gérard Jean-Juste pa an libète, men li mande popilasyon al vote an favè platfòm Lespwa ki genyen kòm kandida pou pòs prezidan René Preval. René Monplaisir ki fè pati yon lòt branch Fanmi Lavalas bò kote pa l anonse kanpay elektoral René Preval ap pousuiv nan tout katye popilè nan zòn metwopolitèn lan ak nan Fondasyon Aristide pou demokrasi. Pa bliye ke gen yon dezyèm gwoup opotinis Lavalas ki vle mete yo ak Bazin. Antouka se yon veritab gògmagòg, e se pa pousa Dread Wilme te mouri pou li wè ke sou lanmo l ke mesye yo mete yo ak Préval ak Bazin pou al nan ekeksyon seleksyon ki pral fèt sou san pèp la.
Delva pote plent kont bouwo Boniface yo !
2 jounalis, Guyler C. Delva e repòtè Radyo Metwopòl la, Meroné Jean Wilkens pote plent nan pakè tribinal sivil Pòtoprens lan lendi 10 oktòb la kont ajan sekirite ayisyen e etranje prezidan defakto a, Alexandre Boniface, pou agresyon yo te fè sou yo lendi 3 oktòb la, devan palè jistis la, nan okazyon ouvèti tribinal pou lane 2005-2006 la. Guyler C. Delva fè konnen yo pran dispozisyon sa a pou evite repetisyon aksyon sa a yo e fè respekte dwa jounalis yo.
Cigatoka atake plantasyon banann
Ministè Agrikilti anonse 11 oktòb la l ap etidye 2 metòd pou konbat maladi Cigatoka k ap detwi plantasyon bannan nan plèn Akayè. Maladi Cigatoka atake patikilyèman fèy bannan yo avan l detwi yo. Responsab direksyon pwoteksyon vejetal nan ministè Agrikilti, Guyto Laurore fè konnen yo pra l òganize plizyè seyans fòmasyon pou yo kapab rive elimine maladi sa a. Plantè bannann yo ap tann pou yo wè sa ki pral fèt vre, paske yo abitye ak tout pwomès defakto yo.
Yon sòlda Minustah touye tèt li
Madi 11 oktòb la, yon sòlda ekwatoryen nan Minustah touye tèt li avèk zam li tou prè Kap-Ayisyen. Viktim lan se te yon sèjan, ki te rele Olger Leonardo Alcore ki te afekte nan Nò. Daprè sa pòtpawòl Minustah a, Damian Onsès Cardona, yo te transfere kadav la nan mòg lopital ajanten yo nan Minustah ann atandan yo voye kò ann Ekuatè.
GARR mande prèv
Gwoup pou apiye rapatriye ak refijye yo (GARR) fè konnen li akeyi e li espere deklarasyon pòtpawòl ofisyèl prezidan dominiken an, Rodriguez Marchena, ki afime Repiblik Dominikèn pap ankouraje okenn movè tretman, okenn diskriminasyon kont resòtisan ayisyen ki twouve yo sou teritwa dominiken, se pa sèlman jès de bòn volonte, men fòk otorite dominiken yo pran yon seri dispozisyon konkrèt pou mete fren ak tout yon seri aksyon kèk gwoup avèk kèk endividi ap poze depi kèk tan pou atake sitwayen ayisyen yo an Repiblik Dominikèn.
Sektè prive a ap fè presyon sou gouvènman defakto a
Responsab asosiyasyon patwonal yo ap fè presyon sou gouvènman defakto Alexandre/Latortue a pou pran dispozisyon nan dwàn yo pou bloke kontrebann sou fwontyè Ayiti/Repiblik Dominikèn. Prezidan ADIH a Max Evald Junior di otorite yo dwe adopte yon seri de dispozisyon pou mete fren ak tout aktivite kontrebandye yo : «Onivo ekonomik, Ayiti sou wout pou l vini yon pwovens dominiken. Pou kounye a, Ayiti pa menm kapab pwoteste de fason ofisyèl, lè dominiken yo ap maltrete konpatriyòt yo e menm rive touye yo».Pou responsab Chanm ameriken komès ann Ayiti, René Max Auguste, Premye minis de fakto a Gérard Latortue ta dwe rezoud pwoblèm kontrebann lan menm jan ak pwoblèm gaz la.
Anbasad la pa vle yo kidnape ameriken
Aprè yo te fin kidnape yon ti fi ki genyen nasyonalite Etazini nan Pòtoprens, anbasad Etazini pran dispozisyon pou jije tout kidnapè ki ta anlve yon natif natal yo lakay li.
Ti fi sa a te jwenn liberasyon l nan yon operasyon Polis Nasyonal (PNH) te mennen avèk polis sivil Nasyonzini e FBI. Nan operasyon sa a, yo te arete kèk kidnapè epi yo voye yo nan peyi Etazini pou al jije.
Sezi dwòg sou fwontyè a
Madi 4 oktòb la, otorite dominiken yo sezi 8 kilo mariwana tou prè fwontyè a. Daprè ajans espanyòl EFE, kagezon dwòg sa te kache nan yon kamyon k ap fè transpò Ayiti/Repiblik Dominiken. Kolonèl lame dominiken lan Batista Felix fè konnen yo deja arete yon grandon pou ankèt. Vandredi 30 septanm pase a, yo te deja sezi 17 liv mariwana e 19 pòsyon kokayin nan zòn Dajabon, yon vil ki pre fwontyè a tou nan nodwès Dominikani.
Latortue di li pral konvoke 2 nan ti mesye minis li yo
Prè de 100 mil dola materyèl Montréal voye bay Oganizasyon dantrèd Kanado-Ayisyen (ODECH) toujou rete fèmen nan dwàn Pòtoprens depi mwadmas. Otorite defakto yo ta mande ODECH pou l peye 10 mil dola kòm frè dwàn e 80 dola chak jou kòm frè depo. Responsab ODECH fè konnen se ensekirite a ki fè yo pa t kapab al pran materyèl yo nan dwàn lan nan mwa me pase a e yo pale ak Gérard Latortue ki di jou 17 oktob la kote li t ap pale de Newyork ak yon radyo Montreyal ke li pral regle sa, lè li tounen ann Ayiti. Latortue di ke rive li rive l ap konvoke minis finans li an Henri Bazin ak sa Anvironman Wainwright pou yo vini eksplike li sa. Li te di ankò ke se pa pwoblèm, paske te gen yon kestyon kontenè deja epi Denis Coderre, ki se konseye kanadyen pou Ayiti a, te annik ba li yon kout telefòn e sa pa t pran 4 jou pou tout bagay rantre dan lòd. Men tout moun pa gwo chèf tankou Coderre!