Jan sa te anonse depi 23 septanm 2005, jou ouvèti premye sesyon Tribinal entènasyonal sou Ayiti, yon komisyon ankèt entènasyonal rantre nan peyi Dayiti depi jedi ki te 6 oktòb 2005 lan.Komisyon entènasyonal pou ankete e envestige sou krim ki fèt nan peyi Dayiti, avan e apre 29 fevriye 2005 lan, pase 6 jou nan peyi a. Komisyon ankèt sa a ki te jwenn manda nan men Tribinal entènasyonal sou Ayiti a konpoze pa: Ramsey Clark, ki ap dirije komisyon sa a. M. Clark se yon ansyen minis Jistis peyi Etazini sou prezidan Lyndon B. Johnson ; Thomas Griffin, yon avoka dwa sivil nan vil Philadelphie peyi Etazini. M Griffin te mennen envestigasyon, sou dwa sivil moun gouvènman de fakto a vyole nan peyi a, pandan mwa novanm 2004 la; John Parker se yon militan ki fè pati "International Action Center", yon òganizasyon pwogresis k ap sipòte lit pèp toupatou nan mond lan ; ansyen kapitèn lame Etazini Larry Rockwood, yon aktivis dwa moun. M. Rockwood te rantre nan peyi Dayiti an 1994 nan kad sa yo te rele retablisman demokrasi ann Ayiti. Lè sa a, msye te kaptèn. Lame Etazini te bay Rockwood kou masyal e wete l nan lame a. Poukisa? Paske kaptèn Rockwood te okouran move tretman prizonye ap sibi nan penitansye nasyonal. E, ki pi grav, prizonye sa yo te patizan ak senpatizan Lavalas. Kidonk, yon bon jou, kaptenn nan pran zam li epi l al verifye kondisyon prizonye yo. Sa w tande a tèt lame Etazini rele msye e fè msye konnen se pa sa yo te voye l fè.
Lòt moun komisyon ankèt la se Dave Welsh, yon sendikalis meriken nan vil Los Angeles ; Katherine Kean, yon moun ki fè fim. Li reyalize plizyè dokimantè sou Ayiti tankou "Rezistans" ak nan lòt peyi; epi Kim Ives, jounalis e dirijan Haiti Support Network, yon òganizasyon pwogresis nò-ameriken k ap sipòte Pati Popilè Nasyonal (PPN).
Depi delegasyon an te mete pye l nan peyi a se rankontre yo t ap rankontre viktim masak ki te fèt nan plizyè zòn nan peyi a. Yo rankontre yon trantèn viktim ki sòti Bèlè, Nazon, Site Solèy, Gran Ravin ak Plato Santral. Delegasyon an ranmase anpil prèv ak temwayaj viktim diferan masak polis nasyonal, Minustah, fòs lame meriken, franse fè nan peyi Dayiti aprè koudeta kidnapin 29 fevriye 2004 la.
Delegasyon an te rankontre tou: direktè polis nasyonal la, Mario Andresol, yo rankontre majò Charles Teasdale ki reprezante Minustha. Majò a se kòdonatè Staf kolonèl Michel Duhamel. Tou 2 se kanadyen. Aladènyè minit responsab CIVPOL yo vag delegasyon an. Anbasad Etazini nan peyi a te derefize rankontre delegasyon an. Ala awogan, yo tèlman konn sa yo fè e defè nan peyi a! Nan 6zyèm jou delegasyon an, madi ki te 11 oktòb la, yo bay yon konferans pou laprès nan lotè Le Plaza kote yo mete bon kou kakachat deyò epi fè konnen pi byen wòl Tribinal entènasyonal sou Ayiti a. Yo pataje ak près nasyonal la tou koze direktè polis la ak Minustah ba yo.
N ap raple Tribinal entènasyonal la te fè premye sesyon li nan vil Washington, kapital peyi Etazini, jou ki te 23 septanm 2005 lan. Gen plizyè lòt sesyon ki gen pou fèt nan plizyè vil Etazini tankou Nouyòk, Mayami, Boston, e nan Kanada nan Montreal. Antouka, nan travay Tribinal la, li gentan mete ann akizasyon 21 endividi. Pami yo gen ansyen, ak nouvo manm polis nasyonal la, Minustah, moun lame Etazini, Lafrans, Kanada san bliye ansyen "rebèl" Guy Philippe yo ki t ap kraze brize anvan e apre 29 fevriye 2004 la. Gen yon jiri ki te konpoze de 15 moun, jou 23 septanm lan, ki te jwenn 3 nan akize yo koupab.
Tout sa delegasyon, Tribinal entènasyonal la voye envestige jwenn tankou prèv, deklarasyon viktim osnon moun ki te wè masak elatriye pral jwenn Tribinal penal entènasyonal ki chita La Haye peyi Hollande, yon fason pou yo mete men nan pat kasav moun ki te bay lòd, oubyen patisipe nan masak nan peyi Dayiti.
Nan pwochen nimewo nou an, n ap bay an detay pawòl ki pale sou diferan rankont delegasyon an te genyen ak viktim, polis nasyonal ak okipan yo.