5 Octobre, 2005

October 5, 2005

5 Oktòb, 2005
Vol. 23 No. 30
Deklarasyon pou Laprès

Pati Popilè Nasyonal (PPN) voye yon gwo kout chapo pou tout patriyòt, vrè demokrat e grann majorite mas popilè yo ki pa al pran kat elektoral pèlen an pou yo patisipe nan eleksyon/seleksyon Lèzetazini, Lafrans ak Kanada atravè fòs okipasyon Minustah, vle foure nan gòj pèp ayisyen. PPN konstate, malgre 3zyèm pwolongasyon pou enskripsyon elektè yo, pèp la pa soti pou pran nan pèlen an. PPN ap kontinye di: pinga al pran kat pèlen tèt sa a de fason pou n pa kosyone kidnapin 29 fevriye 2004 la ki mete nan kanpe lwen prezidan Jean-Bertrand Aristide pèp la te vote, epitou pou n pa kosyone okipasyon peyi d Ayiti. Konsènan konpatriyòt ki t al fè kat elektoral la akoz gouvènman de fakto a te fè yo gen lakrentif, atravè yon dekrè ki te fè konnen ke kat la egzijib e si w pa fè kat pèlen an ou pap ka fè okenn tranzaksyon nan peyi a, pa kite pèsonn pran tèt nou pou n al vote pou okenn kandida pèpè.

Jan eleksyon/seleksyon/eksklizyon an ap dewoule a, nou vin gen prèv anplis ke okipan an reyalize ke pèp la ap boude seleksyon an, yo soti pou bay yon gòl ak men, yo soti pou yo fè yon dènye magouy. Kijan magouy la ap dewoule ? Okipan an voye chèche yon swadizan ekspè LONI, yon sèten Dominique Agrossou pou fè konnen ke pa gen 4.5 milyon elektè ki gen laj pou vote. M sye a dekrete: se anviwon 3.5 / 3.7 milyon elektè ki genyen. Donk y elimine kareman anviwon 1 milyon elektè. Alòs PPN ap mande; èske se premye twoup okipasyon an kidonk sòlda meriken-franse-kanadyen ki te debake apre 29 fevriye 2004 la, epitou Minustah ann apre, ki touye 1 milyon elektè nan masak yo fè sou Bèlè, Solino, Gran Ravin, Site Solèy elatriye ?

Nou pa tande kanaval kandida yo di anyen sou sa. Sètènman, yo pa gen enterè di anyen paske yo pa popilè. Chak kandida pou chèz boure a espere lè bòlèt la fin tire se boul pa yo a k ap sòti nan manch chemiz okipan an. Antouka, Enstiti Statik peyi d Ayiti demanti swadizan ekspè sa a. Nou espere ke responsab Enstiti a pa pran nan presyon fòs okipasyon an ak gouvènman defakto a e chanje chif li yo tou.

Pwosesis elektoral la tèlman an gagòt ke Washington oblije voye Sekretè Deta nò-ameriken an, madan Condoleezza Rice rantre nan peyi a pou vin eseye mete dènye touch magouy la e di popetwèl ki nan gouvènman defakto a e nan KEP a pou yo mete travay yo opwòp pou yo ka reyalize seleksyon an kòrèkteman. Men yon madanm, lè ouragan Katrina t ap boulvèse bil pèp meriken nan Lousiane, se nan magazen Nouyòk li t ap pwomennen, jouk se kouri yo kouri dèyè pou l t al fè travay li, se moun sa a ki vin foure bouch li men longè nan pwoblèm peyi d Ayiti. Jou madi 27 septanm 2005 lan, madan Rice, an bon ipokrit, di pèp ayisyen ke li gen dwa vote e ke bilten vòt pèp la se zam li e pèsonn pa gen dwa retire l nan men li. Madan Rice genlè bliye ke pèp la te vote prezidan Aristide e ke se Washington atravè opozisyon makouto/boujwa ki vòlè vòt pèp la nan fè koudeta/kidnapin 29 fevriye 2004 la.

Se sa k fè nan deklarasyon madan Rice, ki reprezante gouvènman Bush, nou wè rayisman li gen pou prezidan Aristide, kidonk rayisman li genyen tou pou yon bon pati nan mas pèp la ki te vote l la.

Madan Rice deklare kareman ke prezidan Jean Bertrand Aristide pa nan jwèt la ankò. Madan Rice fè konnen, nan Palè nasyonal, jou ki te 27 septanm 2005 lan ke prezidan Aristide pap rantre nan peyi a pou l pa vin mete latwoublay nan pwosesis elektoral la. E ke, Afrik di Sid dakò ak pozisyon sa a. Alòs, nou dekouvri ke prezidan Aristide toujou ann otaj nan peyi Mandela a. Yon lòt bò, madan Rice ki genlè ap fè paspouki konsènan prizonye politik lavalas yo, pase lòd a gouvènman defakto a pou l prese prese fè dosye premye minis Neptune ak pè Jean Juste la mache paske bagay la onjan twò lèd, li manke dekowòm. E tout lòt prizonye politik lavalas k ap pouri nan prizon defakto yo ? tankou Sò Anne elatriye. Yon lòt bò ankò, madanm nan fè konnen « ke tout bagay ap mache byen e ke tout tandans politik anrejistre pou al nan seleksyon k ap òganize a. E ke menm lavalas pral nan eleksyon ». Kidonk, pa vin pale l de prezidan Aristide ! De ki lavalas madanm nan ap pale a sepandan?

Pati Popilè Nasyonal (PPN) ap di òganizasyon baz yo, ann òganize n ! ann pa patisipe nan pèlen seleksyon an! ann pa trayi ideyal 16 desanm 90 yo, menm jan lè Heriveaux, lè Gérald Gilles, lè Dismy César, lè Leslie Voltaire, lè Yvon Feuillé, lè Jean Claude Desgranges fè, lè yo fè Fanmi Lavalas mete ajenou nan pye enperyalis la nan al pote kole ak Marc Bazin osnon ak kandida lespwa/dezespwa. Fò n kenbe fè m alaganach sou pozisyon prensip nou te genyen asavwa pou peyi d Ayiti jwenn stabilite fòk: tout egzile politik Lavalas yo, enkli prezidan Aristide, retounen nan peyi a. Liberasyon tout prizonye politik Lavalas yo.

Pati Popilè Nasyonal (PPN) ap redi mas popilè yo ansanm ak baz yo: pito nou mouri doubout tan pou n mouri ajenou nan pye lotèl enperyalis la. 30 septanm k ap vin la a, se pou baz popilè yo manifeste pasifikman pou mande liberasyon tout prizonye politik lavalas yo e pou mande retou alòd konstitisyonèl.

Aba gouvènman defakto Alexandre/Latortue
Aba eleksyon/seleksyon/esklizyon
Aba okipasyon
Ann rekare batay la pou yon lòt 1804

Pou biwo politik PPN

Georges Honorat
Pòtoprens, 29 septanm 2005


Komemorasyon 30 septanm
Nan okazyon katòzyèm ane depi koudeta militè 30 septanm 1991 lan kont prezidan Jean Bertrand Aristide, Fondasyon 30 septanm te òganize yon gwo rasanbleman nan Fondasyon Aristide pou demokrasi, vandredi 30 septanm lan. Daprè kòdonatè nasyonal a.i. Fondasyon 30 septanm lan, Mésilien Wilson, 30 septanm 1991, yon eksperyans demokratik te kòmanse boujonnen e pote bonjan rezilta te nwaye nan larivyè san anba bal enmi tradisyonèl pèp ayisyen an. Pandan 3 zan koudeta kriminèl sa a, te genyen plis pase 5 mil moun ki jwenn lanmò yo, plizyè lòt disparèt, san konte vyòl ak maspinay e plizyè peyizan te pèdi byen yo, kay yo anba dife militè yo, chèf seksyon ak atache Fraph yo.

Responsab Fondasyon 30 septanm lan fè konnen 29 fevriye 2004, kriminèl nasyonal ak entènasyonal fè menm bagay ak kriminèl militè 1991 yo. Fwa sa a se yon veritab katastwòf, prezidan Jean Bertrand Aristide pran nan yon kidnapin anba men kidnapè nasyonal ak entènasyonal yo. 19 mwa aprè kidnapin 29 fevriye a, kominote entènasyonal la kwit vòt pèp la, yo touye plis pase 13 mil pitit pèp la, swa anmwayèn 720 kadav chak mwa e 24 chak jou. Krim sa yo se fòs okipasyon miltinasyonal la, Minustah ak polis nasyonal la ki komèt yo.

14 lane aprè koudeta kriminèl 30 septanm 1991 e 19 mwa aprè kidnapin 29 fevriye a, Fondasyon 30 septanm di fòk enpinite fini, fòk lajistis prime sou lenjistis nan peyi a. Fondasyon 30 septanm mande : liberasyon tout prizonye politik yo; fèmen robinè san k ap koule depi 29 fevriye 2004 pou rive jounen jodi a; demisyon rejim pansyonè sanginè, san manman Alexandre/Latortue a; retou fizik prezidan konstitisyonèl Jean Bertrand Aristide ak tout ekzile politik yo, epi dezokipasyon peyi a pou ka genyen bonjan eleksyon lib, onèt e demokratik.

Maxine Waters demonte akizasyon sou Yvon Neptune lan
Kongresman Etazini an, Maxine Waters voye jete akizasyon yon jij ayisyen, ki ta vle fè kwè li genyen prèv pou l enkilpe Premye minis Yvon Neptyne nan swadizan masak La Scierie, nan Sen Mak nan mwa fevriye 2004. Li fè konnen si gouvènman defakto a te genyen prèv pou l enkilpe Yvon Neptune, li ta deja dwe fè sa depi plis pase yon ane ke li kenbe Neptune nan prizon.

Avoka Yvon Neptune lan bò kote pa l, Mario Joseph fè konnen li pa janm resevwa òdonans k ap sikile nan kapital la. «Se yon òdonans politik, si l ekziste, paske pa t janm genyen yon masak nan La Scierie, men se te yon afwontman ant 2 bann rival pou yo te ka kontwole pò Sen Mak la.»

Anpil ayisyen ap pèdi lavi yo an Dominikani
Nan dènye rapò Gwoup Apui Rapatriye ak Refijye (Garr) pibliye a, sitiyasyon ayisyen yo an Repiblik Dominikèn ap vin chak jou pi mal. Sòti 16 pou rive 23 septanm, Dominiken yo touye 9 Ayisyen, 23 septanm gen 2 Ayisyen yo te bay kouran, moun sa yo te elektwokite nan zòn Las Minas. 22 septanm, Dominiken yo pran yon ti fi ki genyen 7 lane, ki te rele Liana Magole Pierre, yo vyole li, yo maspinen li, yo pete je li epi yo koupe pye l, li mouri e yo lage kadav la nan yon jaden diri nan zòn Esperanza nan Nò Repiblik dominikèn. 16 septanm, gen 4 kadav ayisyen yo te dekourvi nan Higuey. Daprè Garr, genyen anpil ayisyen ki sètoblije kouri kite kay yo nan lokalite Los Planatanitos, La Cueva, Barrio Nuevo avèk lòt kominote ki tou pre Higuey.

Kidnaping ap kontinye
Malgre prezans Minustah ak polis nasyonal la nan kapital la, aktivite kidnapin lan pa sispans nan peyi a. Pou sèlman mwa septanm lan, yo resanse plis pase yon karantèn ka nan kapital la. Yo kidnape menm elèv. E paran viktim yo pè denonse kidnapè yo pou yo pa touye pwòch yo, e yo tou senpman negosye ak kidnapè yo, sa vin fè pa genyen gwo bri ki fèt nan medya yo, pa genyen non ki site.

Nan vil Kap Ayisyen, dimanch 18 septanm lan, 3 bandi ame, 2 gason ak yon fanm antre lakay fanmi Lavaud, yo kidnape yon timoun 4 lane ki rele Kervenson Lavaud. Papa ti gason sa a, Sam Lavaud fè konnen kidnapè yo mande yon gwo sòm lajan pou yo ka libere pitit li a.

Yo kenbe ekspè LONI an nan manti!
Enstiti ayisyen statistik e enfòmatik (IHSI) konteste rapò ekspè LONI an, Dominique Agrossou sou elektora ayisyen an. Rapò ekspè LONI an te fè konnen estimasyon sou elektora ayisyen varye ant 3.4 a 3.7 milyon ayisyen ki genyen laj pou yo vote. IHSI ki se yon enstitisyon Leta ayisyen fè konnen yomenm ke genyen 4.2 milyon ayisyen ki genyen laj pou vote. N ap raple w Konsèy elektoral pwovizwa a KEP a te fè konnen li genyen 4.5 milyon elektè. Rapò ekspè LONI an vin bese nomb lan. Li retire ant 800 mil e 1.7 milyon, ki se 25 pou san nan elektora, li jistifye bès sa a, swit a dènye evènman ki te sekwe peyi a ki fè anpil moun pati kite peti a. IHSI bò kote pa l voye jete san rezèv chif ekspè LONI an te prezante a, pandan li fè konnen estimasyon ki pi fyab la sou popilasyon ki genyen laj pou vote ann Ayiti sitiye ozanviwon 4.2 milyon elektè.

Yon pakt «fantezi»
Plizyè pati politik siyen madi 27 septanm lan, yon swadizan pakt gouvènabilite pou yon refont pouvwa ann Ayiti. Plizyè moun kalifye pakt sa a de fantezi. .

Rankont Minustah nan Site Solèy
Madi 27 septanm lan, responsab Minustah ak OEA te rankontre ak abitan Site Solèy pou te gade ki posibilite ki genyen pou mete yon sant anrejistreman elektè nan Site a. Pòtpawòl militan Site Solèy yo, John Joël Joseph fè konnen yo ekate popilasyon Site Solèy la de pwosesis elektoral la, paske pa genyen okenn biwo enskripsyon nan Site a. Aprè anpil diskisyon ak reprezantan kominote entènasyonal la, 30 jèn nan Site a al swiv yon seminè fòmasyon pou vin pran an chaj sant enskripsyon an. Yo mande pou KEP apwolonje dat enskripsyon elektè yo. Enben pwolongasyon sa yo pa p janm fini.

Charlmers pa sou lis FMI ak Bank mondyal
Ayiti pa figire sou lis 18 peyi Fon Monetè Entènasyonal (FMI) ak Bank Mondyal pran desizyon anile dèt yo. Pami peyi sa yo, genyen 14 peyi ki pi pòv nan kontinan Afriken an, e 4 peyi nan Amerik la kouwè: Bolivi, Nikaragwa, Ondiras ak Giyana. Se 40 milya dola dèt yo anile pou 18 peyi sa yo. Sekretè jeneral Papda a, Camille Charlemers fè konnen absans Ayiti sou lis enstitisyon finansyè entènasyonal yo, nan kad anilasyon dèt peyi ki pi pòv sou latè a, se yon eskandal. Daprè Charlmers, Ayiti ta dwe benefisye soulajman anilasyon dèt peyi ki pi pòv yo, paske Ayiti toujou lite an favè rediksyon dèt peyi ki pòv. «De tout fason noumenm sa ke n ap mande avèk anpil lòt mouvman nan tyèmond lan, se yon anilasyon total dèt peyi Dayiti e batay la ap kontinye», te di Charlmers ki ap pale anpil, men ki te nan destabilize gouvènman kontitisyonèl la olye li okipe sa li sipoze te okipe. Konyè a se pou li mande Gérard Latortue fè demach kote patwon li yo…

Defakto yo ap chache lajan pou bidjè yo
Otorite defakto yo ap antreprann kèk demach bò kote enstitisyon entènasyonal yo pou yo ka jwenn lajan pou finanse bidjè 2005-2006. Yon delegasyon ki te genyen minis defakto Ekonomi ak Finans lan, te patisipe nan senkantnevyèm asanble gouvènè Bank mondyal ak FMI, e te pwofite pou miltipliye kontak avèk bayè de fon bilateral e miltilateral yo. Pi gwo bayè de fon yo pran angajman pou finanse nouvo bidjè a. Pou defakto yo jwenn lajan sa a fòk yo leve 2 defi e reponn ak ekzijans. Fòk yo reponn ak kèk ekzijans FMI yo e siyen yon nouvo akò. Lòt kondisyon bayè de fon yo ekzije se: redwi enflasyon de 16 pou san e 10 pou san pou lane 2006, ògmante rezèv entènasyonal chanj lan de 64 pou san a 84 pou san, ògmante to de kwasans a 2 pou san e elimine sèten kont yon fason pou revalorize goud la pa rapò a dola a. Si yo ranpli kondisyon sa yo Bank mondyal pran angajman pou l finanse nouvo bidjè a ak yon valè 15 milyon dola e l ap koumanse dekese lajan sa a apati mwa oktòb 2005 lan. Malere nan peyi d Ayiti ki pral peye sa anplis.

Latortue ap pale pou KEP la!
Madi 27 septanm lan, Premye minis defakto a Gérard Latortue deklare an prezans sekretè Deta Etazini an Condoleezza Rice, nan palè nasyonal: «Nou ekate yon kandida ki pa genyen nasyonalite ayisyèn e nou kapab repeche 2 ou 3 lòt ki te jwenn kanè pou rezon dòd konstitisyonèl ou legal.» Prezidan komisyon kominikasyon KEP la, Louis Gerson Richmé, dezapwouve deklarasyon Latortue a e li fè konnen ke lè Latortue fè deklarasyon sa a, se plas KEP a li vle pran pou jistifye kanè yo bay kèk kandida pou tèt yo ta genyen nasyonalite etranje. Konseye elektoral la di se sèvis kontansye KEP a ki genyen konpetans pou fè deklarasyon sa a. Daprè Louis Gerson Richmé KEP la se yon enstitisyon endepandan, li pa genyen lòd l ap resevwa nan men okenn lòt enstans. Richmé vle fè titit dodo!