28 Septembre, 2005

September 28, 2005

28 Septamn, 2005
Vol. 23 No. 29

Etidyan yo denonse kidnapin k ap kontinye
Samdi 17 septanm lan, plizyè dizèn etidyan te reyini nan kapital la pou denonse kidnapin k ap kontinye nan zòn metwopolitèn lan. Daprè yon estimasyon, genyen plis pase yon dizèn moun yo kidnape, ladan yo genyen k ap travay nan sektè piblik e sektè prive a. Paran viktim yo prefere negosye an sekrè ak kidnapè yo, pou yo ka sove lavi pwòch yo a. Etidyan yo akize manm polis nasyonal la nan rebondisman kidnapin yo e yo mande responsab PNH yo pran responsabilite yo devan sitiyasyon sa a.

Lapolis arete enspektè James Bourdeau
Vandredi 16 septanm lan, Direksyon santral polis jidisyè (DCPJ), prezante laprès, enspektè polis James Bourdeau, lapolis t ap chache depi 3 out, pou anlèvman yon anplwaye Unibank, Nathanaël Génélus. Direcktè DCPJ a Michaël Lycius fè konnen se polisye nan depatman Sid peyi a ki te arete James Bourdeau nan zòn Kanperen, jedi 15 septanm lan. Li anonse tout yon seri dispozisyon lapolis pral mennen pou kwape tout bandi nan peyi a.

«Dosye a deja nan kabinè enstriksyon, men dosye a ki te ale nan kabinè enstriksyon genyen prè de 559 paj, li genyen tou 21 pyès akonviksyon nan kabinè jij denstriksyon an. Donk nan kad dosye sa a, genyen 4 polisye ki te deja arete, e te gen Lambert Sony, Wilfrid François, Reynald Sinéus e James Frage epi Stanley Handal ki te arete nan kad dosye sa a. E ke mayon ki pi gwo a, aprè midi a li nan men nou.»

Komisè gouvènman Pòtoprens la demisyone
Komisè gouvènman Pòtoprens lan, Jean Pierre Odain Daniel, nan yon lèt li voye bay minis defakto Jistis la,Henri Dorléans, remèt demisyon li. Li denonse direktè afè jidisyè a, Jean Fabien Bazelais e yon manm nan kabinè minis defakto a, Carlos Hercule ki t ap fè presyon sou li pou l aksepte yon seri bagay ilegal e abitrè. Li denonse trafik denfliyans ki genyen nan ministè Lajistis.

Se Alce Hemane ki ranplase Jean Pierre Odain nan tèt pakè a, li voye jete enfòmasyon ki ta fè kwè Daniel Odain ta demisyone. Daprè nouvo komisè a, ministè Jistis la transfere ansyen komisè a nan ministè a pou al okipe afè administratif, pi patikilyèman afè lekòl majistrati a.

Bid apwouve 29 milyon dola pou defakto yo
Gouvènman defakto a e Bank Entèameriken pou devlopman (BID) siyen 13 kontra avèk kèk konpayi lokal pou yon montan 29 milyon 182 mil 569 dola. Minis defakto Travo piblik transpò ak kominikasyon (TPTC) a Fritz Adrien fè konnen kontra sa a pral repare plizyè twonson wout nan diferan depatman peyi a, enstalasyon sistèm adiksyon dlo potab, elektrisite e telekominikasyon. Reprezantan BID la ann Ayiti, Emilio Cuerto presize kontra sa a pral sèvi pou repare, 37km wout primè, 38km wout segondè, 50km wout tèsyè e 2 pon. Na wè sa!

Komite nasyonal pou jesyon dlo
Komisyonn nasyonal ayisyèn koperasyon ak Oganizasyon Nasyonzini pou edikasyon, lasyans e lakilti (Unesco), anonse jedi 15 septanm lan, kreyasyon yon komite nasyonal pou jesyon dlo ann Ayiti. Se yon komite yo te kreye pou sa, ki rele Pwogram idwolik entènasyonal (PHI) ki anonse l, nan okazyon ouvèti yon atelye entènasyonal 2 jou ki te fèt sou tèm: «Dlo, sous lavi, depandans alega de lo».

Reprezantan Unesco a ann Ayiti, Jorge Ivan Espinal fè konnen objektif atelye sa a pral pèmèt kominote syantifik ayisyèn la pran konesans gran liy filozofik pwogram idwolojik entènasyonal la (PHI).

Inogirasyon wout Kotplaj
Madi 13 septanm lan, responsab Ajans Kanadyen devlopman entènasyonal (ACDI), Robert Springhill e minis defakto Travo piblik transpò e kominikasyon (TPTC), Fritz Adrien te inogire twonson wout Kotplaj 18 la ki mennen sou wout Ray la. Se ajans kanadyèn pou devlopman entènasyonal ki te finanse travay sa a.

Popilasyon nan Gonayiv livre
Yon ane aprè pasaj tanpèt Jeanne nan Gonayiv, sitiyasyon popilasyon an toujou rete trè difisil, vil la sal, labou, ma dlo, fatra elatriye. Ensalibrite sa a genyen gwo konsekans sou sante popilasyon an. Sekretè jeneral Komite sipò vil Gonayiv (Kosivigo), Rigaud Pasteur kritike otorite defakto yo ak òganizasyon non-gouvènmantal yo ki te pran responsabilite pou rekonstwi vil la e ki te genyen gwo mago lajan nan men yo. «Lavi sitwayen òdinè a, li difisil nan vil Gonayiv kounye a la, paske ou pa kapab ap viv endefiniman nan pousyè, se sa k ap pale la a. Fò w sot nan lari pou w al travay epi lekòl la ouvri la a. Donk fòk yon moun oblije gen yon antibyotik lakay li tout jounen paske se rim, se grip, se fyèv epi lè pa gen bagay sa yo se timoun ka pral lekòl k ap tonbe sou bisiklèt, paske labou, se taksi k ap pase k ap sal elèv yo ak tout inifòm nan sou yo a, ki oblije tounen k ap rate jou lekòl tout lajounen, se machin k ap pase nan ma labou, k ap voye dlo labou sou tout moun, ni moun k ap pral legliz ni timoun ki pral lekòl. Donk se difisil lavi nan Gonayiv yon lane aprè nan moman n ap pale la a.» Enben se sa sityasyon an nan Gonayiv yon ane apre siklon lan.

Grèv anplwaye tribinal sivil Jeremi
Lendi 12 septanm lan anplwaye tribinal sivil Jeremi yo te obsève yon arè travay pou fòse otorite defakto yo peye yo plizyè mwa travay yo dwe yo. Daprè jij enstriksyon Frantz Philius e Joël Dominique yo deja pase plizyè jou ap tann chèk yo, ki deja an reta, kounye a chèk yo rive, responsab finans yo mande pou dwayen, jij, komisè e lòt anplwaye yo al touche nan ministè Finans nan Jeremi avèk kat didantite yo, lèt nominasyon yo nan men yo. Anplwaye yo di, yo pa pral pran liy nan Finans epi yo dakò pou sa fèt, men fòk otorite yo te avèti davans. Jij yo te plenyen anpil pou tikras lajan y ap touche e yo te tou pwofite pou denonse otorite defakto yo ki pa vle ba yo mwayen pou yo fè travay yo.

Ansyen prezidan BHD a kritike responsab BRH yo
Ansyen prezidan Bank ayisyèn devlopman (BHD) an, Randolph Voyard akize ansyen responsab Bank Repiblik Dayiti pou enplikasyon yo nan arestasyon l aprè yo te fin fèmen bank lan. BRH te pran desizyon pou bloke tout aktivite BHD aprè yo te dekouvri yon seri tranzaksyon iregilye e ilegal ki t ap fèt nan BHD. Otorite Bank Repiblik Dayiti yo te fèmen pòt BHD 25 avril 2002 epi 14 me nan menm ane a yo te arete prezidan li a, Randolph Voyard. Li di li genyen prèv ki kapab pwouve ansyen dirijan BRH yo, pi patikilyèman ansyen gouvènè a te enplike nan dosye sa a e aktyèl responsab BRH la, Raymond Magloire ki pa fè anyen pou korije domaj sa yo. «Mwen denonse yon konplisite dirèk ant sèten dirijan BRH, patikilyèman, Venel Joseph, Charles Caster Junior, Henock Louis; de BHD, Bazelais Jean-Baptiste e Jean Jonas Elisée. Konbyen moun la a ki konnen ke Jean Jonas Elisée se dènye prezidan ki te nan tèt BHF… Sa fè kèk mwa yo te nonmen Jonas Elisée sekretè Deta kominikasyon. Si yon moun nennen yon antite tèl ke yon bank an fayit, avèk dè dokiman fòje, avèk dè rapò de likidite fòse, bilan fo, èske moun sa a kapab jwe yon wòl nan aparèy Leta a ?»

ANC kase alyans li te fè ak 2 lòt pati
Sekretè jeneral Alyans nasyonal pou chanjman (ANC), Jean Sénat Fleury, fè konnen jedi 15 septanm lan, li kase antant li te jwenn avèk: Pati nasyonal pou evolisyon ayisyèn e Fwon ini omojèn demokratik. Jean Sénat Fleury jistifye desizyon sa a, poutèt 2 pati sa yo pa reskepte prensip akò ki te etabli nan kad alyans sa a. Li mande 2 pati sa yo pa itilize anblèm ANC a, baton Moïse la nan kad aktivite yo e li mande tout senpatizan li yo rete mobilize, tann mo dòd ANC.