Pati Popilè Nasyonal (PPN) sot asiste, ansanm ak mas pèp la, ak popilasyon an an jeneral, a yon espektak istorik, yon komedi-trajik, moun pa janm viv nan peyi Dayiti. Pèp ayisyen sot gade defile sòti 12 rive 15 septanm 2005 lan, yon kanaval 54 kandida, pou yon chèz boure prezidan, ki sòti nan swadizan pati osnon regwoupman politik, sann pa bliye sa yo rele endepandan yo. Espektak lawont sa a, anba banyè lokipasyon, pa dwe dekouraje pèp la. Okontrè, pèp la ap wè pi klè kilès ki nan enterè l e kilès ki lenmi li.
Majorite 54 panten sa yo pèp la fè eksperyans ak yo deja.
- Sa k te Ninja, ki t ap touye moun sou 1e koudeta 1991 lan,
- Sa k te ansasen depi sou diktatè François Duvalier e ki te vin reyalize masak 11 septanm 88 ak brasa wouj nan legliz Senjan Bosko.
- Sa k te nan dwòg, ki te sove al lòtbò fwontyè e ki te vin bay enperyalis meriken, franse ak kanadyen jarèt, ak zam nan men, pou te reyalize koudeta kidnapin 29 fevriye 2004 e okipasyon peyi Dayiti lane nou t ap komemore 200tyèm anivèsè endepandans nou.
- Sa k te fè yo rele yo «Mister Clean», depi sou diktatè Jean-Claude Duvalier, ki te koumanse fè aplike plan neyoliberal ki vle di ouvè vant peyi a bay djanni, pèpè anvayi nou pou kraze pwodiksyon nasyonal la ki fè jounen jodi a vant nou nan men peyi etranje, ki fè nou pa fouti gen lapè nan tèt.
- Sa k te majistra, ansanm ak madanm yo, Pòtoprens ki pa kite yon bout papye pou pèsonn pa t wè gagòt yo te fè e ki jounen jodi a tounen yon chwal k ap ranni tout lasent jounen nan zòrèy moun ke l ap retounen ak lame nou konnen an.
- Sa k te janbe kadav pèp ayisyen, apre masak 29 novanm 87, pou te vin prezidan popetwèl lame makout la.
- Sa k te tounen betizè nan fè magouy ak Cedras/Michel François, nan palman, apre koudeta 91 lan.
- Sa k te prezidan e ki te pèmèt konze OPL yo vann Siman Dayiti ak Minotri ilegalman san dizon yon palman, ki kòz jodi a sak siman ak farin tèt nèg. Se plan-neyoliberal yo t ap aplike nan vann antrepriz piblik yo.
- Sa k te nan tèt Kò Leyopa sou diktati Jean-Claude Duvalier ki pa t janm denonse represyon ki te konn fèt sou mas yo.
- Sa k te nan «184» ak nan Konvèjans demokratik ki te jwenn lajan nan men Inyon ewopeèn, USAID, IRI, NDI pou te destabilize peyi a e mennen nou nan katyouboumbe nou ye jounen jodi a.
- Sa k pase plis pase 40 lane nan peyi etranje, ki fin souse san ouvriye ak ouvriyèz nan Texas peyi Etazini ki sòti pou vin fin bwè rès san pèp ayisyen nan ti faktori soutretans.
- Sa k te konn vann ayisyen kon patat pou al fè esklav nan batey dominiken e ki te pran dekrè pou entèdi pyès teyat sou diktatè Jean-Claude Duvalier.
- Sa k te prezidan paralèl Pont Morin 7 fevriye 2001.
Konze pèp la potko konnen byen, se konze ki nan tèt Fanmi Lavalas ann Ayiti ki likide pati Fanmi Lavalas e ki te sòti pou kowonp baz popilè yo. N ap pale de Rudy Hériveaux, Louis Gérald Gilles, Yvon Feuillé, Dr Jean Claude Desgranges, Dismay César pou n site sa yo sèlman.
Li te klè kou dlo kòk, ke endividi sa yo pa t nan afè prizonye politik Lavalas, ni afè egzile enkli prezidan Jean Bertrand Aristide. Se afè pa yo, yo t ap regle de fason pou okipan, k ap kontwole eleksyon/seleksyon an lage yon ti grabday, yon ti zo anba tab la ba yo.
Malerezman pou ansyen konze, politisyen do kale nou pale pi wo yo ak nouvo konze yo, baz popilè yo ak mas pèp la pap okipe yo. Pa gen pèsonn ki pou al lage okenn bilten vòt pou yo de fason pou yo lejitime koudeta/kidnapin 29 fevriye 2004 la e aksepte okipasyon Etazini, Lafrans, Kanada atravè Minustah. Dayè, pa menm gen 2 milyon moun ki al pran kat elektoral pèlen an; se sa k fè KEP a te kouri pwolonje enskripsyon pou 5 jou ankò. Pinga KEP a vin di n pidevan ke mwatye elektora a enskri. Tout moun ap wè se yon gwo manti. Dapre premye minis defakto a ki t al palabre ak patwon l nan Nouyòk semenn pase a, menm kominote entènasyonal la k ap patwone seleksyon an gen gwo pwoblèm ak KEP a k ap fè bagay yo an gagòt. Ayibobo pou tout konpatriyòt konsyan ki te tande modòd Pati Popilè Nasyonal e ki pa t al fè kat elektoral pèlen an.
Modòd PPN jounen jodi a: se pou tout moun chita lakay yo; pa al patisipe nan eleksyon/seleksyon/eksklizyon okipan yo ap prepare pou nou ki pral renmèt nou yon diktati fewòs paske yo pap gen okenn lejitimite. N ap tou pwofite denonse mezi diktatoryal gouvènman defakto Alexandre/Latortue pran lè l fè konnen pa gen manifestasyon k ap fèt jis rive 2 oktòb. Se yon fason pou sektè pwogresis yo ak pèp pa pran lari pou denonse pri gaz k ap monte ki fè lavichè ap touye moun devan dèyè, pou denonse masak k ap fèt sou konpatriyòt nou an Repiblik dominikèn kote defakto yo rete bouch fèmen ansanm ak 54 panten ki vle vin dirije nou yo, e pou denonse eleksyon/seleksyon/eksklizyon an.
N ap di ayibobo pou baz popilè yo ki pa trayi ideyal 16 desanm 90 yo nan al pote kole ak Marc Bazin osinon opòtinis san prensip ki bezwen parèt tankou Louis Gérald Gilles elatriye. Ayibobo pou baz popilè ki pa pran nan kout pa konprann sa a e ki kanpe dèyè revandikasyon popilè yo, kidonk :
- liberasyon tout prizonye politik
- Retou tout egzile politik Lavalas enkli prezidan Aristide
- Dezokipasyon peyi Dayiti
- Arestasyon ak jijman ansyen ak nouvo ansasen pèp la devan Tribinal Entènasyonal la
- Pou Minustha sispann fè travay sal Etazini, Lafrans ak Kanada a.
Baz popilè yo, apre eksperyans, kout kouto nan do, yo fin pran an dwe pran otonomi yo e pa kouri tèt bese nan bra opòtinis ki bezwen sèvi ak yo pou regle kòz makouto-boujwazi a ak kòz okipan yo. Modòd la jounen jodi a se:
Pa al patisipe nan eleksyon/seleksyon/eksklizyon an
Ann rekare batay la pou yon lòt 1804.
Aba gouvènman defakto Alexandre/Latortue a
Aba okipasyon
Aba eleksyon/seleksyon/eksklizyon
Libète ou lanmò
Pou biwo politik PPN
Georges Honorat
Pòtoprens 20 septanm 2005
Baz popilè yo pa nan eleksyon/seleksyon!
Tout moun sonje lè opòtinis ki swadizan nan tèt Fanmi Lavalas ann Ayiti tankou Yvon Feuillé, Rudy Hériveaux ak Gérald Gilles te sòti pou trennen baz yo nan yon koze enskri pati Fanmi Lavalas pou al nan «eleksyon»; divès lòt dirijan pati a ann egzil tankou Maryse Narcisse, Bell Angelot, etc te mete mesye yo an gad.
Lè sa a, 3 mousketè yo te kenbe tennfas e yo t al enskri Fanmi Lavalas pou al nan «eleksyon». 3 lawon yo te di kad ann egzil yo ke yo pa sou teren an, kòmkwa yo pa konprann reyalite a. Kidonk 3 opòtinis sa yo te gen menm refleksyon an pou prezidan Aristide?
Se konsa 30 out la, prezidan Aristide parèt ak yon nòt kote l di: «èske yon moun te ka panse eleksyon ann Afrik di Sid pandan Mandela, Mbeki, ak lòt dirijan, nan prizon osnon ann egzil?» Nan nòt sa a prezidan Aristide te tou pwofite voye solidarite l bay pè Gérard Jean-Juste ke defakto fèmen nan prizon ilegalman san bliye tout lòt prizonye politik Lavalas yo.
Lefèt ke prezidan Aristide pat kouri dèyè yo nan nòt la, yo pran pretèks kòmkwa si prezidan an pa di yo anyen donk sanse li dakò. Komsi nan vagabonday yo, menm si prezidan an te di yo yon bagay, yo te pral koute!
Alòs, opòtinis yo te gen magouy yo tou prepare nan tèt yo pou yo t al nan «eleksyon», yo vin gen kè sote lè yon pati nan baz popilè yo te fè konnen se pè Jean-Juste ki kandida yo. Nan yon premye tan, mousketè yo ki te gen bakòp Jean-Claude Desgranges, Dismy César elt te kouri di yo dakò ak baz yo sou kandidati Jean-Juste. Men se pou yo t eseye trennen baz yo nan wout pa yo pi devan. Paske mesye sa yo te konnen trè byen ke defakto yo pa t ap lage pè Jean-Juste.
Se konsa, opòtinis yo - ki te toujou di yo gen pwoblèm pou rantre an kominikasyon ak prezidan Aristide ki ann Afrik di Sid, - tann jisko dènye moman, sètadi, jou fèmti kandidati nan KEP la pou devwale vrè vizaj yo yon lot fwa anko. Lè yon pati nan baz yo wè yo pa lage Jean-Juste, yo vin rann yo kont ke se yon seleksyon ki pral fèt, yo di yo kanpe, yo pa pral nan «eleksyon». Yvon Feuillé, Rudy Hériveaux, Dismy César al kore Marc Bazin. Antant te gentan fèt ant nèg yo e Bazin pa t manke pa fè yo siyen «alyans» lan devan notè. Gérald Gilles limenm, ki genlè wè jou l rive, al enskri tèt li kòm kandida alaprezidans, sou banyè Fanmi Lavalas tou a minwi mwenlka jou 15 septanm 2005 lan.
Sa w tande a, baz yo vin wè klè yo manke pran nan kout pa konprann nan men opòtinis yo e yo mete tout Konze yo nan wòl yo. Renel Blan ki se kòdonatè baz popilè Plato Santral fè konnen: «Sa pa fè kè n kontan ditou, paske nan yon premye tan, nan Fanmi Lavalas, nou te gen 5 pwen e 1e pwen an se te libere prizonye politik yo… Nan 5 pwen sa yo pa gen yonn ki respekte ladann. Se pousa ke noumenm nou di ke Fanmi Lavalas poko prè pou al patisipe nan eleksyon k ap fèt la yo toutotan 5 pwen yo pa respekte. Menm lè ou tande yo di w Marc L. Bazin kandida anba Fanmi Lavalas e msye Gérald Gilles kandida anba Fanmi Lavalas, se kategorikman manti, se pa vre… Nou mande pou tout moun rete mobilize. Pèp pa janm pèdi lit li, e n ap batay pou retou fizik Jean Bertrand Aristide…»
Nan Pòtoprens, baz popilè Bèlè atravè Samba Boukman di: «Nou militan konsekan Lavalas, n ap kontinye kònen lanbi mobilizasyon an manch long… Nou konstate enmi tradisyonèl pèp la mete avèk yon ti pati zwit nan kominote entènasyonal la ki kontinye ap pase vòt pèp ayisyen an anba pye… Gwo peyi rich yo kontinye ap vyole dwa sivik ak politik pèp ayisyen an, lè yon ti gwoup move blan nan LONI kenbe mas defavorize a annotaj nan fè represyon nan katye popilè yo… Pa ka gen eleksyon lib e demokratik pandan dwa sivik ak politik pèp ayisyen pa respekte…»
Samba Boukman, an palan de konze Lavalas yo, fini pou l di: «Tout sa ki fèt san nou se kont nou. Tout sa ki òganize, ke di kote senatè Gilles ke l di kote msye Bazin tout bagay sa yo òganize kont baz popilè yo. Nou di pou yo aplike atik 8 (chat Fanmi Lavalas) sou moun k ap sal imaj e repitasyon pati a…»
John Joseph, youn nan responsab baz popilè Site Solèy ak René Momplaisir, fè konnen: «Fas a KEP sila a ki konpoze de yon bann konseye imoral k ap dirije pa sektè prive a e gouvènman defakto a ak kominote entènasyonal la ki reprezante pa Juan Gabriel Valdés. Fas a KEP sila a ki komèt yon gwo dezòd k ap fè demagoji lè l aksepte enskri 2 kandida sou Fanmi Lavalas pou menm pòs nan lespri pou kraze Fanmi Lavalas. Lè n konsidere pa t janm gen 2 Fanmi Lavalas: yon Fanmi Lavalas Louis Gérald Gilles ak yon Fanmi Lavalas de Rudy Hériveaux e Marc L. Bazin. Nou deklare Fanmi Lavalas pa nan eleksyon/seleksyon KEP a ak kominote entènasyonal la vle lade nan kòlèt pèp ayisyen an…»
Se konsa, baz popilè yo mete nan wòl yo diferan opòtinis ki te sòti pou mennen yo nan lejitime koudeta/kidnapin 29 fevriye 2004 la ak okipasyon peyi Dayiti.