Jij Jean Pérès Paul te fè polisye komisarya Delma 33 yo arete abitrèman 2 jounalis, Jean Ristil Jean-Baptiste ak Kevin Pina. E, jij la te fini pa fè libere yo nan lendi 12 septanm lan.. Se nan vandredi 9 septanm, nan presbitè legliz Sent Klè Ti Plas Kazo pandan yo t ap kouvri yon fouy lapolis t ap fè ke arestasyon sa yo te fèt alòske jounalis yo te nan pye travay yo.
Jean Ristil Jean-Baptiste se yon jounalis ayisyen k ap travay pou Associated Press (AP) e Kevin Pina limenm, se yon jounalis Nò-ameriken k ap fè repòtaj sou Ayiti depi 10 zan, nan yon pwogram yo rele « FlashPoints » ke stasyon radio KPFA nan vil Berkeley, Californie, Etazini, fè. Pwogram « FlashPoints » sa a distribye tou pa « Pacifica Radio Network» e li desèvi plizyè lòt stasyon radio nan tout Etazini.
Men pouki yo te arete 2 jounalis yo?
Enben, kòm nou konnen, pè Jean-Juste te jwenn arestasyon l yon dezyèm fwa, jou 21 jiyè 2005. Men, lapolis te twouve tounen nan jou 9 septanm sa a pou al fouye lakay li ak nan legliz Sen Klè nan Ti Plas Cazeau a kote pè Jean-Juste kire. E Kevin Pina t ap eksplike nou kouman fè li te sou plas: « Sèl bagay m konnen, sè ke gen yon moun ki rele m ki di m ke gen yon bagay k ap pase andedan legliz St klè, e ke lapolis al kay pè a pou yo depoze zam. E mwen te ale pou tcheke bagay sa a, m te rantre …. yon moun di m li se jij, li se polisye e misye pa vle mwen kontinye filme. Mwen mande misye pou pèmèt mwen fè travay mwen, misye pa vle, m fèmen kamera m. Apre sa, misye mande polisye pou minote m …se apre arestasyon m, m konnen se jij Jean Pérès Paul ». Apre sa Jij Pérès te òdone lapolis arete Jean Ristil ki t ap pran foto sèn arestasyon Pina a.
Men radyo boujwa yo tankou Radio Vision 2000, nan lendi 12 septanm 2005 lan, te ap eseye envante vèsyon pa li e se konsa li t ap rakonte: «Gen jij Pérès Paul ki responsab dosye Pè Gérard Jean Juste la ki te fè yon pèkizisyon nan legliz St klè nan Ti Plas Kazo, vandredi pase a. Jij la jwenn sou plas yon jilè parbal ak yon teni kamouflaj…. ». Toujou sou menm radyo a Jij Pérès Paul ki pat di sa l te jwenn andedan legliz la te eseye malman jistifye arestasyon jounalis yo: « M paka di anyen sou dosye pèkizisyon pè Jean-Juste la, difèt ke «l’instruction est secrète». Kabinè denstriksyon te transpòte l « sur les lieux » pou te kapab al verifye yon seri de bagay. Nan moman pèkizisyon an ap fèt la, gen 2 endividi ki travèse mi an, ki bò yo pase? Malgre pòt te fèmen …. Gen yon jounalis etranje ki rele Kevin, m mande l pou l sòti. Li di m, li pap sòti. M pap kapab mete l deyò la a paske li gen dwa e, dotan plis, li bezwen kreye yon evenman, kreye yon ensidan. Li mande m pou m arete l. Malgre tou, mwen entime l lòd pou l sòti. Lè l pa vle sòti, m di polisye yo mete l deyò. Li pa vle ! Mwen òdone arete l ….. Mwen òdone arete l paske li frape m…… li frape m nan egzèsis fonksyon m. Nan moman m òdone arete l la, nan tèjivèsasyon ni, li frape m « un peu partout » …… Gen 2 arestasyon ki fèt. Lòt la se yon jounalis AP …. » Men pouki jij la te arete Jean Ristil tou? Manti jij la yo santi.
Premye bagay n ap fè remake, sè ke nou pa konnen si se jij la ki di Vision 2000 li jwenn yon jilè pa bal ak yon teni kamouflaj nan legliz la? Osnon èske se Vision 2000 ki dekouvri bagay sa yo nan fouy pa l ?. N ap mande tou èske se pa prezans jounalis yo ki fè jij Pérès pat gentan envante ke li jwenn zam nan legliz la? Dezyèm bagay, se sou kesyon ke Kevin ta frape jij la «un peu partout». Pou yon jounalis ta devan lapolis epi pou l ta frape yon jij plizyè kote nan kò l ? Pérès pa p vin bay moun kenbe sa !
Antouka Kevin Pina fè konnen: « Msye di men ba l kou. Se manti, se yon gwo manti .» Pina kontinye pou l di : « Antouka, sistèm jidisyè pa endepandan politik. Epi nou konnen ke jij Pérès travay sere sere ak gwoup 184 la e se ansyen minis defakto Lajistis Bernard Gousse ki te chwazi msye pou ranplase l nan tèt Asosiyasyon Nasyonal Jij Ayisyen (ANAMAH) ke IFES ak USAID konn bay lajan. N ap raple ke IFES (Fondasyon Entènasyonal pou yon sistèm elektoral) ki resevwa lòd de Washington byen fon nan òganize eleksyon/seleksyon an.
De tout fason arestasyon Pè Jean Juste abitrèman ak detansyon ilegal li, epi fason y ap chèche pou mete chapo teworis nan tèt li, plis arestasyon abitrè jounalis yo, sa montre aklè ki kalte rejim defakto a ye. E nou kapab remake konplisite tout gran medya yo, nan peyi etranje, tankou Radyo Canada ki pa soufle menm yon mo sou arestasyon 2 jounalis sa yo. E kote Reporters sans Frontières ak chèf li Robert Ménard ?
Kilès ki genyen enterè pou divize Fanmi Lavalas?
Lendi 5 septanm lan, kèk opòtinis Lavalas te bay yon konferans pou laprès nan Fondasyon Aristide pou demokrasi nan Taba, pou fiske pozisyon yo sou zafè «eleksyon» ke kominote entènasyonal la ak defakto yo di ki pou fèt nan fen ane a. Sou tab la, te genyen kèk kad ak kèk responsab baz yo, ansyen depite Levy Joseph, Yvrose Louis Montas, ansyen chèf kabinè prezidan Aristide, Jean-Claude Desgranges, ansyen depite Rudy Heriveaux, manm komisyon politik Lavalas, John Joël Joseph, ansyen senatè Louis Gerald Gilles, yon responsab Selil baz yo, René Monplaisir, ansyen konseye politik prezidan Aristide, Dismy César, ansyen responsab kès asistans sosyal la, Pè Yvon Massac.
Ekip sa a sanble ta dakò ak chwa pè Gérard Jean-Juste pou kandida pou prezidan. Men yo fè sanblan poze 3 kondiyson pou Fanmi Lavalas al patisipe nan eleksyon yo:
1 - Liberasyon tout prizonye politik Fanmi Lavalas yo, espesyalman pè Gérard Jean-Juste
2 - Pou otorite defakto yo sispann san pèdi tan tout represyon nan katye popilè yo;
3 - Bon jan dyalòg nasyonal pou mennen peyi a nan lapè e aktive lòd konstitisyonèl la. Yon lòt kote ansyen senatè Yvon Feuillé ak ansyen depite Francky Exius fè konnen se sèlman nan kongrè Fanmi Lavalas asanble a dwe chwazi kandida li yo, se sa ki te fèt pou prezidan Aristide, pati a genyen plizyè lòt moun ki ka kandida pou pòs prezidan. Konsa gen lè Feuillé wè li ta kapab fè yon kout prezidan! Ala zafè pou peyi d Ayiti!
Antouka, opòtinis yo mande pou lavalasyen al fè kat elektoral pèlen an, alòske okenn nan sa yo mande yo poko fèt. Kidonk li klè ke mesye yo gentan bliye ni prizonye politik yo, ki egzile politik yo.
Pè Gerard Jean-Juste «padone» gouvènman defakto a
Avoka pè Jean-Juste la, Mario Joseph fè konnen pè a padone gouvènman defakto a ak tout lòt moun ki te patisipe nan arestasyon l de fason ilegal e abitrè pou konviksyon politik li, depi 21 jiyè. Pè a di l ap tann liberasyon l tousuit paske yo pa genyen okenn chaj kont li. Mario Joseph bò kote pa l, denonse yon lòt fwa anprizonman ilegal e abitrè pè Gérard Jean-Juste.
Eleksyon yo pap pote lapè ann Ayiti
Gouvènman Afrik di Sid la fikse pozisyon l sou eleksyon yo ki genyen pou fèt nan peyi d Ayiti. Minis Afè etranje Afrik di Sid la, Nkosazana Dlamini-Zuma fè konnen yo kapab fè eleksyon, kapab genyen yon gouvènman ki eli, men se pa sa k ap pote lapè, trankilite ak prosperite nan peyi Dayiti. Dapre minis lan, yonn nan kondisyon ki pou pèmèt eleksyon yo fèt, se pou tout pati politik kapab patisipe de fason lib, pou yo kapab mennen kanpay yo san yo pa fè represyon sou yo, san yo pa pè pou yo pa arete yo. Li fè konnen Afrik di Sid, Etazini ak Lafrans te mete yo dakò pou prezidan Jean Bertrand Aristide pat prezante nan eleksyon yo, men li genyen dwa retounen nan peyi l, lè sitiyasyon an retounen nan nòmal li. De tout fason, prezidan Aristide, daprè konstitisyon an, pa t ap ka prezante nan eleksyon; donk, nou pa wè sou kisa 3 peyi yo te dakò a ?
KEP la pa kapab respekte kalandriye li a
Responsab operasyon elektoral la, konseye Patrick Féquière fè konnen madi 6 septanm lan, li genyen anpil dout sou kapasite KEP la pou l respekte kalandriye elektoral li pibliye a. Daprè kalandriye sa a, premye tou eleksyon prezidansyèl ak lejislativ yo ta dwe fèt 20 novanm, eleksyon minisipal e kolektivit teritoryal yo ta dwe fèt 11 desanm e dezyèm tou prezidansyèl e lejislativ yo ta dwe fèt 3 janvye 2006.
Patrick Féquière fè konnen pa genyen okenn estrikti pèmanant nan KEP la ki pou pèmèt yo respekte kalandriye sa a. Dapre Féquière konseye yo kapab toujou avanse kèk dat, men kreye kondisyon pou fè respekte yo se yon lòt defi. Li te pran kòm egzanp peryòd depo kandidati ki pa kapab respekte, paske Biwo elektoral depatmantal yo (BED) poko fonksyonèl, KEP la poko kapab fèmen biwo enskripsyon elektè yo nan dat li te prevwa a, 15 septanm lan, paske pi fò moun nan katye popilè yo ak nan peyizànri an poko fè kat elektoral yo.
Japon bay KEP la yon lajan manje l
Mèkredi 7 septanm pase a, Chaje dafè Japon an siyen ak manm Konsèy elektoral pwovizwa a, (KEP) yon akò don pou plis pase 93 mil dola nan kad òganizasyon pwochèn eleksyon yo. Masato Futaishi swete pou pwochen eleksyon yo ta reyalize nan bon kondisyon, pou ta genyen lòt dirijan nan tèt peyi a, nan kòmansman ane 2006 la, nan seremoni a, se prezidan KEP a, Max Mathurin ki te remèsye gouvènman japonè, li di ki toujou manifeste solidarite l ak kòz pèp ayisyen an.
Anbasadè japonè a ann Ayiti bay Konsèy nasyonal òbbsèvasyon elektoral (KNO) yon èd ki depase 81 mil dola pou l achte materyèl ak ekipman yo, 2 mil 500 kit dobsèvasyon, 2 mil 500 mayo, 3 òdinatè, 3 enprimant e yon dèlko 36 kilowat.
Eleksyon, pretèks pou Minustah fè represyon nan Site Solèy?
Pòtpawòl Minustah a, Damian Onsés Cardona fè konnen misyon an ap tann piblikasyon kalandriye elektoral la, pou yo kapab mete yon plan sekirite espesyal pou peryòd elektoral la. Li di misyon an pral ranfòse sekirite an nan peyi a, pou kandida yo ka mennen kanpay yo epi pou elektè yo kapab al vote.
Pòtpawòl militè a bò kote pa l kolonèl El Ouafi Boulbars rekonèt Minustah poko kapab pran kontwòl Site Solèy, men li fè konnen Minustah mete patwouy pèmanan nan tout antre ak sòti Site Solèy pou anpeche gwoup ame yo sòti nan Site a. Li anonse pral genyen 750 sòlda jòdanyen e 200 srilankè ki pral antre nan peyi a pou al pran kontwòl Site Solèy pandan mwa septanm lan. Sòlda yo pral rete nan Site Solèy pou asire «sekirite» popilasyon an.
Venezyela siyen yon akò petwol avèk peyi Karayib yo
Prezidan venezyelyen an Hugo Chavez siyen yon seri akò binasyonal avèk peyi la Karayib yo ki manm Petwokaribe a e yo fikse kantite petwòl Venezyela ap livre bay chak peyi yo. Premye minis jamayiken an Percival Patterson fè konnen petwokaribe a se yon garanti pou devlopman sosyal, pou edikasyon, e lasante pou pèp karayib yo. Prezidan venezyelyen an Hugo Chavez te siyen akò enèjetik binasyonal la avèk plizyè responsab karayibeyen kou wè: Premye minis Antigua e Barbuda, Baldwin Spencer ; prezidan repiblik Dominikèn lan, Leonel Fernandez ; premye minis Sent Kits ak Nevis Denzell Douglas, prezidan Guyana, Samuel Hinds ak premye minis Sen Vensan ak Grenadin Ralph Gonsalves. Plizyè lòt peyi kou wè Kiba, Jamayik, Beliz, Surinam ak Grenade ak Dominik te deja siyen akò sa a avèk Venezyela. Men Ayiti akoz defakto yo ki pa ladan l! Epi gen Trinidad ki pa enterese paske li pwodui petwol pa li ke Babad tou rafine.
Jounen mondyal alfabetizasyon
Jedi 8 septanm lan, se te Jounen mondyal alfabetizasyon, ki te selebre ann Ayiti sou tèm «Alfabetizasyon an 2005, yon devwa pou Leta, yon responsabilite pou tout ayisyen». Nan okazyon sa a, minis defakto Edikasyon nasyonal la, Pierre Buteau, fè yon pil pale ki pa mennen okenn kote.
Anbasadè dominiken di li pa manje lajan an
Anbasadè dominiken an ann Ayiti, Jose Ramia Serulle, rekonèt ke li te resevwa 25 mil dola nan ministè Ayisyen k ap Viv a Letranje pou l te reyalize yon seminè 3 jou sou solidarite Ayiti ak Repiblik dominikèn, nan mwa avril nan San Francisco de Macoris. Nan seminè sa a te genyen plis pase 400 delege ayisyen ak dominiken, plizyè responsab 2 gouvènman yo, plizyè reprezantan enstitisyon sosyete sivil 2 peyi yo ki te patisipe; te genyen tou reprezantan Inyon ewopeyèn. Anbasadè a fè konnen, se yon wòl fasilitatè li te jwe, li te remèt lajan sa a bay enstitisyon ki te chaje pou reyalize aktivite sa a ki se « Fondasyon Syans e Ar» ak «Inivèsite katolik » nan San Francisco de Macoris.
Repiblik dominikèn depote 20 èks militè
Lame dominikèn anonse madi 6 septanm lan, li depote ann Ayiti 20 èksmilitè ayisyen nan yon gwoup ki te genyen 40 ki te refijye de fason ilegal an Repiblik dominikèn. Eks militè sa a yo te sove nan prizon ann Ayiti. Minis dominiken Fòs ame a, amiral Sigfrido Perez fè konnen koperasyon ant 2 peyi yo ap mache trè byen nan kad batay kont aktivite destabilizasyon, kidonk apre yo te fin aksepte ansyen militè, dwòg dilè destabilize rejim konstitisyonèl la. Li di yo pran tout dispozisyon ki nesesè pou netralize tout moun ki genyen entansyon sèvi ak teritwa dominiken an pou simen latwoublay an Ayiti.
PNH entèdi tout manifestasyon
Nan yon kominike jedi 8 septanm lan, Direksyon jeneral polis nasyonal (PNH) la anonse desizyon l pou l entèdi tout manifestasyon nan lari, sòti 9 pou rive 16 septanm 2005 la. Direktè jeneral PNH la Mario Andresol fè konnen se nan kad dispozitif sekirite PNH la mete sou pye pou rantre lekòl la li pran desizyon sa a. Ou tou konnen Andresol ap toujou jwenn yon fo pretèks pou jistifye jan desizyon abitrè sa yo.
Defakto yo toujou ap fè pwomès…
Komèsan ki te viktim nan ensandi mache Tèt Bèf la nan fen mwa jiyè an, kritike otorite defakto yo ki pa fè anyen pou ede yo reprann aktivite yo, nan okazyon rantre lekòl la. Yo fè konnen, malgre divès manifestasyyon pou fè tande vwa yo, otorite defakto yo pa pran okenn desizyon pou rekonstwi mache a, osinon dedomaje yo e ke rejim defakto a plis pèfòmans nan fè pwomès ki pa janm reyalize.
Karikom kritike patipri Minustah
Daprè yon diplomat Karikom, MINUSTAH neglije yon bon pati nan manda Konsèy sekirite a te ba li. Li repwoche misyon an ki panche sèlman sou eleksyon yo, li neglije prèske totalman lòt aspè nan manda li a ki se fè respekte dwa moun e veye pou lajistis la distribye de fason ekitab. «Abi nan zafè jistis, arestasyon abitrè ak detansyon prevantiv pwolonje sitwayen yo pou motif politik ògmante pandan prezans Minustah ann Ayiti e pa janm genyen suivi ki fèt sou plizyè ankèt yo te louvri sou plizyè ka ekzaksyon yo .»
Selon diplomat la, Minsutah ki kontwole an reyalite peyi a, montre li trè timid nan denonse vyolans ak lenchaj yo, sou pretèks pou aksyon sa a yo pa genyen yon enpak negatif sou eleksyon yo ki se sèl objektif pou kounye a.
Minis defakto Dorleans ap ouvri ti tribinal pa li!
Mèkredi 7 septanm lan, minis de fakto Jistis ak Sekirite piblik la, Henri Dorléans ouvri yon tribinal nan lokal Penitansye nasyonal la ki sanse pral pèmèt otorite jidisyè yo jije prizonye ki pa genyen gwo chaj kont yo.