7 Septembre, 2005

September 7, 2005

7 Septamn, 2005
Vol. 23 No. 26

PPN denonse maskarad eleksyon/seleksyon
Pati Popilè Nasyonal (PPN) te sezi raple ke nan lendi 8 out la, 3 opòtinis Lavalas : Rudy Hériveaux, Yvon Feuillé ak Louis Gérald Gilles te pran desizyon al enskri pati Fanmi Lavalas nan Konsèy elektoral pwovizwa a (KEP) pou yo ka al patisipe nan eleksyon/seleksyon yo nan fen ane a. PPN mande popilasyon an pa swiv ti gwoup raketè politik sa yo, pa al patisipe nan maskarad eleksyon sa yo, men se pou l rete mobilize pou l fòse otorite defakto yo satisfè revandikasyon mas pèp la.

Responsab biwo politik PPN la, Georges Honorat kondane patisipasyon polis nasyonal yo nan krazebrize ak masak yo te fè sou plizyè santèn moun nan katye popilè kouwè: Solino, Bèlè ak Gran Ravin.

Konpa pwopoze René Préval kòm kandida prezidan
Kòdonatè Konfederasyon Nasyonal Peyizan Agrikòl (Konpa), Edner Désir mande tout peyizan yo nan tout peyi a al fè kat idantifikasyon nasyonal yo pou yo kapab al vote ansyen prezidan René Préval. Daprè responsab òganizasyon an, René Préval prè pou l deklare kandidati l pou pòs prezidan nan seleksyon yo. Li di ansyen prezidan Préval ki te dirije peyi a sòti lane 1996 pou rive lane 2001, pral antame pwosedi legal yo e yon gwo atou li ye pou ede peyi a debloke. Edner Désir fè konnen yo pral antame yon mobilizasyon nan peyizanri an pou al vote pou Préval, pou l ka kontinye travay li te kòmanse an favè kategori sosyal sa a.

Lobo nan kongrè Adebah
Dimanch 28 out la, Aksyon Demokratik pou Bati Ayiti (Adebah) te òganize yon kongrè nan pak Boje sou wout Taba a, kote gwo lòbèy te pete ant prezidan pati a, Camille Leblanc ak visprezidan an, René Julien. Se nan kongrè sa a manm Adebah yo ta pral chwazi kandida yo pou pòs prezidan.

Camille Leblanc pa t menm rive pwononse diskou ouvèti kongrè a, li te kouri ale, e li akize René Julien li di ki te debake avèk yon gwoup endividi pou vin simen latwoublay nan asanble a. «Zafè yon moun mobilize moun pou vin fè dezòd la a, m pa aksepte l, m rale kò m…» Donk Camille Leblanc te remèt demisyon l nan tèt pati a.

René Julien bò kote pa l di ke Leblanc pa fè prèv yon vrè demokrat e li pa bay demisyon sa enpòtans. «Camille Leblanc tire yon leson de sa k rive a, e mwenmenm tou m ap tire yon leson de sa k rive a, m pap janm trayi yon moun ki fè m byen, m pap janm trayi yon moun ki mennen m nan òganizasyon, epi pou m al mete yo deyò» René Julien te jwenn sa li te bezwen an, yo chwazi l kòm kandida pati a pou pòs prezidan.

Afwontman 2 gwoup nan Gonayiv
Vandredi 26 out la, vil Gonayiv te leve avèk 2 gwo evènman ki te dire tout jounen an . Te genyen 2 gwoup ame ki t ap twoke konn yo nan katye popilè Raboto e yon lòt bò te genyen anplwaye meri Gonayiv yo pandan yon manifestasyon pou reklame plizyè mwa ayere salè, t ap tire kout zam ak polisye PNH yo. Afwontman ki te eklate ant «lame boutèy» e «lame wòch» nan Raboto, pou yon kesyon lajan yo te bay pou yon konkou teyat fè pou pi piti 10 moun blese pa bal. Aprè afwontman gwoup ame yo, manm Fwon rekonstriksyon nasyonal (FRN) yo te nan gwo deblozay ak sòlda Minustah yo nan Site a. Manm Fwon yo mande demisyon Premye minis defakto a Gérard Latortue. Manm Fwon Yo fè konnen tou lavi a te pi bon sou gouvènman Lavalas la, te genyen travay pou moun Gonayiv.

Yon eboulman touye 10 moun
Lendi 29 out la, 10 moun mouri, 10 lòt blese e 5 kay kraze pandan yon glisman teren nan yon lokalite ki rele Carl Roy Rivyè nan yon seksyon kominal Kafou, nan Sid kapital la. Pami viktim yo, genyen yon fanmi antye, plizyè timoun ak yon fanm ansent. Daprè temwayaj kèk moun, sa a te rive aprè yon gwo lapli, e 2 gwo wòch te dekole epi y al tonbe sou kay yo. Viktim yo ti k ap dòmi pa t gen tan pou yo sove. Abitan Rivyè Fwad akize moun k ap eksplwate karyè sab la ki te ouvri depi plizyè ane ak otorite defakto yo ki pa fè anyen pou prevwa gwo katastwòf sa a. Aprè gwo ensidan sa a, abitan yo fè konnen se sèl yon jij de pè ak yon enspektè polis ki te vin fè yon konsta pandan jounen an, yo pa resevwa vizit okenn otorite minisipal, ni gouvènman defakto a e yo pa pran okenn dispozisyon pou prevwa lòt katastwòf parèy.

Byenèt sosyal vle mete sansi
Direktè biwo Byenèt Sosyal la, Léonel Cadet fè konnen Enstiti Byenèt sosyal ak rechèch genyen anpil preyokipasyon lè l ap konstate sèten derapaj nan nivo pwogramasyon kèk medya nan kapital la, kap pase kèk film tèt chaje sou chèn televizyon yo. Daprè responsab la, mesaj chèn televizyon yo ap pase, se yon bagay entolerab, revòltan e se yon devwa pou Enstiti a pou l leve kanpe kont pratik sa yo. Direktè jeneral Byenèt sosyal la deklare: «Nou pa kapab fè travay sa a sèlman avèk yon kominike, fòk nou genyen mwayen pou kontwole pwogram, film medya yo». Erezman ke Bidjè Enstiti a ki se 19 milyon goud chak ane a se jis mezi pou direktè a fè ti depans li!

Afè Stanley Handal
Nan kòmansman mwa out la, lapolis nasyonal te arete yon biznisman ayisyen ki rele Stanley Handal, nan kad ankèt y ap mennen sou anlèvman yon anplwaye Unibank, Nathaël Génélus. Enspektè polis James Bourdeau ki afekte nan yon komisarya Delmas an ki enplike nan disparisyon anplwaye Unibank sa a te rive sove nan Direksyon santral polis jidisyè (DCPJ). Lapolis di li dekouvri ekzistans yon gwo rezo malfektè ki trè pwuisan e ki ta sanse enplike nan blanchiman lajan dwòg, kidnapin ak lòt aktivite louch se menm ankèt sa a ki fè yo rive arete Stanley Handal, ki te konn bay polisye sou komisarya Delmas 62 a gwo bourad lajan ak materyèl.

Avoka Stanley Handal, Gilbert Léger ki te asiste l nan entèwogatwa nan DCPJ ki te dire prèske 7tè 30 minit deklare, envestigatè yo fè konnen lapolis genyen endis grav e konkòdant ki ta pèmèt yo kenbe Stanley Handal an gadavi.

Sou dosye enspektè polis la, James Bourdeau, yo akize kòm moun ki te kidnape Nathaël Génélus, yon temwen deklare an prezans Léger nan DCPJ: «Enspektè polis la, te santi vi l an danje, e ke gen enòmeman moun nan DCPJ e nan PNH ki enplike nan rezo danlèvman ak blanchiman lajan. Se pa mwen ki vin avèk li». Pou kounye a, responsab DCPJ a, Michaël Lycius fè konnen yo kenbe Stanley Handal nan gadavi.

Valdés fenk ap reveye!
Jedi premye septanm lan, Minustah pibliye rapò yon ankèt li te mennen sou yon seri vyolans lapolis ak yon gwoup nèg ak manchèt te fè sou popilasyon Matisan samdi 20 out la. Daprè rapò ankèt la, lapolis akonpaye yon gwoup sivil ame ak manchèt touye omwens 9 moun e blese 6 lòt ki t ap asiste yon match foutbòl nan yon teren nan Matisan. Chèf misyon an, Juan Gabriel Valdés di li kondane zak vyolans sa a. «Gwoup moun sa yo ki te genyen inifòm lapolis sou yo avèk yon gwoup sivil la te planifye asasina sa a yo sou popilasyon Matisan an. Se yon move zak ki twouble lapè, Minustah pap aksepte l.» Valdés fé konnen apati jounen jodi a, operasyon polis nasyonal la pral fèt nan tèt kole ak Minustah. Sa fè lontan sa ap fèt e Minustah abitye patisipe nan zak sa yo. Valdés dwe gen yon lot rezon pou li ap fè sinema gratis sa a jodi a.

Siklòn Katrina fè anpil dega Etazini
Yo deja konnen ke plis pase 200 moun jwenn lanmò yo pandan pasaj siklòn Katrina nan sid Etazini. Vil Nouvèl Oleyan nan Louisiane bò kote larivyè Mississipi anba dlo nèt. Prezidan George W. Bush ki te an vakans te finalman deside rantre Washington mèkredi 31 out la pou vin kowodone efò k. Men apre yon semenn, moun ki pa t gen lajan pou kite vil la oblije rete la, e se Nwa amriken ase ki sanble ki pa près gen okenn sekou ki ap tann. Bagay sa a revele kouman Etazini rete yon gwo peyi rasis, paske sanble sa pa brennen gran nèg yo sitiyasyon moun yo ap viv. Yo pito ap voye Swat Team pou al tire moun ki ap piye pase pou yo al pote sekou bay moun ki ap mouri. Popilasyon Etazini ap mande kouman fè pa gen elikoptè, aloske Bush ak mesye li yo gen lajan pou voye al touye moun nan Irak? E yo pito ap konte konbyen dega sa yo ap koute konpayi asirans pase pou yo pran ka moun yo. Lè w gade ke yon ti peyi tankou Kiba lè yo anonse siklon tankou lot jou gentan pran dispozisyon pou evakye plis pase 1 milyon moun mete yo nan abri epi yon gwo peyi tankou Etazini pa kapab evakye 100 mil moun. Chak moun livre a yo menm, timoun tankou granmoun.

Se konsa tou ke prezidan Fidel Castro lè li wè dezoganizasyon sa a ofri Etazini pou li voye plis pase mil doktè pou swen moun yo ki pa gen sekou, men ou mèt si Washington pito kite sitwayen li yo mouri pase li aksepte sekou a. Prezidan Venezuela an, Hugo Chavez pataje soufrans pèp Etazini tou, e li pwomèt l ap voye i milyon lit petwol avèk yon ekip teknisyen pou pote sekou ba yo. Li kritike George W. Bush ki te prefere ale an vakans olye li te tabli yon plan pou te evakye popilasyon an.