24 Août, 2005

August 24, 2005

24 Out, 2005
Vol. 23 No. 24

Barbier kritike kandidati Baker a
Apre Charles Henri Baker ki te nimewo 2 nan gwoup 184 André Apaid la, te fin anonse kandidati l pou pòs prezidan nan eleksyon/seleksyon ki prevwa pou ane sa a, sekretè ekzekitif Gwoup 184 la, Anthony Barbier kritike mouche dèske li vyole prensip òganizasyon an, lè l deside pou kont li, antre nan kous elektoral la pou pòs prezidan repiblik la. Li fè konnen si Charles H. Baker rive sou pouvwa a, l ap vin yonn nan pi gwo diktatè Ayiti ap konnen ; l ap mete tout moun k ap ankouraje l al nan eleksyon yo nan prizon ak tout lòt moun ki pa dakò ak li. «Jan l antre la a, li pa gen lòt bagay li pral fè, li pral defann enterè pa l, li pral defann enterè ti gwoup moun ki otou l k ap ankouraje l pou l fè sa a. Men l pap ka defann enterè peyi a, paske li pa nan yon kad enstitisyonèl. Si l vin prezidan jan li ale la a, se yon katastròf pou peyi a.» Sitou ke se nan menm gwoup ak Barbier ak Apaid li ye!

Dapre Anthony Barbier, moun ki vle apiye Charles H. Baker nan lojik li ye la a, lè l glise nan men yo, yo pap wè l, paske gen yon gwoup moun ki la pou sa anndan peyi a, pou retire moun ki vin sou baz endividyèl, nan men moun ki te mete li a ; kou wè yo te fè sa ak Duvalier e Aristide, yo pral fè l pi rèd toujou ak Charles H. Baker.

Kidnaping Kelly Bastien
Madi 9 out la, yo kidnape èks prezidan Chanm depite a, Kelly Bastien, nan kapital la, pandan l t ap sikile nan machin li. Kidnapè yo mande fanmi li 200 mil dola pou yo ka libere l. Apre negosiyasyon, kidnapè yo fini pa libere Bastien pou yon ranson 20 000 dola ak 100 000 goud. Kelly Bastien ki doktè, ap travay pou yon òganizasyon entènasyonal nan depatman Nòdwès la.

Kidnapin sa a rive nan yon moman kote reprezantan sekretè jeneral Loni ann Ayiti, Juan Gabriel Valdes, k ap dirije fòs Minustah a ap bat bravo pou zak vyolans yo li di k ap diminye nan peyi a. Mèkredi 10 out la, sèvis près Minustah te prezante bilan diferant operasyon yo te mennen nan kapital la, yo di yo libere 7 moun yo te pran ann otaj, e yo arete 11 lòt moun ki se prezime kidnapè e yo te remèt yo bay lapolis.

Ajan PNH yo ap dirije masak nan katye popilè
Nan wikenn 6 - 7 out la, Polis nasyonal (PNH) la te mennen plizyè operasyon nan diferan katye popilè nan kapital la, kouwè: Solino, Ti Cheri ak Bèlè, kote yo te distribiye manchèt bay kèk moun nan zòn sa yo pou rache swadizan bandi. Nan jounen mèkredi 11 out la, ajan PNH yo te touye 9 prezime bandi nan Bèlè. Responsab mòg lopital Jeneral deja resevwa plis pase 68 kadav ki sòti nan katye popilè yo.

Pòtpawòl PNH la, Jessy Cameau-Coicou fè konnnen lapolis arete 15 bandi e yo sezi yon bon kantite zam ak minisyon avèk konkou popilasyon an. Juan Gabriel Valdes, fè konnen sòlda Minustah yo ak polis nasyonal la, ap kontinye mete presyon sou «bandi» yo ki ta vle bloke pwosesis electoral la.

Kote antant Abraham ak Repiblik Dominikèn lan pase?
Ant mwa jiyè ak out, otorite dominiken yo depòte ann Ayiti 2 mil 290 moun. an depatman Nòdès peyi Dayiti. Se nan tout pos fwontyè a ke yo ap voye ayisyen tounen: 10 out la, yo rapatriye 122; nan zòn Beladè vè 2zè nan maten, pami yo pi fò se gason ak timoun ki di yo pase 3 a 5 jou nan prizon, yo sibi anpil move tretman. Otorite dominiken yo rapatriye menm moun ki fèt an Repiblik Dominikèn e ki genyen bon papye nan men yo.

Gwoup dapui rapatriye refijye yo (GARR) denonse sitiyasyon sa a k ap pran yon lòt vitès chak jou. Responsab rejyonal GARR la, Anthona Mortimé, pou ba Latibonit la fè konnen otorite dominiken yo pa ezite fè yon rapatriman an mas sou fwontyè a, nan zòn Beladè. Li kritike fason otorite dominikèn yo ap fè rapatriman, yo fè l nenpòt kòman, nenpòt ki lè, san yo pa enfòme otorite defakto ayisyen yo. Responsab GARR la fè konnen otorite dominikèn yo pa respekte okenn prensip entènasyonal yo, konvansyon entènasyonal yo e pwotokòl dakò 2 peyi yo te siyen sou kesyon rapatriman an.

N ap raple, minis defakto Afè etranjè a, Hérard Abraham te deklare pandan lane 2005 lan, li te jwenn yon antant avèk gouvènman dominiken an ki te pwomèt li y ap mete yon fen ak rapatriman an.

2 sòlda filipen kraze yon kite sa
Daprè yon depèch AFP, responsab fòs ame filipen lan ki te nan Minustah fè konnen ke y ap pousuiv yon ofisye ak yon sèjan la marin ki pran rete Etazini nan mwa avril 2005 lan, aprè yo t al pase vakans yo la. Kolonèl Daniel Lucero, yon ansyen chèf kontenjan filipen ann Ayiti fè konnen lame a deja pran tout dispozisyon nesesè pou yo rive arete 2 militè sa a yo, ki rele valentin Memphin e Geoffrey Geslani. Kolonèl la endike yo deja fè kòdinasyon avèk misyon pèmanant Loni an nan Nouyòk pou yo anile paspò 2 militè sa a yo.

Grèv chofè yo te reyisi
Modòd grèv sendika chofè transpò piblik yo te lanse lendi 8 out la, pou pwoteste kont monte pri gaz la, te respekte nan tout peyi a. Pat genyen machin ki t ap fè trajè nan diferan sikwui nan zòn metropolitèn lan ak nan diferant estasyon pou vil pwovens yo. Pi fò moun te sètoblije mache apye pou al travay. Responsab sendika yo fè konnen sa yon grèv davètisman yo te lanse pou fòse otorite defakto yo bese pri gaz la. Monte pri gaz la pwovoke monte pri pwodui premyè nesesite yo.

Fanmi Lavalas denonse renega yo!
Apre yon ti gwoup moun ki genyen ladan l Yvon Feuillé, Gérald Gilles, Rudy Hériveaux ak kòlèg yo te enskri pati a nan konsèy elektoral pwovizwa a (KEP) lendi 8 out lan, nan lide pou y al patisipe nan eleksyon/seleksyon ki genyen pou fèt nan fen ane a. Komisyon kominikasyon fanmi Lavalas kondane ak konpòtman renega sa yo e yo fè konnen ti gwoup Gilles, Hériveaux ak Feuillé a pa genyen ni otorite, ni manda pou pran desizyon enskri òganizasyon an pou l al patisipe nan eleksyon.

Komisyon kominikasyon Fanmi Lavalas ki genyen ladan l Angelot Bell, Mario Dupuy e Maryse Narcisse fè konnen òganizasyon politik fanmi Lavalas pral pran tout dispozisyon legal e disiplinè ki nesesè kont magouyè sa yo.

Prizonye politik Lavalas yo nan kabinè enstriksyon
Nan fen mwa jiyè a, jij enstriksyon, Mimose Janvier te tande Paul Raymond, yon dirijan òganizasyon popilè Fanmi Lavalas, ke otorite dominiken yo te arete an Repiblik Dominikèn 21 jiyè pase a e depòte ann Ayiti. Apre yo te fin tande l akonpanye ak avoka li Mario Joseph, jij la te voye nan prizon e akizasyon yo te lage sou do l se: asosiyasyon malfetè, patisipasyon l nan mete dife. Mario Joseph te voye akizasyon bidon sa a yo jete e li di yo pa dwe sèvi avèk lajistis pou fè represyon politik, li mande liberasyon Paul Raymond.

Madi 2 out la, jij Jean Perez Paul te tande Pè Jean-Juste ke otorite defakto yo te arete jedi 21 jiyè a nan legliz Sen Pyè, Petyonvil, pandan l t al patisipe nan fineray Jacques Roche. Jij la te entèwoje l sou afè Jacques Roche ke yo te asasinen 14 jiè 2005 lan nan kapital la.

Mèkredi 3 out la, jij denstriksyon Mimose Janvier te tande 3 prizonye politik Lavalas, Annette Auguste alyas Sò Ann, Yvon Antoine alyas Zapzap e Harold Sévère. Gouvènman defakto Alexandre/Latortue akize yo kòm moun ki ta patisipe nan zak banditis e kòm moun k ap pouse lòt moun al fè vyolans. Mimose Janvier fè konnen li poko ka rann okenn desizyon toutotan pwosesis la poko fini. Apre 2 zè de tan entèrogatwa, li te retounen 3 militan Lavalas yo nan prizon.

Gouvènman defakto a libere Louis Jodel Chamblain
Maid 2 out la, gouvènman defakto a pran desizyon libere nimewo 2 FRAPH la, Louis Jodel Chamblain. Se responsab komite defans dwa ayisyen yo, (CDPH), Ronald St. Jean ki te anonse nouvèl sa a. Madi 26 jiyè 2005 lan, kou dapèl Pòtoprens te pran yon arè an favè Louis Jodel Chamblain ansyen nimewo 2 FRAPH la ki te patisipe de fason trè aktiv pou ranvèse prezidan Aristide sou pouvwa a. Responsab FRAPH yo avèk manm ansyen fòs lame Dayiti a te touye plis pase 3 mil patizan prezidan Jean Bertrand Aristide pandan koudeta kriminèl Cedras/Michel François a sòti septanm 1991 pou rive oktòb 1994.

James B. Foley prale
Administrasyon prezidan Georges W. Bush pran desizyon pou leve James B. Foley ki se anbasadè Etazini ann Ayiti. Se ansyen anbasadè Timothy M. Carney, ki te deja ap travay nan peyi Dayiti k ap genyen pou ranplase l pwovizwaman kòm chaje dafè. James B. Foley poko rive nan fen manda l ann Ayiti. Rapèl Foley a vini tou suit apre depa presipite ansyen sekretè Deta adjwen Etazini pou afè Amerik Latin lan, Roger Noriega.