10 Août, 2005

August 10, 2005

10 Out, 2005
Vol. 23 No. 22

Okap: Mobilizasyon kont okipasyon e kont kidnapin 29 fevriye a!

Pou make 90e anivèsè premye okipasyon peyi nou ak twoup militè meriken nan lane 1915, Pati Popilè Nasyonal (PPN) ak Fanmi Lavalas te rele yon gwo manifestasyon nan vil Okap pou jedi 28 jiyè 2005 lan. Depi 10zè nan maten plizyè milye patizan ak senpatizan Lavalas ak lòt militan konsekan te deja reyinyi nan WonPwen Samori, yon katye popilè kote manifestasyon an ta pral demare. Ajan polis Civpol yo te kareman diminye pakou manifestasyon an ki ta pral rantre nan katye popilè nan Bannann jan trajektwa te mansyone lè ke òganizatè yo te bay ak responsab konsène yo.

Toutfwa manifestasyon an ta pral dewoule san okenn ensidan. Manifestan yo te pote pankat ak foto prezidan Aristid e ki te ekri divès slogan kont koudeta ak okipasyon. Pandan pakou a jis rive sou laplas Notredam lan, militan yo t ap voye anpil pawòl piman bouk kont Minustah ak Civpol k ap masakre moun nan katye popilè yo.Manifestan yo te denonse tou opòtinis ki bezwen ale nan eleksyon pou yo ka jwenn yon ti tchocho nan men «blan» an, epi yo te renouvle detèminasyon yo pou pa al patisipe nan eleksyon.

Antouka li klè ke okenn opòtinis kèlkeswa plimay li pap ka anpeche pèp ayisyen an kontinye eksprime lide li kont okipasyon maske ak kouvèti LONI, kont eleksyon maskarad ki pral konsakre koudeta/kidnapin kont prezidan Aristide la. Manifestasyon an te fè pakou redui CIVPOL te bay la e ak anpil disiplin e pasifikman manif la te pran fen e gen lòt randevou ki kase ke òganizatè pwomèt pou fè konnen pwochènman.

Men mesaj PPN te prepare pou mobilizasyon Okap 28 jiyè a:

28 jiyè 1915 - 28 jiyè 2005 :
Bay kou bliye, pote mak sonje!

Sa fè 90 lane depi kolon blan meriken te debake nan peyi Dayiti pou te kontinye vòlè richès nou, masakre e imilye pèp Ayisyen menm ak sa kolon franse te fè, men sa pa t anpeche yo te kwaze bab pou bab ak yon vrè pitit peyi a, Chalmay Peralt ki te kondi yon gwo mouvman rezistans popilè pou te fòse yanki kite peyi a nan lane 1934.

29 fevriye 2004: Etazini, Lafrans, Kanada, ki jouk jounen jodi pa vle dijere defèt yo fas a kokenn chenn revolisyon 1804 la, 200 zan aprè debake e kidnape prezidan Aristide, ki se premye prezidan ki te eli demokratikman nan peyi Dayiti depi asasina Jan Jak Desalin e yo masakre deja plis pase 10 mil pitit pèp la. Yo tèlman gen lòt bagay pou regle ann Irak, Afghanistan, nan sèten peyi ann Afrik e konnen kisa yo kab pran tou sou bout tè Desalin nan, y al chèche koupyon rèstavèk ann Amerik Latin tankou Brezil, Ajantin, Chili elatriye pou vin asire djòb sal sa pou yo. Sa n ap di noumenm nan Pati Popilè Nasyonal (PPN), malgre tout gwo zam fann fwa ak gwo chyen anraje Napoléon Bonaparte te dispoze, li pa t janm kraponnen menm yon segonn detèminasyon Desalin ak tout mas esklav yo ki te fè yo manje pousyè nan tout mòn yo, nan tout plèn yo, nan tout vil yo. Jodi a nou dwe swiv menm egzanp zansèt nou yo te trase a, yon fason pou n bloke robintèt san ONU-OEA-Etazini-Lafrans-Kanada louvri nan Bèlè, Site Solèy, Lasalin, Solino, Dèlma 2 elatriye atravè Juan Gabriel Valdés yon chilyen ki plen tach san Salvador Allende sou chemiz li, kòmandan batayon brezilyen an Antonio Mistelo, kolonèl Elouafi Boulbars, yon maroken, David Beer, kanadyen, Adama Guindo, yon malyen, franse Jan Mari Gueheno, chèf Minustah a Augusto Heleno Ribero, etc. Nou mande pou kòd lajistis pase nan kou tout kriminèl sa yo.

Jodi a malgre tout masak, jenosid George Bush ap fè an Irak-Afghanistan-Palestine- Ayiti elatriye, li konprann pou takse pwogresis de teworis, an verite mond lan poko janm konnen yon teworis pi redoutab ke George Bush. Yo takse militan k ap reziste kont kidnapin 29 fevriye a de bandi, alòske yo konnen trè byen, pa gen pi gwò chèf gangstè nan peyi a ke André Apaid ki te bay Labanyè zam ak lajan pou touye moun Site Solèy. Pou ki sa yo pa arete l?

Yo debake ann Irak pou chèche swadizan zam destriksyon masiv, alòske yo konnen trè byen Boulos posede zam destriksyon masiv atravè yon siwo pwazon ki te desime tout yon jenerasyon nan mitan kouch moun ki pi pòv yo nan peyi a, pouki yo pa jije l menm jan y ap fè sa pou Sadam? Eske Venezyela voye sòlda ak zam pou touye nou? Non. Eske Kiba voye sòlda ak zam pou masakre nou? Non. Ebyen n ap di, viv Venezuela, viv Kiba, viv tribinal entènasyonal sou Ayiti !

Pati Popilè Nasyonal (PPN) ap di tout moun Site Solè, Lasalin, Bèlè, Solino, Lafosèt, nan Bannanm, Site Lesko, Obòy, Lenbe, Sid, Sidès, dyaspora, tout pwogresis konsekan ki pa deside vann konsyans yo pou po patat, nou gen yon sèl desten se goumen pou liberasyon total peyi a, zafè mouton pa zafè kabrit, kesyon eleksyon/seleksyon k ap pale a ak yon kat elektoral pwazon se zafè gran nèg, kesyon koupyon kas ble ak tout lòt etranje ki sou sòl Desalin - Kapwa - Chalmay Peralt - Emmanuel Wilmé a dwe yon enperatif pou nou, pou fè yo bay peyi a blanch ; kesyon retou lòd konstitisyonèl ki vle di retou fizik prezidan Aristid nan peyi a sa pap negosye menm yon segonn.

Yo di fòk popilasyon an kolabore pou bay enfòmasyon sou bandi, si yo reyèlman bezwen fini ak ensekirite sa a, al nan asnal ansyen opozisyon an yo te bay zam depi Repiblik Dominikèn pou te dechouke gouvènman demokratik Aristid-Neptune lan, tankou Opl-Kid-Mokrena-Rdnp-Modere-Gwoup 184-Panpra. Eske se zam sa yo k ap fè kidnapin pou yo jwenn lajan pou al nan eleksyon/seleksyon? N ap menm mande si se pa zam sa yo ki touye Jacques Roche?

Antouka n ap di Minustah, polis nasyonal la, Civpol ak anbasad meriken sispann fè masak nan katye popilè yo, kouyle a nou gen tout enfòmasyon yo.

Aba okipasyon militè etranje !
Aba gouvènman kanibal Aleksann-Latòti !
Viv retou prezidan Aristid !
Liberasyon tout prizonye politik Lavalas
Viv yon lòt 1804 !
Libète ou lanmò !

Pou Pati Popilè Nasyonal (PPN)
Michel Adrien, sekretè depatmantal Nò
Okap, 28 jiyè 2005


Nodès/Valyè: Rasanbleman Fanmi/PPN
Nan yon gwo rasanbleman Fanmi Lavalas ak Pati Popilè Nasyonal (PPN) te òganize nan komin Valyè nan vandredi 30 jiyè 2005 la nan lekòl nasyonal la, kote plizyè santèn patizan Fanmi Lavalas ak PPN te reponn prezan pou debat divès pwoblèm k ap travèse peyi a. Konsa ansyen majistra Lavalas zòn lan, Charles Ariclès ki te ouvè deba yo te pase konn nan bay yon nan responsab PPN nan depatman Nòdès la Miratel Cherenfant ki te fè yon gwo rale sou evenman ki te mennen ak koudeta/kidnapin kont prezidan Jean-Bertrand Aristide la. Miratel te kritike atitid ipokrit Minustah ki di l ap fè dezameman alòske twoup kriminèl Guy Philippe ki t ap mache boule komisarya, touye polisye ak sivil ap sikile lib e libè nan Pòtoprens pandan Yvon Neptune ak diferan responsab Lavalas ap kontinye kroupi nan prizon. San konte milye patizan Lavalas gouvènman Boniface Alexandre la ap pèsekite. Dirijan PPN lan mande popilasyon Nòdès la pou pa fè okenn kat elektoral pèlen pou pa al legalize koudeta/kidnapin nan. Miratel Cherenfant mande pèp la pou mobilize jiska retou fizik Jean-Bertrand Aristide.

Ansyen visdelege Lavalas la Orne Saint-Fort, youn nan responsab Fanmi Lavalas nan Nòdès mande peyizan diferan komin tankou Kowos, Gwo Ròch pou kontinye mobilize kont kat elektoral sa a e kontinye ekzije retou fizik prezidan Aristide sèl kondisyon pou n al nan eleksyon. Anba gwo animasyon Stephen Cherenfant ak Winer Moïse te mete fen nan gwo rasanbleman sa a ke Fanmi Lavalas ak PPN te òganize nan komin Valyè.

Prezidan chanm komès Sid la prevwa yon eksplozyon sosyal
Pandan Premye minis defakto a Gérard Latortue ap di li satisfè pou bon travay li reyalize nan gouvènman li a depi enstalasyon nan mwa mas 2004 la, prezidan Chanm komès Sid la, Pierre Léger prevwa yon eksplozyon sosyal nan peyi a, si pa genyen anyen ki fèt pou konbat lamizè k ap frape popilasyon an. Pierre Léger fè konnen depi aprè kidnapin prezidan Aristide la 29 fevriye 2004, sitiyasyon ekonomik peyi a vin pi grav chak jou. Li kritike sektè prive a ke li kalifye de moun k ap fè ti boutik yo ki pa kwè nan devlopman. «Yo te pwomèt nou yon lòt peyi, efektivman nou genyen yon lòt peyi jounen jodi a.»

Sou dosye eleksyon yo, Pierre Léger di li pa wè kouman otorite defakto yo pral òganize eleksyon yo nan yon sitiyasyon frajil kouwè sa popilasyon ap viv jounen jodi a.

169 viktim an 2 mwa
Daprè yon rapò Komisyon episkopal nasyonal jistis e pè, vyolans yo ogmante anpil nan 2 dènye mwa yo, me ak jen kote 169 moun jwenn lanmò yo: 79 pou mwa me e 90 pou mwa jen. Jistis e Pè fè konnen otorite defakto yo pa janm abòde kesyon enpinite a, li pa chache rezoud konfli ki genyen ant gwoup ame yo, batay pou pouvwa, e yo pa pran responsabilite yo, sa ki fè vyolans ap ogmante nan kapital la chak jou. Pou 3 dènye ane yo, Jistis e Pè anrejistre 2015 moun ki mouri anba vyolans nan zòn metwopolitèn lan. Komisyon Nasyonal Jistis e Pè mande otorite defakto yo pran tout dispozisyon pou favorize yon vrè dezameman e pwomouvwa yon vrè dyalòg nasyonal nan peyi a.

Chire pit ant komisyon reparasyon ak Konasovik
Depi yon semèn genyen yon gwo chire pit ant responsab Komisyon reparasyon sosyetè viktim koperativ yo ak dirijan Kòdinasyon nasyonal sosyetè viktim yo (Konasovik), youn ap akize lòt k ap fè magouy. Prezidan komisyon reparasyon an, Schiller Roy denonse dirijan Konasovik la li di k ap defann enterè mesken ti gwoup moun ki manm asosiyasyon li an. «Rosemond Jean kapab pran tout tan l pou l miltipliye manifestasyon li yo, men limenm l ap kontinye fè travay li.» Li di l ap rete nan pòs pou l kapab fè plan Rosemond Jean an echwe. Daprè Schiller Roy, komisyon an ap travay sou yon dosye ki genyen anpil dout ladan l, 25 kontra ki pou dirijan Konasovik, pou yon montan 10 milyon goud. Schiller Roy fè konnen y ap aplike lalwa kont tout moun yo ta kenbe k ap fè fwod, k ap fè magouy nan dosye koperativ yo. «Avèk ou san Rosemond Jean komisyon reparasyon sosyetè viktim yo te lanse pou vandredi 5 out la yon pwosesis distribisyon chèk pou manm Konasovik yo.»

Responsab Konasovik yo bò kote pa yo te òganize yon manifestasyon, kote yo akize Schiller Roy kòm moun k ap detounen lajan koperativ ki te la pou reparasyon pou sosyetè viktim yo.

Anplwaye vwari reklame 10 mwa aryere yo
Plizyè dizèn anplwaye sèvis vwari meri Pòtoprens lan te manifeste yon lòt fwa ankò jedi 4 out la, devan ministè Enteryè pou mande otorite defakto yo peye yo 10 mwa aryere salè yo dwe yo. Manifestan yon te kritike otorite defakto yo ki pa konprann soufrans mas pèp la. Yo denonse konpòtman minis Enteryè a Paul Gustave Magloire ki te pwomèt yo yon mwa senbolik sou 10 mwa yo dwe yo. Yo mande otorite defakto yo pou yo panche sou ka yo, nan yon moman kote lekòl pral louvri a, yo menase pou yo obsève yon arè travay. Yo kritike majistra Carline Simon yo di ki sèvi ak lajan yo, pou fè yon lòt pewòl.

Leonel Fernandez anba presyon Etazini
Prezidan Dominiken an, Leonel Fernandez fè konnen plan sekirite Etazini ap prepare a pou fwontyè Ayiti-Repiblik Dominikèn lan ap kòmanse nan jou k ap vini yo. Fernandez di depi premye out gouvènman li a te pwopoze tèt li pou l te resevwa avèk èd kòmandan Sid lame Etazini yon sistèm pwoteksyon sou fwontyè a. Daprè prezidan dominiken an, li deja ap fè demach pou peyi l fè pati plan gouvènman an pou konstwi yon fwontyè modèn avèk yon dispozitif kontwòl sou Ayiti. Sitou nan zafè trafik dwòg la, k ap fèt sou fwontyè k ap sòti Ayiti. Leonel Fernandez prezise kesyon sekirite a dwè poze an rapò avèk defi k ap menase militè yo ou byen trafik dwòg.

Pi fò moun pati kite katye Sen Maten
Katye Sen Maten nan kapital la ap vin tounen yon dezè, pifò moun ki t ap viv nan gwo bidonvil sa a pati kite zòn lan pou al refijye yo lòt kote nan peyi a. Plis pase 19 mil moun ki totalize prèske twaka popilasyon sa a abandone zòn lan pou rezon ensekirite ak vyolans yo k ap ògmante chak jou.

Responsab Mouvman etidyan pou avansman ak chanjman (MEACH) ki dekri sitiyasyon sa a, fè konnen se pa tout moun k ap viv nan zòn lan ki bandi e tout zak k ap komèt yo pa toujou genyen yon motif politik. Sekretè jeneral asosiyasyon etidyan an, Lucien Jems fè konnen popilasyon an bezwen akonpayman responsab yo. Li mande lapolis pou l pran responsabilite pou l retabli sekirite nan Sen Maten, san l pa melanje bagay kòmkwa tout moun nan zòn lan se bandi yo ye.

Viktim medikaman pwazon laboratwa Faval ap mande jistis
Asosiyasyon paran timoun ki te viktim entoksikasyon nan lane 1996, aprè yo te fin pran yon medikaman Afebril ak Valodon kontinye ap mande otorite defakto yo mete aksyon piblik an mouvman kont responsab laboratwa Faval pou yo ka jwenn jistis pou pitit yo ki te viktim. Pòtpawòl asosiyasyon, Philibert Pierre Berthony fè konnen te genyen plis pase 200 timoun ki te mouri e 11 andikape sou yon total 400 timoun ki te pran medikaman pwazon sa a. Li denonse konpòtman otorite defakto Lajistis yo ki bloke dosye a nan Kou Kasasyon, 9 lane aprè dram sa a. Li kritike prezidan defakto a, Boniface Alexandre, ki te prezidan Kou Kasasyon, ki konnen dosye sa a trè byen, e ki ta kapab favorize deblokay dosye a.

Philibert Pierre Anthony akize aktyèl prezidan Chanm komès ak endistri Dayiti, Reginald Boulos, ki se frè Pdg laboratwa Faval, Rudolph Boulos, ki se youn nan moun k ap fè magouy pou bloke dosye a e l ap chèche fè presyon ak entimidasyon sou paran timoun viktim yo. Paran yo di yo rete detèmine, y ap batay jiskobou pou jwenn jistis ak reparasyon e yo mande otorite defakto yo pran responsabilite yo pou ede paran viktim yo jwenn jistis ak reparasyon.

Liberasyon yon otaj dominiken
Sòlda batayon brezilyen yo nan Minustah libere madi 2 out la nan ri Dè Césars, nan sant kapital la, Ali Rafael Arayo, yon sitwayen dominiken yo te kidnape depi 15 jou. Kolonèl Schmidcelato fè konnen se yon patwouy ki te genyen 6 sòlda ki t ap pouswiv 5 nèg ame ki te rive libere otaj la, men yo pa t rive arete youn nan bandi sa yo.

PNH prezante bilan l
Polis nasyonal (PNH) te prezante yon bilan plizyè operasyon li te mennen nan diferan zòn nan kapital la pandan dènye semèn mwa jiyè a. Wilton Thomas, youn nan pòtpawòl PNH la fè konnen ke polisye yo arete 26 moun, ki ta enplike nan kidnapin ak vòl, yo touye 2 prezime kidnapè nan zòn Matisan e yo libere yon otaj. Yo arete plizyè lòt prezime kidnapè nan zòn metwopolitèn lan e voye yo nan pakè.

Komisè Jessy Cameau-Coicou bò kote pa l lanse yon iltimatòm bay tout moun ki genyen plak lapolis nan men yo pou pote plak yo bay lapolis, san sa lapolis ap pran sanksyon kont yo. Li fè konnen ke nan Site Solèy genyen 3 machin PNH depi prè yon mwa e Lapolis poko kapab al pran machin sa yo jouk jounen jodi a.

Valdés pa vle kite peyi a!
Reprezantan sekretè jeneral Nasyonzini an ann Ayiti, Juan Gabriel Valdés nan yon entèvyou li te bay Associated Press, fè konnen ke Nasyonzini ta dwe prepare l pou rete nan peyi Dayiti pou 10 zan ankò. Si Nasyonzini pa prè pou l rete pou 10 zan ann Ayiti, li dwe kite peyi a kounye a. Chèf misyon an di Nasyonzini ap fè anpil efò pou retabli yon klima sekirite e li pran angajman pou l favorize pou repare enfrastrikti ak sèvis de baz yo nan peyi a. Eleksyon yo reprezante yon premye kolaborasyon e kominote entènasyonal lan pran angajman pou l bay Ayiti yon milya edmi dola pou 2 pwochèn ane yo.

Roger Noriega sove
Sekretè Deta Etazini an pou Amerik Latin lan, Roger Noriega anonse demisyon l e apati mwa sektanm k ap vini la a li pral mennen aktivite l nan sektè prive a. Noriega kite sa, paske malgre tout enteresan li t ap fè yo, se echèk sou echèk li rankontre ak manèv li yo ann Amerik Latin, sitou de pi ann Equateur kote yo voye ale gouvènman souflanchou ki te la a. Nan destyon destabilize Venezuela ak Kiba, li bwè pwa, e se sou Ayiti li t ap eseye geri bosco li, men se sèlman fè touye moun nan pèp la san sa pa avanse li a anyen. Sekretè Deta a, Condoleezza Rice nonmen yon lot malveyan yo rele Caleb McCarry nan yon pòs yo rele «Kòdonatè pou tranzisyon nan peyi Kiba».

Asasina yon etidyant
Dimanch 31 jiyè a, yon endividi asasine Linda Moïse lakay li nan Laplenn. Linda se te yon etidyant sèvis sosyal nan Fakilte syanszimèn. Paran Linda Moïse yo dekouvri kò a sou kabann li k ap benyen nan san, e yo jwenn plizyè tras kout ponya sou li. Kèk vwazinay di yo te wè asasen an ap kouri e ki t ap kriye bare vòlè, yo te panse se te yon senp kanbriyolaj; se lè paran l vinn rann yo kont se Linda li te sòt asasinen.

Defakto yo monte pri gaz la yon lòt fwa
Nan fen mwa jiyè a. gouvènman defakto a pran desizyon monte pri gaz la yon lòt fwa ankò, san yo pa fikse pri transpò a, e san l pa avize. Se leve popilasyon an leve li jwenn yon lòt pri afiche nan ponp yo: dyezèl la ki te konn vann 94 goud galon pase a 103 goud, yo mete 9 goud sou li ; gazolin 91 lan ki te 136 goud galon pase a 156 goud ; gazolin 95 ki te 156 goud galon pase a 176 goud; kewozèn ki te vann 90 goud pase a 100 goud.

Premye minis defakto a, Gérard Latortue fè konnen gaz la genyen pou l kontinye monte e gouvènman l lan a pap sibvansyone gaz la, se popilasyon an ki pou konsome mwens gaz. Asosiyasyon pwopriyetè ak chofè (APC) te lanse yon modòd grèv jeneral pou lendi 8 out la pou fòse rejim defakto a bese pri gaz la. Grèv la te respekte a 100 pou 100 nan Pòtoprens ak anpil vil pwovens.

Asiz kriminèl «espesyal»!
Tribinal premye enstans Pòtoprens lan ap prepare l pou l òganize 4 odyans chak jou sòti 8 out pou rive 30 sektanm, pou yo wè si yo ta rive mete fen a plizyè ka detansyon prevantiv nan plizyè prizon nan diferant rejyon nan peyi a. Pandan seyans espesyal sa yo, yo genyen pou yo tande anviwon 150 afè, daprè dwayen tribinal sivil Pòtoprens lan, Jean Joseph Lebrun.

Nan asiz kriminèl tribinal premye enstans Pòtoprens lan te òganize pandan 2 semèn, sòti 18 pou rive 29 jiyè, lajistis te tande 25 afè pandan 41 odyans. Tribinal yo te kondane 22 akize pami yo, youn te kondane avi l nan prizon ; yo te libere 2 akize, yo te mete 7 afè an kontinyasyon, yo ranvwaye 2 nan kabinè enstriksyon, yo voye 4 pou fen sesyon an e tribinal la te òdone 7 depo pyès yo. Tribinal premye enstans prevwa òganize yon lòt asiz kriminèl nan fen ane a.