3 Août, 2005

August 3, 2005

3 Out, 2005
Vol. 23 No. 21

Liberasyon Gabriel Excellent
Gabriel Excellent ki se yon militan Lavalas otorite defakto yo te fèmen nan prizon depi te plizye mwa, te jwenn yon premye fwa liberasyon l nan mwa jen an. Kèlke jou aprè, yo te arete l yon lòt fwa. Yo libere l ankò jedi 21 jiyè a aprè plis ke 2 semèn nan prizon. Gabriel Excellent akize otorite defakto yo k ap ekzese yon pèsekisyon politik sou li pou apatenans politik Lavalas li.

Sekretè jeneral CARLI a, Renan Hédouville ki te anonse 2zyèm liberasyon sa a, te fè konnen tou 2 arestasyon Gabriel Excellent yo te abitrè e ilegal, e li di l ap pote dosye sa a devan enstans entènasyonal yo, pou Excellent kapab jwenn lapè pou l mennen aktivite li yo nan peyi a.

Henri Dorléans ap fè demagoji
Nan yon diskou li te fè nan yon atelye travay nan kapital la mèkredi 27 jiyè, sou Kad Koperasyon Enterimè (CCI) a, minis de fakto Jistis ak Sekirite Piblik la, Henri Marge Dorléans fè konnen gouvènman defakto a vle reyini tout sektè nan sosyete a: «Ekstrèm la pap mennen nou okenn kote, fòk genyen enklizyon. Nou pa kapab avanse avèk tout moun, men fòk nou tante avanse avèk tout moun».

Henri Dorléans fè konnen gouvènman defakto a renouvle angajman l ak polis nasyonal la ak Ministah pou mete lòd nan peyi a, konbat trafik dwòg ak koripsyon. Li di l ap travay pou rezoud pwoblèm detansyon prevantiv pwolonje nan prizon yo, kote ki genyen 98 pou san patizan Fanmi Lavalas. Sou dosye pè Gérard Jean Juste la, Dorléans fè konnen kabinè enstriksyon deja sezi dosye a, se lajistis ki genyen pou pwononse l. Enben Dorléans mèt arete tout moun nan peyi a pou li remèt yo bay jij denstriksyon! Li pa chanje anyen nan sa predesesè li Bernard Gousse t ap fè deja.

Leonel Fernandez pa vle yo konpare l ak defakto yo!
Aprè Fondasyon pou lapè ak revi Foreign Policy te finn pibliye yon lis 20 peyi nan ki an fayit, pami yo genyen 3 peyi nan Amerik Latin lan: Ayiti, Repiblik Dominikèn ak Kolonbi, prezidan dominiken an, Leonel Fernandez te voye etikèt sa a jete. Li di peyi l, Repiblik Dominikèn gran moun lakay li, pa genyen yon fòs okipasyon etranjè sou teritwa l, k ap vin pase l lòd epi fè respekte lalwa. Li kontinye pou l di ke yon Leta an fayit se lè gouvènman pèdi kontwòl fizik teritwa l oubyen l ap fè fas ak yon defisi lejitimite kouwè lè otorite yo pa kapab pran desizyon pou tèt yo, pou kolektivite a oubyen yo pa genyen kapasite pou yo bay popilasyon an sèvis piblik yo e avèk lè Leta pa genyen kapasite dentèaksyon avèk lòt peyi manm kominote entènasyonal la tankou Ayiti konyè a.

François Montour ap voye monte
Madi 26 jiyè a, gouvènman kanadien an ak Pwogram Nasyonzini pou devlopman te siyen yon pwotokòl dakò pou 2,8 milyon dola pou finanse kèk pwojè nan depatman Nòdès. Reprezantan PNUD la ann Ayiti Adama Guindo fè konnen, se Ajans kanadyèn pou devlopman entènasyonal (ACDI), PNUD ak Fondekipman Nasyonzini (FENU) k ap asire finansman pwojè yo. Chèf koperasyon kanadyèn lan ann Ayiti, François Montour di li santi l trè kontan pou l anonse kontribisyon Kanada a yon pwojè ki trè enpòtan e li di Kanada renouvle angajman l pou l apiye Ayiti nan efò l ap fè pou devlopman. Li di Kanada konsyan sou enpòtans devlopman riral la nan rekonstriksyon peyi Dayiti e li ta renmen wè popilasyon an retounen al viv nan zòn riral yo. Men ak agrikilti peyi a ke yo ap fin detwi ak donmpe diri Miyami, sa peyizan an pral fè?

Paul Denis fini ak djòb li a?
Lendi 26 jiyè a, prezidan Komisyon ankèt administratif la, Paul Denis te prezante rapò ankèt li t ap mennen sou gouvènman Lavalas sòti fevriye 2001 pou rive fevriye 2004. Daprè rapò Denis an genyen plis pase 2 milya goud ki ta fè wout kwochi. Daprè Paul Denis travay ankèt la fini, jounen jodi a se li ki enpòtan, fòk yo netwaye sa ki pa pwòp yo, fòk limyè fèt sou piyaj ak malvèsasyon ki te fèt nan trezò piblik la.

Men sanble rapò Paul Denis an pa serye e pou moun serye rapò sa a pibliye nan objektif pou sakrifye yon sektè politik nan moman elektoral la e pou prezidan komisyon an, Paul Denis ka fè kapital politik li kòm moun ki genyen pou l kandida pou pòs prezidan pou OPL. Paul Denis ta byen bezwen yo mennen yon ti ankèt sou li pou fè konnen de kisa li ap viv pou li ap mennen trend vi sa a apa de djòb komisyon defakto yo ap ba li pou mete lajan nan pòch li?

Cameau-Coicou ap fè divèsyon
Pòtpawòl PNH la, Jessy Cameau-Coicou te rele laprès mèkredi 27 jiyè a pou prezante divès operasyon ajan PNH yo te mennen nan kapital la. Li di ankèt y ap mennen sou asasina jounalis Jacques Roche la ap kontinye, yo deja arete yon Roger Etienne ki deja bay lapolis anpil enfòmasyon sou asasina jounalis la. Sou arestasyon pè Gérard Jean-Juste la, li fè konnen pè a sou lòd lajistis. Sou kidnapin la k ap kontinye nan kapital la, enspektris jeneral an chèf la denonse yon lòt fòm kidnapin yo rele «otokidnapin». E dapre li plizyè moun fè aranjman ak zanmi yo pou kidnape yo, pou fè paran yo aletranje voye lajan ba yo. Li te site ka Marie Ketty Boutin nan Kafou, ki fin fè yo kidnape l epi li voye mande frè l k ap viv nan peyi etranje 30 mil dola. Nan mwa jiyè a te genyen yon lòt ka konsa ki te pase nan Delmas 75. Men Cameau-Coicou pa di pou kisa lapolis pat entèvni nan ka Jacques Roche la ki mouri e ki pat yon otokidnaping

CIDH mande defakto yo mete fen nan vyolans la
Komisyon entèameriken dwa moun (CIDH) mande otorite defakto yo pran tout dispozisyon nesesè pou mete fen a vyolans k ap sakaje kapital la. Nan yon rapò li te pibliye lendi 25 jiyè a nan Wachington, komisyon an montre li genyen tèt chaje devan deteryorasyon sitiyasyon dwa moun nan peyi Dayiti, kote vyòl, sekestrasyon e asasina ap fèt chak jou. Komisyon an fè konnen sòti septanm 2004 pou rive jounen jodi a genyen 700 moun ki jwenn lanmò yo anba vyolans, pami yo genyen 40 polisye.

Polisye yo touye 2 moun pou youn!
Lendi 28 jiyè a, 2 moun jwenn lanmò anba bal lapolis nan ri Duncombe, nan zòn Bwa Vèna nan kapital la. Daprè kèk temwen, polisye yo t al sote sou yon endividi yo di ki ta pral fè yon kidnapin, e ki ta tire sou yo e y te riposte, touye bandi a ak yon lòt moun ki t ap pase. Pandan lot vòlè yo t ap sove, yo te kouri monte nan yon taksi a, e lè li wè lapolis touye bandi yo, chofè taksi a fè yon kriz li mouri sou plas.

Konferans Episkopal la ap pran konsyans?
Nan yon nòt pou laprès Konferans Episkopal la fè konnen fòk yon moun ouvri jè l ak zorèy li pou ka tande rèl dezespwa popilasyon an. «Mal la devan nou». Aprè l fin kondane vyolans sou tout fòm k ap fèt nan sosyete a kouwè vyòl, tòti, anlèvman, krim elatriye, Konferans episkopal la lanse yon apèl bay tout sektè nan sosyete a pou yo mete yon fen a sitiyasyon sa a. CEH voye jete tout pozisyon k ap pran an favè ostrasiz ak esklizyon. Li mande tout sektè pou yo pran responsabilite yo.

Ankèt Paul Denis a bwè dlo
Viktim masak Kafou Fèy yon gwoup polisye te touye 11 moun nan lane 1998, reyaji sou rapò Komisyon ankèt administratif Paul Denis a sou detounman fon ki ta fèt sou rejim Lavalas la. Nan yon konferans pou laprès nan mèkredi 27 jiyè a Asosiyasyon viktim yo fè konnen sèlman nan dat 20 fevriye 2004 yo te resevwa yon premye tranch 5 milyon goud nan men Leta ayisyen sou yon total 800 milyon goud tribinal la te fikse domaj enterè a, pou repare viktim yo. Asosiyasyon an te prezante tout pyès jistifikatif li yo ki pwouve tout depans ki te fèt ak lajan ministè Jistis te debloke pou viktim yo. Responsab Asosiyasyon an fè konnen yo te mete NCHR okouran lè yo te reswva premye tranch lajan an. Asosiyasyon an fè konnen tout bagay te fèt nan transparans e se yon dwa yo genyen pou Leta repare 26 paran ki te viktim nan masak sa a. Paul Denis limenm pa konnen sa yo rele yon ankèt, li konprann se tout lajan leta depanse regilyèman ki detounman ?

Kanpay kont abi sou timoun
Kowalisyon ayisyen pou defans dwa timoun yo (Kohadde) lanse madi 26 jiyè a yon kanpay kont pwostitisyon timoun ak abi seksyèl sou yo. Daprè sekretè konsèy administrasyon (Kohadde), Cécile D. François pwogram sa a se yon kanpay sansibilizasyon kont pedofili, kont pwostitisyon enfantil ak eksplwatasyon seksyèl k ap fèt sou timoun nan peyi a. Li fè konnen jan pratik sa yo se yon vyolasyon konvansyon dwa timoun Leta ayisyen te siyen nan lane 1994. Donk Leta dwe pran tout dispozisyon pou pwoteje dwa timoun yo. Responsab Leta yo dwe aplike lalwa kont tout moun ki ap abize timoun. Eske gouvènman defakto a kapab pran mezi sou mesye Minustah yo?.

Reprezantan Fon Nasyonzini pou lanfans lan (Unicef) Sylvana Nzirorera, bò kote pa l fè konnen sitiyasyon timoun yo trè difisil ann Ayiti e sititasyon politik la nan peyi a, nan dènyè ane sa a fè anpil fanmi vinn pi pòv. Pwogram sa a ap dire 3 mwa e l ap fèt nan plizyè kokalite kouwè : Petyonvil, Dèlma, Kafou, zòn Channmas e l ap fèt nan 3 depatman : Nò, Nòdès ak Sidès. Pou reyalize pwojè sa a, Kohadde pral travay ak òganizasyon entènasyonal k ap travay nan sektè dwa timoun yo kouwè : Fon Nasyonzini pou lanfans (Unicef), seksyon pwoteksyon timoun Minustah. 15 milyon dola ta deja dekese pou finanse kanpay sa a. Men fok se pa chat yo bay veye mantèg!