27 Julliet, 2005

July 27, 2005

27 Jiyé, 2005
Vol. 23 No. 20

Konsèy Saj vle mete baboukèt pou laprès
Aprè lanmò jounalis Jacques Roche, jedi 14 jiyè an, Konsèy Saj yo te fabrike aprè kidnapin prezidan Jean Bertrand Aristide 29 fevriye 2004 la, ki pa genyen okenn lejitimite ni legalite, mande gouvènman defakto a pou l fèmen tout près k ap bay moun yo rele «bandi» yo pale. Pwopozisyon sa a soulve anpil reyaksyon negatif menm nan mitan ògàn laprès ANMH yo ki te sipòte mouvman GNB a.

Sekretè jeneral AJH la, Guyler C. Delva kritike pozisyon Konsèy saj la, li di ki pa montre sajès li. Li di yo pa dwe sèvi ak lanmò Jacques Roche la pou yo asasine libète laprès. «Sa nou mande se jistis pou Jacques Roche, jistis pa fèt nan emosyon, se pa nan fè manifestasyon, nan emosyon yo pral bay Jacques Roche jistis. Se pito nan mennen yon bon ankèt sou asasina yo devan jij yo, si sa pa fèt se yon defèt pou otorite defakto yo.»

Fineray Jacques Roche
Jedi 21 jiyè, se te ineray jounalis Jacques Roche nan legliz Saint-Pierre nan Petyonvil e plizyè konfrè Jacques Roche te vin rann li yon dènye omaj. E yo te òganize yon manifestasyon an solidarite ak jounalis la, manifestasyon an te sòti devan legliz Saint-Pierre pase devan primati a pou l al fini devan palè nasyonal. Pandan pakou manifestasyon an, yo te divize an 2 gwoup, yon gwoup etidyan et yon gwoup jounalis. Lè manifestan yo te rive devan primati a, yo mande chèf gouvènman defakto a, Gérard Latortue pran responsabilite l devan vyolans ak kidnapin yo. Manifestan yo te kritike Polis nasyonal la, Minustah ak kominote entènasyonal la, yo di ki fayi nan misyon yo, yo pa rive retabli lapè ak sekirite nan peyi a.

Minis de fakto Kilti ak Kominikasyon an, Magalie Comeau Denis te enterese sèlman pou akize prezidan Aristide k ap viv ann egzil nan peyi Afrik di Sid nan lanmò Jacques Roche. Kèk minit avan seremoni nan legliz Saint-Pierre a moun gouvènman defakto yo te atake epi frape pè Gérard Jean-Juste ki t ap pale ak. Lapolis ak Minustah, e olye mesye sa yo pwoteje li se arete yo arete li pou mennen li nan komisarya Petyonvil la. Vandredi 21 jiyè a yo te voye l nan pakè kote komisè gouvènman an voye l nan penitansye nasyonal.

Jij Jean Perez Paul te entèwoje pandan plis pase 2zè tan pè Jean-Juste. Ke gouvènman defakto a vle akize kòm moun k ap finanse aktivite destabilizasyon nan peyi a. Pè Gérard Jean Juste montre detèminasyon l pou l goumen pou retou lòd konstitisyonèl ki dwe pase pa retou fizik prezidan Jean Bertrand Aristide. Pè Gérard Jean Juste kondane asasina jounalis Jacques Roche e li di fòk san pitit pèp la sispann koule.

*        *       *

Selil politik Fanmi Lavalas kondane nan yon nòt 20 jiyè a, tout zak babari ak sovajri k ap ravaje peyi a depi plis pase 2 lane e ki fè plizyè milye inosan viktim. Marc Foreste Casséus, manm selil la site kòm ekzanp masak Minustah te fè nan Site Solèy mèkredi 6 jiyè 2005 lan e asasina jounalis Jacques Roche. Li mande fòs fènwa mete yon fren nan vyolasyon dwa moun nan peyi a, li mande Minustah ak otorite defakto yo pran tout dispozisyon ki nesesè pou mete yon fen nan zak vyolans, nan represyon politik ak ekzekisyon somè, kidnapin ak asasina nan kapital la. Fanmi Lavalas kondane san rezèv tout zak vyolans kèlke swa kote l sòti a, li mande tout gwoup ame yo, gang yo, kidnapè yo depoze zam yo.

Militan Lavalas yo ap prepare pou Tribinal Entènasyonal la
Pòtpawòl militan Lavalas yo nan Site Solèy, René Monplaisir di Konsèy saj la ap pèdi tan l, paske Fanmi Lavalas pa gen okenn entansyon pou l t al patisipe nan eleksyon y ap òganize a. Li di Fanmi Lavalas pa p okipe l de zafè eleksyon pou kounye a, yo genyen plizyè lòt travay pou yo fè : « objektif nou pou kounye a se kontinye mobilizasyon pasifik pou yo ka jwenn liberasyon tout prizonye politik e pi bon kondisyon lavi pou pifò popilasyon an k ap kwoupi nan la mizè. Li fè konnen Fanmi Lavalas pa genyen okenn entansyon pou l swiv chemen vyolans kouwè moun k ap fè presyon sou Minustah pou l itilize lafòs kont mas pèp la. Li di y ap kontinye fè manifestasyon pasifik yo nan katye popilè yo e prepare dosye pou Tribinal entènasyonal la k ap louvri mwa septamn lan.

Volè pran 3 machin PNH
Madi 19 jiyè an, nan aprè midi, volè sezi 3 machin lapolis pandan yo te vin mennen yon operasyon nan Site Solèy. Polisye yo ta kouri kite machin yo ak zam yo. Pandan entèvansyon ajan PNH yo nan Site a, yo touye 3 moun e genyen 2 polisye ki blese. Nan lannwit 19 jiyè a, ajan PNH ak sòlda Minustah te tante rantre nan Site a pou reprann 3 machin yo, men sa pa t mache

Bandi Minustah yo touye yon etidyan
Sòlda Minustah yo touye yon etidyan ki te genyen 33 lane, Séïde Michelet, sou wout ayewopò a, mèkredi 13 jiyè a. Séïde Michelet te nan twazyèm ane nan enstiti Inivèsitè Kiskeya Amerik (INUQUA), eli t ap travay nan òganizasyon imanitè « Food For the Poor » e se nan machin òganizasyon sa a yo touye li. Daprè yon lòt etidyan Georges Eugène, sòlda Minustah yo « tire sou kapo machin an direksyon Séïde. Se lè sa a pikòp la chavire li frape yon dam ki mouri aprè li te fin blese trè grav».

Madi 19 jiyè a etidyan INUQUA yo te òganize yon sitin devan lokal fakilte a pou pwoteste kont krim sa a e mande jistis pou kanmarad yo, Michelet Séide. Sè viktim lan Ginou Seïde kritike konpòtman sòlda Minustah yo ki touye yon sitwayen defason somè nan pwòp peyi l. «Krim odye sa a pa dwe rete enpini ».

Pòtpawòl Minustah, Elouafi Boulbars fè konnen yo pa genyen okenn enfòmasyon sou enplikasyon sòlda li yo nan lanmò Michelet Séïde. Li pwomèt li pra l mennen yon ankèt.

Fineray Michelet Seïde te chante mèkredi 20 jiyè a nan legliz Sakrekè nan Tijo. Aprè fineray la, etidyan yo te òganize yon manifestasyon pou te kondwi l nan simityè.

2 prizonye sove nan prizon Okap
14 jiyè a, 2 prizonye sove nan prizon Okap, ke Lapolis te arete pou enplikasyon yo nan kidnapin. Daprè enfòmasyon k ap sikile nan Kap Ayisyen, se toutan ka sa yo ap rive nan prizon an.

Enskeptè Apena Kap Ayisyen an, Claurel Denis fè konnen responsab PNH nan depatman Nò a deja mete 2 ajan ki te nan sèvis nan moman ensidan an nan izolman pou «ankèt».