20 Julliet, 2005

July 20, 2005

20 Jiyé, 2005
Vol. 23 No. 19
Deklarasyon alokazyon fineray senbolik Emmanuel Wilmé

Nou pataje soufrans nou ak tout fanmi Wilmé ak 80 lòt moun yo. Noumenm militan nan Site Solèy, Bèlè, Solino, Lasalin, etc., nou bese byen ba devan kadav kwo gason sila, yon militan san presedan, yon gason kouraj ki te marye konviksyon li ak detèminasyon l pou l goumen tankou Tousen, Desalin, Kapois Lamò pou fè respekte souverènte nou, diyite nou, konstitisyon nou.

Presedan ki t ap konbat pou eksklizyon sosyal, vyolans sosyal, vyolans ekonomik. Yon gason ki pa t yon sousou ki te toujou kanpe fèm pou lite pou fè respekte vòt pèp la. Ki t ap lite pou lapè ak demokrasi ka tounen nan peyi Dayiti.

Antinasyonalis yo, machann peyi yo, delè dwòg yo fè tout sòt de zak lage sou do l pou l te ka abandone lit la, ofri l lajan pou l trayi, sa pa t janm pran devan l paske li te kwè nan batay pou pèp e pèp pa janm pèdi batay.

Machann dwòg Gwoup 184 yo fè touye l, sektè prive boujwa malpwòp yo, machann peyi yo fè touye l.

Kominote entènasyonal patizan dilè dwòg yo touye Wilmé pou satisfè Baker, Apaid, Boulos, K-Plim (Evans Paul).

Kominote entènasyonal la touye Wilmé pou yo ka kenbe kidnaping 29 fevriye 2004 la, pou yo ka fè seleksyon nan plas eleksyon yo a pou yo ka bann yon prezidan ke pèp la pap vote. Yo touye Wilmé pou nou ka bliye Aristide, kòmsi pou moun sa yo se sèl Wilmé ki fè nou pale de Aristide. Si se sa yo kwè yo echwe, konbyen Wilmé ki kanpe la jodi a? Konbyen Wilmé ki nan peyi a? Toutan gen moun ki grangou ap toujou gen Wilmé. Toutan gen moun ki paka al lekòl, ki pa gen aksè ak sante, toutan gen eksklizyon sosyal, toutan kondisyon vi nou pa ka chanje ap toujou gen Wilmé. Toutan Ayiti pa ka vinn yon eta de dwa, kote moun respekte moun, ap toujou gen Wilmé. Toutan richès peyi a paka separe bay sa ki pi pòv yo ap toujou gen Wilmé.

Toutan nou paka fèmen bouch zam yo pou nou pran chemen dyalòg ap toujou gen Wilmé. Anfen toutan nou pa ka pran chemen inite, lapè a pou mennen nou nan yon rekonsilyasyon nasyonal, nan yon dyalòg nasyonal san esklizyon n ap toujou gen Wilmé.

Anfen, Emmanuel Wilmé n’est pas mort. Wilmé pa mouri, yon nonm konsa paka mouri.

Nou sezi wè jeneral Heleno apre antant li ak sektè prive a mache touye moun nan katye pòv yo, menm Heleno sa a te di pase li touye yon inosan li pito pèdi yon sòlda, ebyen jou ki te 6 jiyè a Heleno touye Wilmé ak plis pase 80 lòt moun nan Site Solèy, nan moman n ap pale la a se kochon k ap manje moun nan Bois Neuf.

10 timoun mouri anba vant manman yo ak zam Minustah. Eske timoun sa yo te nan lagè? Site Solèy mande jistis pou Emmanuel Wilmé ak tout lòt 80 moun Minustah touye yo.

Nou mande ak tout òganizasyon dwa moun nasyonal ak entènasyonal pou yo ede Site Solèy jwenn jistis nan men Heleno, nan men Valdés. Ede nou jwenn jistis nan men Baker, Boulos, Apaid, Ernst Erilus, Evans Paul, etc.

Nou mande pèp meriken an pou ede nou jwenn jistis nan men administrasyon George Bush la, ki fin kidnape prezidan Titid e ki kontinye ap touye moun nan katye pòv yo.

Kenbe fèm, kouraj sektè popilè a Wilmé n’est pas mort!

Reziste, reziste, viktwa final la se pou pèp la.
Mèsi
par John Joseph Joël


Deklarasyon pou laprès Selil de Baz Fanmi Lavalas Bèlè
Nou militan konsekan Lavalas, n ap kontinye kònen lanbi mobilizasyon an manch long, pou respè vòt nou ak konstitisyon peyi a. Sòti 1550 rive jouk ane 1800, plizyè ewopeyen, ladan yo Lafrans, louvri yon komès pran nèg ak nègès ann Afrik trennen yo ann Amerik al travay kòm esklav nan izin sik, koton, kakao pou pote richès nan gwo peyi ewopeyen yo. Se yon valè 15 milyon moun konsa ki kite Lafrik. Anpil ladan yo mouri nan bato. Sa k malad, chèf bato a lage yo nan lanmè tou vivan. Aprè 3 syèk esklavaj, 1er Janvye 1804 Ayiti pran endepandans li. 28 jiyè 1915, militè meriken debake okipe peyi Dayiti. Pandan 19 ane, 1915-1934 move blan yo kontwole tout mwayen ekonomik ak pouvwa politik peyi a. Premye okipasyon sa a, sete yon veritab imilyasyon pou peyi a ki te pèdi tout dwa granmoun li. Se ak anpil prejije, rasis ak tout kalite diskriminasyon, move blan yo te maltrete Ayisyen nan pwòp peyi nou. Pandan 19 ane okipasyon, gouvènman meriken ranmase ti rès richès kolon fransè yo te kite nan peyi a. Aprè yo fin kite peyi a, an 1934, tout gouvènman ki pase nan tèt Leta a, se restavèk move blan yo toujou ye. Dirijan yo pa janm fè anyen ki nan enterè peyi a ak peyizan yo. Noumenm nan katye popilè yo desandan peyizan, nou toujou rete soude ak 16 desanm 90 ki se 1ye eleksyon lib e demokratik pou n te sòti anba grif gouvènman restavèk move blan. Jounen jodi a se menm pitit move blan sa yo, mete ak yon ti gwoup nèg restavèk ki bouche je yo pou yo pa wè jan anviwonman peyi a ap depafini, lè n gade nan Gonayiv, nan Mapou, Grangwav, tèt mòn yo se pa pale. Yo bouche zorèy yo pou yo pa tande kri peyizan yo ki gen pwoblèm tè, angrè, zouti agrikòl, dlo, sante elatriye.

Noumenm pitit peyizan yo k ap viv nan katye popilè yo: Site Solèy, Bèlè, Dèlma 2, Fò Nasyonal, Lasalin, Solino, Gran Ravin, Fò Touwon, Matisan, Fontamara, Kafou, Kafou Maren, Petyonvil (nan Mòn Ekil), Jalouzi, Bète, Dèlma 32, etc., nou deside bay yon egzanp pou lavi e pou listwa, pou respè endepandans nou ak konstitisyon peyi a. Lè nou konsidere 29 mas 1987, pèp la te vote konstitisyon an, pou konstwi Leta a. Malgre tout efò pèp ayisyen an fè nan vòt li, pou respè konstitisyon an. Sa pa anpeche jounen jodi a move blan ap pale de eleksyon tandiske ONU pa janm di anyen pou ekzekisyon somè ak masak k ap fèt nan katye popilè yo sou militan Lavalas sou pretèks y ap chache bandi. Nou pa konprann pou move blan nan ONU mete ak Gwoup 184 restavèk, vle detwi jenès peyi a ki se espwa peyizan yo, lè yo lonje dwèt sou katye popilè yo kòm zòn «non dwa». Lè nou konsidere ki kalamite manman ak papa nou ap pase an pwovens nan travay di pou peye lekòl, inivèsite, pwofesyon pou noumenm k ap viv nan katye popilè yo nan kapital la.

Jounen jodi a, nou vle atire atansyon manm peyi Karikom yo, Afrik, peyi Latinoameriken konsekan yo sou Gwoup 184 la mete ak move blan ki nan Minustah, pran polis nasyonal la kòm pon pou kontinye ap fè egzekisyon, sou demann enmi pèp la (Gwoup 184) ki sèmante pou detwi nou nan katye pòv yo k ap revandike respè vòt nou ak konstitisyon peyi a. Si jounen jodi a pèp ayisyen an pa kwè nan eleksyon move blan, se paske «bay kou bliye pote mak sonje». 29 fevriye 2004, se yon move egzanp pou tout peyi sou planèt la k ap goumen pou respè dwa moun ak demokrasi. Si vòt se yon dwa konstitisyonèl, òganizasyon Fanmi Lavalas se zouti pèp la pou yon vrè chanjman sosyal. Noumenm, militan konsekan Lavalas nou rekonèt gen bon blan ki konn soufrans pèp ayisyen an lè yo te travay ansanm ak pèp la pou te fè retou demokrasi 15 oktòb 1994, kote nou te kòmanse jwenn lekòl, plas piblik, inivèsite, wout, èd pou timoun, travay, lojman sosyal elatriye. N ap fè yon apèl ak tout bon blan pou yo kontinye ede n travay yon fwa ankò pou retou fizik prezidan Aristide pou yon vrè dyalòg pou trase chimen lapè. Nou menm militan konsekan Lavalas n ap kontinye konnen lanbi mobilizasyon an nan 4 kwen peyi a pou n egzije liberasyon tout prizonye politik Lavalas ak sispann tout pèsekisyon kont militan Lavalas nan katye pòv yo.

Noumenm k ap viv nan katye popilè yo ki idantifye nou a òganizasyon Fanmi Lavalas, nou denonse tout vyolans ak kidnaping k ap fèt sou popilasyon an sou nenpòt ki fòm. «Yon lavalasyen se yon -patriyòt konsekan».

Samba Boukman
Pòtpawòl Selil de Baz Fanmi Lavalas Bèlè
Mèkredi 13 jiyè 2005