13 Julliet, 2005

July 13, 2005

13 Jiyé, 2005
Vol. 23 No. 18

GARR mande defakto yo pwoteje ayisyen
Kòdonatris Gwoup Apui Refijye ak Rapatriye (GARR) a, Colette Lespinasse kritike jedi 30 jen an, absans otorite defakto yo sou fwontyè Ayiti/Repiblik Dominikèn lan. Dominiken yo pwofite absans Leta ayisyen sou fwontyè a, pou yo komèt tout kalite krim ak vyolans sou ayisyen yo, ki deja ap resevwa pèsekisyon anba men otorite dominiken. Dapre Colette Lespinasse, depi 2 zan pa janm genyen polisye nan Savanèt, sa lakoz vòlè ap pran bèt peyizan yo, e se menm sitiyasyon sa a ki genyen nan yon pati nan Sidès ak nan Nò peyi a. Pou kòdonatris GARR la se yo gwo vyolasyon dwa ekonomik peyizan yo, paske peyizan ayisyen yo, genyen 2 mwayen pou yo viv, se ti mòso tè yo avèk bèt yo gade.

Dimanch 3 jiyè a, prezidan dominiken an, Leonel Fernandez fè konnen ke yo dwe rapatriye ayisyen k ap viv ilegal an Dominikani nan peyi yo. Pou ane 2004 - 2005 lan gouvènman dominiken rapatriye 14 mil 375 ayisyen. Responsab GARR la mande otorite defakto yo pran responsabilite yo, pou yo kontwole fwontyè a, pou mete sekirite.

Lansman Platfòm òganizasyon peyizan
Mèkredi 6 jiyè a, 7 òganizasyon peyizan rejyonal mete tèt yo ansanm nan yo platfòm ki rele «Platfòm Nasyonal òganizasyon peyizan ayisyen (PLANOPA). Pami òganizasyon sa a yo genyen: Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay (MPNKP); Konbit Peyizan Nip (KPN); Kòdinasyon Rezistans òganizasyon Sidès (KROS); Tèt Kole ti Peyizan Ayisyen. Dapre pòtpawòl PLANOPA, Robert Métayer, yon responsab Tèt Kole ti Peyizan, objektif Platfòm sa a se ranfòse sektè peyizan an pou rive fè revandikasyon yo pase e defann dwa yo. PLANOPA se rezilta yon lane refleksyon 7 òganizasyon peyizan sa yo. PLANOPA deja anvizaje plizyè aktivite nan diferan rejyon nan, kouwè yon semenn mobilizasyon nan depatman Nòdwès, nan okazyon 18tyèm anivèsè masak peyizan Jean-Rabel la 23 jiyè 1987, kote plizyè dizèn peyizan ki t ap goumen kont pratik grandon te jwenn lanmò anba men lame dAyiti ak grandon yo nan Jean Rabel.

Karikom fristre Latortue
Ensekirite, vyolans ak kidnapin kontinye nan kapital la ak nan diferan rejyon nan peyi a. Se chak jou ajan PNH yo ak sòlda Minustah ap mache touye pitit pèp la nan katye popilè yo kouwè Site Solèy, Bèlè, Delma... Sitiyasyon sa a bay òganizasyon rejyonal la KARIKOM anpil tèt chaje pandan somè yo t ap fè nan Sent Luci madi 5 jiyè 2005 lan. Nan somè sa a dosye Ayiti a te nan mitan deba yo, e prezidan Surinam lan ki t ap prezide KARIKOM, Ronald Venetian fè konnen enstabilite politik ak vyolans pran yon dimansyon san presedan kèk mwa avan eleksyon yo an Ayiti. Otorite defakto yo pat jwenn envitasyon pou patisipe nan somè sa a. KARIKOM te bloke yo, pou l te pwoteste kont kidnapin prezidan Aristide la 29 fevrier 2004 la. E se pa 2 pleyen Gérard Latortue te plenyen bay yon jounalis CaribNews poutèt sa. “Mwen te toujou vle nou fè pati mouvman karayib la...”, e jounalis Tony Best te wè Gwo Gera fristre anpil kote li fè remake”: “Dapre komantè Latortue yo, ou wè vreman que li ta kontan si Karikom te envite li” (CaribNews, (6 au 12 jiyè 2005).

Lapolis ap malmennen yon jij de pè
Lendi 4 jen an, te genyen gwo tansyon nan direksyon santral polis jidisyè (DCPJ) a, lè responsab DCPJ yo te refize jij de pè Kwadèboukè a tande moun yo te arete e kenbe yo pandan plizyè jou nan gadavi. Jij de pè a te move anpil poutèt sibatèn li yo te pase li lòd e anpeche l al tande prizonye yo. Sitiyasyon an te vin agrave lè polisye yo te di jij de pè a ke se komisè gouvènman an ki te bay lòd pou yo fè sa y ap fè a.. Prizonye yo te deja genyen plizyè jou nan gadavi san benyen nan yon ti selil ki te ka pran 25 moun ki genyen plis pase 60 moun ladan li..

Pri gaz monte ankò san avètisman
Apre ensekirite a k ap fè anpil moun kouri kite kapital la, se lavi chè k ap pale. Gouvènman de fakto a ki bouche zòrèy li pou l pa tande rèl pèp la, e li vin mete abse sou klou, lè li pran desizyon pou l monte pri gaz la yon lòt fwa ankò, jedi 30 jen an. Gazolin 91 lan ki t ap vann 127 goud pase a 136 goud ; gazolin 95 lan pa chanje li rete 143 goud ; dyezèl ki t ap vann 85 goud pase 94 goud ; kewozenn ki te vann 88 goud pase a 93 goud. Nouvo ogmantasyon sa a vin fè sitiyayson mas pèp la pi difisil chak jou e li antrene ogmantasyon pri tout lòt pwodui yo.

Chofè transpò piblik yo di yo sezi lè yo rive nan ponp yo, yo wè gaz la monte san avètisman, e yo di se yon kalvè popilasyon an ap monte depi kidnapin prezidan Aristide 29 fevriye 2004 la. Yo fè konnen gouvènman defakto a pa respekte popilasyon a lè li monte gaz la san yon anons. «Sa se yon krim m wè yo fè pèp ayisyen an, paske nan yon peyi ki òganize byen, si yon Leta ap monte pri gaz la, fòk li gentan anonse tout popilasyon an.... Paske se leve ou leve maten an ou wè pri gaz la monte. Mwenmenm mwen nan peyi a, peyi a se yon peyi kote pi fò moun pap travay. Mwenmenm jan m wè y ap fonksyone ak pèp ayisyen, yo vle fin touye li.»

Plizyè òganizasyon nan sosyete sivil la, ki te patisipe nan mouvman GNB a, tankou SOFA, PAPDA,UNNOH, POHDH, etc. ki te deja ap mobilize kont ogmantasyon pri gaz la ak lavi chè a anonse yo pral pran lòt dispozisyon pou yo fòse gouvènman defakto yo te travay mete a bese pri gaz la. Pwofesè Yves Barthélémy te fè konnen: «Dirijan yo toujou rete ensansib fas a kri popilasyon sou pri gaz la ki pa sispann monte depi lè yo te kòmanse mobilizasyon yo. N ap mouri grangou e y ap vin pale nou de eleksyon, yo genyen 3 lane pou yo pa peye taks e y ap pale nou de kontra sosyal ». Responsab òganizasyon sa a yo mande Leta ak sektè prive a retire mwatye nan kantite pwofi yo fè sou gaz la. Men se kolonn gwoup sa yo ki te ap suiv Apaid tankou sousou pou fè koudeta e ki jodi a yo wè ke Apaid pa menm bay yo pete santi.

American Airlines ap redwui vòl li yo
Konpanyi ayeryèn «American Airlines» anonse li pral redwui apati 6 jiyè 2005 vòl ki te konn asire trajè Ayiti ak Etazini yo pou rezon ensekirite. 3 vòl ki te konn Pòtoprens/Mayami pral pase a 2 apati de 15 jiyè e a yon sèl apati de 23 out ; vòl Nouyòk/Pòtoprens pral pase 2 fwa pa semèn. Konpayi an fè konnen anplwaye li pa kapab al travay pou rezon ensekirite. Konpayi a rive pran desizyon sa a nan kòmansman peryòd grann vakans. Depi kèk tan avyon yo ap rantre nan peyi a vid e y ap pati chaje, paske genyen anpil moun k ap pati kite peyi a pou chape anba ensekirite a, ak kidnapin, e lòt ki pa ka pati al lòtbò de fason regilye sètoblije pran lanmè pou yo oubyen yo ale nan pwovens. Tout monte desann sa a, yo se konsekans ensekirite a ak kidnapin. Premye minis defakto a, Gérard Latortue, bat bravo pou moun yo k ap kite kapital la. Li di yo va ale plante. Ala yon enkonsyan!

Deforestasyon defakto
Kòdonatè komisyon siveyans forè Mawouj, nan komin Bèlans nan depatman Sidès la, denonse fason peyizan ap kontinye koupe pye bwa pou fè chabon nan lokalite Mawouj. Roosevelt Pierre denonse tou otorite yo ki refize nonmen plis ajan forestye pou konbat sa: «Sa m ta mande Leta a, se degaje l kou mèt Janjak, pou l wè kote l ap jwenn mwayen pou nonmen ajan andedan forè a, pou pwoteje forè a... donk gen yon seri de plant medisinal anndan forè a, gen yon seri de espès bèt anndan forè a, yo ta dwe gen yon siveyans...»

Defakto yo pa okipe komèsan viktim dife mache Tèt Bèf la
Komèsan ki te pèdi tout komès yo nan dife nan mache Tèt Bèf la, 31 me 2005 lan, denonse otorite defakto yo ki pa fè anyen pou ede yo reprann aktivite yo. Anpil nan machann sa yo te eseye al nan mache Taba, lè yo rive majistra Taba, Suzie Julien mande yo 30 mil goud pou l ka vann yo yon ti plas nan mache a. Machann yo denonse majistra Pòtoprens lan Yanick Mezile ki pa respekte angajman lè l te promèt machann yo, l ap ede yo jwenn lajan pou reprann aktivite yo. Responsab Asosiyasyon Nasyonal Machann ak Defans Dwa Konsomatè Ayisyen (ANADEKH) yo, William Clervil denonse fason gouvènman defakto ap trete dosye Tèt Bèf la ak machann ri Fronfò yo. Li mande pou otorite defakto yo rekonstrui mache Tèt Bèf la pou machann yo ka rekontinye al mennen aktivite yo.

Latortue pa okipe fèy wout Konsèy Saj la!
Samdi 25 jen an, Konsèy Saj yo te remèt sa yo rele yon fèy wout bay gouvènman defakto a. Konsèy saj la fè konnen ke li fè plizyè rekòmandasyon bay gouvènman defakto a sou plizyè domèn tankou retablisman lòd, bòn gouvènans, lit kont koripsyon, jesyon riks ak dezas yo nan sèten rejyon ki ekspoze anba katastròf natirèl yo, reyalize eleksyon onèt, kredib e demokratik nan fen ane a.

Premye minis defakto a, Gérard Latortue nan madi 6 fevriye a, fè konnen pa genyen anyen ki nouvo nan wout sa a. Li di plizyè nan rekòmandasyon Konsèy Saj la, te deja diskite nan gouvènman an. «Yo mande pou tout moun an sekirite, pou tout kamyon polis yo pentire menm koulè, pou yo ka rekonèt yo delwen, men se bagay 3, 4 mwa nan reyinyon CSPN n ap pale tout tan avèk polis la, malerezman polis la pa fè yo. Kilès ki chèf polis nasyonal la? Premye minis de fakto pran plezi depi kèk tan ap denonse move zak k ap fèt nan polis la, kouwè dosye 2 mil chèk zonbi k ap distribye chak mwa, san l pa janm pran dispozisyon pou mete fen ak pratik sa yo. Men moun Konsèy Saj sa yo san wont, paske depi tan Latortue ap meprize yo, yo kontinye ap fè makak pou li pase yo nan betiz.

Jessy Cameau-Coicou ap bay vèsyon li
Pòtpawòl PNH la, Jessy Cameau-Coicou prezante mèkredi 6 jiyè a bilan operasyon polis nasyonal la pandan 2 dènye semèn yo, nan plizyè katye nan kapital la. Li di lapolis arete plizyè endividi nan zòn Delma avèk zam e yo sezi yon machin, yo arete 2 evade ; youn nan Pòtoprens, lòt la an repiblik Dominikèn epi depòte l ann Ayiti. Lapolis libere yon moun yo te kidnape nan zòn Kabarè, yo arete yon chofè transpò piblik avèk yon zam, yo arete ansyen komisè polis Lucien Fabien e y ap chèche 4 lòt polisye pou trafik dwòg nan depatman Sid la.

Men sa a Cameau-Coicou pa di li, e se Rudy Métellus, yon etidyan fakilte Syans imèn ki denonse lapolis ki touye yon frè l ki t al achte kèk bagay lavil la, mèkredi 29 jen 2005 lan. E lè yo fin touye l lapolis prezante l pami 7 bandi yo di yo touye sou Bèlè, se sa ki pi grav pou fanmi viktim lan.Viktim lan te rele François Occil. Rudy Metellus fè konnen se ajan CIMO yo ki te pran l, yo kase tèt li, yo fizye l, e yo pran tout sa ki sou li.

Medsen san fwontyè mande respè dwa popilasyon an
Chèf misyon medsen san fwontyè (MSF) a Ally Bernaci mande tout sektè k ap fè vyolans nan peyi a respekte sekirite popilasyon sivil la e pèmèt moun ki pran bal nan katye popilè jwenn swen sante tousuit. Bernaci ki te bay yon konferans pou laprès madi 5 jiyè a, fè konnen se popilasyon sivil la nan katye popilè yo ki kontinye ap viktim an premye lè lapolis ak Minustah ap mennen operasyon yo, li di yo konn resevwa plis pase 30 moun ki pran bal nan yon sèl jounen. Soti mwa desanm pou rive jounen jodi a yo resevwa 1112 moun ki pran bal e nan dènye mwa sa a yo resevwa 40 fanm yo vyole. Kòdonatris medikal MSF la, Olivia Gayraud kritike lapolis nasyonal ki te antre nan lopital la san otorizasyon sou pretèks yo t ap chache yon prezime bandi.

Gouvènman defakto a kontinye ap pèsekite militan Lavalas
Nadège e Abner François denonse lapolis ki arete militan Lavalas Gabriel Excellent yon fason abitrè e yo lage yon dosye kidnapin sou do l. Dapre Abner François akizasyon sa yo pa genyen okenn fondman, e li tou profite kondane otorite defakto yo ki vle mete tout advèsè politik yo nan prizon a tou pri.