29 Juin, 2005

June 29, 2005

Jen 29, 2005
Vol. 23 No. 16

Kidnapin: Cameau-Coicou pa vle bay non
Kidnaping yo pa epaye okenn kategori nan sosyete a kòm nou konnen.. E sa ap kontinye menman parèyman, e pami kidnapè yo nou wè ke gen anpil polisye pami yo, atèl pwen ke je wont je, pòtpawòl la Jessie Cameau-Coicou te sèt oblije anonse ke yo te arete plizyè nan yo ki t ap fè zak sa yo. Semenn pase te gen 2 anplwaye Dwàn; Marie-Carmelle Desvarieux ak Mariette Thomas, direktris adjwen an ke yo te kidnape, men ki te jwenn liberasyon yo. Lendi 20 jen an, se te yon fonksyonè ministè de fakto Afè etranjè ak yon chofè e yon mizisyen gwoup Strings ki ta pral pati, sou wout ayewopò. Pòtpawòl lapolis la di lapolis ap travay pou kenbe kidnapè yo, men li refize bay non youn yo arete an posesyon yon kat kredi yon moun ki te kidnape pa gen lontan. Pandan tan sa a, li pa janm sispann klewonen yon seri lòt non moun ki nan katye popilè yo.

Operasyon Minustah nan Site Solèy
Mèkredi 22 jen an, sòlda Minustah yo te mennen yon operasyon nan Site Solèy, kote yon sòlda brezilyen te blese grav. Menm jou sa a, te genyen gwo kout zam ki t ap tire nan sant vil la, an menm tan seremoni envestiti nouvo kabinè ministeryèl defakto Alexandre-Latortue a nan palè nasyonal. 2 moun te blese. Jou 23 jen an, ajan PNH yo ak sòlda Minustah yo touye Emmanuel Coriolan nan zòn Delmas 2.

Dife nan Pòs Machan
Lendi 20 jen an, yon dife te eklate vè zòn 3zè nan apremidi Pòs Machan nan Ri Lama, tou prè Achiv Nasyonal. Plizyè kay te gen tan boule anvan ponpye te vin parèt. Wilfrid Bertrand direktè jeneral Achiv Nasyonal Dayiti te fè konnen li te pran tout dispozisyon pou dife a pa t rive touche achiv la ki genyen anpil dokiman istorik enpòtan.

Egzamen Bakaloreya
Lendi 20 pou rive mèkredi 22 jen, 126 mil elèv te prezante ane sa a nan egzamen bakaloreya premyè pati yo nan tout peyi a. Nan kapital la, egzamen yo te dewoule sou gwo tansyon, kout zam t ap tire nan sant kapital la. Plizyè lòt ensidan te twouble egzamen yo: mèkredi 22 jen dènye jou egzamen an, yon endividi ak yon kagoul antre nan yon syèj egzamen nan enstiti Geneviève nan zòn Pacot, ki te kreye panik.

Nan Mibalè genyen 47 elèv ki pa jwenn fich pou egzamen yo, poutèt yo pa t genyen atestasyon ki pou te montre yo te pase nan egzamen nevyèm ane fondamental la. Nan Mibalè. Plizyè sendika anseyan: Fenatec, Federasyon nasyonal travayè edikasyon e kilti denonse fason ministè Edikasyon nasyonal defakto a rekrite pèsonèl pou egzamen yo. Rolga Ulysse fè konnen responsab ministè a anboche yon bann moun ki pa kalifye.

Jamayik rapatriye 283 refijye
Mèkredi 22 jen an, otorite jamayiken rapatriye 283 ayisyen abò 2 avyon. 50 nan yo te mande azil politik, men yo te refize yo. Daprè yon responsab jamayiken genyen 192 ayisyen ki nan yon kan yo rele Winnifred, genyen ladan yo ki mande azil politik, genyen lòt ki montre volonte yo pou yo retounen ann Ayiti.

Depi kòmansman ane 2005 lan, sa fè twazyèm fwa Jamayik voye ayisyen retounen botpipèl ayisyen. Gouvènman Jamayiken an fè konnen li pa genyen ase mwayen pou l kontinye ap antreteni refijye yo.

Militan Bèlè yo denonse opòtinis yo
Pòtpawòl militan Lavalas Bèlè a, Samba Boukman, denonse konpòtman kèk «kad» pati Fanmi Lavalas k ap poze yon seri aksyon sispèk nan non pati a, pandan prezidan Aristide ap viv ann ekzil e prizon yo chaje ak prizonye politik Lavalas. Li fè konnen pati a pa bay okenn moun manda pou negosye nan non li ak defakto yo pou pòs ministeryèl. Samba Boukman di: «Kad Lavalas sa yo manke kouraj», li mande yo pou yo konfòme yo sou règ entèn Pati a. Li denonse yon lòt fwa masak PNH la ak Minustah ap fè sou mas pèp la nan katye popilè yo nan kapital la, sou pretèks y ap chache bandi. Li mande militan Lavalas konsekan yo kontinye mobilize pou fè echèk a represyon an e jiskaske lòd konstitisyonèl la retounen nan peyi a.

Arestasyon 4 prezime kidnapè
Jedi 23 jen an, majistra Saint-Marc la Carmelot Etienne te prezante 4 endividi li di ki t ap eseye kidnape yon komèsan nan vil la.

Vizit Jean-Marie Guéhenno
Sekretè jeneral adjwen Kask Ble Loni an, Jean-Marie Guéhenno te rive nan kapital la mèkredi 22 jen an pou yon vizit 5 jou pou evalye sitiyasyon an. Daprè pòtpawòl Ministah a, Damian Onsés Cardona, Guéhenno genyen pou l rankontre ak responsab Minustah yo, espesyalman, reprezantan espesyal sekretè jeneral Nasyonzini an Juan Gabriel Valdés avèk diferan responsab seksyon Misyon an. Li genyen tou pou l rankontre otorite defakto tou, Boniface Alexandre ak Gérard Latortue e pou li ale nan Gonayiv, Kap-Ayisyen pou l rankontre responsab Minustah nan zòn sa yo.

Pri kay yo double nan kapital la
Sitiyasyon plizyè katye popilè nan kapital la, kote lè se pa bandi se Minustah ki ap fè dega, sa fè anpil moun ap kouri kite kay yo nan katye sa yo, kouwè Bèlè, Nazon, Pòs Machan, Site Solèy, etc. Sa fè pri lwaye yo double nan plizyè lòt katye. Daprè yon koutye, pou yon moun lwe yon kay ki genyen 2 chanm a kouche fòk li genyen 90 mil goud, pou zòn rezidansyèl yo, fòk li genyen 100 mil goud.

Arestasyon Pierre Paul
Otorite yo ak popilasyon an te rive arete Pierre Paul alyas «Canal du Vent» samdi 18 juin an nan Ba Latibonit nan zòn Dedin. Canal du Vent se youn nan prizonye ki te sove nan penitansye nasyonal nan «evazyon» ki te fèt 19 fevriye an e yo te mete l sou yon lis moun ki trè danjere. Li te transfere l Pòtoprens.

Sante Plis fèmen nan Delmas
Pwogram Sante Plis/Ayiti deside fèmen pòt li nan Delma 6, aprè l te fin resevwa anpil menas. PSPH al louvri kounye a nan Avni Magloire Ambroise. Responsab ONG sa a, Ernest Harrison te bay kèk eksplikasyon: «Twòp moun twomatize aprè kidnapin yo fè sou yo, vyòl ak tòti, fòk genyen yon strikti ki pou pran ka yo an men.» Pwogram Sante Plis/Ayiti ki se yon òganizasyon ki te fonde nan peyi a 15 mas 2000.

PADEM mande depa rejim defakto a
Responsab Pati demokrat Ayisyen (Padem), Claire Lydie Parent mande depa otorite defakto yo pou enkapasite yo pou dirije peyi a. Li fè konnen pa genyen anyen k ap mache nan peyi a epitou, lamizè, koripsyon, enpinite, vyolans ak ensekirite se mak fabrik rejim defakto a. Li di chanjman ki fèt nan ekip medyòk sa a pap pote okenn chanjman pou peyi a. «Menm lè yo mete nouvo fwi nan panye fwi pouri sa a, se tout fwi yo ki pral pouri». Claire Lydie Parent ki te patisipe nan mouvman GNB kont prezidan Aristide bò kote ekip ki sou pouvwa a, di ekip defakto li a pa satisfè l nan fason y ap jere peyi a, bagay yo ap vin pi mal chak jou, 16 mwa aprè kidnapin prezidan Aristide. Li di lè a rive pou ekip enkonpetan sa a rale kò l sou pouvwa.

Jackson Joanis pran lari!
Ansyen kapitèn Jackson Joanis ki te kondane pou enplikasyon nan asasina komèsan e militan politik, Antoine Izméry jwenn liberasyon l vandredi 10 jen an.. Joanis se youn nan moun ki te patisipe nan plizyè zak kriminèl sou koudeta kont prezidan Aristide nan lane 1991, ak Louis Jodel Chamblain, Michel François, Toto Constant, etc.

Espay ap retire twoup li yo
Pandan Konsèy sekirite Nasyonzini an adopte mèkredi 22 jen an rezolisyon nimewo 1608, ki renouvle manda Minustah pou 8 mwa, k ap bout 15 fevriye 2006, gouvènman Espanyòl la, Jose Luis Rodriguez Zapatero anonse menm jou a, desizyon pou retire 200 sòlda li yo nan Minustah a. Li fè konnen kominote entènasyonal la pa respekte angajman finansyè li te pran pou Ayiti.

Latortue fristre Danielle Magloire twòp!
Aprè konsta echèk gouvènman defakto Alexandre-Latortue a e demisyon fosè minis Jistis defakto a, Bernard Gousse, Premye minis defakto a, Gérard Latortue te deside fè yon pase men nan gouvènman li a. Madi 21 jen an, li nonmen Henri Dorléans, minis Jistis ak Sekirite piblik, pou ranplase Bernard Gousse; Paul Gustave Magloire, minis Enteryè ak Kolektivite teritoryal, e Franck Charles, minis Afè sosyal. Nouvo kabinè a te pran envestiti l mèkredi 22 jen an nan palè nasyonal an absans «klas politik» la ak Konsèy saj la. Yon Konsèy saj kote Danielle Magloire pa manke plenyen paske yon fwa ankò gouvènman defakto a meprize l ak kolonn lòt «saj» yo menm nan chanjman nan kabinè a, li di chwa nouvo minis yo fèt sou baz kliyantelis ak traktasyon klan politik ki pa reponn a konjonkti a. Donk Latortue pat rele klyantèl pa Danielle Magloire vin souse yon zo. Konsa Konsèy saj la te fè fache timoun, li pat vin nan seremoni defakto li yo.

BID prete 5 milyon dola
22 jen an, Bank entèameriken pou devlopman (BID) apwouve yon prè 5 milyon dola pou Ayiti pou ranfòse enstitisyon ki chaje pou kolekte resèt fiskal yo, fòmilasyon ak ekzekisyon bidjè a, e jesyon operasyon acha e kontra Leta ap siyen ak patnè li yo. BID di depi lane 2002, li deja bay Ayiti 27,5 milyon dola sou fòm prè ou don. Lajan sa yo tounen lan men li, paske jan nou wè sa a, se «ekspè» li yo ki ap vin fè travay sa yo.