22 Juin, 2005

Jun 22, 2005

22 Jen, 2005
Vol. 23 No. 15

Lansman Sant Obsèvasyon Sitwayen
Sant Obsèvasyon Sitwayen (SOS) se non yon nouvèl òganizasyon dwa moun ki pran nesans madi 14 jen lan nan Pòtoprens. Responsab òganizasyon an, Patrikc Elie fè konnen se yon obligasyon pou tout sitwayen pou yo patisipe nan gwo desizyon k ap pran pou peyi a, pou fè peyi a sòti nan kriz li ye e bati yon nasyon modèn e demokratik. Pou kapab genyen yon bon rezilta, Patrick Elie di fòk sosyete sivil la byen òganize, fòk yo rete detèmine pou yo pote koreksyon ki nesesè a tout erè ki fèt yo. Inisyativ sa a ap pèmèt pèp ayisyen tire leson nan moman difisil l ap viv jounen jodi a e tire pwofi eksperyans lòt pèp ann Amerik Latin.

KARLI denonse lapolis
Komite Avoka pou Respè ak Libète Endividyèl (KARLI) denonse lapolis k ap fè represyon sou mas pèp la nan katye popilè yo nan kapital la. Sitiyasyon sa a fè plizyè santèn fanmi ap kouri kite kay yo nan katye popilè yo, fanmi sa yo ki te deja t ap viv nan lamizè, sètoblije kite kay yo san yo pa konnen ki kote yo prale, apre yon seri operasyon ak anpil vyolans lapolis te fè nan dènye jou sa yo. 3 jen ki sot pase la a, lapolis antre nan Bèlè yo touye yon ventèn moun, se moun ki pi mal yo nan peyi a ki santi yo menase. KARLI mande gouvènman defakto a pran responsabilite l, pou l pran tout dispozisyon pou garanti sekirite tout sitwayen.

Kidnapin yo ap kontinye
Nan mitan mwa jen an, kidnapin yo kontinye nan kapital la. Dapre enfòmasyon genyen 5 moun yo kidnape , pami yo genyen yon responsab yon bank prive, direktris adjwen ladwàn ak yon chèf sèvis dwàn lan.

Gadkot Etazini rapatriye 111 ayisyen
Lendi 13 jen an, gadkòt Etazini rapatriye 111 ayisyen ki t ap eseye antre nan Miami nan yon ti bato. Moun yo te soti nan depatman Nò e yo fè konnen se pou mizè ak ensekirite y ap kouri.

Selebrasyon dizyèm anivèsè PNH
Dimanch 12 jen an, polis nasyonal la te selebre dizyèm anivèsè l nan plizyè depatman peyi a. Nan plizyè vil pwovens, yo te òganize aktivite pou make dat sa a. Nan vil Okay, direktè depatmantal Sid, Joinet Canéus te fè chante yon mès daksyon de gras nan katedral Okay la. Pito SentEspri te pote lalimyè pou yo pou yo sispann kraze zo malere. La omwens anivèsè sa a ta sèvi a yon bagay.

Rapò RNDDH sou sitiyasyon dwa moun
Rezo nasyonal defans dwa moun (RNDDH) pibliye yon rapò sou sitiyasyon dwa moun ann Ayiti. Dapre rapò a, sòti mas 2004 pou rive me 2005, vyolans lan fè anpil viktim nan peyi a ak anpil dega nan ekonomi an pou plizyè santèn milyon dola. Yo note plizyè asasina, kidnapin, vòl machin, ensandi, vyòl, piyaj... Apre konsta sa a RNDDH di li wè kondisyon yo pa ta reyini pou bon jan eleksyon fèt nan peyi sa a. Li pwofite fè plizyè rekòmandasyon bay otorite defakto yo kouwè elaborasyon yon plan sekirite, mete kanpe yon pwogram de dezameman.

Lakwa wouj fèmen biwo l nan Site Solèy
Jedi 16 jen lan, responsab komite entènasyonal kwawouj yo (CICR), Fritz Dorziair ak Walde Saugeron anonse lakwawouj pran desizyon pou l fèmen biwo li yo nan site Solèy akoz ensekirite. Yon desizyon yo di ki pran aprè 2 volontè lakwawouj ayisyèn te resevwa plizyè bal nan site a, pandan gwoup ame yo t ap fè afwontman ak sòlda Minustah yo.

Heleno pa deside kontinye nan Minustah
Pòtpawòl Minustah a kolonèl mawoken Elouafi Boulbars konfime desizyon jeneral brezilyen, Augusto Heleino Ribeiro Pereira te pran pou l mande pou ranplase l nan direksyon fòs nasyonzini an ann Ayiti apre 12 mwa sèvis. Dapre yon jounal brezilyen «Folha de Sao Paulo» se jeneral Tera Amaral ki pral ranplase Heleno nan 3 mwa.

Chanjman nan gouvènman defakto a
Apre kongresman Etazini yo te reklame revokasyon minis defakto Jistis la Bernard Gousse, se konsa mousye te remèt lèt demisyon l bay premye defakto a. Konsèy saj la bò kote pa l pa ekate yon evantyèl chanjman nan kabinè defakto Gérard Latortue a, ak nan tèt polis nasyonal la. Deja madi 14 jen an direksyon jeneral Teleko a, voye ale yon dizèn direktè ak asistan yo, sou demand konsèy administrasyon an ke minis Travo piblik defakto Fritz Adrien ap dirije.

Rankont pati politik nan Primati a
Vandredi 10 jen an, premye minis defakto a, Gérard Latortue te rankontre ak plizyè dirijan politik nan biwo li. Sanse ke atisipan yo te mande li pran tout dispozisyon pou retabli yon klima lapè nan peyi a.

Prince Pierre Sonson ki te reprezante pati MODEREH te kanpe sou pozisyon, mande Gérard Latortue remèt demisyon nan tèt gouvènman defakto a, li di sè l demisyon Latortue a ki kapab ranje bagay yo nan peyi a. Nan reyinyon an te gen: Gérard Blot, Pati Tèt Ansanm ; Micha Gaillard pou Pati Fizyon Sosyo Demokrat ; Prince Pierre Sonson, MODEREH ; ex-senatè Gérald Gilles ki toujou ap pretann vin reprezante Lavalas, alòske li pa gen manda pou sa..

Plezans: PPN - Fanmi Lavalas kenbe flanbo mobilizasyon an
Jedi 16 jen an, anba yon gwo solèy cho plizyè milye peyizan soti nan 8 seksyon kominal nan Plezans vin fè yon mobilizasyon nan vil sa sou direksyon Pati Popilè Nasyonal (PPN) ak Fanmi Lavalas. Depi 8 jou anvan plizyè santèn reprezantan Fanmi Lavalas ak PPN te òganize yon rasambleman pou lanse gwo mobilizasyon sa. Mach pasifik la te donk demare vè 10 zè nan tèren foutbòl la pou te al travèse divès ri nan vil la pou monte sou wout nasyonal nimewo 1 an. Militan yo te pote foto prezidan Aristid ak pankat ki gen plizyè eslogan tankou: «Aba okipasyon - Aba gouvènman defakto Latòti a - Aba Seleksyon, viv bon jan eleksyon ak prezidan Aristid - Viv retou fizik prezidan Aristid.» Anba gro animasyon mizik kèk band lokal manifestan yo t ap eksprime pozisyon yo ak yon seri rit trè popilè tankou:«Non, non, nou pa prale. Si pou n ale nan eleksyon fòk Aristid ta retounen. Aristid fè sa deja li ale, li tounen.» Mach la te dewoule san okenn ensidan grav sou plas kominal la kote diferan responsab Fanmi Lavalas ak PPN te pran lapawòl. Ansyen magistra zòn nan sou gouvènman Lavalas la Clautaire Joseph te mande blan an pou sispann vin bay koudeta nan peyi a pandan l egzije retou fizik prezidan Aristid sou pouvwa a. Majistra Clautaire te fistije tou boujwazi a li montre k ap aplike yon kontra sosyal lamizè ak ensekirite. Jonas Augustin, youn nan responsab depatmantal nò Fanmi Lavalas te kondane asasina k ap fèt sou moun nan katye popilè yo ak pèsekisyon manb Fanmi Lavalas ap sibi. Jonas te envite pèp la pou kenbe flanbo mobilizasyon an jiskaske Prezidan Jean-Bertrand Aristid retounen sou pouvwa pou vin n òganize eleksyon. Pou te fini ak manifestasyon an nan Plezans, youn nan responsab PPN nan nò a Darwin St Julien te bay yon deklarasyon ke nou reprodwi pi ba a:.

Deklarasyon PPN nan Plezans
Pati Popilè Nasyonal (PPN) salye kouraj ak detèminasyon pèp ayisyen jeneralman e patikilyèman moun Plezans ki kenbe byen wo flanbo mobilizasyon an menm apre koudeta / kidnapin sanglan 29 fevriye 2004 la kont gouvènman popilè Lavalas la e ki lakòz anpil san pitit pèp la koule poutèt yo manifeste atachman yo pou prezidan Jean- Bertrand Aristide.

Lèzetazini, Lafrans ak Kanada ki te finanse, òganize, antrene gwoup eskadron lanmò nan repiblik Dominikèn te panse yo te ka rive met do pèp vanyan Ayiti atè ak koudeta. Menm jan nan Venezyela enperyalis la byen konte men li mal kalkile. Isit malgre gouvènman kriminèl defakto Alexandre Latòti an konplisite ak minustah pa sispann òganize masak ak pèsekisyon nan katye popilè ak nan peyizannri a tankou Bèlè, site solèy, Vilaj de Dye, Plezans, Lenbe, Boy elt. Mas popilè yo toujou kanpe doubout. Chak jou ki jou mobilizasyon an ap vin pi rèd ann Ayiti tankou nan dyaspora k ap mande retou lòd konstitisyonèl la ak retou fizik prezidan Aristide.

Kounye a boujwazi antinasyonal la wè li echwe ansanm ak gouvènman defakto Latòti a e li tonbe fè jwèt kidnapin ak boule mache pou ta lage sou do moun nan katye popilè yo. Men tout moun konnen kilès ki gen enterè boule machandiz ti machann nan mache Tèt Bèf nan Pòtoprens. Se group 184 komèsan Bòdmè ak politisyen ki mare nan tab boujwazi a ki ta renmen patron yo Lèzetazini rantre ak merin pou vin mete pèp la nan wòl li epi pèmèt yo louvri vant peyi a bay FMI ak Bank mondyal yon fason pou yo fè ti koutay. Grannèg restavèk sa yo te pwomèt lalin ak solèy apre depa gouvènman Lavalas la. Men se nad marinad. Malgre gouvènman defakto Alexandre Latortue a bay boujwazi a dwa pou pa peye leta okenn taks pandan plizyè ane, prodwi premyè nesesite yo kontinye monte sou do malere, pri lekòl prive tèt nèg epi pri transpò piblik miltipliye akoz gaz k ap grenpe eskalye.

Pèp ayisyen deja afime pozisyon l byen klè fas koudeta a lè li chita lakay li san l pa fè okenn kat elektoral pyèj. Menm sous ofisyèl yo montre se mwens pase 1/100 moun ki gen laj pou vote ki swadizan fè kat elektoral ki poko janm nan men yo apre plis pase yon mwa. Donk projè peyi enperyalis yo pou enpoze yon gouvènman boujwa ki pra l aplike plan lanmò neyoliberal la ann Ayiti an difikilte.

Batay pou liberasyon mas pèp la dwe vanse pou konpatriyòt ayisyen yo sispann sibi imilyasyon ak enjistis nan Sen-Domeng ak nan lòt zile.

Pati Popilè Nasyonal (PPN) mande pèp la pou kontinye fè inite nan mitan nou pou bay yon repons istorik ak agresè nou yo tankou sa te fèt ak zansèt nou yo nan peryòd 1804 ak 1915.

  • Aba okipasyon
  • Aba gouvènman defakto Alexandre /Latòti.
  • Aba eleksyon / Seleksyon ak kat elektoral pèlen
  • Aba lavichè ak ensekirite
    • Viv inite nan kan popilè a.
    • Viv retou lòd konstitisyonèl la ak retou prezidan Aristid
    • Viv lit pèp la.
      • Libète ou lanmò
      • Libète ou lanmò

Pou Pati Popilè Nasyonal
Darwin Saint-Julien
Plezans 16 jwen 2005