Valdés denonse konplo kont Minustah
Reprezantan sekretè jeneral LONI ann Ayiti a, Juan Gabriel Valdés, denonse jou 9 jen an, yon konplo plizyè pati politik ap marinen pou atake Polis nasyonal (PNH) la ak fòs okipasyon Minustah a. Li fè konnen responsab pati sa a yo ki t ap patisipe nan plizyè reyinyon avèk Minustah pou yo chache solisyon pou kriz politik la ak ensekirite a e aprè y al fè reyinyon pa yo pou yo destabilize peyi a.Valdés fè konnen Minustah a pap tolere pratik sa yo, ki mete an dout tout kredibilite lidè pati sa yo, men li pa t vle site non yo. Li deklare si lidè politik sa yo kontinye ap fè jan de konplo sa yo, Minustah ak gouvènman de fakto Alexandre-Latortue a pral pran tout dispozisyon ki nesesè kont yo.
«Zanmi» Latortue yo mande pou li ale!
Plizyè pati politik ki te nan ansyèn opozisyon kont prezidan Aristide la, te reyini nan wikenn 4-5 jen an pou reklame depa gouvènman defakto Gérard Latortue a yo di ki echwe nan tout domèn. Pati politik sa yo chwazi Daniel Supplice, chèf Pati popilè renouvo ayisyen (PPRH). Pami pati sa yo ki vle voye Latortue ale a genyen :PDCH branch Osner Févry ; Tèt ansanm, Gérard Blot ; Modereh, Dany Toussaint/Prince Sonson Pierre; Rdnp, Leslie Manigat; Gérald Gilles ak Rudy Hériveaux ki kontinye ap di se manm pati Fanmi Lavalas yo ye.
Madi 7 jen an, menm pati politik sa yo te rankontre ak direksyon Konsèy Saj la pou deside sou sò Latortue. Youn nan manm Konsèy saj la, Anne Marie Issa, rive menm voye yon iltimatòm bay Gérard Latortue: «Latortue genyen 2 semèn pou l rezoud dosye ensekirite, jistis ak kondisyon lavi popilasyon an, si l pa fè sa, li mèt fè pakèt li pou l ale».
Latortue mande redefinisyon manda Minustah
Lendi 6 jen an, Premye minis defakto a, Gérard Latortue te efektye yon vizit 48tè nan Nouyòk, pou l t al rankontre ak sekretè jeneral Nasyonzini an Kofi Annan e Konsèy sekirite Loni sou redefinisyon manda Minustah a. Anvan l te pati, li te fè yon pale sou Televizyon nasyonal pou l te eksplike objektif vwayaj li a. Li te di chanjman yo nesesè nan Minustah, pou l ka lite kont ensekirite nan peyi a. Latortue ki te pran lapawòl devan Konsey sekirite Loni an fè konnen li mande Nasyonzini pou l voye plis militè.
Pandan tan sa a plizyè pati politik ki di yo konstate echèk Gérard Latortue nan tout domèn mande pou l bat zèl li e yo pwopoze Daniel Supplice pou ranplase l.
Ouvèti yon biwo enskripsyon nan primati a
Lendi 6 jen an Konsèj elektoral pwovizwa a (KEP) la te louvri yon biwo enskripsyon nan primati a. Se Premye minis defakto a, Gérard Latortue ki te premye enskri nan biwo sa a. Nan moman sa a te genyen reprezantant gouvènman defakto a, Misyon lapè Nasyonzini an, ak Pwogram Nasyonzini pou devlopman (PNUD). Chèf gouvènman defakto a, Gérard Latortue fè konnen li pase lòd bay tout responsab enstitisyon Leta yo pou yo bay lokal yo pou yo enstale biwo enskripsyon yo.
Etazini bay PNH materyèl
Anbasadè Etazini a, James B. Foley remèt yon lò materyèl ak ekipman bay Polis nasyonal (PNH) la mèkredi 8 jen an. «Kado» sa yo ki evalye a 2 milyon 600 mil dola genyen ladan l: 40 pikòp, 75 motosiklèt, 2 machin blennde, 4 gwo kamyon, yon transpòtè, 75 òdinatè. James B. Foley fè konnen jès sa a montre volonte gouvènman Etazini an ki vle ede gouvènman defakto a nan batay l ap mennen kont ensekirite a. Seremoni remiz materyèl sa yo te dewoule nan Akademi polis la. Aprè seremoni an pòtpawòl PNH la, Jessy Cameau Coicou te bay yon konferans laprès kote l te fè konnen 40 pikòt sa yo gouvènman Etazini an bay PNH la se yon seri machin 8 silenn yo ye, se gazolin yo pran e yo boule anpil gaz, lapolis pa ka itilize yo nan fè patwouy, se sèlman nan pwen fiks li ka itilize yo. Donk PNH la pap jwenn ase gaz pou l mete nan machin sa yo. Se yon «kado» pete fyèl!
Conzé yo mande Merin!
Nan kòmansman mwa jen an, jounal Etazini Washington Post la te rapòte ke anbasad Etazini ann Ayiti a ta mande gouvènman li pou l voye merin li yo ann Ayiti. Pandanstan, reprezantan sekretè jeneral LONI a, Juan Gabriel Valdés fè konnen li pa janm genyen diskisyon avèk okenn responsab sou anvwa twoup Etazini ann Ayiti pou ranfòse fòs okipasyon an, men Minustah prè pou travay avèk tout twoup ki vle ede yo garanti sekirite, nan peryòd elektoral la, kouwè Paraguay k ap voye 200 sòlda e Brezil k ap voye yon inite, k ap vin travay nan domèn enfrastrikti nan kapital la.
Plizyè pati politik te gentan bat bravo pou lide merin Etazini yo ta vin touye pitit pèp la nan katye popilè yo. Pòtpawòl Konfederasyon Inite Demokratik (KID), André Michel di yo dakò ak tout asistans kominote entènasyonal, e tout èd Etazini te ka pote pou ranfòse polis nasyonal la. Pòtpawòl Fizyon sosyo-demokrat yo, Micha Gaillard kalifye demann anbasad Etazini an de «jès solidarite» ki ap vini nan yon bon moman.
Sekretè jeneral GREH a bò kote pa l, Himmler Rébu fè konnen prezans merin Etazini yo kapab ede nan sekirite eleksyon yo, men yo pa kapab rezoud pwoblèm sekirite a nan peyi a.
Minustah ap kontinye touye
Jedi 9 jen an pòtpawòl militè Minustah a, kolonèl franse Philippe Kleb fè konnen depi yon semèn sòlda Minustah yo lanse yon operasyon nan Site Solèy. Philippe Kleb fè konnen genyen plizyè patizan Emmanuel Wilmé alyas Dyed Wilme ki tonbe.
Abitan Site Solèy yo bò kote pa yo, denonse atak sòlda Minustah fè sou yo. Yon machann nan Site a fè konnen ke sòlda Minustah yo touye pou pipiti 3 machann e genyen plizyè lòt ki blese, lè sòlda Minustah yo te antre ak tout vitès nan yon mache nan Site a. Machann yo fè konnen objektf operasyon kriminèl sa a yo Minustah ap mennen nan Site a, se rive fè popilasyon an abandone Site a.
New England Human Rights kondane represyon yo
Yon òganizasyon k ap defann dwa moun ki nan Boston nan Etazini, New England Human Rights, kondane tout zak vyolans lapolis ak Minustah ap fè chak jou nan katye popilè yo. Responsab òganizasyon an, Renaud Josué kritike reyaksyon otorite defakto yo ki ta vle fè kwè se moun nan katye popilè yo ki responsab tout zak vyolans nan kapital la. Li kondane masak ajan PNH yo te fè samdi 4 jen an nan Bèlè, kote yo te touye plis pase 30 moun nan popilasyon an.
Pandan kèk responsab politik, radyo boujwazi yo ap lage responsabilite vyolans yo sou do patizan Lavalas yo, Premye minis defakto a, Gérard Latortue fè konnen se depòte peyi Etazini yo ap voye tounen nan peyi a k ap fè kidnapin ak ensekirite nan peyi a. Reprezantan sekretè jeneral Loni a, Juan Gabriel Valdés, bò kote pa l akize plizyè responsab pati politik k ap planifye atak kriminèl kont PNH ak Minustah.
Kidnapin yo ak ensekirite pou pi rèd nan kapital la
Depi nan mwa me a jiska jen an, ensekirite a ak kidnapin yo pran yon lòt dimansyon, se chak jou nèg ame ap touye moun, kidnape moun anba bouch PNH ak Minustah. Vandredi 3 jen an, nèg yo touye Pierre Amazan, pwopriyetè magazen Elegancia ki nan Pétionvil, nan kafou avyasyon an. Menm jou vandredi a, yo kidnape 2 moun nan sektè prive a, ki genyen orijin arab, ak 4 lòt moun, yon fanmi ki te nan yon machin nan zòn Nazon.
Madi 6 jen an, yo touye yon polisye ki rele Daniel ki te sekirite rapwoche majistra Delma a, Prisca Jean Vilfort, nan zòn Nazon toujou.
Jedi 9 jen, yo touye yon antreprenè ki rele Jean-Paul Medina sou wout ayewopò a.. Menm jou a nan mitan jounen an yon gwo van panik te soufle nan sant kapital la, sou Gran Ri, kote bri t ap kouri y ap vin boule lokal Teleko a, e tout travayè yo te kouri kite lokal la.
Minustah ap mande ransèyman
Chèf misyon Nasyonzini an, Juan Gabriel Valdés fè konnen Minustah ap rete nan peyi a jiskakske yo elimine tout moun ki responsab vyolans òganize a. Pou fè travay sa a, yon bezwen anpil enfòmasyon, se poutèt sa, responsab Civpol, polis sivil Minustah yo anonse jedi 9 jen an yon liy telefonik gratis e konfidansyèl ki rele «Je wè bouch pale», pou siyale tout ka. Telefòn sa a ap rete louvri 24/24 pou resevwa tout apèl.
Asasina 3 ayisyen an Dominikani
Lendi 6 jen an, nan Hatillo Palma nan zòn Montecristi nan Nò Dominikani, yo touye 3 ayisyen e blese 3 lòt. Moun ki mouri yo se: Carline Pierre ki te genyen 42 zan, Belizaire Calixte, 70 zan, e Dalinasse Pierre, 42 zan e pou blese yo dapre lis otorite Montecristi yo te pibliye se: Miguel Pierre, 21 ane, Jeannette Elie ak yon lòt yo pa t rive idantifye l e yon dominiken ki te blese. Daprè yon òganizasyon ki rele Solidarite Fwontalyè, dominiken yo te siprann ayisyen yo pandan yo t ap dòmi.
Ayisyen yo an Repiblik dominikèn ap pase yon move moman anko, kote gouvènman dominiken ap voye ayisyen yo retounen an mas ann Ayiti. Sèlman depi 2 mwa plis pase 5 mil ayisyen deja ekspilse. Nan yon kominike 3 òganizasyon ayisyen, Papda, Ickl ak Andah leve vwa yo pou yo kondane vag depòtasyon yo, e yo di ke gouvènman defakto Alexandre-latortue a pa fè anyen pou fè respekte dwa konpatriyòt nou yo k ap viv an Repiblik dominikèn.
Directè EDH la ap fè manèv?
Direktè jeneral EDH la, Jean Errol Morose eksplike nan yon konferans li te bay jedi 9 jen an plizyè rezon ki fè antrepriz Leta l ap dirije a, pa ka bay zòn metwopolitèn lan kouran. Daprè direktè a, konpayi a te fè yon previzyon pou bay 12zè tan kouran chak jou, tout santral yo kouwè, konpayi Allston, santral Kafou a, Vare ak Pelig te an mezi pou founi yon bon kantite elektrisite, men pa t genyen gaz. Ministè Finans te pran anpil tan pou peye fakti gaz yo pou EDH. Li di malgre genyen dlo pou santral idwoelektrik Pelig la mache, men genyen 2 nan 3 tibin yo ki anpàn. Li di genyen pwoblèm ensekirite a ki frape santral Vare a, konpayi yo pa vle al bay gaz nan zòn lan, anplwaye yo pè al travay. Teknisyen etranje yo pa vle antre nan peyi a pou vin repare materyèl ki an pàn yo. Bayè de fon yo pa vle prete konpayi a lajan poutèt li pa rantab, paske genyen anpil moun k ap boule kouran san yo pa peye. Men li pa di ki dispozisyon l ap pran pou l bay moun kouran. Anfen tout rezon li ta vle fè vale pou gouvènman defakto a kapab privatize konpayi elektrik la!
Defakto yo fè tire sou etidyan yo!
Vandredi 3 jen an, etidyan nan Inivèsite Leta a ak plizyè òganizasyon «sosyete sivil» la ki te nan mouvman GNB anti-Aristide la, te òganize yon manifestasyon devan ministè Komès ak Endistri pou mande gouvènman defakto a bese pri gaz la ak pwodwi premyè nesesite yo. Gouvènman defakto a te voye gwoup polisye CIMO yo al tire sou manfestan yo, etidyan yo te sètoblije kouri al repliye nan fakilte Etnoloji, aprè plizyè nan yo te blese anba bal. Malgre sa yo fè konnen, yo pap fè bak, y ap kontinye ak mouvman yo pou fòse gouvènman defakto a bese kou lavi a.
Yon manifestan te pale konsa: «Yo tire, nou gen moun ki blese, donk tou senpleman paske yo di y ap obeyi lòd boujwazi a ki ansanm ak Gérard Latortue di fòk toujou genyen grangou nan peyi a…»
Plizyè òganizasyon sosyo-pwofesyonèl, sendika, òganizasyon dwa moun denonse plan kriminèl gouvènman defakto a te pare pou manifestan yo vandredi 3 jen an devan lokal ministè a. Yo mande popilasyon an pou yo al patisipe nan lòt sit-in y ap òganize. Vandredi 10 jen an yo te retounen devan lokal ministè Komès yo rele «ministè lavi chè» a, men fwa sa a CIMO yo te kite yo manifeste.
Sitin anplwaye meri a devan ministè Enteryè
Jedi 9 jen an, plizyè dizèn anplwaye vwari, k ap ranmase fatra nan lari Pòtoprens, te òganize yon sitin devan ministè Enteryè ak Kolektivite teritoryal pou fòse gouvènman defakto a peye yo 8 mwa aryere salè. Manifestan yo te lanse anpil pawòl kont majistra Pòtoprens la Carline Simon, yo akize ki bloke chèk yo. «San sèvis vwari, pa ka genyen pwòpte nan lari Pòtoprens». Manifestan yo lanse yon apèl bay gouvènman defakto a pou l panche sou ka yo pou yo kaapab mete yon fen nan pwotestasyon yo.
Butter Metayer mouri
Butter Métayer, frè Amiot Métayer, ki se youn nan asayan yo ki te nan mouvman ame kont prezidan Aristide la, mouri mèkredi 8 jen an aprè yon maladi nan fwa nan vil Gonayiv. Daprè kèk lòt enfòmasyon Guy Philippe ta fè kwè se nan yon pwazon Butter Métayer ta jwenn lanmò l.