8 Juin, 2005

June 8, 2005

Jen 8, 2005
Vol. 23 No. 13

Konplo kont pèp la pap pase !
Pati Popilè Nasyonal (PPN) denonse, ak tout fòs li, dènye masak inite espesyalize nan polis nasyonal la, ankadre pa militè chinwa, fè nan katye popilè Bèlè koumanse vandredi 3 jen an rive dimanch 5 jen 2005 lan. Pou pi piti 25 moun mouri, divès lòt blese e plizyè kay boule. Anpil moun ap mande tèt yo kisa k ap pase nan peyi a? Poukisa tout kidnapin, tout asasina, tout vòl, tout masak sa yo ap fèt nan peyi a? Nan ki bi tout bagay sa yo ap fèt? Ki fòs ki dèyè tout dezòd sa yo?

Pou noumenm nan Pati Popilè Nasyonal nou blije fè yon ti bak sou kilès ki te reyalize kidnapin 29 fevriye 2004 la e nan ki enterè, nan ki objektif?

Depi eleksyon 2000 yo te fin fèt, klas dominant nou an ki gen 2 zèl ladan, laboujwazi ak sektè feyodal la, kidonk makout, atravè reprezantan politik li yo ki vle di pati ou sektè politik ki reprezante l yo tankou pou sektè boujwa a ou jwenn : OPL Edgard Leblanc, KONAKOM Micha Gaillard, PANPRA Serge Gilles, Sosyete Sivil Rosny Desroches la, Gwoup 184 Apaid ak Baker; e pou sektè makout la ou jwenn KID Evans Paul, RDNP Manigat, MDN Deronceray, GREH Himler Rébu, Modereh Dany Toussaint, Prince Pierre Sonson. Sa se reprezantan, nou ka di pi reprezantatif zèl boujwa ak sektè makout la. Se sektè dominant sa yo, ke n te rele alyans makouto/boujwa a ki te mete ansanm pou bloke mas popilè yo e gouvènman Lavalas la ke yon bon pati nan mas popilè yo te fin bay yon lòt manda. Sektè nou sòt pale pi wo yo pa kontan de chwa sa a mas yo fè a e konplo koumanse fè 2 pou 5 pou ranvèse sitiyasyon an. Se konsa, sektè sa yo wè yo pa t gen ase fòs sou teren an pou jete gouvènman Lavalas la yo fè apèl a patwon yo kidonk gouvènman meriken ak fransè. Patwon yo reponn alapèl. Inyon Ewopeyèn lage milyon bay sosyete sivil, Gwoup 184 Apaid ak Baker, IRI lage milyon ba yo tou epitou laboratwa a donk CIA ak Pentagone ame e òganize ansyen militè, ansyen Frap lòtbò fwontyè an Repiblik Dominikèn vin destabilize, vin boule pòs polis, asasine polisye. Se te bra ame opozisyon makouto/boujwa a. Yo fè kont dezòd andedan peyi a e malgre tou, rive 29 fevriye patwon yo meriken ak franse wè bagay la pi konplike ke jan yo te kwè, malgre lajan ak zam yo, vini e kidnape prezidan konstitisyonèl la voye l ann egzil. An menm tan kidnapin nan fèt gen yon 1er fòs okipasyon militè meriken ak fransè ki tabli kò yo nan peyi pou mate mas popilè yo. Etan done fransè yo konnen nan ki peyi yo ye, yo te pran echèk la deja e yo plen pwoblèm lakay yo ak sèten peyi ann Afrik y ap toupizi, yo leve lank. Meriken tou ki pa konn kote pou l mete kò l ann Afganistan ak Irak wè yo pap ka rete nan pongongon sa a leve lank tou. Men yo konnen tou yo pap ka kite klas dominant lokal restavèk yo a pou kont yo, pase yo ta pèdi batay la; yo aranje yo nan Konsèy sekrite Loni e yo di l ap pi bon ke se sòlda nan Amerik Latin nan ki vin okipe e masakre pèp ki nan amerik Latin nan tou.

Men sete byen konte, malkalkile ak mas pèp la. Menm anvan depa merin meriken ak sòlda fransè yo rezistans lan te koumanse ap òganize l e manifestasyon pasifik te ap fèt tribò babò. Donk malgre masak sòlda meriken ak fransè yo te fè tousuit aprè Koudeta a, yo pat stabilize sitiyasyon an ditou e yo rann yo kont yo poko mate yon bon pati nan mas yo k ap mande pou yo respekte vòt yo e mande retou prezidan Aristide. Laboratwa a monte konplo sou konplo. Rive 30 septanm 2004, yo wè gen yon kokenn mobilizasyon pasifik ki pral fèt epi yo vini ak yon swadizan «Operasyon Bagdad» lage sou do baz popilè Fanmi Lavalas yo. E baze sou sa represyon an pral pran yon lòt vitès nan katye popilè yo. An menm tan an tou, yo peze bouton kidnapin, vòl ak vyòl toupatou nan peyi a e yo fè Lavalas pote chay la tou. Yo di se apati Afrik di Sid ke Aristide ap voye lajan bay pou kreye dezòd sa yo. Laboratwa a, pandan l ap ankadre lapolis la ak eleman ki pi represif yo pou fè masak nan katye popilè, enfiltre tou mouvman popilè a pou fè vyòl, vòl sou ti machann e kreye divizyon. Se yon fason pou kouch defavorize yo rele anmwe dèyè Aristide kòmkwa se li ki anpeche moun viv andedan peyi a.

Se menm sitiyasyon sa a, yo te kreye sou Aristide menm, yo te bay anbago ekonomik pou sere senti kouch ki pi vilnerab yo pou yo te rele aba Aristide. Yo te echwe.

Se menm fenomèn sa a yo kreye jounen jodi a, ak plis vyolans ankò. Se konsa nou te wè sektè «184» la te achte konsyans Labanyè e fè l asasine moun Site Solèy yon fason pou divize Site a, ba yo okipasyon antre yo. Apre Labanyè mouri, nou wè Site a kalma ; vin gen yon inite andedan Site a. Bagay sa a bay nèg yo gwo pwoblèm e jounen jodi a gen militè etranje ki kanpe nan rantre Site Solèy, yo ankadre sèten inite spesyalize nan PNH la: yo anpeche chofè Tap Tap rantre nan Site a al travay tanzantan, yo tire sou kay moun. Yo touye yo, blese yo pou fè konprann se gang k ap batay antre yo. Donk, yo sentire Site Solèy, kenbe moun yo andedan an tankou epòk apateid ann Afrik di Sid, tankou yon bantoustan de fason pou moun yo di nou pa kapab ankò aba Aristide. Sa pa janm fèt, donk yon lòt echèk.

Jounen jodi a, kòm nèg yo bezwen fè yon eleksyon/seleksyon. Yo vin ak yon kesyon kat elektoral. Yo wè moun pa ale enskri. Yo sòt wè nan dat 15 - 16 - 17 - 18 Me ki sòt pase a manifestasyon pasifik Pati Popilè Nasyonal ak baz Fanmi Lavalas òganize nan 4 kwen peyi a pou di : yo pap pran kat elektoral pèlen an, yo pa pral nan eleksyon ; fòk prezidan Aristide retounen vin fini manda l. Plim sou do nèg yo kanpe, yo fin dechennen. Yo di fòk yo fini ak mas popilè yo.

Se konsa jou 18 Me 2005 lan, prezidan de fakto a Boniface Alexandre fè konnen yo pral desann nan katye popilè pou yo mete lapè. Touswuit aprè, prezidan Chanm Komès ak Endisktri, kidonk laboujwazi, Réginald Boulos sonnen sonèt lagè a. Li di: «Ekip ki anchaj sekirite nan peyi a, kidonk gouvènman defakto a ak Minustah echwe … » Boulos kontinye pou l rive kote l vle rive a, li di ke: « … sa k pou fè travay la paka fè li, si yo pa ka fè travay yo y ap bay plas la pou lòt moun fè travay la. »

Epi doktè Boulos mande «otorite konsène yo pou yo bay komèsan yo otorizasyon pou yo gen gwo zam pou defann tèt yo…» (Vision 2000, 30 me 2005). Andotretèm, zam nèg yo gentan la, se otorizasyon y ap mande. Talè w ap tande gwoup paramilitè lage nan peyi ap asasine moun.

Aprè deklarasyon doktè Boulos yo se kòm si pou jistifye sa l bezwen an, 31 Me ki sòt pase a, nèg ak zam boule Mache Tèt Bèf. Anpil dega fèt. Plis pase 8 moun mouri, anpil milyon goud disparèt. E depi plizyè semèn, sèten radyo konn ap bay nouvèl pou fè konnen ke gen yon seri endividi ki bezwen boule Mache Tèt Bèf. Poukisa lapolis pa janm fè anyen? Poukisa yo pat ranfòse pòs polis la? Sa se yon ankèt ki pou louvri pou detèmine sa. Men kòm nou konnen, jistis sa a tèlman pouri, ankèt toujou louvri men yo pa janm fèmen.

Donk pou noumenm, sa k pase nan Mache Tèt Bèf la se yon bagay planifye pou jistifye represyon, masak sou mas pèp la. Se yon fason tou pou jistifye ke peyi Dayiti tonbe anba yon pwotektora dirèk Etazini ki ap jwenn sipò Lafrans ak Kanada.

Se konsa, 2 jou apre dife a Premye minis defakto Latòti fè konnen ke « pa rapò ak sa bandi yo fè a yo pral jwenn». Aprè sa, jou ki te vandredi 3 jen an, boujwazi a atravè yon sòt de tribinal boujwa ki monte nan Chanm komès la konvoke jeneral Heleno pou l vini eksplike le kòman, le poukwa li poko kraze mas popilè yo nan katye defavorize yo. Se sa mesye/dam ki jij nan tribinal boujwa sa a bliye yo pa di jeneral Heleno. Yo mete msye sou ban akize kòmkwa li pap fè anyen pou mate pèp sa a. Yo menm di msye ke sòlda l yo resevwa gwo chèk, donk se sa k fè yo chita sou blòk glas yo.

Jeneral Heleno degaje l avè yo. Msye fè konnen li se chèf seksyon militè Minustah, li paka jwe wòl lapolis nan veye mache elatriye. Msye fè konnen gen polisye ak blende ki nan lari a ki pa sou kontwòl li. Msye fè yo konnen li pa prale fè masak nan katye popilè yo. Pase li pa bezwen al devan tribinal entènasyonal pou yo jije l kòm masakrè, elatriye. Malgre sa, Jeneral Heleno pwomèt yo li pral fè kou l konnen pou l ede nan mete sekirite. Donk jeneral la pran nan presyon gran nèg yo. E sonje kèk mwa de sa Heleno te nan peyi li Brezil, e li te fè konnen Lèzetazini ap ba l presyon pou l frape mas popilè yo.

Menm jounen 3 jen sa a, minis defakto Lajistis la Bernard Gousse ki pran nan presyon laboujwazi pou reprime mas pèp la fè konnen: « Gen yon ekip swat etranje ki pral marye avèk ekip swat nou yo, pou nou fè yon gwoup swat miks ki pou kapab reponn de fason rapid … E gen de lòt brigad nou pral mete sou pye pou ke nou kapab frape moun k ap fè dezòd yo. Swa moun yo, yomenm, oubyen zòn kote yo ye a… »

Choz di, choz fèt. Nou tout konnen sa ki pase nan katye Bèlè ant le 3 jen e 5 jen. Plis pase 25 moun mouri, anpil kay boule. E se inosan ki mouri, se pa swadizan «bandi» yo di ki gen zam nan men yo. N ap tou pwofite denonse sòlda chinwa ki t ap bay lapolis bakòp e n ap mande Jeneral Heleno si militè chinwa yo pa sou kont li?

Donk klas gran nèg yo ansanm ak patwon yo meriken ap fè tout kalite bagay pou retire mas yo sou sèn politik la pou yo ka fè eleksyon/seleksyon yo a. Lòt konplo ankò se lè yo wè, jan nou t ap di, pèp la an jeneral, malgre laperèz y ap lage, malgre masak yo pa sòti pou al fè kat elektoral pèlen an : gouvènman defakto ilegal la pran yon dekrè mèkredi ki te 1e jen an, yo mete kat elektoral nasyonal la obligatwa. Donk n ap mande èske gouvènman defakto a ak okipan yo pral arete osnon touye majorite moun nan peyi a paske yo pa pral fè kat pèlen sa a. Tout sa yo fè pou mate rezistans pasifik k ap fèt atravè manifestasyon yo pa mache, donk yo di y ap masakre moun e kòm yo wè jeneral Heleno genlè wè yo bezwen pran l nan yon pyèj, pou fè l pote masak sou do li, Lèzetazini atravè minis Afè etranjè l Condoleezza Rice fè konnen: «Y ap gade pou yo wè si fòs ki sou teren an anfòm pandan eleksyon yo ap pwoche … » Donk se yon pòt ki ouvè pou merin meriken debake vin bay klas dominant yo jarèt pou mate mas defavorize yo, e mete nou sou pwotektora dirèk.

Pati Popilè Nasyonal (PPN) ap mande tout baz popilè yo ouvè je yo. Pa kite yo enfiltre yo epi lè gen dezòd pou yo lage l sou do yo. Se pou gen inite nan mouvman popilè a pou nou di ansanm.

Aba okipasyon, Aba gouvènman defakto Alexandre/Latòti, Aba eleksyon-seleksyon, Aba kat elektoral pèlen, Viv retou lòd konstitisyonèl, Viv retou fizik prezidan Aristide. Konplo a pap pase
Libète ou lanmò

Pou Biwo Politik Pati Popilè Nasyonal (PPN)
Georges Honorat


Nò: Konferans près PPN/Fanmi Lavalas
Nan yon konferans pou laprès lendi 6 jwen nan Okap Fanmi Lavalas ak Pati Popilè Nasyonal (PPN) nan depatman Nò a fikse pozisyon yo sou konjonkti politik la yon lòt fwa ankò. Pòtpawòl Fanmi Lavalas la Jonas Augustin ki te demare konferans lan te denonse zak kriminèl k ap fèt tankou ensandi mache Tèt Bèf nan Pòtoprens semèn pase a kote anpil moun pèdi lavi yo. Daprè Jonas se yon plan byen monte ki pote mak fabrik gouvènman defakto a an konplisite ak kèk peyi tankou Lafrans, Kanada, Etazini k ap chèche jistifye entèvansyon militè sovaj ann Ayiti ki deja okipe. Jonas Augustin te lonje dwèt tou sou boujwa patripòch yo ki ap kontinye toupizi pèp la nan monte produi premyè nesesite yo. Jonas mande mas defavorize yo pou pa bese lèbra devan manèv sa yo e kontinye kenbe flanm mobilizasyon an jiskaske prezidan Aristide retounen pou vinn kontinye rès manda 5 kan li a.

Reprezantan PPN nan Darwin Saint-Julien te denonse masak lapolis ak Minustah fè pandan wikenn 4, 5 jwen an sou popilasyon Bèlè kote yo te asasinen plizyè moun anba bal epi boule plizyè kay moun. Saint Julien te montre aklè zak sa menm jan ak lòt ekzekisyon somè ak pèsekisyon kont patizan Lavalas nan peyi a vize elimine politikman sektè popilè a yon fason pou foure nan gòjèt pèp la yon eleksyon/seleksyon ki pral konsakre pouvwa bay klas dominant yo k ap kontinye eksplwate mas defavorize yo. Responsab PPN nan mande pèp la kontinye mobilize pou fè respekte chwa yo ak retou a lòd konstitisyonèl la sèl mwayen pou ta genyen bon jan eleksyon.

Lapolis Lenbe ap fè pa li
Dimanch 29 me a lapolis nan Lenbe arete san okenn manda militan Lavalas Josué Louis alyas «Dad» ki te blije kite komin nan depi 22 fevriye 2004 pou te chape anba militè asayan Fron rezistans kriminèl la. Nan menm jounen an lapolis te transpòte Dad nan vil Okap kote li te jwenn liberasyon l vè 2 zè nan maten.

Ki lès ki dechèpiye DGI Okap?
Nan lanwuit samdi 4 jwen an volè dechèpiye biwo depatmantal Nò Direksyon General Impo a nan Okap. Sanble jan dega yo fèt, ke se moun ki byen konnen biwo a ki ta fè yo..

Kilès ki dèyè ensekirite a nan peyi a?
Nan fen mwa me a, ensekirite a ak vyolans pran yon nivo san presedan nan peyi a. Madi 31 me a, yon gwoup nèg tire anpil gwo kout zam anba lavil la epi mete dife nan mache Tèt Bèf nan zòn Pòtay Sen Jozèf, nan kapital la. Mache a boule nèt ak tout komès ti machan yo, ki evalye a plizyè milyon goud, plis pase yon dizèn moun kangrennen nan dife a, 7 machin boule devan komisarya polis ki kole ak mache Tèt Bèf la. Tout polisye ki te nan komisarya a te kouri kite l, al kache nan mache a. Tout machann ki t ap vann nan mache Tèt Bèf la lage 2 bra pandye nan lari a, e yo lage responsabilite a sou do gouvènman defakto a, ki pa fè anyen pou ba yo sekirite nan sant vil la.

Menm madi 31 me a, konsil onorè Lafrans la nan Kap Ayisyen, Paul Henri Mourral, ki t ap sikile nan machin li, nan zòn ayewopò Pòtoprens lan te resevwa plizyè bal, e li t al mouri nan lasware nan lopital. Depi lè sa a, se chak jou, kriminèl ap mete santvil la tèt anba ak gwo kout zam otomatik, kote yo touye plizyè moun.

Sitiyasyon ensekirite sa a fè Etazini pran pretèks pou leve yon bon pati nan pèsonèl li k ap travay nan anbasad li. Lafrans bò kote pa l mande resòtisan li yo vijilans ak prekosyon. Direktè jeneral lapolis la, Léon Charles, bo pa li, di lapolis la pa genyen mwayen pou kontrekare aksyon bandi yo. Se moman tou Prezidan Chanm Komès la ak endistri Dayiti (CCIH) Réginald Boulos, mande gouvènman defakto a otorizasyon pou yo achte gwo zam otomatik pou defann antrepriz yo. Plizyè lòt sektè leve vwa yo pou kondane zak ensekirite yo nan peyi a e yo fè konnen se gwoup ki kont prezidan Aristide, sektè prive a, trafikan dwòg yo, eks-militè yo k ap repliye yo nan diferant rejyon peyi a, ak plizyè lòt òganizasyon kriminèl k ap travay pou laboratwa grann puisans lan k ap manipile ensekirite sa a pou anpeche lòd konstitisyonèl la retounen nan peyi a.

Kidnapin ap kontinye
Kidnapin yo kontinye nan kapital la pandan tout fen mwa me a. Madi 31 me, kidnapè yo mete men sou 2 anplwaye yon bank pandan yon jounen ki te trè boulvèse avèk dife nan mache Tè Bèf la. Mèkredi premye jen an, yo anlve direktè Sant Fòmasyon Klasik la (CFC), Jean Gérard Gilbert, nan Pòtoprens. Daprè yon pwòch li, lavi li sanble ta an danje 2 jou apre anlèvman an, yo bay kidnapè yo 15 mil dola, yo panko lage l, yo reklame 200 mil dola pou yo libere l.

Pòtpawòl PNH la, Jessy Cameau Coicou, fè konnen yo anrejistre 32 ka anlèvman nan kapital la pou mwa me a sèlman.

Kilès k ap konplote pou monte pri manje yo?
Depi gouvènman defakto Alexandre-Latortue a monte nan peyi a, Gwoup 184 André Apaid Junior ap dirije a, ki regwoupe tout gwo komèsan yo, ki genyen monopòl pou enpòte manje, gaz, pa sispann ogmante pri pwodwi yo sou do mas pèp la. Aprè gouvènman defakto a te fin monte pri gaz la, pri tout lòt pwodui yo monte tèt nèg. Sou gouvènman Lavalas la nan kòmansman lane 2004 la, yon fanmi ki genyen 5 moun, te bezwen 285 goud pou yo fè yon ti manje, kounye a sou gouvènman defakto a, li bezwen 388 goud pou l fè menm manje sa a pou 5 moun ki nan fanmi an, san konte pri transpò a ki ogmante a 50 pou san.

Minustah tou ap maltrete jounalis
Madi 31 me a, eks-militè yo, gouvènman defakto Alexandre-Latortue a ki fèmen nan akademi polis la te rele laprès pou denonse gouvènman defakto a ki pa respekte pwomès li te fè yo pou l te ba yo lajan yo depi nan mwa desanm 2004. Eks-militè yo te lanse yon iltimatòm bay gouvènman defakto a, pou te di si gouvènman an pa respekte pwomès li, y ap reprann zam yo. Sòlda Minustah yo ki t ap asire sekirite akademi a, te pwente zam yo sou kameraman Tele Ayiti a, Jean Joseph Noneau, kenbe l pandan yon ka dè pou fòse l renmèt yo kasèt li t ap anrejistre konferans lan.

Jounalis la te ba yo yon lòt kasèt, sòlda Minustah yo andomaje kasèt la, lè yo te pote l nan stasyon tele a. Tele Ayiti fè konnen li endiye fas a konpòtman sòlda Minustah yo, li di se yon atent grav a libète laprès e se yon vyolasyon dwa piblik a lenfòmasyon. Se pou sa ke lè yo atake yon lòt jounalis yo ta sanse pwoteste tou, paske lè yon bagay rive vwazen, ou mèt mete bab ou alatranp!

Enstalasyon komisyon dyalòg nasyonal la
Madi 31 me a, prezidan defakto a, Boniface Alexandre te fè envestiti yon komisyon li rele : «Komisyon preparatwa endepandan pou dyalòg nasyonal» nan palè nasyonal. Komisyon sa a genyen ladan l: madanm Dominique Bazin, Max Beauvoir, Gérard Blot, Yves Cadet, Yvon Feuillé, Narcisse Fièvre, Marie Maude Jeune, Volvick Rémy Joseph, Godrock Noël, Edouard Paultre ak Jean Robert Vaval.

Se ansyen evèk Kap-Ayisyen an, François Gaillot k ap dirije komisyon sa a. Daprès Boniface, komisyon sa a genyen 60 jou pou l fè pwomosyon pou dyalòg nasyonal la, atravè tout peyi a e nan peyi etranje yo. Enben yo pral peye tike pou kèk nan moun sa yo al fè touris, yo pral batay pou wè ki lès ki pou pati!

Etazini rapatriye 162 ayisyen
Mèkredi premye jen an, gadkòt Etazini rapatriye 162 ayisyen yo te kenbe nan lanmè Florid nan vandredi 27 me a pandan yo t ap sòti nan Bahamas..

Defakto yo kontinye kenbe moun nan prizon san jijman
Militant politik Lavalas, Annette Auguste alyas Sò An kritike otorite defakto yo ki fèmen l nan prizon pou konviksyon politik li. Sò An ki gen plis pase yon ane depi li fèmen nan prizon fè konnen: «Mwen genyen yon lane la a depi 10 me, poko janm genyen pèsòn moun ki di anyen avè mwen. Sa vle di ke se yon kondanasyon, se yon ekzil ke yo ban mwen nan prizon an». Daprè Sò An, otorite defakto yo pa respekte libète endividyèl jan sa ekri nan konstitisyon peyi Dayiti, yo pase konstitisyon peyi a anba pye yo. Daprè konstitisyon an lè yo arete yon moun, yo fèt pou yo voye l devan jij li, si li jwenn chaj pou li, l ap kondane l, si l pa jwenn chaj pou li, pou l libere l. Rejim defakto a pa respekte prensip sa yo, li kenbe yon bann militan Lavalas nan prizon pou konviksyon politik yo san li pa voye yo devan okenn jij.

Inyon Ewopeyen ap pwomèt san bay?
Pwojè Inyon Ewopeyèn te finanse nan depatman Nòdwès la, poko kapab vrèman demare, malgre anons otorite de fakto yo te fè kote yo te di travay yo ta dwe kòmanse avèk adokinaj 2 kilomèt wout nan Sen Lwi di Nò. Pwogram sa a pa t rive respekte, direktè depatmantal Travo Piblik la, enjenyè Jacky te pote plis eksplikasyon sou orijin blokay sa a. «Inyon Ewopeyèn te dakò pou l finanse pwojè a, men genyen yon etid kontradiktwa pou l prezante, etid topografik, osito ke blan yo fini, se lè sa a Inyon Ewopeyèn avèk lòt pati yo ap mete yo dakò sou prensip la». Pou kounye a popilasyon Nòdwès la genyen gwo dout sou reyalizasyon kèk pwojè sa yo.

Rankont bayè fon yo nan Kanada
16 e 17 jen k ap vini la, bayè de fon yo pral reyini nan Kanada pou evalye sitiyasyon an nan peyi Dayiti depi aprè reyinyon ki te fèt Kayèn nan mwa mas 2005 lan. Se pral yon okazyon pou gouvènman defakto a fè rapò bay kominote entènasyonal la sou plizyè pwojè yo te finanse e sou kantite lajan yo te ba yo pou reyalize kèk pwojè.

Ayiti kapab resevwa yon gwo siklòn
Tout Il Ayiti a kapab resevwa yon gwo siklòn pandan ane 2005 lan, yon siklòn li pa janm konnen depi plis pase 50 lane, daprè previzyon metewolojik yo fè pou rejyon an pandan peryòd siklòn ane sa a ki kòmanse 1e jen k ap fini 30 novanm. Daprè previzyon inivèsite Colorado peyi Etazini genyen ant 12 a 15 tanpèt twopikal, 7 a 9 ouragan, 3 a 5 gwo siklòn k ap genyen van plis pase 175 kilomèt a lè. Donk otorite yo nan 2 pati Il la ta dwe pran tout dispozisyon pou limite dega yo

De Ronceray kandida!
Depi kèk tan pati politik tradisyonèl yo ap òganize kongrè yo pou yo chwazi kandida yo pou pòs prezidan. Nan fen mwa me a, se te Gran fwon sant dwa ki genyen Hubert De Ronceray nan tèt li, ki te òganize kongrè l samdi 28 me a nan Tigwav, kote yo te «chwazi» Hubert De Ronceray kòm kandida alaprezidans.

Mouvman demokratik refòmatè (Modereh) ap miltipliye rasanbleman li yo , l ap prepare l, pou ale nan eleksyon, men li poko chwazi kandida l pou pòs prezidan.