Nòdwès: Sitin kont defakto yo!
Nan okazyon 18 me 2005 lan selil refleksyon baz Fanmi Lavalas yo ki nan vil Pòdpè yo te reyini sou plas Dam lan vè 11zè nan maten pou yon sitin. Depi 9vè tout manm, patizan ak asistan yo te gentan reyini devan katedral la avèk gwo mizik angaje. A 11zè 10 Louissaint Odin Carlos te fè yon priyè kote li te rele Kapwa Lamò, Dessalines, Catherine Flon, Toussaint ak tout lòt konbatan yo leve nan tonbo pou vin ede pèp ayisyen rache drapo peyi a ki twouve l ann otaj anba men blan Minustah. Li te kontinye pou l mande menm espri ki te anime zansèt yo pou yo voye menm espri sa yo vin dechouke kolon nwa yo nan peyi a. Aprè priyè sa a, Appolon Tompe te pran lapawòl pou fè konnen gouvènman defakto yo fè sòti yon dekrè kont kidnapin pandan li bliye site Etazini, Lafrans ak Kanada ki te kòmanse kidnapin nan peyi a, lè yo te rantre nan kay prezidan an epi kidnape li. Li mande fòk gouvènman defakto a tankou : prezidan defakto Boniface Alexandre, ni premye minis defakto a Gérard Latortue ak tout blan yo ta mete tèt yo nan prizon avan yo mete yon lòt moun nan prizon pou kidnapin lan.
Nerlande Maurice te pran lapawòl pou te pale nan non fanm vanyan. Pou mande : tout fanm nan depatman Nòdwès la kale je nou. Paske gouvènman defakto a mete peyi a nan yon okipasyon. Menm jan Catherine Flon te gen anpil kouraj pou l te koud drapo peyi a, se pou tout fanm mobilize pou kreye yon lòt drapo paske drapo sa a kolon nwa yo, trèt yo, lage l anba men blan an ankò pou ka kreye plis ensekirite, vòlè, grangou ak lavi chè nan peyi a.
Réginald Pierre ki se pòtpawòl selil refleksyon baz Fanmi Lavalas te pran lapawòl pou mande tout moun ki sòti nan diferant sektè nan peyi a mobilize. Réginald Pierre te kontinye pou mande Linyon Ewopeyèn nan sispann pran dikte nan men Bush.
Genther Charles ki se manm MPK (Mouvman Peyizan, Kwa Sen Jozèf), te pran mikro a pou di «Fòk nèg kolon nwa yo nan peyi a aprann koute lè granmoun ap pale paske yo te di yo batay pou voye Jean-Bertrand Aristide ale se te batay tou pou antere peyi a, paske se pa prezidan Aristide ki pat bon se sistèm ayisyen an ki pa bon ak mantalite yo ki pa bon. Li te kontinye pou l di, menm si Loni ap fè tout demagoji, blan an konnen byen pa gen eleksyon ki ka fèt anndan peyi a san prezidan Aristide, paske fè eleksyon san prezidan Aristide se yon eleksyon konteste ki pral mete peyi a nan plis lobo, deblozay, batay pou pouvwa ak fè magouy pou okipan yo ka jwenn plis rivalite pou kenbe peyi a ann otaj.»
Pòtpawòl Balewouze a demanti RNDDH ki te NCHR/Ayiti
Pòtpawòl òganizasyon Balewouze a, Hervé Nerystil demanti rimè ki t ap kouri sou sektè ki trè pwòch gouvènman defakto a ki ta fè kwè Yvon Neptune t al pase lòd pou fè masak sou pèp la nan Saint-Marc nan mwa fevriye 2004. Li di tout moun konnen se yon gro mansonj ki genyen yon objectif politik kache dèyè l pou elimine Yvon Neptune. Nan mwa fevriye 2004 la, Yvon Neptune te tou senpleman al Saint-Marc pou l te konstate asasina ak tout lòt ekzaksyon asayan yo te fè nan vil la, lè yo te kraze komisarya polis vil Saint-Marc la. Nerystil fè konnen rankont premye minis lan te fè avèk responsab yon komisarya te dewoule sou zye jounalis etranje e li te ba yo yon entèvyou. Pòtpawòl Balewouze a denonse otorite defakto yo ki pa pran okenn mezi kont bandi ki te asasinen plizyè manm ak patizan Fanmi Lavalas, lè yo te fin tòtire yo epi trennen yo nan lari aprè kidnapin Prezidan Aristide. Li di imaj yo disponib paske manm RAMIKOS yo, bra ame ansyen opozisyon te filme sèn tèrè sa yo.
Lapolis ak minustah fè menas sou yon jounalis
Kevin Pina, yon jounalis Nò-ameriken denonse menas ajan PNH yo ak sòlda MINISTAH yo te fè sou li poutèt li filme ajan PNH yo ki te genyen kagoul nan manifestasyon pasifik patizan fanmi lavalas yo te òganize mèkredi 18 me a. Li di se polisye Swat Team ki te menase pou yo arete l. Li fè konnen pratik pote kagoul la se yon bagay ki chaje ak konfizyon, paske lè polisye a pote kagoul la, pa genyen moun ki kapab idantifye l. Li denonse presyon sòlda MINUSTAH yo te fè sou li, pou l remèt kasèt repòtaj li a, jan de pratik sa kontrè ak pozisyon ofisyèl responsab MINUSTAH ki te fè kwè yo an favè libète dekspresyon ak laprès nan peyi a. Kameraman lan konfime ajan PNH yo te touye 2 manifestan 28 fevriye a nan Bèlè e 5 manifestan nan Kriswa nan 2 gro manifestasyon pasifik militan lavalas te òganize.«Mwen genyen prèv kriyote ak mank pwofesyonalis ajan inite espesyalize PNH la.»
Yon kou kasasyon k ap depale...
Nan kòmansman mwa me 2005 lan, kou kasasyon pran yon arè kote li anile jijman pwosè masak Raboto ki te fèt nan Gonaïves nan mwa novanm 2000 epi li pase lòd pou libere tout kondane yo. Pami yo nou jwenn : Louis J. Chamblain, Jean Tatoune, Castra Cena Fils ki te masakre popilasyon Raboto pandan peryòd koudeta militè1991 lan.
Ansyen minis jistis la, mèt Camille Leblanc ki te reyaji sou desizyon kou kasasyon an fè konnen, se menm kou kasasyon sa a prezidan defakto ki la kounye, Boniface Alexandre ki t ap dirije a pran yon arè pou rekonèt validite tribinal ki te fè jijman moun ki te akize nan masak Raboto a. Daprè Camille Leblanc, jij yo nan kou kasasyon prèt pou di prezidan defakto ki la kounye pa genyen konpetans: «Eske la kou kasasyon jodi a, la kou kasasyon ki la a se yon bann enkonpetan, sa vle di prezidan repiblik nou genyen la se yon enkonpetan.»
Mèt Mario Joseph anonse li pral prezante yon rekèt devan kou kasasyon pou l konteste arè sa a.
Selebrasyon jounen nasyonal anseyan
Mardi 17 me a, se te jounen nasyonal anseyan yo. Minis defakto edikasyon nasyonal la Pierre Buteau te rann anseyan yo yon omaj pou kontribisyon li di yo pote nan fòmasyon sitwayen yo. Sendika anseyan kouwè Inyon Nasyonal Nòmalyen (UNNOH), Konfederasyon Nasyonal Edikatè Ayisyen (CNEH) ak Inyon Nasyonal Enstititè Ayisyen yo, (UNIH) denonse yomenm gouvènman defakto Buteau a ki vin mete klou sou abse popilasyon an, lè li monte pri gaz la ak pwodui premyè nesesite yo.
Pou Fréderic Lavaud, sekretè jeneral CNEH, se omaj ipokrit Pierre Buteau voye bay anseyan yo, paske li pa fè anyen pou amelyore sitiyasyon yo depi plis pase yon ane nan tèt ministè a. Sekretè jeneral UNNOH a, Josué Merilien bò kote pa l, fè konnen anseyan yo pa menm kapab satisfè bezwen elemantè paske se yon salè mizè yo genyen. Li mande elèv, paran ak anseyan yo pou yo rete mobilize e patisipe nan tout aktivite yo ap fè pou fòse otorite defakto yo satisfè revandikasyon popilasyon an ki se desann pri gaz la. Jan Mérilien te zele pou li ranvèse gouvènman konstitisyonèl la, defakto yo te dwe rekonpanse li!
Pa gen demokrasi nan inivèsite Paquiot a!
Fèt drapo ane sa a te selebre nan yon konfizyon total. Gouvènman defakto a te òganize seremoni tradisyonèl yon nan Akayè. Presidan defakto a Alexandre Boniface nan mesaj li te delivre te di li pra l retabli la pè nan kapital la. Li anonse yo deja pran tout dispozisyon pou mete fen nan tout aksyon nèg ame yo ak nan katye popilè yo kou wè Site Solèy, Bèlè elatriye.
Etidyan bò kote pa yo te òganize yon semèn aktivite nan fakilte agronomi a. Visrektè inivèsite Deta a, Wilson Laleau te li yon mesaj rektè inivèsite a te voye, kote rektè Paquiot mande etidyan yo pou yo pa antre nan jwèt de divizyon politik yo.
Etidyan yo bò kote pa yo, fè konnen dirijan inivèsite Leta a pa satisfè anyen, yo pa janm lanse refòm inivèsite a ki te chwal batay yo nan mouvman GNB. Etidyan yo di li klè kou dlo kokoye, dirijan UEH ap travay pou satisfè ti enterè mesken. «Pa genyen demokrasi nan inivèsite leta a, pi fò dirijan nonmen tèt yo avi». Eleksyon pa janm fèt nan plizyè fakilte pou renouvle manda plizyè dwayen kouwè: Fakilte de dwa, fakilte etnoloji ak lekòl nòmal siperyè kote manda dwayen yo genyen plis pase 2 zan depi yo fini.
Patrick Elie lanse yon SOS anfavè Yvon Neptune
Jedi 19 me a, militan dwa moun, Patrick Elie lanse yon kri dalam an favè premye minis Yvon Neptune ki nan trè movè eta nan anèks penitansye a. Yvon Neptune antame dezyèm mwa grèv de fen pou fòse otorite defakto yo libere l. Patrick Elie di li kwè tout moun konnen trè byen akizasyon yo lage sou do Yvon Neptune la pa fonde, se manti y ap fè sou li pou yo ka detui l. Li mande popilasyon ayisyèn mobilize pou pa kite Yvon Neptune mouri nan prizon. «Se pa sèlman lavi Yvon Neptune ki an danje, men lavni e estabilite peyi a.»
Li kontinye pou l di lanmò Yvon Neptune pral genyen yon konsekans trè grav sou lavni peyi a.
Gradyasyon pwomosyon PNH
16zyèm pwomosyon Polis Nasyonal ki genyen 368 ajan, te gradye nan 17 me a nan akademi polis la. Seremoni sa a te dewoule an prezans prezidan defakto a, Boniface Alexandre, Premye minis defakto a Gerard Latortue ak kèk reprezantan kominote entènasyonal la. Efektif polis nasyonal la ki se 4 mil ta dwe pase a 6 mil avan fen ane 2005 lan. Genyen yon lòt pwomosyon ki pral antre pou pran fòmasyon a pati dimanch 22 me 2005 lan.
OPL/Nò ap denonse!
Kòdonatè OPL nan Nò peyi a, pastè Milton Chery denonse jou 17 me a yon seri pèsekisyon politik li di manm pati li a ap sibi nan rejyon an. Plizyè manm pati a (OPL) ta twouve yo nan mawon. Pastè Milton Chery denonse yon sektè li di ki vle kontrole pou kont li tout aparèy jidisyè yo nan depatman an, men li te refize site non sektè sa a. OPL se yon pati ki te nan konvèjans demokratik la, ki te nan mouvman GNB a e ki te genyen yon bra ame kont prezidan Aristde. Donc GNB ap goumen ant yo nan depatman Nò a pou gato a ki pa byen separe.
Avoka yo te fete patron yo
Ane sa a batonye lòd avoka yo te òganize plizyè aktivite nan kad komemorasyon fèt Saint-Yves ki se patron yo. Lendi 16 me a, yo te louvri yon semèn aktivite nan palè jistis kouwè, animasyon mizikal, ekspozisyon penti, konferans sou tèm; «Nasyon souverènte nasyonal e prezans fòs etranjè». Pou te klotire semèn avoka a, yo te fè chante yon mès jedi 19 me epi yon dine a Taras. Jedi 19 me a, yon lòt seremoni te dewoule nan palè jistis nan pòtoprens an prezans prezidan defakto a, Boniface Alexandre, Premye minis defakto a, Gérard Latortue e minis jistis defakto a, Bernard Gousse. Batonye putchis lòd avoka a, Gervais Charles te pwofite pou l defann aparèy jidisyè k ap resevwa gwo kritik nan men kominote entènasyonal la, yon aparèy jidisyè k ap ankouraje enpinite lè premye enstans nan aparèy ki se lakoukasasyon pran desizyon pou l kase yon jijman ki te fèt an bòn e difòm sou dosye masak Raboto a kote lame FRAPH la te touye plizyè moun.
Ensekirite nan Pò Mago
Lendi 9 me a 10zè di swa yon machin ki te genyen 4 nèg ladan l antre nan yon kay ti bouk Pò Mago pran yon mesye yo rele Joseph e tire l nan lakou kay li menm, apre yo te fin maltrete lòt fanmiy li ki nan kay la. Aprè yo vire do yo ale san yo pa menm jwenn replik paske zòn nan pa gen lapolis ladan l. Fanmiy li mande jistis paske se tout tan ka sa yo ap repete nan zòn nan san otorite yo pa janm di anyen.
Inondasyon nan Pò Mago
Gwo lapli k ap tonbe depi 2 semènn nan Pò Mago pote ale prèske tout sa moun yo te plante e pran plis pase 5 kay ak zannimo gadè yo. Mete tout peyizan yo nan tèt cho sitou ak kesyon kominyon, egzamen Leta yo e rès lajan ane skolè a. Sa fè peyizan yo mande konkou Leta ak ONG yo pou yo ka sekouri yo tou suit paske vi yo an danje pou mwa jen sa a k ap vini la.
Arestasyon yon prezime bandi
Vandredi 20 me 2005 lan a 8tè nan maten lapolis nan Pò Mago arete yon sèten Kiki nan bouk la menm pandan li t ap pran machin pou l ale Baye, apre yo ale lakay li nan fè fouy yo trouve 2 zam: yon 38 silansye epui yon tchagon. Lè yo fini yo ale nan komisarya a san yo pat gen okenn jij de pè akonpanye yo.
Nòt pou Laprès
18 me 1803 - 18 me 2005 se te yon jou konsa lè ero Ayiti yo te deside retire fon blan nan mitan ble e wouj la pou te kite koulè ble e wouj la sèlman e te batay pou chase tout blan je vèt nan peyi a. Kounye a 202 zan apre yon ti gwoup raketè politichen ak gwo peyi yo ki se espesyalman Etazini, Kanada, Frans mete drapo a ann otaj pou yo ka defann enterè pèsonèl yo. Vin fè peyi a okipe pa 35 peyi parazit pou pipiti san nou pa mete sa k ap kache men dèyè voye wòch. Se sak fè noumenm nan PPN nan Pò Mago nou mande depa gouvènman defakto Alexandre/Latortue ak tout akolit li yo ki se tonton l, blan je vèt e retou a lòd konstitisyonèl nan peyi a pou respè pou drapo a e peyi Desalin lan.
Militan Lavalas yo òganize yon tribinal popilè
Semèn pase a, militan Lavalas yo te òganize yon tribinal popilè devan legliz Pèpetyèl la, nan katye popilè Bèlè, nan kad yon seri aktivite y ap fè pou denonse masak ak arestasyon abitrè lapolis ak Minustah ap fè nan katye popilè yo. Plizyè paran viktim te vin depoze plent sou tribin lan kont otorite defakto yo e yo te pwofite pou yo mande jistis pou fanmi yo ki disparèt pou konviksyon politik yo. Madan Jimmy Charles te pote plent kont lapolis ki te arete Jimmy Charles, mennen l nan komisarya antigang, e ke lapolis pran l al touye. Li te dekouvri kadav la krible ak 11 twou katouch e.
Plizyè lòt viktim te denonse Gwoup 184 Apaid la k ap marinen tout sòt konplo ak gouvènman defakto Alexandre-Latortue a pou touye pitit pèp la nan katye popilè yo. Patisipan yo mande tou retou prezidan Aristide san kondisyon.
GARR kritike gouvènman defakto a
Kòdonatris Gwoup dapui pou rapatriye ak refijye yo (GARR), Colette Lespinasse kritike zak gouvènman prezidan dominiken an Leonel Fernandez ap fè sou ayisyen yo e karaktè rasis depòtasyon yo. Li fè konnen se pa sèlman ayisyen y ap depòte men se tout moun ki genyen koulè nwa, se yon mezi politik rasis, ki kont tout ayisyen. Daprè Colette Lespinasse, gouvènman defakto Alexandre-Latortue pa fè anyen pou pote èd bay konpatriyòt nou yo sou fwontyè a.
Jean Robert Simonise fè konnen se yon vyolasyon masiv dwa ayisyen yo e se yon jès dostilite a lega Repiblik Dayiti. Li di fòk reprezantan diplomatik ayisyèn lan leve pye l pou l fè yo tande vwa l pou l defann enterè konpatriyòt nou yo an Repiblik Dominikèn.
Lajistis pa gen kay nan depatman Sant lan
Madi 24 me a, plizyè abitan nan depatman Sant lan leve vwa yo pou yo denonse blokay aparèy jidisyè a nan depatman an. Depi aprè kidnapin prezidan Aristide la 29 fevriye 2004 la, sitiyasyon lajistis la vin anpire. Prizon yo ak tout lòt biwo Leta yo asayan yo te detwi nan mouvman GNB kont prezidan Aristide la, pa janm rekonstwi.
Dwayen tribinal premyè enstans Mibalè a, Nady Garçon deplore absans mwayen polisye ki kantonen nan komisarya nan rejyon an ak anplwaye tribinal yo. Sitiyasyon sa a fasilite bandi yo poze tout sòt zak malonèt, paske pa genyen anyen pou kontrekare yo. Dwayen an di: «Se entolerab lè l ap asiste ak enpuisans tout dezòd sa a yo». Li mande gouvènman defakto pran kèk dispozisyon rapid pou korije sitiyasyon sa a.
2 jèn denonse lapolis
Samdi 7 me a, ajan inite espesyalize polis nasyonal la te arete 5 moun nan zòn Sanfil, pami yo 2 jèn, sou akizasyon moun sa yo ta enplike nan kidnapin nan kapital la. Direksyon santral polis jidisyè a te sètoblije libere 5 moun sa yo 17 me an. 2 jèn sa yo, Jonette Délira ak Kerby Nacius denonse move trètman yo te sibi anba men polisye yo nan moman yo t ap arete yo lakay yo e yo fè konnen lapolis pa t di poukisa yo te arete yo, se sèlman nan yon konferans pou laprès, pòtpawòl lapolis la, Jessy Cameau-Coicou te bay yon jou aprè te di se pou kidnapin. Jonette Délira ak Kerby Nacius kritike konpòtman otorite defakto yo, yo mande yo respekte jèn yo nan peyi a. Yo mande reparasyon ak jistis pou domaj yo sibi nan men polisye yo ki te maltrete yo.
Inivèsitè yo kritike pozisyon LaFrans sou kestyon Restitisyon an!
Pwofesè Hérold Toussaint ak yon gwoup etidyan an kominikasyon sosyal, nan Fakilte Syans Imèn (FACSH) kritike madi 24 me a, pozisyon gouvènman franse a sou kestyon Ayiti a. Pozisyon sa a ki te eksprime nan yon rapò ofisyèl, yon ekip ekriven Régis Debray t ap dirije, e ke yo te fè sòti nan lane 2004 epi yo te ekzamine nan yon konferans-deba nan bibliyotèk FACSH la, kote plizyè etidyan ak pwofesè te patisipe. Hérold Toussaint ki t ap entèwoje rapò sa a, di se yon «akt politik», li di dokiman sa a drese yon bilan ki pa klè sou eksperyans ayisyèn lan. Rapò Debray a voye jete byen lwen demand prezidan Aristide te fè pou mande remèt Ayiti lajan Lafrans te pran pou endepandans lan. Hérold Toussaint fè konnen lidè politik ak ekonomik yo pa janm reyaji kont pozisyon fransè yo.
Louis Jodel Chamblain toujou nan prizon
Ansyen nimewo 2 gwoup paramilitè FRAPH, Louis Jodel Chamblain toujou rete nan prizon, malgre tout deklarasyon avoka li, Stanley Gaston te fè, ki te fè kwè kliyan li a pral libere aprè Kou Kasasyon a te pran responsabilite anile jijman pwosè masak Raboto a nan vil Gonayiv. Louis Jodel Chamblain ak lòt ansyen responsab band paramilitè e eks-militè Fòs ame Dayiti yo te kondane dèyè do yo nan yon jijman ki te fèt nan mwa novanm 2000 pou patisipasyon yo nan masak Raboto a kote ki te genyen plizyè dizèn moun ki te mouri 22 avril 1994 sou koudeta militè kont prezidan Aristide la. Daprè enfòmasyon k ap sikile nan peyi a, avoka Chamblain an Stanley Gaston sanble ta pati kite peyi a.
Asiz kriminèl nan vil Okay
Asiz kriminèl san asistans jiri yo te kòmanse nan vil Okay madi 24 me a. Nan premye seyans lan, tribinal la te tande 4 ka, pami yo, ka yon polisye ki rele Max Sony Philistin yo akize ki te vyole yon jèn fi nan lane 2003. Daprè komisè gouvènman Okay la, Eugène Hyacinthe, polisye sa a genyen lòt akizasyon sou do l nan Pòtoprens. Responsab jistis Okay yo anonse asiz kriminèl avèk jiri yo pral kòmanse 11 jiyè pou fini 23 jiyè.
Lapolis di li sezi yon bann zam nan Sèvis Plis
Anplwaye konpayi transpò Sèvis Plis te mobilize sou lakou konpayi a vandredi 20 me a pou denonse move pratik nouvo direktè jeneral Sèvis Plis, kidonk GNBis Joseph Montès, gouvènman defakto Alexandre-Latortue fèk nonmen an ki mete yon gwoup nèg ak gwo zam fann fwa pou kontwole konpayi a. Yo di yo te sètoblije rele lapolis pou vin gade sa k ap pase nan konpayi a, yo pa bezwen bandi, se teknisyen yo bezwen. 18 me an lapolis te debake nan konpayi a, arete 4 moun e sezi plizyè zam san papye ak plizyè lòt materyèl. Pami moun lapolis te arete yo genyen yon sèten Claubert Louis-Jeune ki te fè tèt li pase pou ajan sekirite konpayi a, ki pa t genyen okenn pou idantifye l. Komisè prensipal komisarya ayewopò a, Carl-Henry Boucher te prezante rapò operasyon an ki montre ajan PNH yo te sezi zam sa yo: 3 fizi M-1, 3 fizi 12, 3 revòlvè ak yon grenad a fragmantasyon akonpaye plizyè lòt materyèl.
Pòtpawòl PNH la, Jessy Cameau-Coicou konfime ke polisye te debake nan konpayi Sèvis Plis, e yo dekouvri yon kachèt zam de gè. Li di yo pral louvri yon ankèt sou dosye sa a.
Sitiyasyon an vin klè kou dlo kokoye kounye a, se pa nan katye popilè yo ki genyen bandi jan Jessy Cameau Coucoi toujou ap di a, se pito andedan gouvènman defakto a ak kèk pati politik ki chaje ak bandi ki genyen gwo zam lagè k ap mache touye pitit pèp la nan katye popilè yo.
Konfli PNH ak Minustah!
Pòtpawòl PNH la, Jessy Cameau-Coicou kritike Minustah ki pa t pote konkou li bay ajan PNH yo ki te an difikilte nan katye popilè Bèlè dimanch 22 me an. Jessy Cameau-Coicou fè konnen ajan PNH yo t al mennen yon operasyon nan zòn Bèlè, pou yo te kapab reprann machin yon ajan 3, ki rele Elton Ambroise nèg ak zam te kidnape nan ri Deneri e yo t al touye nan zòn Bèlè. Daprè Jessy Cameau Coicou, polisye yo te mande Minustah pou mete sekirite nan zòn lan, nan moman operasyon an, Minustah pa t fè sa. Li te tou pwofite denonse sèten pratik ki genyen andedan Minustah a. Lè polisye yo te rive nan zòn lan, yo te pran nan yon anbiskad kote yon polisye jwenn lanmò li e plizyè lòt blese.
Minustah bò kote pa l voye jete akizzasyon pòtpawòl PNH la, Jessy Cameau-Coicou yo. Li di li pa janm refize kolabore avèk PNH, men sou ensidan Bèlè a, PNH te enfòme yo sèlman nan moman yo te deja angaje operasyon an; kote ajan PNH yo te twouve yo an difikilte nan operasyon an e yo te bezwen yon asistans rapid. Minustah di li pa t pran tan pou l te pote konkou bay PNH, men lè l te rive sou plas, li te jwenn 3 sivil blese ke PNH pa t ranmase, e li te kouri lopital ak yo, genyen youn ki mouri nan wout.
Kabinè enstriksyon Saint-Marc sou dosye LaSiri a
Nan dènye semèn mwa me an, jij denstriksyon Saint Marc la Cluny Pierre Jules, ki chaje de ankèt sou dosye LaSiri a te tande plizyè moun ki ta enplike nan dosye sa a. Pami yo, genyen : Amanus Mayette, Jocelerme Privert e Yvon Neptune, li tande tou kòm temwen Ronald Saint-Jean, responsab Gwoup defans prizonye politik yo (GDP). Aprè odisyon sa a, pòtpawòl GDP a, Ronald Saint-Jean di li genyen konfyans prizonye politik yo pral jwenn liberasyon yo, espesyalman Yvon Neptune ki genyen plis pase yon mwa depi l ap fè yon grèv lafen pou fòse otorite defakto yo libere l paske lajistis pa jwenn okenn chaj kont li. Se NCHR/Ayiti ki chanje non l kounye a, ki vinn rele Rezo nasyonal defans dwa moun (RNDDH) atravè responsab li Pierre Espérance ki te akize Premye minis Yvon Neptune nan swadizan masak LaSiri, poutèt li t al konstate dega asayan mouvman GNB yo te fè nan komisarya ak lòt biwo Leta yo nan vil Saint Marc nan mwa fevriye 2004 avan kidnapin prezidan Jean Bertrand Aristide la.
Sinistre Fon Verèt ap tann toujou!
23 me 2005 lan fè yon ane depi yon gwo inondasyon te frape yon bon pati nan depatman Sidès la, nan zòn Fon Verèt ak Mapou ki lakoz plizyè santèn moun te jwenn lanmò yo. Oganizasyon nan zòn lan te fè plizyè aktivite pou make dat sa a, yo denonse gouvènman defakto Alexandre-Latortue a ki pa pran responsabilite l fas a katastwòf sa a, li pa respekte angajman li te pran pou rekonstwi vil Fon Verèt. Yon ane aprè popilason an kontinye ap dòmi nan lari, pa janm genyen yon responsab Leta ki pran desizyon pou konstwi kay pou yo. Oganizasyon yo lanse yon apèl bay tout sektè nasyonal ak entènasyonal pou pote èd yo bay popilasyon an pou yo pa finn disparèt.
Minis Anviwonman gouvènman defakto a, Yves André Wainright fè konnen se kounye a etid yo fin fèt pou yo ka wè ki kote yo pral mete vil Fon Verèt, Leta rete pou l deklare yon pati nan zòn lan ditilite piblik yon fason pou tout moun ki enterese kapab pote konkou yo bay viktim yo nan Fon Verèt. Men sa pa dwe anpeche yo pote sekou bay moun yo paske tan pou vil sa a rebati, sinistre yo ap gentan fin mouri!
Tomazo: Yon jij depè ap vann lajistis
Antoine Louis, alyas Toto, 40 tan, ki se yon ansyen depòte ki sòti nan peyi Etazini jwenn liberasyon li nan men majistra komin Tomazo a Sergo Chauvin. Lapolis te arete Antoine Louis poutèt li te vyole yon pitit fi li Nadeige Louis, ki genyen 16 zan.
Se 6 mil dola Ayisyen, majistra Sergo Chauvin te pran lan men Antoine pou l te lage l nan prizon. Popilasyon an te fache anpil jouk yo te pran lari, manifeste kont zak malonèt jij Chauvin k ap pase lajistis anba pye lan Tomazo. Yo mande pou jijdepè sa a ki se youn nan majistra yo rache manyòk li bay meri a blanch, se poutètsa popilasyon an fèmen pòt lameri a annatandan yon nouvo majistra. Sepandan, lòt majistra Michel Jean te deklare limenm, li pa okouran sou tout sa k ap pase nan bouk Tomazo. Premye mè a, Jean Evariste Felix te fè n konnen : wi se laverite jij la ap vann lajistis nan Tomazo, kote lè yon moun gen rezon li pase l anba pye. Pou ilistre sa, premye mè te di nou, gen yon granmoun 70 zan, jij la mete nan prizon apre granmoun lan te fin separe yon goumen ant 2 timoun ki t ap batay, men twouve gen youn nan timoun yo tèt li kase, poutètsa jij la mete granmoun lan nan prizon epi li mande l se peye pou l peye l pou l kapab libere li.
Jean Ristil