Kongrèsman Kendrik Meek mande liberasyon Neptune
Lendi 16 me a, Kendrik Meek, yon kongrèsman etazinyen ki te fè yon ti vizit nan kapital la, pou l te evalye sitiyasyon dwa moun sou rejim defakto Alexandre-Latortue a te rankontre Premye minis Yvon Neptune ki prèske genyen yon lane depi l fèmen nan prizon. Daprè Kendrik Meek kominote entènasyonal la genyen anpil enkyetid sou eta sante Yvon Neptune k ap fin deteryore avèk yon grèv grangou l ap fè depi yon mwa pou l fòse otorite defakto yo libere l. «Ed kominote entènasyonal la konn bay Ayiti kapab bloke, si Premye minis Yvon Neptune pa jwenn liberasyon l.»
Kongrèsman demokrat la denonse vyolasyon dwa moun ki trè grav sou rejim defakto a: «Si yo kontinye ap vyole dwa moun, kominote entènasyonal la ka pa debloke lajan an favè Ayiti.» Kendrik Meek mande gouvènman defakto a mete yon fren nan tout kalte vyolasyon dwa moun nan peyi a kote se li ki responsab yo.
ANC reklame retou Aristid
Vandredi 13 me an, Kongrè Nasyonal Afriken (ANC) mande tout Sid Afriken yo ak tout lòt pèp nan lemond antye pou yo mete ansanm avek pèp ayisyen an pou yo lite an favè retou stabilite, eta de dwa e demokrasi nan peyi Dayiti, avèk retou prezidan Jean Bertrand Aritide e tout ekzile politik yo. ANC fè konnen sitiyasyon pèp ayisyen an fin degrade depi kidnapin prezidan Aristide la 29 fevriye 2004; yon sitiyasyon de non-dwa ap devlope nan peyi a kote yo kenbe Premye minis Yvon Neptune nan prizon, malgre eta sante l ap vin pi grav chak jou. Daprè ANC, ni merin Etazini yo ni sòlda Nasyonzini yo pa rive mete lòd ak lapè nan peyi a aprè plis pase yon lane. ANC mande Etazini ak ONU pou fòse gouvènman defakto a pran dispozisyon sa yo: Dezame tout group ame yo, libere Yvon Neptune ak tout lòt prizonye politik yo ki pa genyen chaj sou do yo, etabli lòd konstitisyonèl la ann Ayiti, kreye kondisyon pou Aristide ak ekzile politik yo retounen e òganizasyon eleksyon demokratik, lib.
Nò: PPN ak Fanmi Lavalas alavangad mobilizasyon pou lonè drapo nou
Nan okazyon 202 lane kreyasyon drapo nasyonal ble ak wouj la Pati Popilè Nasyonal (PPN) ak Fanmi Lavalas nan depatman Nò, menm jan nan lòt depatman ak nan dyaspora pat rete endiferan nan kontèks okipasyon maske kas ble restavèk peyi enperyalis yo. Soti 15 pou rive 17 me plizyè aktivite te reyalize nan diferan komin nan depatman an. Dimanch 15 me a sou laplas Sent Woz nan Gran Rivyè, plizyè santèn militan Fanmi Lavalas ak PPN te rasanble nan yon sitin pou di non ak okipasyon epi ekzije respè konstitisyon an ak retou prezidan Aristide. Yonn nan responsab Fanmi Lavalas nan depatman Nò a, Jonas Augustin ki te kòmanse ak seyans animasyon yo te denonse kidnapin gwo peyi sousèt yo tankou Lafrans, Lèzetazini ak Kanada fè sou prezidan Aristide 29 fevriye 2004, pwòp lane endepandans nou. Jonas te fè konnen ke Fanmi Lavalas pa prèt pou patisipe nan okenn eleksyon si gouvènman defakto a pa libere prizonye politik Lavalas yo tankou Yvon Neptune, Sò Ann, Rubens Charles (Bebeto), elt… epi tou ekzije retou fizik prezidan Aristide. Lamartine Colo, yonn nan dirijan PPN nan Gran Rivyè nan diskou li te bay fè yon bout rale sou drapo nou an ak lit kont okipasyon pèp ayisyen an angaje.
Lamartine te denonse tou manèv gouvènman defakto Alexandre/Latortue ap fè pou koke nan gòjèt moun yon eleksyon/seleksyon pou ta eseye legalize kidnapin kont Aristide la. Lamartine Colo mande pèp la pou kenbe flanbo mobilizasyon an pou fè respekte dwa granmoun nou. Mobilizasyon sa ki te kòmanse vè 11zè nan maten te fini vè 2zè aprè midi san okenn ensidan.
Aktivite Fanmi Lavalas, PPN yo ta pral kontinye nan Lenbe lendi 16 me ak yon gwo manifestasyon nan lari vil sa kote plizyè milye manm Fanmi Lavalas, PPN, patizan ak senpatizan t ap defile ak yon sèl kri: «Aba okipasyon, aba kidnapin 29 fevriye yo, viv retou prezidan Aristide nan peyi a.» Manifestan yo te denonse tou ekzaksyon lapolis Lenbe ap fè sou popilasyon an kote sa gen kèk mwa yonn nan polisye ki kantone nan vil la te touye ak kout zam yon jèn gason vè 4trè apre midi anba je tout moun nan katye popilè «Nan Fouwo». Sa lakoz anpil eslogan piman bouk t ap lanse kont responsab lapolis Lenbe yo. Manifestasyon popilè sa yon lòt fwa te fini san okenn ensidan sou laplas Sen Pyè.
Seri mobilizasyon PPN ak fanmi Lavalas pou komemore anivèsè drapo nou an ta pral klotire nan vil Okap ak yon kokenn chenn manifestasyon kote dè milye e dè milye moun te pran lari toujou sou yon sèl modòd: «Aba okipasyon, aba kidnapin kont Aristide, viv retou ak lòd konstitisyonèl la.» Tankou tout lòt mobilizasyon yo manifestasyon Okap la te fini san okenn ensidan sou laplas «Notre-Dame» la kote diferan dirijan Fanmi Lavalas ak PPN te pran lapawòl. Philoclès St. Fleur yonn nan dirijan Fanmi Lavalas nan Okap te resite yon priyè senbolik kote l te mande Bondye lamou ak lajistis pou modi tout dirijan zagoloray peyi enperyalis tankou Georges W. Bush, Paul Martin, Jacques Chirac ki finanse koudeta-kidnapin kont prezidan Aristide la. Augustin Jonas yon lòt dirijan Fanmi Lavalas te lonje dwèt sou Lafrans ke l di se prensipal lotè zak kidnapin kont prezidan Aristide. Jonas Augustin ki egzije retou prezidan Aristide san pèdi tan mande gouvènman defakto pou libere prizonye politik Lavalas epi pou kite pouvwa a prese prese. Michel Adrien yon responsab depatmantal PPN nan Nò te lanse mesaj final mobilizasyon yo ke n ap parèt avè l lòt semèn.