Gouvènman defakto a toujou ap tòtire Yvon Neptune
Premye minis gouvènman Lavalas la, Yvon Neptune ap kontinye grèv lafen an nan kay yo pran pou fè yon anèks Penitansye Nasyonal la. Yvon Neptune ki fèmen ilegalman nan prizon depi mwa jen 2004, sou akizasyon NCHR genyen prèske yon mwa depi l rekòmanse grèv lafen an. Plizyè sektè nasyonal e entènasyonal leve vwa yo pou mande liberasyon Yvon Neptune prese prese. Menm Komisyon entèamerikèn dwa moun (CIDH) fè konnen li genyen anpil tèt chaje sou eta sante Yvon Neptune k ap agrave chak jou. Li di li ekri gouvènman defakto plizyè lèt pou l mande l sou ki baz jiridik li kenbe Yvon Neptune nan prizon, men lèt sa yo rete san repons.
Arestasyon 4 moun nan Kap Ayisyen
Sibtiti komisè Kap Ayisyen an, Eddy Fortuné anonse lapolis arete 4 moun ki ta enplike nan kidnaping nan vil la: Brenel Pierre, Jacob Pierre, François Dolens ki limenm se yon polisye nan komisarya Beladè e Chrisma Théodor. Komisè gouvènman fè konnen genyen 4 lòt lapolis ap chache, ki genyen manda dèyè yo.
Kidnaping kontinye nan kapital la
Malgre dispozisyon otorite defakto di yo pran, kidnapè yo toujou ap boule devan je Minustah ak PNH. Madi 10 me yo kidnape omwens 3 moun nan kapital la: Madam Noëlle Féquière, responsab yon magazen ak 2 lòt. N ap raple ke semèn pase a, lapolis te arete yon dizèn moun pou kidnaping, e pami yo yon manm Fwon rezistans Guy Philippe ap dirije a, Francel Jasmin ki se yon anplwaye ministè Enteryè. Lapolis te jwenn lakay li: zam, plizyè plak ofisyèl, plak lapolis, materyèl pou fè fo kat didantite ak plizyè lòt materyèl. Sekretè jeneral fwon an Guy Philippe fè konnen Francel Jasmin se manm Fwon an vrèman, men li deja remèt dosye a bay avoka l.
Arestasyon nan Tigwav
Madi 3 me a, lapolis ak lajistis te mennen yon operasyon nan premyè seksyon Tigwav, nan lokalite Vye Chodyè, kote yo te arete 5 prezime bandi, sezi 3 sak mariwana ak 2 zam kreyòl. 5 moun yo arete yo se: Yonèl Marc, Mario Joseph, Jean Philippe Métil, Yolène Nancy ak Solage Saint-Lot.
Gouvènman defakto a pa vle bese pri gaz la
Platfòm sendika transpò ayisyen yo denonse fason gouvènman defakto a ak kèk sendikalis te marinen yon konplo pou monte pri kous machin yo, san yo pa konsilte okenn responsab òganizasyon sendikal. Pòtpawòl Platfòm lan Lafortune Gilvert fè konnen yo pral antreprann yon seri mobilizasyon pou fòse gouvènman defakto a retounen sou desizyon li pou monte pri gaz la. «Yo fikse pri pi fò sikwi nan Pòtoprens san panse ak sikwi ki nan pwovens yo, alò yo kite chofè yo ak pasaje yo nan chirepit, yo fikse pri tout machin yo san nou pa konnen ki espesyalis yo te pran pou kontwole kantite kilomèt chak sikwi genyen e konbyen galon gaz y ap boule.» Plizyè òganizasyon te pote solidarite bay sendikalis yo k ap goumen pou fòse defakto yo desann pri gaz la e yo te òganize yon sitin devan ministè Komès ak Endistri a nan vandredi 13 me a.
Dominikani ak Etazini ap kontinye voye Ayisyen yo retounen
Aprè yon ensidan ki te pase nan zòn Monte Cristi nan Nòdwès Sen Domeng, y ap pèsekite tout ayisyen yo jwenn nan zòn lan. Gouvènman dominiken pwofite okazyon sa a pou relanse pi rèd voye Ayisyen tounen. Depi 9 me a, otorite dominiken yo pase lòd pou yo voye plis pase 400 ayisyen retounen ann Ayiti. Daprè jeneral Caceres, tout ayisyen yo jwenn nan lari y ap entèpele yo epi voye yo tounen ann Ayiti.
Gwoup apui a rapatriye e refijye yo (GARR), kondane presyon dominiken yo ap fè sou Ayisyen k ap viv nan rejyon Monte Cristi. GARR mande pou limyè fèt nan sitiyasyon sa a, pou yo ka pini koupab yo a pou viktim yo jwenn reparasyon.
Yon lòt kote, jedi 12 me a, imigrasyon Etazini voye 116 refijye ayisyen retounen.
EDH ap pwomèt kouran!
Minis Travo piblik tranpò e kominikasyon, Fritz Adrien fè konnen Elektrisite Deta Dayiti (EDH) ap bay 12 zè de tan kouran chak jou e li di se Leta Ayisyen ki toujou achte gaz pou EDH. Men tout popilasyon an konstate se kèk minit kouran EDH toujou bay chak jou yon fason pou yo ka fè kontè yo balanse, pou yo ka jistifye gwo lajan y ap fè abone yo peye chak mwa.
Yon lòt kote, jedi 5 me a, responsab EDH yo te rankontre otorite lokal Miragwàn , Grangwav ak Tigwav yo pou enfòme yo otorite defakto yo pa deside renouvle kontra Leta Ayisyen te siyen avèk konpayi Sogener k ap pran fen nan mwa septanm 2005 e pou l mete yo okouran de dispozisyon y ap pran pou popilasyon kontinye jwenn kouran.
Yon tranbleman tè nan peyi a
Mèkredi 11 me a, vè 9 vè di swa, yon tranbleman tè de 4,1 degre pandan kèk segond te sekwe Pòtoprens ak kèk vil pwovens yo. Sa te koupe elektrisite nan plizyè katye nan kapital la, e sistèm telephonik lan tou. Direktè jeneral EDH la, Jean Errol Morose fè konnen tranbleman de tè sa a te andomaje plizyè poto ak lòt materyèl konpayi a, sitou nan zòn Kafou Fèy.
Ansyen militè yo ap fè grèv lafen
Madi 10 me a, plizyè ansyen militè ki te okipe kay Prezidan Aristide lan nan Taba, antame yon grèv lafen pou fòse otorite gouvènman defakto a respekte pwogram reyensèsyon sosyal yo te fè pou yo. Kòdonatè biwo jesyon militè demobilize yo, Jacques Jeudi mande ansyen militè yo pou yo chanje estrateji pou rantre nan pwogram DDR ki se dezameman, demobilizasyon ak reyensèsyon.
NCHR/Ayiti chanje non san chanje metye?
Kowalisyon nasyonal pou dwa Ayisyen yo (NCHR) branch Ayiti chanje non l apati 10 me 2005 pou rele kounye a «Rezo nasyonal defans dwa moun» (RNDDH). Sa pap chanje vokasyon li ki se sèvi kom fo òganism defans dwa moun.
Margarette Fortune kenbe Latortue nan manti!
Kòdonatris asosyasyon nasyonal fanm viktim koperativ yo kritike gouvènman defakto a k ap fè demagoji nan kestyon dedomajman sosyetè viktim kooperativ yo. Li di Premye minis defakto a, Gerard Latortue te pran angajman piblik pou l te satisfè revandikasyon yo pou remèt yo lajan yo te pèdi nan koperativ ki te fè fayit yo. Margarette Fortuné deklare: «Gouvènman an mete yon komisyon kanpe depi 23 mas 2004, kote ke komisyon an ta sipoze ramase dosye sosyetè yo pou fè chèk yo sòti. Se sa premye minis Gérard Latortue te di nou.» Men depi lè a anyen!
GNBis yo envante yon nouvo fòmasyon
Plizyè pati politik ak kèk òganizasyon nan sosyete sivil la, ki te nan mouvman GNB a kont prezidan Aristide mete kanpe yon lòt fòm de mouvman ki rele « Kòdinasyon nasyonal yon gran mouvman sitwayen.» Nan yon nòt yo te mete deyò 9 me a, pati politik sa a yo tankou: Pati Fizyon sosyal demokrat yo, Gran Fwon sant dwa, Gwoup 184, inisyativ sitwayen (IC), Konvansyon inite demokratik (KID), Oganizasyon pèp an lit (OPL), Mouvman rekonstriksyon Nasyonal (MRN) e Mouvman kretyen pou yon nouvèl Ayiti (MOCHRENAH) fè konnen objektif mouvman sa a se konbat enpinite ak ensekirite nan peyi Dayiti : « Blok sa a endispasab fas a detrès popilasyon an, degradasyon enstitisyon peyi a e efondreman otorite Leta a.» Yo fin fè konplo yo epi yo konprann y ap vin maske pèp la!
Deklarasyon pou Laprès Pati Popilè Nasyonal
Pati Popilè Nasyonal (PPN) salye e remèsye tout jounalis ki reponn prezan nan konferans sa a, nou rele, pou : fè yon mizopwen sou yon lis pati politik ministè defakto Lajistis, Bernard Gousse mete deyò pou fè konnen ki pati ki anrejistre e ke yo rekonèt. Pou nou pale sou fèt drapo 18 Me ki pwente la a ; e pou fè konnen kisa PPN ap fè jounen sa yo.
Nan finisman semèn 13 Me a, nou wè ministè defakto Jistis ak sekirite piblik mete yon lis 73 pati politik yo di ki anrejistre e ke yo rekonèt. An pasan prèske tout pati politik sa yo pa gen 5 moun ladan yo. Nan lis sa a, nou pa wè Pati Popilè Nasyonal (PPN) ki anrejistre nòmalman depi 29 jiyè 1999. Donk n ap di mèt Gousse deboure tiwa ministè a pou l jwenn ke PPN se yon Pati legal nan peyi Dayiti. Answit, sa n ta di sou kesyon sa a : nou twouve se yon ironi ke yon gouvènman tout jan ou vire l ki ilegal, pou twouve se yo k ap di kilès ki legal kilès ki pa legal.
Premyèman nan Konstitisyon 1987 la, nan pren okenn kote ki di gen dwa gen koudeta / kidnapin ki fèt sou yon gouvènman konstitisyonèl. Nan pren okenn kote nan Konstitisyon 1987 la ki prevwa koze tankou Konsèy Saj / Komisyon tripatit elatriye. Yon seri bagay gouvènman Bouch la fabrike atravè anbasad li nan Pòtoprens. Gouvènman Bouch la deside kareman depi l pa renmen yon gouvènman li fè sa l rele : « Regime change » sa vle di li sabote, li destabilize e li ranvèse gouvènman sa a byennan tandi atravè Konze li gen sou teren an. Men m si nou ta ale nan lojik absid pou n ta di Prezidan konstitisyonèl pa la, donk pou yo ta aplike Konstitisyon an : fòk ta gen eleksyon ki fèt nan 90 jou. Donk, tout jan ou vire gouvènman sa a ki la a, li ilegal. Alòs li pa plase ditou pou l ap di sa k legal s ak pa legal. Pou n fèmen dosye sa a, n ap di minis de fakto Lajistis la : « Oungan ba w pwen an, men li pa voye w monte kokoye ak soulye, ni dòmi nan kafou… »
Pou kesyon komemorasyon drapo nou an : 18 Me 2005 ki pwente la a fè 202 lane depi zansèt nou yo Dessalines, Catherine Flon elatriye te ban nou drapo ble e wouj la 18 Me 1803 nan lakou Archaie. Drapo sa a te vle di Endepandans, Diyite, Libète.
18 Me 2003 pandan nou t ap komemore 200 lane drapo a, gen yon ti gwoup apatrid, ki nan Gwoup «184» Apaid ak Baker, Sosyete sivil Rosny Deroches, Konvèjans Victor Benoit, Evans Paul (K-Plim), Micha Gaillard, Paul Denis, Hubert de Ronceray ak yon ekip swadizan «entelektyèl» tankou Magalie Comeau Denis, Lionel Touillot elatriye, se sa n te rele alyans Makouto/Boujwa a te resevwa gwo lajan nan men Inyon Ewopeyèn, nan men IRI, epi bra ame yo ki te an Repiblik dominikèn te jwenn antrennman nan men CIA pou te destabilize peyi a ak gouvènman konstitisyonèl la, dèske gouvènman Lavalas la te mande ansyen pisans kolonyal la Lafrans restitisyon ak reparasyon pou n te komemore 200 lane lendepandans nou nan diyite ak fyète 1er Janvye 2004 la.
Rive 29 fevriye 2004 la Lèzetazini ak Lafrans te rive fè koudeta/kidnapin lan avèk koutmen apatrid nou sòt site pi wo a te fin ba yo. Se sa k fè n wè apre ranvèsman prezidan Aristid Lafrans te bay entèlektyèl sa yo pri Konze a poutèt yo te fè yon bon travay nan lane 2004 la e rele yo pou vin okipe peyi a yon lòt fwa ankò. Nou wè, se menm ti gwoup sa yo ki pran peyi a ak drapo nou ann otaj la, ki mennen okipasyon peyi a, ki fè jodi a pèp la pa konn kote pou l mete kò l ak kidnapin, lavichè, represyon sèten gwoup andedan polis la ak Minustah ap fè e ki vle fè eleksyon andedan peyi a.
N ap redi pèp la chita sou blòk glas li, pa ale fè kat elektoral dijitalize pèlen an.
Jounen jodi a pou 18 Me k ap vini la a, aprè ti gwoup opòtinis sa yo ansanm ak patwon yo ansyen pisans kolonyal yo fin pran drapo nou an ann otaj fòk pèp ayisyen leve kanpe pou n drese drapo peyi nou, pou n fè yon dezyèm endepandans.
Se pousa Pati Popilè Nasyonal (PPN) ak Baz Fanmi Lavalas rele manifestasyon pasifik men aktiv nan Lenbe, Okap, Nòdès, e sipòte gwo manifestasyon Baz Popilè yo ap fè jou k ap 18 Me a nan Pòtoprens pou n di :
Aba Okipasyon
Aba gouvènman defakto Alexandre/Latòti a
Aba eleksyon/seleksyon
E egzije: Retou alòd konstitisyonèl kidonk retou fizik prezidan Aristid
Libète ou lanmò
Pou Biwo Politik PPN
Georges Honorat
Pòtoprens 16 Me 2005