11 Mai, 2005

May 11, 2005

11 Me, 2005
Vol. 23 No. 9

Yon vanyan gason pral mouri! (Un vaillant homme va mourir)

Fanmi Lavalas pral chante dèy paske nan yon ti bout
tan tou kout peyi Dayiti pral antereYvon Neptune ki
te Pwemye Minis sou Prezidan Aristide avan kou deta 29
fevriye 2004 la.

Nasyonzini ki di li la pou l mete lapè nan peyi Dayiti
ap konte jou avèk panzouist 29 fevriye yo pou yo mete
Yvon Neptune ak demokrasi anba tè pou tou tan gen tan.
Fanmi Lavalas tris anpil pou l wè nan gwo 21yèm
syèk sa se gwo ponyèt ak bayonèt k ap triyonfe sou
rezon avèk dwa moun.

Fanmi Lavalas ap pouse yon dènye rèl bay tout demokrat
sou tout planèt la pou yo di yon dènye mo pou Yvon
Neptune.

Yvon Neptune se te pitit pèp ayisyen an, men tou se te
zanmi limanite. Li te renonse ak vi sosyal e
pwofesyonèl li pou l te ede konstwi yon espas kote
pwogrè ak libète te kab boujonen pou pèp ayisyen ki
sou wout libète ak demen miyò depi 200 zan.

Nan moman trajik sa Fanmi Lavalas ap adrese l ak
premye sitwayen peyi ki pi pisan nan mond jodi a,
Prezidan George W. Bush pou l di nan non bondye tande
kri madanm ak pitit Yvon Neptune yo. Nan non prensip
libète ak demokrasi ou te jire pou te defan nan
eleksyon ki sòt pase nan peyi Etazini, sove lavi yon
pitit bondye ki pral mouri paske moun ki pa kwè nan
demokrasi ak jistis deside lanmò l.

Lè ou va tounen nan wayom bondye ou kwè nan li a la di
ou mèsi paske ou te sove lavi li lè mechan te kondane
li pou li te mouri.

Jonas Petit
Reprezantan Nasyonal a.i. de Fanmi Lavalas


Jounen mondyal libète laprès
Madi 3 me an, se te selebrasyon 15zyèm Jounen mondyal libète laprès. Nan okazyon sa a plizyè aktivite te fèt. Chak enstitisyon ki okipe yo de laprès te fè pwòp bilan pa yo. Reprezantan sekrektè jeneral Loni ann Ayiti, Juan Gabriel Valdés, nan mesaj Kofi Annan lan, deplore pou sèlman ane 2004 la, genyen 56 jounalis ki jwenn lanmò nan lemond, pandan y ap fè travay yo, 19 lòt disparèt e 124 fèmen nan prizon.

Sekretè jeneral Asosiyasyon jounalis ayisyen,Guyler C. Delva ki t ap patisipe nan yon deba Minustah te òganize nan lotel Ritz Kinam II, te denonse diskriminasyon ki genyen nan laprès ann Ayiti kont yon bon kouch nan popilasyon an. Delva te denonse moman difisil laprès la ap pase jodi a nan peyi Dayiti, sou rejim defakto Alexandre-Latortue a. Li te denonse tout yon seri ekzaksyon y ap fè sou jounalis, kote y ap touye, atake, menase, sezi materyèl travay jounalis yo, kouwè jounalis Abdias Jean lapolis te touye pandan li t ap fè travay li nan yon katye popilè nan kapital la, Vilaj de Dieu ; Robenson Laraque sòlda Minustah yo te touye nan lokal estasyon radyo li t ap travay nan vil Tigwav, kote jiska prezan menm sòlda sa yo kontinye ap pèsekite fanmi Laraque yo nan vil la. Delva te site lòt ka, kote lapolis te konfiske materyèl travay yo kouwè materyèl jounalis Radio Megastar ak Radyo-Tele Ginen. Lòt jounalis ki t ap patisipe nan deba sa a, denonse movè trètman yo ap sibi anba men kèk patwon laprès nan peyi a.

Nan okazyon Jounen sa a, yon nouvo òganizasyon pran nesans, se «Obsèvatwa libète laprès, etik ak deyontoloji» (OLPED) e responsab òganizasyon sa a, se Belmondo Dengay.

Selebrasyon Premye Me
Premye Me ki se fèt agrikilti ak travay te pase preske san two gran aktivite ane sa a nan kapitall a, e se kout zam ki t ap tire nan sant vil la e ki te paralize tout aktivite yo. Prezidan defakto a, Boniface Alexandre, te fè diskou pou fè konnen se sèl yon aksyon konsète kominote entènasyonal la ki kapab ede yo rezoud gwo povrete k ap ravaje peyi a jounen jodi a, avèk plizyè lòt kouwè: delenkans, vyolans, maladi, chomaj elatriye.

Nan Pòtoprens, kout zam te gaye fwa gouvènman defakto a te òganize sou Channmas la tou prè palè nasyonal pou Premye Me a. Tout moun t ap kouri lè gwo rafal kout zam otomatik t ap tire, e plizyè moun blese.

Nan Plato Santral, fèt la te pase san okenn aktivite, peyizan yo nan rejyon an kritike otorite defakto yo ki pa fè anyen pou yo nan yon moman kote sechrès ap fin detwi tout plantasyon yo nan depatman an.

Lapolis ouvri zam sou manifestasyon Lavalas
Mèkredi 27 avril la, militan Lavalas yo nan kapital la te òganize yon gwo manifestasyon kote plizyè santèn milye moun te pran lari pou mande: liberasyon tout prizonye politik yo, pou gouvènman defakto a sispann pèsekite pitit pèp la, sispann tout pèsekisyon politik patizan Lavalas yo epi retou fizik prezidan Jean Bertrand Aristide sou pouvwa pou l fini fè rès manda pèp la te ba li a. Lè manifestasyon pasifik sa a te rive zòn Kriswa pou al debouche sou wout Bourdon an, lapolis te ouvè kout zam sou manifestan yo, touye 5 ladan yo e blese plizyè lòt.

Nan aprè midi te genyen yon gwo panik nan plizyè katye nan kapital la, gwo rafal zam t ap tire. Magazen te fèmen pòt yo, ti machan yo te kouri ranmase bagay yo. Se chak jou kounye a genyen panik akoz kout zam k ap tire nan kapital la.

Blakawout la pi rèd
Depi USAID te fin anonse li kanpe sou sibvansyon li te konn bay rejim defakto a pou l achte gaz pou EDH, depi mwa fevriye an, peyi a tonbe anba yon blakawout li pa t janm konnen avan. Genyen katye nan kapital la ki pase plis pase yon semèn san pa janm genyen kouran. Pandanstan sa a bandi yo pwofite blakawout la pou yo atake kèk sitwayen nan zòn sa yo. Genyen kèk lòt katye EDH bay kouran pandan youn ou 2 minit jis pou fè kontè yo fè yon ti mache pou yo jistifye lajan y ap fè abone yo peye chak mwa.

Pou l te jistifye blakawout la nan peyi a, direktè jeneral EDH la, Jean Hérold Morose fè konnen se lapli pa tonbe pou fè santral idwolik la mache, ak komand gaz yo fè ki poko rive. Direktè jeneral konpayi INHASA, Boisson, youn nan konpayi k ap founi EDH gaz, fè konnen yo deja bay EDH yon milyon 800 mil galon gaz ki reprezante 80% nan gaz yo te genyen pou yo bay EDH ki ta pèmèt li bay 9 a 10zè tan kouran chak jou. Ki kote gaz sa a pase?

PAM lanse yon nouvo pwogram
Jedi 5 me a, Pwogram Alimantè Mondyal (PAM), ki se yon branch nan Nasyonzini, te lanse yon nouvo pwogram ki rele: «Entèvansyon pwolonje pou sekou ak redresman» (IPSR) an Ayiti. Pwogram sa a k ap genyen pou bay 550 mil ayisyen manje, an grann pati fanm ak timoun ap dire 2 lane. .

Gouvènman defakto a vle fin touye Neptune
Mèkredi 4 me a, responsab dwa moun nan Minustah, Thierry Faggart fè konnen lajistis ap bay Yvon Neptune yon trètman ki ilegal depi nan kòmansman afè a. Minis Jistis ak sekirite piblik defakto a, Bernard Gousse kouri reyaji sou deklarasyon sa a, pou l di l gade bagay yo yon lòt jan. Li jistifye pozisyon gouvènman defakto a ki kenbe Yvon Neptune nan prizon de fason ilegal e abitrè san okenn chaj. Gouvènman defakto a ap fè presyon sou Yvon Neptune swadizan pou l al pran swen an Repiblik dominkèn. Neptune tanmen yon grèv grangou pou fòse otorite lajistis defakto yo libere l san kondisyon.

Youn ane apre, Mapou toujou ap tann!
Derisier Renault, dirijan Oganizasyon peyizan pou devlopman Mapou, yon seksyon kominal nan depatman Sidès la, denonse otorite defakto yo ki pa fè anyen pou soulaje mizè plizyè fanmi sinistre anba inondasyon ki te ravaje lokalite Mapou e ki te touye plis pase yon santèn moun nan lokalite a, ane pase a. Dérisier Renault, denonse delege depatmantal Sidès la Margareth Martin ki abandone popilasyon an, k ap dòmi jiskounye a anba yon seri ti tant, malgre gwo lajan ak èd entènasyonal ki te sanse debloke an favè yo.

Gouvènman defakto a pran dekrè kont kidnaping
Mèkredi 4 me a, gouvènman defakto a pran yon dekrè pou ògmante kondanasyon responsab kidnaping yo. Daprè dekrè a tout moun yo ta kenbe nan kidnaping ap kondane travay fòse apèpetuite. Pou kisa yo pa tou eseye aplike pèn ki egziste deja nan lalwa?

Povrete sou fwontyè a
Jedi 28 avril la, yo te òganize yon seyans nan lotèl Montana sou yon pwojè transfwontalyè pou Ayiti ak Repiblik dominikèn. Se Linyon ewopeyèn k ap asire finansman pwojè sa avkèk yon montan 45 milyon ewo. Sa parèt anpil lajan, men ou pa janm wè rezilta tout gwo pwojè sa yo.

Wout Wozo-Jeremi pa pwoblèm defakto yo!
Gwo lapli ki te tonbe nan mwa avril la fouye anpil twou nan wout Wozo, Kafou Chal, jis rive Bomon ak Dichiti. Direktè depatmantal ministè Travo piblik transpò ak kominikasyon (TPTC), Paul Chéry fè konnen li deja fè anpil demach bò kote responsab yo nan ministè a sou diferan pwoblèm wout ki genyen nan depatman an. Li voye rapò ba yo, responsab yo pa janm fè suivi yo, menm frè de fonksyonman yo pa ba li pou l fè direksyon depatmantal la fonksyone. Paul Chéry voye yon apèl bay direktè jeneral TPTC a Evelt Eveillard ak kòdonatè depatmantal yo Rode Toussaint epi gouvènman defakto Alexandre-Latortue a pou yo wè kisa yo kapab fè pouretire Grandans nan izolman sa a.

Espay mande kont
Espay fè konnen li pral rekonsidere patisipasyon l nan fòs okipasyon Loni an ann Ayiti, si kominote entènasyonal la pa kenbe angajman finansye li pwomèt li t ap bay pou rekonstri peyi sa a ki pi pòv nan kontinan ameriken an. Se minis Espayòl Defans lan José Bono ki te anonse sa a kote li presize ke kominote entènasyonal la te pwomèt 700 milyon dola, li bay sèlman 300 milyon. Minustah ki genyen 20 peyi ladan l avèk 8 mil 572 moun, pami yo: 6 mil militè, 1400 polisye, 359 sivil etranje e 800 ayisyen. Espay genyen 215 sòlda nan fòs la.

Kreyasyon yon federasyon òganizasyon timoun nan lari
Mèkredi 4 me an, 4 òganizasyon k ap travay ak timoun nan lari yo, lanse nan lotèl Le Plaza, yon federasyon ki rele: «Federasyon timoun ak jèn k ap aji pou byennèt ak entegrasyon yo» (FETJABEN). Pami òganizasyon ki nan federasyon an genyen: Solidarite fanm pou yon lavi miyò (SOFALAM), Solidarite jèn Bredi (SOJEB) ki chita nan Kafou Fèy, Asosiyasyon timoun ak jèn Petyonvil, ASOTJEPEDS e Timoun bon sitwayen (Tèt ansanm timoun jodi pou bon sitwayen demen) ki chita nan sant vil la. Pou yo te reyalize pwojè sa a yo te jwenn api Unicef. Federasyon an bay tèt li misyon pou l goumen pou fè respekte e pwoteje dwa tout timoun nan peyi a, l ap kreye aktivite pou fè pwomosyon timoun yo ak jèn.