Minustah ap fè masak nan Site Solèy!
Depi aprè lanmò Labanyè nan Site Solèy, Minustah fèmen tout antre nan gwo bidonvil sa kote santèn milye moun ap viv, ak konntenè, gwo cha blende. Se pou nou raple ke Labanyè se te moun pa yo ak Laboujwazi e se te limenm ki t ap teworize moun yo pou yo nan Site a.
Konsa nan yon operasyon Minustah te mennen ak lapolis (PNH) nan wikenn 16-17 avril la, yo touye pou pipiti 20 moun nan Site a. Pòtpawol militè fòs okipasyon an, kolonèl bouwo maroken yo rele Boulbars Elouafi limenm li konfime twoup li yo touye 20 moun. Chèf li jeneral Augusto Heleno, bò kote pa l, fè konnen ke genyen 2 ajan PNH ki te blese nan operasyon sa a.
Pòtpawòl militan Fanmi Lavalas yo nan Site Solèy, René Momplaisir, fè konnen sòlda Minustah yo ak ajan PNH yo touye ant 20 a 25 moun, de moun ki pa menm nan okenn aktivite politik. «Se de moun ki pa konprann si Minustah se yon fòs dokipasyon, epi yo gen dwa wè cha a, yo pa gen pwoblèm pou yo pase pre cha a, epi Minustah limenm nan ajenda pa li se asasinen moun, li louvri katouch, se de moun konsa ki viktim. Pa egzanp, nan zòn Belekou, gen yon pastè, pandan msye ap priye, blan yo louvri katouch, cha blan yo tire msye, li mouri anndan legliz la ak bib li nan men l. Nan zòn Boston gen 3 ou 4 malerèz ki ta pral achte, blan Minustah yo tire tou ba sou moun yo, yo pran bal epi yo mouri.»
René Momplaisir raple tou ke Fanmi Lavalas pa pral nan eleksyon toutotan prezidan Aristide pa retounen nan peyi a, e ke y ap rete mobilize jiskase lòd konstitisyonèl la retounen nan peyi a. Li anonse 2 gwo kokenn chenn manifestasyon nan Site a pou lendi 25 e madi 26 avril pou mande: depa fòs okipasyon an ki se Minustah; depa gouvènman defakto Alexandre-Latortue a, liberasyon tout prizonye politik Fanmi Lavalas yo, epi yon fwa ankò retou fizik prezidan Jean Bertrand Aristide san kondisyon nan peyi a.
Yon lòt kote militan Lavalas Bèlè yo kondane zak vyolans sòlda Minustah yo ak ajan PNH yo ap fè sou mas pèp la nan Site Solèy. Yo te òganize yon gwo manifestasyon an solidarite ak popilasyon Site Solèy, mèkredi 20 avril, pou mande Minustah ranpli misyon Konsèy sekirite Loni an te ba li, sispann touye pitit pèp la.
Kidnapin pran chenn
Depi kèk tan kidnapin ak volè machin se san rete chak jou nan kapital la. Medya yo anonse plizyè ka kidnapin, pami yo nou jwenn yon pwofesè lekòl ki rele Boucicault, vis-dwayen Institut des hautes études commerciales et économiques (IHECE), Prosper Jean Charles, ki genyen 75 lane, 4 lòt moun pami yo 2 timoun ki genyen 3 zan, ki nan kindègadenn. Tout moun sa yo te jwenn liberasyon yo aprè yo te fin bay yon bon kou lajan. Genyen plizyè lòt ka kidnapin ki rete sekrè, kote paran yo prefere negosye ak kidnapè yo san bri san kont. Pandanstan Minustah ak Lapolis se moun nan Site Solèy y ap kraze, men yo pa asire okenn sekirirte.
Popilasyon an pa dakò ak nouvo tarif transpò yo
Desizyon gouvènman defakto a pou monte pri gaz la e aprè kèk semèn li monte pri kous machin yo nan zòn metwopolitèn la genyen gwo konsekans sou popilasyon an. Plizyè kategori moun tankou: ouvriye, ti machann, chomè, etidyan, elèv, ti anplwaye, etc. denonse desizyon sa a e yo fè konnen ogmantasyon priz gaz la pral genyen yon enpak imedya sou pri pwodwi premyè nesesite yo e sa pral fè lavi a ap vin mil fwa pi chè nan peyi a.
Popilasyon Lagonav la ap rele anmwe pou pri machin ak bato nan il la. Konsa pri bato a motè Ansagalè/Karyès ki te 75 goud pase a 100 goud, pri machin ki te 200 goud pase a 250 goud. Sitiyasyon sa a fè anpil bouch louvri ant kapitèn bato, chofè yo ak pasaje yo. Popilasyon an fè konnen gouvènman Lavalas la te konn sibvansyone pri gaz la pou soulaje mizè popilasyon an, men gouvènman defakto a pa fè anyen pou soulaje mizè mas pèp la.
Minustah meprize GNBis yo!
Lendi 18 avril la, nan lasware, sòlda Minustah yo maltrete delege depatmantal Latibonit la, Elie Cantave, ki se reprezantan pouvwa defakto a nan depatman an, avèk 3 dirijan Fwon pou rekonstriksyon nasyonal (FRN) pandan yo t ap fè yon fouy nan Gonaïves. Elie Cantave fè konnen ke li te idantifye li kòm reprezantan pouvwa defakto a, e sòlda Minustah yo pa t okipe yo de sa e yo te fè l kouche atè; li di yo imilye l li denonse sa. Prezidan Fwon an li menm Butter Metayer ki te ansanm ak delege a te sibi menm sò a, e li di li santi li imilye tou fas a konpòtman sòlda Minustah yo. Si w wè Minustah a ke menm patizan gouvènman defakto a li trete yo konsa, ou pa bezwen mande pou yon lòt!
Tigwav: Manifestasyon elèv kont Minustah
Elèv lekòl Tigwav yo te òganize 3 jounen manifestasyon lendi 18, madi 19 ak mèkredi 20 avril la pou mande depa gouvènman defakto a, ak fòs okipasyon an yo akize ki te touye jounalis Robenson Laraque nan vil Tigwav. Sòlda Minustah yo te touye jounalis radyo Kontak la, Robenson Laraque pandan yo t al mete eks-militè yo deyò nan komisarya polis vil Tigwav la. Popilasyon an ak paran Robenson Laraque pa t janm sispann mande jistis ak reparasyon nan men gouvènman defakto a. Daprè enfòmasyon k ap sikile nan vil Tigwav, gouvènman defakto a sanble ta debloke 275 mil goud ki ta dwe separe konsa: 75 mil goud pou lantèman jounalis la, 100 mil goud pou paran defen an e 100 mil goud pou responsab radyo Kontak. Men elèv yo fè konnen gouvènman defakto a pa respekte manm fanmi jounalis la, e yo te pran lari, fèmen pòt plizye biwo Leta nan vil la, kouwè Direksyon jeneral enpo ak Elektrisite Dayiti.
Kolonèl mawoken an, Elouafi Boulbars, te nan tèt yon delegasyon Minustah, ki te ale nan vil Tigwav madi 19 avril la pou te eseye fè demagoji, men sa pa t mache. Mèkredi 20 avril la, gouvènman defakto a te sètoblije voye yon lòt delegasyon ki te genyen nan tèt li pòtpawòl Primati a, Yolette Mengual pou al negosye ak paran viktim lan.
Antant KEP ak UEH
Konsèy elektoral defakto a (KEP) jwenn yon antant ak responsab Inivèsite Deta Dayiti, nan kad eleksyon yo. Responsab inivèsite yo pral sipèvise ekzamen KEP la ap fè pou rekrite manm pou Biwo elektoral depatmantal yo (BED) e Biwo elektoral kominal yo (BEK). Madi 19 avril la, rektè Inivèsite a, Pierre-Marie Paquiot di li dakò ak inisyativ KEP a. Men li fè konnen KEP la pran desizyon sa a twò ta, e li enkyè pou pa genyen kèk difikilte akoz reta ki genyen nan pwosesis eletoral la.
Yon nouvo anbasadè Kiben
Misyon anbasadè Kiba a ann Ayiti Rolando Gomez Gonzalez ap pran fen jedi 28 avril la. Se anbasadè Raul Barzaga k ap vin ranplase l kòm anbasadè Kiba nan peyi Dayiti. Daprè anbasadè Rolando Gonzalez, nouvo anbasadè a, ap vin ranpli 5kyèm misyon nan peyi Dayiti pou gouvènman Kiba a. Li te deja okipe fonksyon sa a nan Cambodge, Algérie, Allemagne ak Bolivie.
Rolando Gomez Gonzalez fè konnen Kiba ap kontinye aplike menm politik li a ann Ayiti, kote li pa janm foure bouch nan zafè entèn peyi a. Li di avan l pati : «M ap pati san m pa mande, m pa egzije anyen nan men gouvènman ayisyen an. Tout sa m swete se bonè pou pèp ayisyen an, yon pèp mwen toujou respekte fyète ak diyite l.»
Arestasyon Sergo Edouard
Nan wikenn 16-17 avril la, lapolis dominikani arete Sergo Edouard alyas Sergo Pèseverans, pwopriyetè bank bòlèt Pèseverans la ann Ayiti. Lapolis te arete l nan yon kazino e yo remèt li bay ajan DEA ki pral transfere l nan prizon Miyami pou jije li pou kestyon trafik dwòg.
Elusca Charles nan mawon?
Depi kèk jou, pòtpawòl Oganizasyon pèp an lit (OPL) nan Nò peyi a, Elusca Charles, nan mawon poutèt li te akize enspektè polis Kap Ayisyen ki ta enplike nan zak kidnapin nan depatman an. Madi 19 avril la, Elusca Charles te sètoblije prezante eskiz piblik bay responsab lapolis yo, men sa pa t anpeche lapolis toujou ap chache pòtpawòl OPL la.
Gen anviwon 4 mwa depi komisè gouvènman Kap Ayisyen an te arete pòtpawòl OPL la poutèt li te manke l dega. Elusca Charles te jwenn liberasyon l sou demand kèk manm gouvènman defakto a e li te di l ap rekòmanse fè menm bagay la si komisè gouvènman an pa arete tout militan Lavalas yo nan depatman Nò a.
Arestasyon yon anplwaye Lopital jeneral
Mèkredi 20 avril la, pòtpawòl PNH la, Jessy Cameau-Coicou anonse ke lapolis arete Chilhomme Casamajor, yon anbilansye lopital Inivèsite Deta Dayiti poutèt li ta bay anketè Minustah yo kèk move chif sou masak ajan PNH yo te fè sou prizonye yo nan penitansye nasyonal 1ye desanm 2004 la. Anbilansye a te fè anketè Minustah yo konnen li transpòte plis kadav nan mòg lopital jeneral pase sa lapolis yo di. Konsa li te fè kenbe PNH nan manti e Cameau-coicou te sètoblije repòte piblikasyon rezilta ankèt pa li a, paske kantite li di li touye yo pipiti pase chif Minustah a. Lapolis fè konnen l ap travay nan tèt kole avèk Minustah pou kounye a pou l kapab pibliye yon rezilta ki “korèk”.
Etazini vyole pwòp anbago zam li
Reprezantan òganizasyon entènasyonal ki nan Jenèv, an Suisse, «Small Arms Survey» akize administrasyon Etazini an ki te apwouve ane dènyè vant plizyè milye fizi bay gouvènman defakto a. Daprè jounal The Independent, genyen yon mèsenè ki rele Joël Deeb, ki resevwa 500 mil dola nan men Youri Latortue, neve Premye minis defakto a, pou achte zam pou li. Poutan Premye minis defakto a Gérard Latortue te toujou fè konnen gouvènman li a ap achte zam nan kontrebann akoz anbago a.
Depatman Deta Etazini ap prepare yon pwojè pou l voye bay kongrè a pou l otorize yon konpayi Etazini vann gouvènman defakto a zam pou yon valè yon milyon 900 mil dola ; k ap genyen: 3 mil pistolè kalib 38, gwo zam otomatik, gwo fizi ak lòt ekipman pou polis la. Daprè yon pòtpawòl depatman Deta ak yon ofisyèl Nasyonzini, Etazini te bay polis nasyonal la, nan ane 2004 la 2 mil 600 zam.
Responsab Small Arms Survey a, Robert Muggah fè remake ke avèk konpòtman sa a, otorite Etazini yo ap ankouraje yon fòs polis represif an Ayiti, e kominote entènasyonal la bò kote pa l ap mande pou dezameman fèt nan peyi a, pandan Etazini limenm ap bay defakto yo zam an kachèt.
Civpol ap ranfòse bouwo yo
Vandredi 15 avril la, yon kenzèn polisye ki t ap pran fòmasyon nan Akademi polis la sou wout Frè a, e ki te sòti nan 15zyèm pwomosyon polis nasyonal la, te fini fòmasyon yo ki antre nan kad ranfòsman efektif kò dentèvansyon ak mentyen lòd la (CIMO). Se direksyon pedagojik CIMO ak enspektè polis sivil Nasyonzini yo (Civpol) ki te dirije fòmasyon an. Seremoni final la te dewoule an prezans direktè jeneral PNH la, Léon Charles, direktè depatmantal Lwès la, direktè akademi polis la, ak plizyè reprezantan Minustah a.
Kidnapin yon gwoup sitwayen Etazini
Plizyè nèg ame kidnape yon gwoup sitwayen Etazini vandredi 15 avril la nan zòn kòt Akaden. Moun sa yo te vin patisipe nan yon reyinyon konsèy administrasyon yon ONG t ap fè nan zòn lan. Bandi yo te kanpe yo sou wout la, e yo fè yo menas pou yo touye yo. Yo pran machin yo, lajan yo, paspò yo ak tout lòt dokiman vwayaj yo. Se yon responsab legliz nan zòn lan ki te ede gwoup moun sa yo jwenn mwayen pou yo retounen nan kapital la.
Legliz katolik genyen yon nouvo pap
Aprè lanmò pap Jean Paul II samdi 2 avril la, ki te nan tèt legliz katolik la depi lane 1978, kadinal yo te reyini pou nonmen yon nouvo pap nan tèt legliz la. Madi 19 avril la yo te nonmen kadinal alman, Joseph Ratzinger, ki genyen 78 lane. Nouvo pap la ki se 264triyèm pap ki vini aprè Saint Pierre, pran non Benoit XVI. Eleksyon yo te dire 24trè tan e se 115 kadinal ki te eli l. Pap Benoit XVI se yon ideyològ ki reprezante branch konsèvatè kidonk branch bout di nan legliz katolik la. Li te kòmanse travay ak ansyen pap Jean Paul II nan lane 1981 nan kongregasyon doktrin lafwa.
Responsab legliz katolik ann Ayiti salye nominasyon nouvo eli a. Evèk oksilyè Pòtoprens lan, Joseph Lafontant fè konnen nouvo pap la, Josef Ratzinger an pozisyon pou fè fas ak defi legliz katolik ap konfwonte, malgre pozisyon konsèvatè li. Monseyè Lafontant kwè nouvo pap la pral travay pou rapwoche relijyon pou linite pap Jean Paul II te komanse a. Men monseyè a pa finn kwè nouvo pap la kapab nonmen yon kadinal ayisyen.
Delpé di pa l la pi bon!
Kolektif pou yon koferans nasyonal ayisyèn souverèn (CNHS) mande prezidan defakto a, Alexandre Boniface, kanpe sou pwojè dyalòg nasyonal li a. Responsab CNHS yo denonse pwojè sa a ki pa jwenn apwi popilasyon an, yo fè konnen arete prezidansyèl la genyen kèk fay ladan l, kouwè lè li di yo pa kapab modifye nan okenn sans akò defakto yo te siyen ak kèk pati politik 4 avril 2004 la. Yon lòt kote atik 3 nan menm arete sa a pa dakò pou yo chanje kalandriye elektoral la. Kòdonatè CNHS la, Turneb Delpé di yo pran distans yo ak lide pou yo ta siyen yon «pak de gouvènabilite» k ap fè chemen l nan mitan «klas» politik tradisyonèl la e ki jwenn apwi reprezantan Nasyonzini yo nan peyi a. Turneb Delpé di se yon manèv gwosyè lè kèk pati politik ap soutni pwojè dyalòg nasyonal gouvènman defakto a, swadizan pou amenaje sòti kriz politik la.
Kòlòk sou enèji
Kabinè Archer e asosye e Enstiti prive ayisyen an teknik enèjetik te mete fen mèkredi 20 avril la, nan Pòtoprens a yon kòlòk ki te dire 3 jou sou tèm: «Enèji : kontrent, defi, opòtinite». Oganizatè yo te prezante kòlòk la kòm yon zouti yo te itilize pou lanse yon deba sou sitiyasyon enèjetik la nan peyi Dayiti, chwa teknolojik ki posib ki pou fèt ak lòt preyokipasyon mondyal ki ta dwe enterese peyi Dayiti. Minis defakto Anviwonnman an, Yves André Wainright ki te patisipe, fè konnen gouvènman defakto a te enterese ak aktivite sa a. Li deja wè ke li kapab souse yon zo! Se te 2 teknisyen ki te anime kòlòk sa a, yon enjenyè endistriyèl ann elektrisite nikleyè e yon fizisyen, reprezantan gouvènman de la Catalogne ki se kominote otonòm an Espagne. Pami patisipan yo ou te jwenn antreprenè ki sòti nan diferan sektè yo, kad inivèsitè a, e plizyè reprezantan asosiyasyon ekolojik.
Pèp la kanpe nan Lenbe!
Nan kad gwo mobilizasyon manch long ki deklanche anndan peyi a tankou nan dyaspora pou reklame retou prezidan Aristide sou pouvwa a, Pati Popilè Nasyonal (PPN) ak Selil refleksyon baz Fanmi Lavalas te òganize yon kokenn chenn sitin nan vil Lenbe. Se konsa byen bonè nan maten vandredi 15 avril la plizyè santèn peyizan ki te sòti nan diferan seksyon kominal tankou 8tyèm seksyon, Manmlad, Gran Plèn, Ti Bouk Pomago, etc. te deja rive kote rasanbleman an t ap fèt la, nan Dègouvènman, yon katye popilè sou wout Nasyonal nimewo 1 an. Sòti 9vè pou rive 10zè foul la te koumanse ap gwosi ak gwo mizik angaje tankou gwoup Rèv, Bwòdèz Pòsi, Tomtom elatriye e sitin nan ta pral demare vè 11zè kote lapolis ak sòlda Minista te fè aparisyon yo.
Pou kòmanse yo te chante Im nasyonal la, Ladesalinyèn, answit se te tou pa Beev Chery yon dirijan Selil baz Fanmi Lavalas nan Lenbe ki te resite yon priyè ki di: «Papa nou ki nan syèl la, ou ki mèt tè a ak syèl la. Ou ki gen pouvwa sou tout moun ki gen madichon. Ou ki gen pouvwa sou tout zago loray k ap touye moun. Ou wè sa Georges Bush fè. Ou wè sa Jacques Chirac fè. Ou wè sa Paul Martin fè. N ap mande w papa Bondye, pou bann fòs pou n woule anba bòt mayas blan. N ap mande w pou w bann fòs anba asayan ak lapolis makout yo.»
E se konsa militan PPN yo te vin chante «Ochan Libète». PPN ki te pote gwo sewòm nan mitan foul la kote diferan kanmarad ak Fanmi Lavalas ki te sòti nan vil Okap pou te vin sipòte sitin lan. Anbyans la ta pral pi chofe toujou se lè òganizatè yo te fèmen mizik la pou te kite popilasyon eksprime l ak diferan chanson popilè ki anfavè retou prezidan Aristid, e nan diferan pankat ki te gen foto Aristide sou yo moun te k ab li : «Aba okipasyon kolon blan», «OEA+ONU=Rèstavèk meriken», «Tòti sispann manje pitit pèp la», «Viv retou prezidan Aristid», «Aba eleksyon/seleksyon», etc.
Se konsa nan fen sitin lan sekretè depatmantal Nò PPN nan Michel Adrien te lanse yon mesaj ki te jwenn gwo aplodisman kote dirijan PPN (Pati Popilè Nasyonal) lan te kritike gwo peyi sousèt neyokolonyalis yo tankou Lafrans, Etazini ak Kanada ki kontinye ak mare konplo sou do moun ki pi pòv yo nan peyi a.
Aprè sa se te moman Sylvio Tanis yon dirijan Selil baz Fanmi Lavalas ki limenm bò kote pa l te eksplike rezon ki fè se PPN ak Fanmi Lavalas k ap òganize mobilizasyon sa yo, ki daprè li se paske se 2 fòmasyon politik ki pi pre mas yo, e li te kritike tou gouvènman defakto Aleksann-Latòti an ki vle elimine pèp ayisyen an sou sèn politik la. Vè 1nè konsa òganizatè yo te deside mete fen nan sitin lan ki te dewoule san ensidan, yon sitin kote plizyè santèn moun te patisipe malgre te genyen gwo perèz nan tèt popilasyon apre 3 mwa represyon fewòs bò kote lapolis ak eks-militè makout. Antouka òganizatè yo ak patisipan yo te kase randevou pou flanm mobilizasyon an kontinye limen nan vil Lenbe e rès depatman Nò a.
Mesaj PPN nan okazyon mobilizasyon Lenbe a
«Nou pito mouri debou olye nou kontinye viv ajenou»
Pati Popilè Nasyonal (PPN) salye kouraj pèp ayisyen an e patikilyèman tout militan pwogresis k ap kenbe rezistans lan e nou tout ki reyini la anba gwo solèy cho sa jounen jodi a nan Lenbe. Nan ka sa a n ap pwofite fè nou sonje ke kreyon listwa pa gen efas, se nan kafou Kanno plis pase 20 000 sòlda jèn fanm ak jèn gason te reyini anba gwo lapli ak vye rad dechire sou yo, pye atè, ki t ap pran direksyon vil Okap sou direksyon liberatè nou Papa Desalin, pou te libere peyi a. Jounen jodi a se Dègouvènman sou menm wout Nasyonal la nou reyini pou yon lòt fwa ankò pou n chèche wout liberasyon an, sètfwasi se sou direksyon Pati Popilè Nasyonal (PPN) ak Fanmi Lavalas.
Se poutèt sa jodi a n ap lanse yon mesaj istorik bay Lafrans pou n di l sonje nou te fè l manje pousyè deja nan tout mòn yo, ak tout kalite gwo zam fann fwa li te posede. Fòk li renmèt nou lajan li te vòlè a ki se 90.000 milyon fran lò ki jounen jodi a evalye a 21 685.135.571,48 dola pou pita pa pi tris.
N ap di OEA ak ONU sispann fè rèstavèk Lèzetazini, ti sòlda nou yo nou mete anndan peyi a pou pete fyèl pèp la, retire yo prese prese pou Papa Desalin pa fache e fè peyi sa tounen yon simityè. N ap di Lafrans, Etazini, Kanada, sispann touye pèp la ak gwo Tòti gra sa nou mete la pou manje moun nan katye popilè yo, nan peyizànri a, ki se fòs peyi a. N ap lanse yon mesaj tou bay polis nasyonal la pou nou di li sispann masakre pitit pèp la pou di yo se bandi, alòske nou konnen se manti. Eske jounalis Abdias Jean se te bandi?
Ebyen pèp òganize, pèp mobilize pa janm pèdi batay. Yo te di nou lè prezidan Aristide ale peyi a t ap tounen yon paradi nan 48tè, èske se vre mezanmi? 14 mwa aprè kidnapin 29 fevriye yo nou konstate se: represyon sistematik, koripsyon, lavichè, vòl, vyòl, ekzekisyon somè, arestasyon abitrè, enkonpetans elatriye.
Nan sans sa a, nou menm nan Pati Popilè Nasyonal (PPN) nou mande pou gouvènman defakto Aleksann-Latòti-André Apèd la rache manyòk li bay tè a blanch. Nou di pèp ayisyen an pa pral nan eleksyon-seleksyon André Apaid-James Foley a, e nou mande pou pèp la pa fè kat elektoral paske nou pral tounen yon kat make nan òdinatè blan. Nou di se prezidan Aristide pou ki retounen vin fè rès manda li, pou òganize bon jan eleksyon lib ak resous peyi a pou PPN al patisipe, e nou mande yon lòt fwa ankò pou tout peyi a mobilize pou n enpoze volonte nou, paske viktwa final se pou nou.
Aba gouvènman defakto kanibal!
Aba okipasyon telegide Lafrans-Etazini-Kanada mete sou peyi a !
Aba represyon !
Liberasyon tout prizonye politik yo !
Viv retou prezidan Aristide san kondisyon !
Aba eleksyon san pèp la!
Libète ou lanmò !
Pou Pati Popilè Nasyonal (PPN)
Michel Adrien, sekretè depatmantal Nò
Lenbe 15 avril 2005
Errata
Nan denyè nimewo jounal la, atik nan paj 8 ki te gen pou tit «Otwou : liberasyon 3 manm Fanmiy Lavalas» ak yon foto ki montre sitin Lenbe a. Men nan endikasyon yo li pale de sitin Fò Libète pa erè. Nou ekskize nou pou erè sa a.