Genyen 200 mil zam k ap sikile ann Ayiti
Daprè yon rapò sant rechèch «Small Arms survey» mete deyò nan kòmansman mwa avril la an Swis, li fè konnen genyen 200 mil zam k ap sikile nan peyi Dayiti. Genyen anpil nan zam sa yo ki nan men yon seri bann òganize, ki reprezante yon gwo danje pou popilasyon sivil la. Rapò a fè konnen zak vyolans yo ogmante aprè kidnaping prezidan Aristide depi 29 fevriye 2004 la. Malgre prezans 6 mil 700 sòlda Minustah nan peyi a avèk enstalasyon yon gouvènman defakto, sekirite popilasyon an toujou rete frajil ak kantite zam k ap sikile.
Rapò a montre ke se gwoup ame yo k ap ranpli yon seri tach Leta te konn ranpli nan peyi a. Se popilasyon sivil la ki genyen plis zam, kidonk yon afè 170 mil; bann òganize yo ak gwoup ki nan opozisyon an, genyen 13 mil zam diferan kalib. Tandiske Minustah a ak polis nasyonal la ak eks-militè yo genyen 27 mil zam nan men yo. Zam sa yo sòti plizyè kote pou rantre nan peyi a: acha legal, trafik atravè fwontyè Ayiti-Dominikani. Zam sa yo koze lanmò plis pase 700 moun e plizyè milye lòt blese pandan 18 dènye mwa pase yo e fasilite vyolasyon dwa moun ak plizyè krim ki touche yon bonkou nan popilasyon an.
Pwoblèm Ayiti pa yon kestyon militè!
Nan kòmansman mwa avril la, Pri Nobel Lapè Adolfo Perez Esquivel e Nora Cortinas, Mè Plas de Me te nan tèt misyon ki rele «Misyon envestigasyon e solidarite avèk Ayiti» te pase kèk jou nan peyi a pou wè kòman sitiyasyon an ap devlope. Misyon an te genyen 20 reprezantan diferan mouvman, rezo e enstitisyon sosyal, kiltirèl e politik nan Amerik Latin, Karayib, Amerik di Nò ak Afrik e li te rankontre menm ak otorite defakto yo e plizyè gwoup nan sosyete sivil la tankou: òganizasyon dwa moun, òganizasyon peyizan, òganizasyon fanm, sendika, etidyan, pati politk, reprezantan inivèsitè, anbasad, òganizasyon entènasyonal e MNUSTAH. Nan fen misyon yo a, yo te fè sòti yon deklarasyon jou 8 avril la, pou yo te montre premyè konsta ke yo fè sou sitiyasyon an, kote yo fè konnen ke pwoblèm peyi Dayiti, se pa yon pwoblèm militè, pwoblèm peyi a pa kapab rezoud ak prezans twoup etranjè yo. Misyon an mande gouvènman peyi etranje yo pou yo retire twoup yo e li pa dakò pou peyi a transfòme l an yon gwo espas de soutretans ak zòn franch kote y ap eksplwate ouvriye yo atravè yon nouvèl fòm esklavaj. Li mande anilasyon tout dèt peyi Dayiti ki imoral e ilegal, ki kontinye rete yon lòt fòm de piyay e eksplwatasyon resous pèp Ayisyen an. Li mande Lafrans, Lèzetazini pou yo peye dèt istorik, sosyal e ekolojik yo genyen pou pèp Ayisyen depi digdantan. Li di se yon lòt fòm de koperasyon entènasyonal ki chita sou respè dwa pèp Ayisyen an ki kapab fasilite peyi a sòti nan sitiyasyon malouk sa a.
Rapò GARR sou migrasyon ak refijye
Jedi 14 avril lan, Gwoup dapui a rapatriye refijye (GARR) prezante rapò sou migrasyon Ayisyèn pou lane 2004 la. GARR fè konnen dènye evènman politik ki sekwe peyi Dayiti nan lane 2004 la, kriz politik e katastwòf natirèl yo genyen gwo konsekans sou mouvman migrasyon ak sou lavi moun a k ap viv sou fwontyè a. Daprè rapò a, genyen plis pase 30 mil moun ki sètoblije deplase andedan peyi a, pandan 3 premye mwa 2004 la pou pèsekisyon politik aprè kidnaping prezidan Jean-Bertrand Aristide. Menm sitiyasyon sa yo fòse plis pase 3 mil ayisyen pati kite peyi a pou al refijye yo nan lòt peyi vwazen, pandan premye mwatye 2004 la. San konte plizyè milye moun ki pase sou fwontyè a anba chal oubyen ak yon viza touris ak entansyon pou yo pa retounen nan peyi a. Pandan tan sa a, gouvènman dominiken an kontinye ap pouse do Ayisyen yo, mete yo deyò. Pandan ane 2004 la, gouvènman dominiken an ekspilse plis pase 15 mil Ayisyen. Pou fè fas a sitiyasyon sa a GARR fè plizyè rekòmandasyon bay sosyete a ak otorite defakto yo.
Gwo vag kidnaping nan peyi a
Nan kòmansman mwa avril la kidnaping retounen pou pi rèd nan peyi a. Madi 12 avril la, «Rasanbleman medya pou aksyon kominotè» (RAMAK) anonse yo kidnape yon anplwaye li ki rele Lowinsie Cavalier nan zòn Kafou. Lowinsie Cavalier te nan yon machin Nissan Pathfinder, li ta pral nan travay li, lè l rive nan zòn Kafou nèg ame yo te fè l desann e yo ale avèk li. Nan mèkredi 13 avril la, se te direktè kolèj Vizyon Kontinantal, Frantz Boucicault ke yo te kidnape devan lekòl li a nan sant Pòtoprens. Elèv yo te fè manifestasyon pou egzije liberasyon l, e se twouve ke bandi yo te libere l aprè yo te fin fè plizyè virewon ak li nan kapital la.
Lapolis nan Kap-Ayisyen anonse yo arete 4 prezime kidnapè ki nan yon rezo ki genyen 12 moun ladan l ki t ap opere nan depatman Nò a. Direktè depatmantal Nò a Ralph Dominique ki t ap prezante lis kidnapè yo bay laprès, lendi 11 avril la, fè konnen genyen plizyè polisye ki enplike nan zak malonèt sa yo. Li di moun sa yo te gentan kidnape plizyè moun nan Kap-Ayisyen epi pran gwo ranson pou libere yo.
Kòmandan Joseph Jean-Baptiste mande sekou!
Aprè lanmò Rémissainthe Ravix ak Jean Anthony nan wikenn nan 9-10 avril la, gouvènman defakto a lage yon gwo mouvman kont èks-militè nan depatman Sant lan. Lapolis nasyonal arete Emmanuel Philippe, yon èks-militè ki bay tèt li non «kòmandan» nan Plato Santral, madi 12 avril la e lapolis sezi 4 zam . Plizyè lòt èks-militè ki te pran zam kont prezidan Jean Bertrand Aristide rantre nan mawon pou kounye a, yo pè pou yo pa pase menm jan ak Ravix ak Grenn Sonnen.
Chèf èks-militè yo nan Plato Santral la, Joseph Jean-Baptiste, bò kote pa l rele anmwe kont MINUSTAH ak polis nasyonal la k ap manniganse yon konplo li di pou yo asasinen l. Li mande kominote entènasyonal la ansanm ak òganizasyon k ap defann dwa moun nan peyi Dayiti pran responsabilite yo, pou san sispann koule nan peyi a. Joseph Jean Baptiste fè konnen li pa ta swete wè sak te pase Ti Gwav ak Mòn Kabrit la repete yon lòt fwa ankò nan Plato Santral. Li di gouvènman defakto Latortue a pa inosan nan plan sa a.
Himmler Rébu pa kwè Ravix mouri nan afwontman
Ansyen kolonèl Himmler lonje dwèt li sou yon sektè li akize ki te fin itilize Remissainthe pou te pran pouvwa a, e yo elimine l apre. Li fè konnen Ravix jwenn lanmò l paske li pat konprann fòk li pa t fè politisyen Ayisyen yo konfyans. Li voye jete koze afwontman an lapolis te bay la pou eksplike lanmò Ravix Rémissainthe. «Kouman nou ta fè pale de afwontman lè nou wè se nan kan militè demobilize yo sèlman ki genyen viktim». Li mande pou yo fè otopsi kadav 2 èks-militè yo pou yo kapab detèmine nan ki kondisyon mesye yo mouri.
Kanal bouche nan Solino
Moun k ap viv nan katye popilè Solino, Site Mak ak zòn ri Karavèl, nan kapital la, fè konnen gen yon ravin ki rele Meteye ki travèse zòn nan, ki konble ak fatra, labou ak dlo sal, ki pa bon pou sante popilasyon an. Abitan yo fè konnen kanal sa reprezante yon danje, si otorite yo pa fè anyen pou netwaye l. Kanal sa a ki genyen plis pase 6 mwa depi l bouche, deja lakòz yon latriye moun fè malaria, palidis ak tifoyid.
Sitwayen k ap viv nan zòn lan di malgre yo fè plizyè tantativ pou yo vin fè netwaj nan ravin nan, jiska prezan demann yo rete san repons. «Bon depi novanm, gouvènman an genlè ap swete se yon katastwòf ki ta pou fèt, pou l ta fè kòb menm jan ak Gonayiv. Lè katastwòf la te pase nan zòn yo, yo reyalize pakèt kòb yo, yo ta renmen pou anpil moun ta mouri nan zòn lan. Omwen ak imaj moun ki pral mouri nan zòn nan l ap bon pou yo, sa pral pèmèt yo fè kòb pou yo prezante pwodui Ayiti a, vann lòtbò pou yo fè kòb, paske se sa konnye a ki genyen nan peyi Dayiti»
Se pa sèlman nan katye popilè Solino ki genyen yon sitiyasyon konsa, se prèske nan tout katye popilè Pòtoprens. Tout ravin yo, tout twou egou yo kanal yo boure ak fatra, machin pa ka pase, moun pa ka pase, pafwa se peye ou peye yon moun pou travèse w kanal yo. Si responsab yo pa fè anyen pou netwaye kanal yo ak twou egou yo, sa k ap rive nan kapital la ap pi grav pase sa k te rive Gonayiv nan lane 2004 la.
Ti Will nan move eta
Responsab Fwon rezistans nan Gonayiv, ki te pran zam yo kont prezidan Aristide Ferdinand Wilford alyas Ti Will ap plenyen anpil akòz de eta sante l. Ti Will te resevwa yon bal nan men yon konpayon li nan lannwit 6 avril la nan Gonayiv. Li fè konnen jiskaprezan l ap soufri ak bal la nan kò l, paske li pa ka al lopital, ni li pa ka al kay yon doktè paske lapolis ap chèche li poutèt li te touye yon ti fi ki te rele Francesca Gabriel ki te genyen 10zan.
Amanus Mayette demanti pwopagann defakto yo
Ansyen depite Lavalas la Amanus Mayette di li etone lè l ap tande nan yon seri radyo nan kapital la ki fè kwè jij denstriksyon Sen Mak la te tande l sou yon dosye LaSiri a. Nan yon nòt li te mete deyò madi 12 avril la Amanus Mayette demanti koze sa a. Li denonse arestasyon l ki te fèt sou seri akizasyon vag de yon ONG trè pwòch gouvènman defakto a, ki rele NCHR ak yon òganizasyon kannibal ki rele RAMICOSM: «M ap mande ki kote enstriksyon prizonye politik Amanus Mayette te fèt, yo te pran mwen nan selil mwen nan prizon sivil Petyonvil la vè 4 trè 30 di maten pou transpòte m nan vil Sen Mak sou gwo dispozitif sekirite polisye; vè 9 vè di maten, yo mennen mwen nan biwo jij Clunie Pierre-Jules. Mwen pa t reponn okenn kesyon konsènan La Siri. Mwen te kontante m pou m di mwen pa genyen avoka.»
Nòvèj ap fè politisyen ayisyen yo fè yon ti kòb!
Dimanch 10 avril lan, plizyè òganizasyon ayisyen ak dominiken, ki te jwen apui ministè relasyon Eksteryè laNòvèj te òganize yon seminè ak kèk responsab politik ayisyen ak repiblik Dominikèn. Seminè sa a te reyalize sou tèm: « Komite entènasyoal, pati politik ak sosyete sivil, yon defi ensilè nan kriz Ayisyèn nan» Te genyen 60 lidè politik ayisyen ak dominiken ki te patisipe. Bò kote ayisyen an te genyen Roudolph Boulos, Georges Michel, Rosny Desroches, Serge Gilles, Turneb Delpé, Osner Févry, Edouard Paultre, ak plizyè lòt. Bò kote dominiken te genyen Franck Morillo Hermandez, Pedro Jules ak Jose Alexandro. An reyalite moun pa wè a ki sa bann seminè sa yo sèvi, men sanble ke se yon fason «legal» pou mesye politisyen ayisyen yo tankou Serge Gilles fè yon ti lajan ann atandan ke li ta fè eli li nan yon pwobab eleksyon.
Minustah ak PNH bliye ranje chif yo ansanm!
Pòtpawòl Polis nasyonal la, Jessy Cameau-Coicou fè konnen mèkredi 13 avril la rezilta ankèt sou masak nan penitansye nasyonal la pap pibliye kounye a paske chif PNH yo pa menm ak chif Minustah yo. Daprè temwayaj plizyè prizonye ki te sove nan masak ajan PNH yo te fè a, te genyen plizyè dizèn prizonye polisye yo te touye 1e desanm 2004 la. Pou Jessy Cameau Coicou, se yon anplwaye sèvis anbilans lopital jeneral ki te fè Minustah konnen li te transpòte plis kadav nan mòg lopital jeneral. Li di anplwaye sa a bay Minustah chif sa yo pou l te ka jwenn viza pou l pati ak fanmi l. Jessy Cameau Coicou pwomèt li ap bay chif pa li yo trè byento. Oubyen Cameau-Coicou pa konn konte oubyen gen twòp kadav ke li poko kapab fini konte!
Otwou: liberasyon 3 manm Fanmiy Lavalas
Dieudonné Guillaume, Stephen Cherenfant, Chenet Augustin 3 pami 4 dirijan Fanmiy Lavalas nan Nòdès ki te jwenn arestasyon nan men Civpol nan vandredi 8 avril pase a, jwenn libète yo 13 avril la nan Fò Libète kote yo te kenbe yo nan prizon. Lòt dirijan an Metelus Gabriel (Zabilon) te gentan chape pou l li anba men polisye ak militè Minustah yo nan moman li te konstate ke yo te vle pran l ann otaj.
N ap raple 4 dirijan depatmantal Lavalas yo te jwenn arestasyon nan moman kote yo t ap òganize yon konferans piblik lè yon gwoup ki reklame tèt li de «Lame Kosovo» te atake yo kote plizyè patizan Lavalas te rive blese. Olye Minustah ki te prezan te entèvni an favè viktim Lavalas yo, men li te pito pwofite mete yo nan prizon nan vil Fò Libète alòske moun sa yo pa t gen okenn akizasyon ni manda lajistis sou do yo.
Nan yon nòt pou laprès nan tèt ansanm, Pati Popilè Nasyonal (PPN) ak Fanmiy Lavalas Nò-Nòdès te denonse sitiyasyon sa a kote yo te mande liberasyon 3 militan Lavalas yo touswit ak arestasyon agresè yo pandan yo te mande pèp la kenbe flanbo mobilizasyon an. Konsa plizyè dizèn patizan ak senpatizan Fanmi Lavalas ak PPN te debake nan Fò Libète mèkredi 13 avril la pou te aprann ke militan Lavalas yo te pral parèt devan lajistis. Malgre mannèv kèk otorite defakto t ap fè, dirijan Fanmiy Lavalas yo ki pa t gen okenn akizasyon ni move dosye sou do yo te jwenn liberasyon yo ak mobilizasyon popilè a.