13 Avril, 2005

April 13, 2005

13 Avril, 2005
Vol. 23 No. 5

Lapolis ak Minustah touye Ravix ak Anthony!
Nan wikenn 9-0 avril la, komin Dèlma te tounen yon chan lagè kote gwo kout zam t ap tire. Sitiyasyon sa a te vin debouche sou lanmò 2 eks-militè: Ravix Remissainthe ak René Jean Anthony alyas Grenn Sonnen ak kèk lòt konpayon yo. Direktè jeneral Polis nasyonal (PNH) la Léon Charles te konfime ke ajan PNH yo ak sòlda Minustah yo touye Ravix Remissainthe nan zòn Dèlma 30, samdi 9 avril la. «Nou t ap pouswiv mesye sa yo depi Dèlma 75 jiska Dèlman 30 kote nou touye yo.»

René Jean Anthony limenm tonbe dimanch 10 avril la nan zòn ayewopò entènasyonal la nan Pòtoprens, anba bal ajan PNH yo ak sòlda Minustah tou. Direktè jeneral PNH la deklare: «René Jean Anthony tonbe avèk yon zam otomatik nan men l, yon fizi daso peyi Israyèl frabrike.» Sa a se vèsyon lapolis la.

Ravix Remissainthe se te yon ansyen sèjan defen Lame Dayiti. Li te youn nan chèf asayan ame yo ki te sòti ak Guy Philippe an Repiblik Dominikèn pou vin destabilize gouvènman prezidan Aristide la anvan kidnapin lan. Msye te pwoklame tèt li kòmandan eks-militè yo e depi lane 2004, aprè kidnapin prezidan Jean Bertrand Aristide la, li t ap mande yo yo retabli lame Dayiti.

Pou pi piti genyen 7 eks-militè, ki te patisipe nan mouvman GNB a kont prezidan Aristide ki jwenn lanmò nan wikenn lan nan Pòtoprens e genyen plizyè lòt ki kraze rak. Donk otorite defakto yo kòmanse manje alye yo ki vini jenan ki te patisipe nan mouvman GNB a. N ap raple pa gen lontan yon lòt alye yo Thomas Robenson Alyas Labanyè te tonbe nan Site Solèy.

René Jean Anthony, se te yon eks-militè tou ke moun te konnen nan komin Delman, li te nan konfli ak gouvènman defakto a e polis nasyonal la paske yo pat jwenn satisfaksyon epi mouche ak Ravix te vin konprann yo toupisan, yo te bliye se pyon yo ye nan men laboratwa a. Li te mete tèt li ansanm avèk Ravix Remissainthe. Gouvènman defakto a te mete tèt yo apri pou yon milyon goud.

Nan operasyon sa a PNH ak Minustah te mennen nan wikenn lan, responsab yo fè konnen yo arete 18 lòt moun. Pòtpawòl lapolis la, Jessy Cameau Coicou di lapolis sezi 4 machin, 4 telefòn pòtab, plizyè zam: 4 galil, 3 senti chak te genyen 100 katouch ak plizyè inifòm lapolis.

Dyed Wilme di li vivan!
Kolonèl mawoken an ki nan tèt kontenjan Minustah nan Site Solèy la, Elouafi Boulbars, k ap mache touye pitit pèp la nan Site a, fè konnen Dyèd Wilme se youn nan 11 moun ki ta blese pandan sòlda li yo te ouvè kout zam sou popilasyon an nan Site a. Dyed Wilme demanti enfòmasyon sa a, li di li la, yon branch cheve nan tèt li pa rache. Aprè enfòmasyon sa a ki te fè kwè Dyed Wilme blese, responsab lapolis yo te mobilize yon ventèn polisye pou mache chèche l nan tout lopital ki genyen nan kapital la. Depi aprè lanmò chèf gang anti-Lavalas la, Robenson Thomas alyas Labanyè, nan Site Solèy, fòs okipan Minustah tanmen yon operasyon nan Site Solèy kote y ap mache teworize popilasyon k ap viv nan gwo bidonvil sa a.

Site Solèy te pran la ri
Madi 5 avril la, popilasyon Site Solèy te pran lari pou manifeste kontantman yo, aprè lanmò chèf gang anti-Lavalas la Thomas Robenson alyas Labanyè. Manifestasyon sa a ki te gen plizyè milye moun te defile nan tout 34 katye Site Solèy yo, e li te pase nan katye Boston: «Kounye a nou kapab defile nan katye Boston, paske Labanyè pa la pou komèt ekzaksyon sou nou.» Nan tout pakou a, manifestan yo t ap mande retou lòd konstitisyonèl la epi pou pèsekisyon politik yo fini nan peyi a. «Twòp san koule fòk Aristide tounen, ebyen fòk Aristide tounen, paske san prezidan Aristide pa p ka gen eleksyon nan peyi a, peyi a ap bloke nèt. Yo di y ap fè eleksyon, aprè Site Solèy pa gen eleksyon, se Site Solèy ki pou fè eleksyon, ki pou fè tout sa ki dwe genyen anndan peyi a. Yo bloke nou menm manifestasyon n ap rele viv Aristide, nèg yo voye blan yo pou yo touye nou, pou blan sakaje nou, pou pa gen anyen ki pou fèt, pou nou pa fè manifestasyon, pou n pa sòti deyò. N ap di Boniface ak Latortue konsa pou yo ale kite peyi a, pou eleksyon ka fèt, paske depi moun sa yo la pap janm gen eleksyon…»

Mobilizasyon militan Lavalas yo
Militan Lavalas yo nan diferant katye popilè nan kapital la deklanche yon seri mobilizasyon pou fòse responsab yo fòme yon komisyon ankèt pou limyè fèt sou plizyè masak lapolis te fè nan katye popilè yo. Militan yo mande pou lòd konstitisyonèl la retounen nan peyi a, ak retou fizik prezidan Aristide nan peyi a. Militan Lavalas yo kritike konpòtman fòs okipan an, MINUSTAH ki vyole rezolisyon 1576 Konsèy Sekirite Loni an, ki di fòk MINUSTAH ankouraje gouvènman defakto a pou l mete mwayen pou tout moun gen plas yo nan pwosesis demokratik la san vyolans.

Vandredi 1e avril la, plizyè milye militan Lavalas te manifeste nan katye popilè Bèlè pou mande depa rejim defakto Alexandre-Latortue a. Fòs okipasyon MINUSTAH a te bloke tout ri ki sòti Bèlè ki desann Channmas pou anpeche manifestan yo desann sou Channmas la, blòk palè nasyonal. Jedi 7 avril la, nan okazyon 202zyèm anivèsè lanmò Toussaint Louverture ke kolon franse yo te kidnape, militan Lavalas yo te òganize yon gwo kokennchenn manifestasyon nan Bèlè pou mande retou fizik prezidan Aristide yon lòt fwa ankò. Yo fè konnen y ap rete mobilize jiskaske prezidan Aristide retounen nan peyi a. Nan okazyon sa a Pati Popilè Nasyonal (PPN) te pote tout sipò li nan manifestasyon pasifik militan Fanmi Lavalas yo t ap fè jedi 7 avril la. PPN di li lè, li tan pou pèp la rekare batay la pou l rive fè yon lòt 1804.

PPN mande tou retou lòd konstitisyonèl la e denonse movèz kondisyon pèp ayisyen an ap viv jounen jodi a, yon moman ki pi difisil nan istwa l. Sou rejim defakto Gérard Latortue a, pèp ayisyen ap fè fas ak vyolans, represyon, ensekirite, enpinite, chomaj ak lavi chè k ap fin depafini ak pèp la. Se depi aprè kidnapin fòs fènwa yo te fè sou prezidan Aristide 29 fevriye 2004 la sitiyasyon an vin pi agrave. Fas a sitiyasyon sa, PPN mande popilasyon an pa al patisipe nan eleksyon malatchonn defakto yo di y ap fè nan peyi a. Li mande popilasyon an kontinye batay san relach pou lòd kontitisyonèl la retounen nan peyi a.

GDP mande liberasyon tout prizonye politik yo
Sekretè jeneral Gwoup defans prizonye politik yo (GDP), Ronald Saint Jean mande gouvènman de fakto Alexandre-Latortue a fè tout mwayen posib pou libere tout prizonye politik yo k ap kwoupi nan prizon depi plis pase yon lane. Li fè konnen yon lòt fwa ankò anprizonman manm Fanmi Lavalas yo kouwè Premye minis, Yvon Néptune ak minis Enteryè a Jocelerme Privert antre nan kad yon seri de manèv politik gouvènman defakto a ak Kowalisyon nasyonal dwa Ayisyen yo (NCHR) ap fè pou kenbe mesye sa yo nan prizon. «Nan okazyon premye anivèsè arestasyon ilegal pèsonèlman se mèt Bernard Gousse ki te fè l lannwit 5 a 6 avril, ebyen nou mande gouvènman enterimè a aplike rezolisyon Konsèy Sekirite a te pran sa vle di liberasyon tout prizonye politik yo. Premye minis Yvon Néptune, minis Enteryè a Jocelerme Privert, Sò An, Annette Auguste, depite Amanus Mayette, delege Sid, Jacques Mathelier, direktè dwàn Miragwàn lan, Yves Métellus, mizisyen Yvon Zap-Zap, avèk tout lòt kalite prizonye politik yo, gouvènman sa a fèmen nan prizon.»

Fanmi Lavalas p ap fè alyans
Depite Lavalas la, Felito Dorant fè konnen madi 5 avril la pati Fanmi Lavalas pa gen entansyon pou l fè alyans ak okenn lòt pati politik. Li di genyen plizyè sektè politik ki vle pou yo ta fè alyans ak pati prezidan Aristide la, nan kad eleksyon otorite defakto yo prevwa pou yo fè ane sa a. Felito Dorant fè konnen sa pa prevwa nan chat pati a.

Yon diplomat OEA denonse politik 2 pwa 2 mezi!
Dimanch 3 avril la, yon diplomat nan OEA fè konnen demach otorite defakto yo anonse pou konbat ensekirite a genyen anpil pwoblèm depi nan kòmansman l. Li di genyen kèk sektè nan peyi a k ap chèche fè kwè se moun nan katye popilè yo k ap fè vyolans nan peyi a. Menm sektè sa yo te kouri anonse se chimè yo ki te touye 2 polisye ak yon chofè yon ofisyèl gouvènman defakto a e poutan se ansyen militè yo ki te revandike zak sa a. Diplomat la fè konnen otorite defakto ak pisans etranjè pase akote solisyon vyolans lan nan peyi a, ide yo pa klè, y ap pran desizyon ki pase akote reyalite a. Li di genyen plizyè gwoup ilegal ki gen zam nan peyi a ki ta dwe dezame san diskriminasyon pou ka genyen lapè nan peyi a. Li site kòm egzanp mouvman ansyen opozisyon kont prezidan Aristide la, Fwon rezistans Gonayiv la, Fwon Nò a, eks-militè yo ak patizan ame opozisyon kont prezidan Aristide ki te nan mouvman GNB a. Li fè konnen nan kad dezameman an, se 7 a 13 vye fizi wouye yo te remèt nan 2 ou 3 okazyon: « Tout desizyon ki vize pou sible sou yon sèl sektè pra l parèt kòm yon pèsekisyon politik e yon volonte pou toufe sektè sa a pandan tout lòt sektè yo genyen gwo mwayen nan men yo pou simen latwoublay nan peyi a pou lage responsabilite a sou do patizan Lavalas yo».

Reynold Georges akize gouvènman defakto a
Lidè ALLAH a, Reynold Georges kritike gouvvènman defakto a ki pran desizyon pou kreye yon komisyon sou dosye dezameman ak reyensèsyon. Li fè konnen gouvènman defakto a ap gaspiye lajan peyi a, lè l pran 20 milyon dola li mete aladispozisyon yon komisyon bidon. Li di lajan sa a te kapab envesti nan lòt domèn pou kreye travay ki t ap pèmèt yo kòmanse rezoud pwoblèm sosyal yo ki se prensipal sous ensekirite a. Reynold Georges mande otorite defakto yo pran pitye pou kouch defavorize yo nan kaye popilè yo. «Gouvènman sa a ki rete sèlman 9 mwa pou l pase sou pouvwa a, konnen trè byen li pa kapab pwosede a okenn dezameman nan peyi a.»

Kòdinasyon sendikal ayisyen kritike gouvènman defakto a
Madi 5 avril la, Kòdinasyon sendikal ayisyen an anonse yon seri dispozisyon pou fòse gouvènman defakto Alexandre-Latortue a satisfè revandikasyon klas travayè yo. Responsab Kòdinasyon an, Carlo Napoléon fè konnen pa gen anyen ki fèt pou rezoud vrè pwoblèm klas travayè a yon ane aprè kidnapin prezidan Jean-Bertrand Aristide. Chomaj, grangou, lavi chè e ensekirite ap fin kokobe klas travayè a.

Responsab seksyon transpò nan kòdinasyon an bay defakto yo 15 jou pou rezoud pwoblèm transpò a nan peyi a, kote chofè ap goumen ak pasaje pou pri gaz la ki monte sou mache a.

Lanmò Robenson Laraque
Jounalis Robenson Laraque ki te resevwa bal nan tèt dimanch 20 mas la, lè afwontman ant eks-militè yo ak solda MINUSTAH yo nan TiGwav, mouri dimanch 3 avril la nan lopital Kiba. Jounalis la ki te resevwa bal yo devan lokal estasyon radio li t ap travay la te transfere nan Pòtoprens, aprè nan Sendomeng e answit Kiba pou l te pran swen. Plizyè jounalis nan vil TiGwav ak nan Pòtoprens deplore lanmò li. Guyler C. Delva, sekretè jeneral Asosyasyon jounalis ayisyen (AJH) lage responsabilite a sou do gouvènman defakto a epi mande jistis ak reparasyon pou paran viktim yo. Aprè Abdias Jean se Robenson Laraque ki tonbe anba bal fòs fènwa yo.

Ki kote dosye Jean L. Dominique lan ye aprè 5 ane?
Nan okazyon 5kyèm anivèsè asasina Jean L. Dominique la, Asosyasyon jounalis ayisyen (AJH) te òganize yon jounen refleksyon lendi 4 avril la, nan otèl Le Plaza sou libète laprès ann Ayiti. Sekretè jeneral AJH la, Guyler C. Delva fè konnen 5kyèm anivèsè asasina PDG radyo Ayiti Entè a, Jean Dominque make echèk pouvwa jidisyè a ak otorite gouvènmantal defakto yo. «Nan lokazyon 5kyèm anivèsè asasina Jean Dominique e moun ki touye Jean Dominique lan se jisteman sa yo te bezwen fè, touye libète laprès, yo te bezwen toufe la verite, gen de bagay Jean Dominique te konn di ki pa t fè yo plezi, yo pa t vle tande, yo pa t gen kouraj pou yo tande...»

Guyler C. Delva fè konnen ke 5 ane aprè krim sa a, moun ki te voye komèt krim nan ak moun ki te komèt li a toujou ap mache nan la ri san kè kase. Sekretè jeneral Komite avoka pou respè libète endividyèl (CARLI), Renan Hedouville, bò kote pa l, di li pa konprann konpòtman lajistis sou dosye Jean Dominique lan 5 ane aprè. Li di li espere jij Pérez Paul yo fèk nonmen sou dosye a pral favorize aboutisman pwosè krim sa a kont jounalis Jean Dominique ak gadyen estasyon an Jean-Claude Louissaint.

Arestasyon prezime asasen Brignol Lindor a
Nan mitan mwa mas lan, abitan nan Miragwàn te mete men sou youn nan prezime asasen Brignold Lindor ki te rive nan TiGwav jou 3 desanm 2001 an. Prezime asasen sa a rele Saint Juste Joubert e yo te remèt li bay lapolis. Responsab Direksyon santral polis jidisyè (DPCJ) nan Miragwàn fè konnen lapolis transfere li nan komisarya TiGwav la samdi 19 mas l.

Eks-militè yo toujou rete anchennen nan Lopital
Plizyè eks-militè ki te blese nan afwontman ak sòlda MINUSTAH yo nan TiGwav toujou rete anchennen sou kabann Lopital Jeneral.Yo fè konnen genyen plizyè nan yo ki deja transfere nan prizon san yo poko fin geri. Eks-militè yo di yo pa jwen swen, yo anchennen, menm nan twalèt yo pa ka ale, yo di yo dekouraje pou move tretman y ap sibi sou gouvènman defakto a, yo te pran zam kont prezidan Aristide pou mete l atè e yo regrèt sa, pou mete yon gouvènman k ap trete yo tankou bandi.

Ansyen prezidan Lig ayisyen dwa moun lan, Gérard Gourgue t al vizite eks-militè yo nan lopital jeneral, madi 5 avril la. Gourgues pale plen vant li pou li fè demagoji aloske li pa janm di anyen sou moun lapolis ak Minustah ap plede touye nan Site Solèy. Men li rekonèt ke ensekirite a ap vale tèren nan peyi a, yon ane aprè kidnapin prezidan Aristde.

Bandi mete dife nan tribinal
Bandi mete dife nan tribinal seksyon Sid la, nan sant kapital la, nan ri Dènri, nan lannwit mèkredi pou louvri jedi 31 mas la. Jij tribinal seksyon sid la Gabriel Ambroise fè konnen se limenm yo te vize, paske li genyen anpil dosye lou l ap jere. Li di dife a detwi yon bon pati nan tribinal la, yo detwi tout systèm elektrik la, li pa t menm ka kwè sa k te pase nan biwo li a e li pa t an mezi pou l te bay plis detay.

Lespay menase retire li nan MINUSTAH a
Lendi 4 avril la ministè Defans Espay lan anonse li pral retire twoup li yo ki deplwaye an Ayiti si kominote entènasyonal la pa bay Misyon Loni an èd ekonomik li te pwomèt la. Kontenjan espanyòl la ki nan Minustah a genyen yon inite marin 200 manm. Konsèy sekirite Loni an deside voye yon misyon evalyasyon ann Ayiti ant 13 a 16 avril ke Brezil ap prezide. Objektif prensipal misyon an se «Pote yon apwi total bay MINUSTAH e kenbe prezans Nasyonzini ann Ayiti osi lontan ke sa nesesè.»

Antretan, responsab Minustah yo nan peyi a voye yon kontenjan sòlda al tabli tank yo nan komisarya Fò Nasyonal nan sant kapital la, yon zòn ekstratejik k ap pèmèt yo kontwole katye popilè yo, kouwè Bèlè, Sen Maten. Kòmandan batayon twoup brezilyen an, kolonèl Luiciano fè konnen yo pral amenaje lokal sa a li di ki genyen yon pòte istorik. Donk se chak jou fòs okipan Loni yo ap rantre pye yo pi fon nan peyi a.

Bilan Coicou-Cameau
Mèkredi 6 avril la, nan konferans près li abitye bay la, pòtpawòl lapolis la, Jessy Cameau Coicou te drese bilan operasyon ki te mennen nan zòn metwopolitèn lan. Li di madi 5 avril lan, nan aprè midi nèg ame te vire kapital la tèt anba ak gwo rafal kout zam otomatik nan tout zòn nan vil la. Nan mouvman panik sa a plis pase 2 moun te jwen lanmò yo ak plizyè douzèn moun blese. Li di moun sa yo ki t ap simen panik nan kapital la te nan 2 machin, youn ladan yo se te youn Toyota ki pou OFATMA. Jessy C. Coicou konfime depi dimanch 3 avril la PNH ak MINUSTAH ap mennen yon operasyon konjwent nan Site Solèy, nan operasyon sa a, yon polisye blese.

Nan pwen de près sa a Jessy Coicou fè konnen biwo k ap lite kont vòlè machin yo (BLVV) resanse 228 ka de vòl machin pou mwa mas la, la polis te rive rekipere 64 sèlman ladan yo e remèt yo bay pwopriyetè yo. Sòti 1ye pou rive 5 avril la, la polis resanse 46 ka de vòl machin nan kapital la, anpil ladan yo fèt sou Wout Nasyonal nimewo 1 an, Delma 31, 32 sou Wout Frè a ak nan zòn Fontamara.