Site Solèy pran yon souf!
Nan lannuit mèkredi 30 mas la, Thomas Robenson alyas Labanyè, yon chèf gang anti-Lavalas, ki t ap teworize popilasyon Site Solèy la sou lòd André Apaid , mouri anba bal 2 gad di kò l nan katye Boston nan Site Solèy. Labanyè te reprezante branch ame Gwoup 184 la nan Site Solèy e se li ki te genyen kontwòl katye Boston nan Site a. Jedi 24 mas lan, Labanyèy te ouvè kout zam sou yon manifestasyon militan Lavalas nan Site a. Labanyè ak gang li an te touye yon manifestan epi blese plizyè lòt.
Premye minis de fakto a Gérard Latortue di li regrèt anpil lanmò Labanyè ki t ap travay pou rejim li an nan Site a. Li fè konnen se gras a Labanyè ki te fè Gwoup 184 la t al prezante pwojè kontra sosyal yo a nan Site Solèy. Aprè lanmò chèf gang lan, popilasyon Site Solèy te pran lari pou manifeste kontantman yo, yo fè konnen kounye a tout moun ka sikile nan Site Solèy san pwoblèm.
Minustah ap simen dèy
Aprè lanmò chèf gang Thomas Robenson alyas Labanyè, sòlda Minustah yo ak polisye PNH yo antre vini simen laterè nan Site Solèy. Nan yon operasyon tèt ansanm Minustah-PNH jedi 31 mas lan, nan Site Solèy, yo rive touye plizyè abitan e blese plizyè lòt. Pou yo te mennen operasyon sa a fòs okipasyon an ak ajan PNH yo te bloke tout 17 antre ak sòti Site Solèy ak gwo cha blende, gwo zam fann fwa nan men yo.
Pòtpawòl Minustah, Damian Onsès Cardona fè konnen gwo operasyon sa a fòs okipasyon an ap mennen nan Site a ap la pou lontan, pou yo wè si ya rive mete sekirite, men tout moun konnen se yon pretèks pou yo detrui patizan prezidan Aristide nan Site Solèy ki se youn nan pi gwo bastyon Lavalas..
Delpé mande depa Latortue
GNBis yo ki regroupe nan yon òganizasyon ki rele «Inisyativ nasyonal pou sove tranzisyon an» rann gouvènman defakto yo a responsab sitiyasyon peyi a plonje depi aprè kidnapin prezidan Aristide 29 fevriye 2004 la. Responsab regroupman òganizasyon politik la, Turneb Delpé denonse ekip ki sou pouvwa a li akize ki trayi misyon li, ki trayi koz GNBis yo. Turneb Delpé fè konnen solisyon kriz peyi a ap travèse a dwe pase de tout fason pa demisyon gouvènman defakto a, li di ki pa genyen konpetans pou mennen peyi a.
Latortue pa vle yo bay «konbatan» li yo lapawòl
Premye minis defakto a Gérard Latortue fache kont laprès li di k ap bay bandi yo lapawòl. Gérard Latortue fè konnen se yon bagay pèson moun pa ta panse e ki inadmisib aprè asasina plizyè polisye pou genyen radyo k ap bay bandi pale. Li di se sèl ann Ayiti ki genyen pratik sa, li anonse gouvènman genyen kèk mezi li pral pran kont sa. Sekretè jeneral Asosiyasyon jounalis Ayisyen (AJH), Guyler C. Delva fè konnen li pran deklarasyon Gérard Latortue a oserye e li mete l nan kontèks yon seri atak ouvè kont libète laprès nan peyi a.
Ansyen militè yo ap reflechi?
Plizyè ansyen militè ki te blese nan afwontman avèk Minustah nan Tigwav rete abandone ak chenn nan pye yo nan Lopital Jeneral. Ansyen militè yo fè konnen ke malgre yo nan yon trè move eta, genyen anpil nan yo, otorite yo pran al fèmen nan prizon. Ansyen «rebèl» yo di yo pa dakò ak movè tretman y ap resevwa anba men gouvènman defakto a, yo di yo regrèt yo te pran zam kont prezidan Aristide, pou Latortue te ka rive sou pouvwa a, pou kounye a pou l ap trete yo de bandi.
Gérard Latortue bezwen zam
Premye minis defakto a Gérard Latortue kritike kominote entènasyonal la,li di ki kenbe anbago zam la sou peyi Dayiti, malgre pwomès yo te fè gouvènman li a. Li manifeste volonte l pou l al achte zam nan kontrebann. «Ou konnen byen deja pozisyon m sou kesyon zam, men mwen vle di ou ouvètman jodi a, si yo kontinye kenbe anbago sou zam la malgre gwo lajan Leta deja vèse, mwen pral achte zam kote w konnen an.»
Plizyè lide politik kritike deklarasyon sa a e chèf PNDPH la, Turneb Delpè fè konnen ke se yon desizyon iresponsab ki pral ouvè wout pou plis ensekirite nan peyi a, li di Premye minis defakto bay tou moun ki vle peche nan dlo sal, yon okasyon pou yo fè l.
Responsab MODEREH a Prince Pierre Sonson fè konnen limenm ke sa pral anfonse peyi a plis toujou nan yon trou pi fon.
Lidè ALLAH a Reynold Georges di jan de deklasyon sa a Gerard Latortue te fè a, pral fè peyi a eksploze anba lòt menas ki pi danje, li mete deklarasyon sa a yo nan kad yon pwomosyon general pou banditis nan peyi a.
Cameau-Coicou bezwen ekipman
Pòtpawòl PHN la Jessy Cameau Coicou fè konnen lapolis ap konfwont yon gwo pwoblèm ekipman. Yon sitiyasyon ki anpeche polisye yo fè travay yo, epi rive kontrekare aksyon bandi yo k ap simen latèrè nan mitan popilasyon an, kouwè sa k ap pase nan komin Delma.
Pòtpawòl Minustah a demanti
Pòtpawòl Minustah a, Damian Onsès Cardona demanti enfòmasyon ki ta fè konnen genyen yon sòlda Srilankè ki ta mouri nan Tigwav. Enfòmasyon sa a plizyè media te deja bay, pa genyen fondman.
Chofè yo sonje gouvènman Lavalas!
Asosasyon Pwopiyetè e chofè machin yo (APCH) mande govènman defakto sibvansyone pri gaz la kouwè gouvènman Lavalas la te fè konn fè pou evite tout ogmantasyon pri transpò. Responsab relasyon piblik Asosiyasyon an, Yves Chavannes Fortuné fè konnen ogmantasyon sa a pa nan enterè chofè yo ak pasaje yo. Li di yo pral fè kèk demach bò kote responsab defakto ministè afè sosyal yo ak bò kote kèk sendika chofè pou yo wè si yo ta jwenn yon antant sou sa.
Dife nan mache Kwadèbosal
Te gen yon dife nan Mache Kwadèbosal la nan lannwit lendi 28 mas la. Daprè Jean-Marie Rodrigue, responsab gwo mache piblik sa a nan sant Potoprens, genyen plizyè milye moun ki sinistre e machann yo pèdi plis pase 3 milyon goud. Machann yo bò kote pa yo, mande otorite defakto yo pran dispozisyon pou ba yo sekirite nan mache a, pou evite ensandi kriminèl sa yo.
Japon siyen yon akò avèk defakto yo
Mèkredi 30 mas lan minis defakto Afè etranjè, Hérard Abraham siyen yon akò koperasyon avèk chaje dafè Japonè a Masato Fritashinan, kote Japon pwomèt yon asistans teknik sitou nan domèn teknoliji, e l ap voye kèk ekspè ann Ayiti pou vinn fòme kèk teknisyen. Akò a genyen ladan l diferan domèn kouwè: sante, agrikilti e teknoloji. Responsab yo fè konnen depi 1979 se premyè fòm asistans Japon bay Ayiti. Peyi a sove donk?
Vizit Latortue nan KEP la
Mèkredi 30 mas lan yon delegasyon Konsèy siperye polis nasyonal ki te genyen nan tèt li Premye minis defakto a Gérard Latortue te vizite Konsèy elektoral pwovizwa (KEP) apre l te fin sibi 2 atak nan yon semèn. Gérard Latortue fè konnen li pral mete kanpe yon komisyon k ap genyen plizyè sektè ladan kouwè, reprezantan KEP, gouvènman defakto, PNH ak MINUSTAH, pou yo etidye ki pi bon fason y ap fè pou garanti sekirite pwosesis elektoral la.
Kreyasyon Anapdel
Asosiyasyon nasyonal pou fè pwomosyon demokrasi ak developman lokal nan peyi a (Anapdel) se non yon nouvo òganizasyon ki pran nesans mèkredi 30 mas la nan Pòtoprens. Òganizasyon sa a genyen ladan l ansyen majistra yo, KAZEK yo, AZEK yo ak kèk pèsonalite kouwè visprezidan Chanm kòmès sidès la, Frantz Large ; prezidan chanm komès Sid la, Pierre Leger. Objektif prensipal nouvèl òganizasyon sa a se fè pwomosyon pou desantralizasyon ak developman lokal nan peyi a. Kòdonatè jeneral asosiyasyon an , ansyen majistra Tirivyè Latibonit lan, Luc Duvalsaint fè konnen pou ANAPDEL atenn objektif li, li genyen pou li mennen kanpay sanbilizasyon bò kote sitwayen yo pou fè yo wè nesesite pou yo patisipe nan jesyon afè peyi yo e fè dirijan pouvwa santral la fasilite demach y ap antreprann pou fè desantralizasyon an pran jarèt.
Nodwès: Lapolis ap touye moun!
Jedi 10 mas la yon chofè taksi motosiklèt, Frantz Michèl pèdi lavi l anba bal lapolis, pandan Frantz Michèl t ap swiv yon manifestasyon pou mande lapolis respekte dwa moun. Lapolis te apèn fin arete yon chofè taksi epi sezi motosiklèt li paske
li te mande pou chofè a te al depoze li nan komisarya polis Pòdpè a. Chofè a te refize paske li di chakfwa li pote lapolis yo pa janm peye li. Pòtpawòl lapolis Nòdwès la t ap chèche defann lapolis pou di se pa lapolis ki tire Michèl paske te gen tire nan mitan popilasyon an tou. Eske pòtpawòl lapolis la te prezan? Si li te prezan pou kisa lapolis pa t tann jij de pè pou al fè konsta mò a avan yo t al depoze li nan mòg? Pou kisa tou yo pa chèche retire katouch la pou jwenn ki kalib zam ki touye Michèl la?
Nan dat 20 mas lan 2 lòt moun mouri nan yon bann rara zòn Senlwidinò. Fanmi viktim yo akize lapolis ki t al tire sou bann rara a ki lakòz 2 moun yo mouri avèk 4 lòt blese. Daprè Luck Jean-François depatman Nòdwès la pa t konn gen tout ka ensekirite sa yo. Se aprè ansyen direktè polis la Jean Tomas Nelson te finn fòme yon group milisyen sou non Ajan depistaj ki genyen yon pakèt depòte ak manm GNBis li te ba yo kat polis nasyonal ak gwo zam nan men yo. Yo gen dwa siyone nan lari a lajounen kou lannwit, arete moun yo vle sitou sa yo konnen ki se manm Fanmi Lavalas yo.