Moïse Jean-Charles denonse yon plan
Pòtpawòl Fanmi Lavalas pou depatman Nò a Moïse Jean-Charles denonse yon plan ansyen militè yo nan depatman genyen pou atake baz sòlda chilyen Minustah nan depatman an. Li fè konnen 7 ti grenn zam ansyen militè yo te remèt bay otorite defakto yo se yon mwayen pou kache plan sa a. Genyen kèk reprezantan pati politik nan depatman Nò a ki ta dèyè konplo sa a. Jean-Charles lanse yon pinga bay ansyen militè yo kont tout atak yo ta genyen pou yo fè kont patizan Fanmi Lavalas nan rejyon an.
Moïse Jean Charles te tou pwofite pou l anonse yon manifestasyon pasifik pou madi 29 mas la, pou mande kominote entènasyonal la ak otorite defakto yo sispann pèsekite patizan Lavalas yo. Li di nan lokazyon 18tyèm anivèsè konstitisyon peyi a, pèp ayisyen dwe kontinye batay pou fè respekte dwa li ak bilten vòt li yo.
PNDPH ap rele kont gouvènman defakto li a
Lidè Pati PNDPH la, Turneb Delpé yon ansyen GNBis, rann gouvènman defakto Alexandre-Latortue a responsab klima vyolans lan k ap devlope nan peyi a. Li kondane atak sòlda Minustah yo fè sou ansyen militè yo nan Tigwav ak Tè Wouj. Turneb Delpé fè konnen sitiyasyon sa a lage peyi a pito nan plis ensekirite ak plis divizyon, lè se fòs okipasyon an gouvènman defakto a ap itilize kont ansyen militè yo. Daprè Delpé se move apwòch gouvènman defakto Boniface-Latortue te fè sou dosye ansyen militè yo depi nan kòmansman pwoblèm lan, ki vin bay sitiyasyon sa a jodi a.
Gouvènman defakto a fè yon lòt komisyon!
Sekretè jeneral Kòdinasyon nasyonal sosyetè viktim koperativ yo (Konasovik), Rosemond Jean te resevwa yon konvokasyon nan tribinal sou akizasyon li te pote kont direktè jeneral Polis nasyonal la (PNH), Léon Charles li di ki ta vòlè byen koperativ CEI. Se avoka Léon Charles la, Samuel Madistin ki te voye konvokasyon sa a bay Rosemond Jean. Rosemond Jean denonse Samuel Madistin: «Se yon dosye ki twò lou pou n ta kite Samuel Madistin bòykote l.»
Yon lòt kote gouvènman defakto a enstale yon lòt komisyon 22 mas la nan primati a pou jere dosye sosyetè viktim yo: yon reprezantan gouvènman defakto a, Sheila Roy, yon reprezantan Konasovik, Jean Yonel Chérestal e yon reprezantan Asosiyasyon fanm sosyetè viktim yo, Rose Sandra Guillaume. Se dezyèm komisyon gouvènman defakto a mete kanpe pou jere dosye sosyetè viktim koperativ an fayit yo.
Pwotestasyon nan Gwomòn
Lendi 21 mas la, vil Gwomòn te bloke ak barikad, machin pa t kapab sikile, tout aktivite yo te bloke. Sitwayen nan vil la te tanmen mouvman sa a pou te pwoteste kont vyolans, asasina ak tout lòt zak kriminèl bandi ak zam ap fè chak jou nan vil la ak nan seksyon kominal yo. Yo fè konnen komisarya polis vil Gwomòn lan abandone, li pa genyen polisye depi plis pase 4 mwa. Yo di gouvènman defakto a lage vil la bay bandi ak zam k ap koupe rache nan Gwomòn, pa gen sekirite, pa gen polisye, menm tribinal pa ka fonksyone. Sitwayen yo fè konnen mouvman sa a se twokèt la, chaj la dèyè.
Pwoblèm dlo
Nan okazyon jounen modyal dlo, 22 mas la, enjenyè Adam Pierre ki se yon konsiltan nan OPS ak OMS, te pwofite okazyon sa a pou sansibilize responsab yo sou gwo pwoblèm ki genyen nan zafè dlo, asenisman ak anviwònman an. Li fè konnen depi kèk ane popilasyon an ap ogmante e kantite dlo potab la ap diminye. Anviwonman ap finn deteryore, pa genyen asenisman ki fèt nan peyi a.
Evans Paul ap prepare yon «plan»
Dimanch 20 mas la, pati Evans Paul la, KID, te klotire dezyèm kongrè nasyonal li nan Pòtoprens. Manm KID yo ak asosye li yo tankou Premye minis defakto a Gérard Latortue te nan seremoni sa a. Se sekretè jeneral KID la Evans Paul, yo chwazi kòm kandida pou pòs prezidan e li genyen 75 jou devan l pou l prezante yon «plan» ba yo.
Mésadieu ap fè alyans ak Chavannes Jeune
Nan yon vizit lidè Mochrenah a, pastè Luc Mésadieu te fè nan depatman Sid peyi a pandan wiken 19-20 mas la, li te anonse alyans pati l la konte fè ak pati pastè Chavannes Jeune la ki rele UNCRH. Li fè konnen Chavannes Jeune te bay 3 manm pati li a manda pou vin negosye pou li: Georges Merisier ki se yon ansyen minis Edikasyon nasyonal, Claude Germain ki se dwayen inivèsite Limyè ak yon kad pati a, pwofesè Jean Ducombe.
Taïwan bay Boulos 30 mil dola
Gouvènman Taïwan lan bay chanm komès ak endistri Dayiti 30 mil dola pou modènize enstitisyon an. Anbasadè Taïwan lan ann Ayiti mete kado sa a nan kad solidrite ak koperasyon gouvènman li an genyen pou ede sektè prive ayisyen an ranfòse tèt li. .
Prezidan chanm komès ak endistri Dayiti a, Reginald Boulos, bò kote pa l remèsye otorite Taïwan yo pou kado sa a yo ba li, li di li espere jan de koperasyon sa yo pral kontinye pou pèmèt chanm komès la ranpli wòl li ki se akonpaye otorite defakto yo.
OPS bay defakto yo «5 ti pwojè»
Dirijan Oganizasyon Panamerikèn lasante anonse yo pral demare avèk 5 ti pwojè nan depatman Sid la, pou asenisman nan kèk lekòl, konstwi kèk latrin piblik, e se ministè Sante piblik k ap sipèvize pwojè sa yo. Yo fè konnen pwojè sa a yo ap koute 50 mil dola e se Bank mondyal ki ba yo lajan sa a.
Abdou Diouf ap bay pa l!
Madi 22 mas la, sekretè jeneral Oganizasyon entènasyonal frankofoni an (OIF), Abdou Diouf anonse fòmasyon yon enstiti twazyèm sik inivèsitè nan Pòtoprens. Li fè konnen gouvènman defakto a deja debloke 400 mil dola pou kòmanse mete enstiti a kanpe, e aktivite yo pral demare ane sa a. Enstiti sa a ap genyen pou l resevwa reprezantan tout rejyon nan Karayib la, nan kad fòmasyon.
Rektè Inivèsite Deta Dayiti a, Pierre Marie Paquiot, bò kote pa l, te prezante yon trè movè tablo sou sitiyasyon inivèsite a, li fè konnen inivèsite a pa genyen kantite pwofesè li bezwen. Li swete asistans ajans inivèsite frankofoni ap bay peyi a ta reponn ak reyalite peyi a.