Militan Fanmi Lavalas yo mande yon komisyon ankèt
Aprè gouvènman defakto Alexandre-Latortue a te fin voye atache li yo, nèg an nwa yo al touye pitit pèp la nan katye popilè yo, kouwè masak Fò Nasyonal, masak ri Sen Maten jou 25 fevriye a ak masak 28 fevriye an nan manifestasyon pasifik la, asasina Jimmy Charles, Abdias Jean, Miberly Valbrun Jean-Baptiste, etc., Kòdinasyon popilè baz Fanmi Lavalas mande fòmasyon yon komisyon ankèt endepandan pou fè limyè sou tout krim sa yo rejim defakto a fè. Yon komisyon ankèt ki ta dwe fòme konsa: yon reprezantan mouvman rezistans baz popilè yo, yon reprezantan Minustah, yon reprezantan laprès ak yon reprezantan dwa moun yo. Militan Lavalas yo te bay yon delè k ap fini 25 mas 2005 pou komisyon dankèt sa a.
Yo te pale tou sou manifestasyon yo te prevwa pou yo te fè madi 15 mas lan, ki pat fèt paske responsab yo te wè li pa t posib ditou pou yo ta ekri lapolis pou anonse ke y ap fè manifestasyon, apre tout vyolans masak ak arestasyon ilegal lapolis te fin fè sou mas pèp la nan katye popilè yo.
Yon fwa ankò yo te pote solidarite yo bay viktim masak 28 fevriye a, kote lapolis te touye 5 kanmarad yo. Vandredi 18 mas la, plizyè milye militan Lavalas te pran lari pou akonpaye paran viktim yo nan lantèman 5 kanmarad yo.
Inisyativ pou sove tranzisyon an mande depa Latortue
Jedi 17 mars la, Inisyativ pou sove tranzisyon an ki genyen ladan l plizyè pati politik ak kèk òganizasyon nan sosyete sivil la, kouwè Modereh, Pndph, Padem, Tèt ansam e Mnp-28 e ki te nan mouvman GNB a, kont prezidan Aristide, te òganize yon sitin devan Primati a pou mande depa Gérard Latortue. Youn nan responsab pati politik manm GNB yo, Prince Pierre Sonson te drese yon bilan negatif sou gouvènman defakto Gérard Latortue a. «Volim vyòl, volim kidnapin, vòl veyikil ogmante de manyè ekstraodinè dènye tan sa yo. Gouvènman an pretann ke l kapab reyalize eleksyon, ò gouvènman sa a pa kontwole Plato Santral, ni li pa kontwole katye popilè yo».
Ogmantasyon vòl machin
Nan yon konferans pou laprès pòtpawòl lapolis la, Jessy Cameau-Coicou te bay mèkredi 15 mas la, li fè konnen vòl machin ogmante seryezman nan kapital la nan mwa fevriye a ak premye kenzèn mwa mas la. Pou mwa fevriye a lapolis anrejistre 129 ka vòl machin, pou premye kenzèn mwa mas la, deja gen 102 ka. Cameau Coicou anonse lapolis renmèt 4 machin, vòlè yo te pran an Repiblik dominikèn e ki t ap sikile nan Pòtoprens bay konsila dominiken an, nan vandredi 11 mas la. Li lonje dwèt sou ansyen militè yo ki genyen nan tèt yo Ravix Remissainte ak René Jean Anthony alyas Grenn Sonnen li di k ap mache vòlè machin nan peyi a. Li di lapolis te rive dejwe yon plan ansyen militè yo te genyen pou yo atake komisarya polis Kwadèboukè a ak Bon Repo a.
Latortue ap kritike moun li yo
Premye minis defakto a Gérard Latortue kritike deklarasyon kèk sektè politik ki ta vle fè kwè gouvènman l ap dirije a ta fè konplwo ak kominote entènasyonal la pou libere Yvon Neptune. Sektè politik sa yo ki te ansyèn opozisyon an, ki genyen ladann NCHR, yon òganizasyon ki di l ap defann dwa moun, di gouvènman an te dwe kite Yvon Neptune mouri nan Penitansye nasyonal. Gérard Latortue fè konnen se t ap yon krim pou l ta kite Yvon Neptune mouri. «Si Yvon Neptune te mouri nan prizon an, se yon gwo chaj ki t ap tonbe sou do gouvènman defakto a». Chèf misyon Nasyonzini an bò kote pa l, Juan Gabriel Valdès pa bay sa enpòtans. Li di Minustah te dwe entèvni pou bay Yvon Neptune swen apre eta sante l te fin deteryore.
Neptune ak Privert transfere pou swen
Aprè deblozay ki te eklate nan Penitansye nasyonal la, samdi 19 fevriye a, kote 481 prizonye te sove, 2 nan prizonye politik Lavalas yo, Premye minis Yvon Neptune e minis Enteryè a, Jocelerme Privert te santi lavi yo menase, yo te sètoblije obsève plizyè jou grèv grangou pou fòse otorite defakto yo panche sou ka yo. Pandan mouvman grèv yo a, yo te resevwa vizit kongreswoman Etazini an Maxine Waters, ki di gouvènman defakto a foule dwa pèp ayisyen an anba pye l, l ap mennen yon lagè san pran souf kont patizan prezidan Jean-Bertrand Aristide yo. Depite demokrat la, Ernst Fanord, bò kote pa l te di: «Lafòs prime sou dwa ann Ayiti, pa genyen demokrasi.»
Aprè 19 jou grèv lafen, jedi 10 mas la, aprè entèvansyon yon responsab Loni, Yvon Neptune te transfere, sou pwoteksyon sòlda Minustah nan klinik kontenjan Ajanten yo sou wout ayewopò a.
Pòtpawòl Minustah, Damian Onses Cardona voye jete vye deklarasyon sèten sektè ap fè sikile ki vle fè kwè se yon konplo gouvènman defakto a ak Minustah ap fè pou libere Yvon Neptune. «Se pa yon evakiyasyon, se yon transfè nan yon sant ospitalye». Li presize se fanmi Yvon Neptune yo ki te fè demann sa a pou rezon imanitè.
Aprè Yvon Neptune, otorite defakto yo te sètoblije transfere Jocelerme Privert nan lopital Kanapevè pou al pran swen. Eta sante Jocelerme Privert te bese anpil apre plizyè jou grèv nan Penitansye nasyonal.
Maxine Waters akize Etazini
Kongreswoman Etazini an, Maxine Waters fè konnen lendi 14 mas la se Etazini ki responsab sitiyasyon katastwofik ki genyen jounen jodi a ann Ayiti. Daprè kongreswoman lan, se chak jou gouvènman defakto a ap foule anba pye l dwa pèp ayisyen an, l ap travay pou l elimine lidè pati Fanmi Lavalas. Li pran kòm egzanp Ira Kurzban, gouvènman defakto a pa t kite rantre nan peyi a, poutèt li se avoka prezidan Aristide. «Si se pa t estati kòm manm kongrè ameriken an, gouvènman an plas la t ap trete m menm fason an», te deklare madan Waters.
Ira Kurzban bò kote pa l fè konnen ekip ki sou pouvwa jounen jodi a, nan peyi Dayiti, enkonstitisyonèl, se administrasyon Etazini ak Kanada ki mete yo nan tèt peyi a. Daprè avoka a, se pou premye fwa Ayiti twouve l nan yon sitiyasyon ki danjere konsa.
GNBis yo ap touye moun
Dimanch 13 mas lan Jean Dady Ostiné alyas Ti Kenley ouvè kout zam sou Hansy Barolet ki t ap danse nan yon bann rara nan vil Ti Gwav. Hansy Barolet alyas Ti Chal te reseva yon bal e li mouri sou kabann lopital Notre Dame Ti Gwav. Daprè temwen yo, Ti Kenley tire sou Ti Chal pandan viktim lan ta pral separe Ti Kenley ki t ap goumen ak madanm li nan yon bann rara ki t ap mete animasyon nan vil la. Aprè li finn komèt zak kriminèl sa a, Ti Kenley lage kò l nan mawon.
N ap raple w aprè GNBis Jean Vilfort Ferdinand alyas Ti Will ki te touye yon ti fiyèt 13 lane nan vil Gonayiv, e li swadizan nan mawon, Fwon rezistans Gonayiv la ki genyen Guy Philippe nan tèt li, te opoze de fason sistematik a arestasyon Ti Wil, ki fè se enpinite k ap reye nan peyi a. Eske Ti Kenley pral jwenn menm privilèj sa a?
24 ayisyen mouri nan yon prizon an Repiblik dominikèn
Dimanch 6 mas la, yon gwo deblozay te eklate nan prizon Higuey la, aprè yon konfwontasyon ki te genyen ant prizonye yo. Te vin gen yo gwo lòbèy kote 135 prizonye jwenn lanmò yo, e pami yo 24 ayisyen ak 2 Potoriken. Otorite Potoriken yo te debake an Repiblik dominkèn pou yo te pran kadav 2 potoriken yo al antere yo Potoriko. Pwotektè sitwayen Pòtoriko a, Carla Lopez Nieves fè konnen potoriken ki nan prizon an Repiblik dominikèn nan kondisyon ki pa bon menm, okenn dwa yo pa garanti. Li di l ap fè demach bò kote depatman Deta pou transfere prizonye Potoriken yo Pòtoriko.
24 ayisyen ki te mouri ak 7 lòt ki te blese te rete abandone an Repiblik dominikèn. Otorite dominikèn yo te sètoblije mete plizyè nan yo fos komin. Se jis 3 jou aprè yon delegasyon ayisyèn te rive Higuey. Sitiyasyon sa a montre yon lòt fwa ankò, kouman reprezantan ayisyen an Repiblik dominikèn pap fè anyen. Marie Louise Joseph, yon komèsant ayisyèn k ap viv Higuey depi plizyè lane montre endiyasyon l e li te di: «Konpatriyòt ayisyèn yo jete nan yon twou kouwè bèt, isit la nou abandone a noumenm.»
Asasina Rodolphe Solages
Mèkredi 16 mas lan, bandi touye ak plizye bal propriyetè makèt Saint-Pierre la, Rodolphe Solage nan makèt la, nan ri Panamerikèn nan Petyonvil. Daprè anplwaye yo bandi yo pa t pran anyen nan makèt la. Asosiyasyon patwon yo te mande tout komèsan pou yo fèmen pòt yo samdi 19 mas la an siy de dèy ak pwotestasyon pou ensekirite.
Antèman Miberly
Antèman fiyèt 5 lane an, Miberly Valbrun Jean-Baptiste, lapolis te touye sou wout Frè a, 10 fevriye an, te chante dimanch 6 mas la nan Pòtoprens. Papa ti fi a Inexant Jean-Baptiste konfime yon lòt fwa ankò se lapolis ki te tire sou machin li epi touye pitit li a, li t ap sòt chache lekòl. Li fè konnen polisye yo te tire sou li tou, li te resevwa yon bal, te genyen yon lòt timoun nan machin lan ki te resevwa yon bal tou. Li kritike konpòtman otorite defakto yo ki pa t fè anyen pou ede paran viktim yo. «Jiska prezan pa genyen okenn siy de vi ni bò kote gouvènman an ni bò kote polis nasyonal la.»
Avoka paran viktim yo, Reynold Georges, bò kote pa l denonse komisè gouvènman Pòtoprens lan ak direktè jeneral Polis nasyonal la, Léon Charles k ap chache kache asasen yo.
2 responsab Fanmi Lavalas, James Desrosins ak Felito Doran ki te nan fineray la, fè konnen Fanmi Lavalas solidè ak paran viktim yo e yo mande arestasyon asasen Miberly Jean Baptiste yo.
Desè Joseph C. Bernard
Joseph C. Bernard, yon ansyen minis Edikasyon nasyonal, ki te genyen 88 lane, mouri lendi 14 mas la nan Pòtoprens. Kòm minis Edikasyon nasyonal yo asosye non li a yon refòm sistèm edikatif ayisyen an pou te mete lang kreyòl la nan sistèm edikasyon an ane 79-80 yo. Plizyè ansyen minis Edikasyon nasyonal ak plizyè anseyan te rann Joseph C. Bernard yon dènye omaj.
Desè Etienne Remarais
Samdi 12 mas lan Etienne Remarais ki se papa direktè jeneral Ajans ayisyèn de près (AHP) ak Radyo Solidarite, te mouri nan lopital Kanperen a laj de 88 tan. Antèman Etienne Remarais te chante samdi 18 mas la nan legliz Sainte Anne Kanperen e yo te antere l nan simetyè vil la.
Etazini mande sitwayen li yo pa vin ann Ayiti
Nan yon kominike vandredi 12 mas la, depatman Deta Etazini lanse yon nouvo mizangad bay sitwayen li yo pou yo pa vwayaje ann Ayiti pou rezon sekirite. Li fè sitwayen li yo konnen genyen anpil chans pou genyen manifestasyon bridsoukou ki ka fèt, konfwontasyon vyolan ant gwoup ame. Li avize vizitè ak rezidan yo pa genyen yon polis efikas, gang ame yo konn bare wout yo, genyen anpil chans pou genyen piyaj, krim vyolan, zak kidnapin, volè machin e lòt atak ki ka fèt sou yo. Pou depatman Deta Etazini, deplase nan Pòtoprens se yon bagay ki genyen anpil danje, misyon diplomatik pa ankouraje diplomat yo sikile nan peyi a, menm nan Pòtoprens. E poutan se yo ki bay bandi yo peyi a.
Yon nouvo direktè nan PNH Sid
Lendi 14 mas la, yo te enstale komisè Joanis Caneus kòm nouvo direktè depatmantal Polis nasyonal Dayiti (PNH) nan depatman Sid la.
Madanm Jacques Mathelier mande liberasyon mari l
Madanm ansyen delege depatmantal Sid la, Jacques Mathelier, mande otorite defakto yo lage mari l yo fèmen nan prizon depi 9 mwa pou apatenans politik li.
Konpayi Sèvis Plis kanpe
Konpayi transpò an komen Sèvis Plis, gouvènman Lavalas la te kreye, kanpe travay. Nan yon kominike nouvo direktè a, ansyen sendikalis GNBis, Montès Joseph, fè konnen li pran desizyon sa a pou l ka fè envantè otobis yo. Nouvo direktè a di konpayi a genyen anpil difikilte pou l kontinye fè travay li.Sa li pa di se ke lè konpanyèl li yo t ap jete gouvènman konstitisyonèl la yo vòlè e yo kraze otobis yo. Te gen 192, se apenn si gen 30 ki rete ki ap mache malman.
Vizit yon delegasyon Etazini
Mèkredi 16 mas la, delegasyon Enstiti ameriken pou lapè, ki te genyen nan tèt li ansyen jeneral ki te yon kandida pou prezidan pou pati demokrat la, Wesley Clark, te fè yon bilan sou misyon li ann Ayiti ki te pou evalye travay misyon Nasyonzini ann Ayiti. Wesley Clark fè konnen Minustah a dwe la pou kèk tan toujou: «Depa Nasyonzini ann Ayiti se pa pou demen.» Delegasyon an te genyen tou, Gary Matthews ak senatè Malcolm Wallop, se te yon inisyativ kongrè Etazini. Delegasyon an fè konnen nan diferant rankont yo te genyen ak plizyè pèsonalite an Ayiti, yo te fè yo konprann sitiyasyon an trè konplèks.
Pòdpè: Lapolis touye yon chofè taksi
Jedi 10 mas la 10 zè nan maten, yon polisye nan komisarya Pòdpè a ki te nan sikilasyon devan lakomin lan te rete yon chofè taksi pou depoze li nan komisarya a. Chofè te di li: «Mwen pap pote w paske mwen pote w 2 fwa ou pa peye m.» Polisye a te reponn ke si li pa pote l l ap arete l. Polisye a rale minòt li, li minote chofè taksi a, e li mete l kouche nan mitan solèy la sou adoken an. Lè lòt chofè yo wè sa yo kòmanse rasanble tou prè polisye a. Polisye a vinn deplase ak chofè a pou ta mennen prizonye li a nan komisarya. Lòt chofè taksi yo pran kanmarad yo ki te minote a, yo mete l kouche sou galri Kamep la. Yon lòt polisye ki te la, di li t ap lage msye men li pa gen kle minòt la nan men l.
Chofè taksi yo kòmanse yon manifestasyon la menm pou mande liberasyon chofè taksi a. Lè polisye a wè manifestan yo ap pran nèg la nan men li, polisye a rele nan komisarya. Nèg yo tou pran chofè a, ak tout minot yo monte Lakoup avèk li al chèche jwenn Tony Verniot yon jounalis radyo Balad FM. Yo mete chofè taksi anndan lekòl Tony Verniot a. Lapolis debake nan lekòl la pou te pran chofè a. Tony Verniot te deklare: «Lekòl la se yon anbasad li ye. Lapolis pa gen dwa vinn rantre sou timoun yo ak gwo zam fann fwa pou vinn pran moun.» Lè msye yo wè sa, yo fè yon jan yo sòti ak chofè a pa dèyè, yo ale nan eveche a. Yo siye minòt la.
Chofè taksi yo te pran lari pou kontinye ap manifeste pou mande lapolis respekte dwa moun. Yo sòti Lakoup, desann 3 Rivyè. Yon kontenjan polisye te vinn sòti nan komisarya pou al eseye kraze manifestasyon an. Depi devan legliz Bon Bèje a, lapolis kòmanse tire sou chofè taksi yo. Yo rive fè 18 arestasyon, yon moun mouri ak 9 lòt blese ak bal. Moun ki mouri a rele Frandz Michel alyas Toto. Li te genyen 22 zan.
Daprè Evens Patrick ki se yon chofè taksi moto ki te nan manifestasyon an, tout moun yo arete yo, yo bat yo ak kout kòs fizi epi yo te sezi plis pase 30 moto. Chak chofè k al chèche moto ou gen 500 goud pou bay lapolis. Daprè Fritz Marithan yon abitan nan zòn 3 Rivyè «Nèg an nwa yo finn bay Frandz Michel yon bal nan lestomak, li tonbe, yo monte sou li ak kout kòs fizi. Lè yo wè l mouri yo kouri al lage l nan lopital Imakile a.» Moun mande pou chèf polis Minustah ki nan Pòdpè a mete yon kontwòl sevè sou polisye ki kantone nan komisarya Pòdpè yo. Paske depi plis pase 3 mwa se move zak y ap fè sou popilasyon an. Menm jounalis pa epanye. Chofè yo fè konen yo tounen vach letyè pou polisye yo. Sitou sa k kantonen nan soukomisarya 3 Rivyè a. Yo fè konnen vandredi ak samdi chofè yo se pou polisye yo travay. Yo jwenn kontravansyon san fich e lè yo mande fich, yo bat yo ak kout bòt mete yo nan gadavi pou 2 osinon 3 jou.
Flerinod Kellet ki se youn nan chofè taksi polisye yo te arete, rapòte bay laprès ke: «Chak chofè taksi polisye yo arete nan manifestasyon an se 500 goud pou yo peye, pou yo ka lage». Limenm se 500 goud li te sòt peye pou l te lage. Chofè yo tou pwofite lanse yon modòd grèv pou 3 jou jiskaske pòtpawòl polis Nòdwès la detèmine ki polisye ki tire Toto epi pran sanksyon kont li.
Raketè defakto yo ap fè biznis ak sekou pou sinistre!
Dimanch 20 fevriye nan maten, direktè depatmantal Kwawouj la Silverse Charles ta l fè yon distribisyon tòl, goyin, pikwa, pèl ak manchèt bay viktim siklòn Jeanne yo nan 3e seksyon Obè. Silverse Charles te fè yon reyinyon ak tout Kasèk ak Asèk nan zòn nan pou yo te ka pran non tout viktim 6e ak 3e seksyon yo pa fanmi ou pa abitasyon. John Aristide ki se Asèk 6e seksyon an te reskonsab lis moun 6e seksyon an, 114 gran abitasyon nan zòn Polen, Lakòn. Daprè Silverse Charles, chak abitasyon t ap resevwa 25 fèy tòl. Sa vle di 6e seksyon ap resevwa 285 fèy tòl san konte pèl, manchèt, koyim ak wou.
Jou dimanch sa a, viktim yo te reyini pou resevwa tòl la, men John Aristide ak Brarond Daniel ki se yon gwo raketè nan 6e seksyon te gentan mare yon konplo pou yo ka brase yon ti kòb. Yon viktim ki rele Camilus Petit ki te rankontre ak laprès fè konnen mèkredi 16 fevriye a ke depi 11zè nan maten, Brarond Daniel ak John Aristide te fè yon reyinyon lakay manman Brarond Daniel nan zòn Polen pou yo t al antann yo pou yo te fè chak viktim peye 10 goud sou pretèks y ap frete yon machin pou 4500 goud pou bay yo tòl la ak lòt materyè l yo. Men 114 moun a 100 goud chak sa t ap fè 11 400 goud. Donk te gentan genyen 7900 goud ki t ap rete pou Asèk la ak Brarond.
Dimanch a midi John Aristide resevwa nan men direktè Silverse Charles 2850 fèy tòl ak manchèt, pikwa ak goyim. Yo fè tout viktim yo retounen sou pretèks tòl la pap separe Obè ankò, li pral separe Polen Lakòn. Yo anbake tòl la nan yon kamyon yo te frete. Lè John Aristide rive nan kafou Bènan bò lakay li, li fè chofè a kanpe, li depoze 300 fèy tòl lakay li pou li. Lè abitan Bènan yo wè sa, yo anvayi kamyon an, yo pran tout tòl la. Zòn sa a pat menm gen sinistre siklòn Jeanne lan.
Lendi 21 fevriye an John Aristide al kote sibstiti komisè gouvènman an Jean Volney Bellamen, li fè manda pou plis pase 50 moun 6e seksyon. Nan menm jou lendi a, li debake ak yon kontèjan polisye nan 6e seksyon, yo bat moun, arete yo, tire sou kay moun. Nan operasyon an yo te arete: Camilus Petet, Merison Petit, Ketelie Petit, Aleime Virgule, Mme Camilus Petit ak Mme Alès Virgule.
Lè popilasyon 6e seksyon Polen Lakòn lan wè yo viktim yon 2e fwa yo te fè yon gwoup pou al mande John Aristide eskplikasyon sou tòl la. Lè yo rive lakay li, yo jwenn msye te gentan prepare ak tout fanmi l ap tann yo. San eksplikasyon batay te gentan pete. Kout wòch ak kout manchè t ap kwaze tou 2 kote yo. Lingrite Aristide ki se frè John te resevwa yon kout manchèt nan ponyèt gòch li, yon sè yo reswva anpil kout wòch e Agenord limenm pye li kase. Lè Brarond Daniel wè John Aristide fè tout biznis lan pase nan bank vandredi 25 fevriye a, li site John Aristide pou l ka l renmèt kòb machin lan. Jij la te mande Brarond kote chofè ou te fè afè a? Brarond pat kapab montre chofè a. Konsa, 2 raketè yo te sòti dozado.
Dparè Cenold Charles ki se yon peyizan 6e seksyon: «Genyen 3 fanmi ki pa vle wè moun 6e seksyon jwenn anyen depi siklòn Jeanne lan te finn ravaje tout sa yo te genyen. Se fanmi Cadet, Aristide ak Brarond». Li di ke 3 fanmi sa yo mete tèt yo ansanm depi 95, yo kòmanse ap bare nan wout tout pwofi moun 6e seksyon ta dwe jwenn yo. Pandan moman sa a tout èd yo voye pou moun ki sinistre yo, 3 fanmi sa yo pataje l pou kont yo. Peyizan yo mande pou delegasyon, lakomin ak tout direktè Kwawouj la mete yon pwen wouj devan non 3 gwoup moun sa yo.
Vandredi 25 fevriye an lè peyizan 6e seksyon yo te tande John Aristide ak Brarond Daniel tonbe nan kont, yo tèlman te kontan, yo te fè yon gwo manifestasyon pou di yo delivre atò konplo a kraze e yo pwofite mande pou lajistis al mennen bonjan ankèt sou sa k pase sou sinistre 6e ak 3e seksyon yo paske jis jounen jodi a, se anba pye bwa y ap dòmi.