16 Mars, 2005

March 16, 2005

16 Mas, 2005
Vol. 23 No. 1

Prezidan Aristide di l ap retounen
Prezidan Jean Bertrand Aristide ke fòs fè nwa yo te kidnape 29 fevriye 2004 la e k ap viv an ekzil nan peyi Afrid di Sid, fè konnen mèkredi 9 mas la l ap retounen ann Ayiti, san li pa bay dat. Prezidan Aristide di tou: «Mwen pa genyen kontak avèk moun k ap manifeste nan dènye jou sa a yo nan Pòtoprens pou reklame retou mwen», e li kondane zak vyolans lapolis te fè sou manifestan yo lendi 28 fevriye an, kote plizyè nan yo te jwenn lanmò yo. Li raple ke otorite defakto yo deja touye plis pase 10 mil ayisyen depi yon ane. Li fè konnen li genyen anpil enkyetid pou manifestan yo, pou yo pa viktim zak represyon anba men rejim defakto a.

Jessy Cameau Coicou ap voye pye!
Pòtpawòl Polis Nasyonal la, Jessy Cameau Coicou, nan yon konferans pou laprès li te bay ansanm ak pòtpawòl Minustah a, mèkredi 9 mas la nan direksyon jeneral PNH la, te mande anraje kont jounalis yo. Aprè sekretè jeneral Asosiyasyon Jounalis Ayisyen (AJH), Guyler C. Delva te fin poze l yon kesyon sou seri manifestasyon militan Lavalas nan kapital la, Jessy Cameau Coicou te trete Delva la de pòtpawòl abitan Bèlè yo. Pawòl sa a te soulve plim sou do jounalis ki te nan konferans laprès la ki te pwoteste kont konpòtman deplase pòtpawòl lapolis la. Guyler C. Delva bò kote pa li fè konnen ke Cameau-coicou kapab sèvi peyi a pi byen nan lòt domèn.

LONI mande gouvènman defakto a respekte dwa moun
Konsèy sekirite Nasyonzini mande gouvènman defakto a respekte dwa moun nan peyi Dayiti epi koumanse dezameman, nan yon rapò li mete deyò sou sitiyasyon peyi a ap travèse jounen jodi a. Prezidan konsèy la, Ronaldo Mota Sardenberg ki t ap li deklarasyon an fè konnen yo genyen anpil enkyetid sou sitiyasyon dwa moun nan peyi Dayiti. Li di polis nasyonal la genyen anpil akizasyon vyolasyon dwa moun ki tonbe sou do l e yo pa janm mennen okenn ankèt sou dosye sa yo.

Konsèy sekirite Nasyonzini an di li genyen pwoblèm ak dosye Premye minis Yvon Neptune ki fèmen nan prizon depi plis pase 9 mwa, ki pa janm parèt devan jij li e ki pa genyen okenn chaj sou do l, e ki t ap fè yon grèv lafen depi 18 jou. Konsèy la anonse l ap voye yon misyon ann Ayiti nan mitan mwa Avril la pou vinn evalye sitiyasyon an.

Turneb Delpé mande depa Gérard Latortue
Lidè Pati nasyonal demokrat pwogresis ayisyen yo (PNDPH), Turneb Delpé fè konnen gouvènman defakto Gérard Latortue ap dirije a pa reponn ak okenn egzijans konstitisyon an. Li pa genyen kapasite pou mennen bak peyi a, mas pèp la ap viv nan lakras, lavi chè, bandi ak zam anvayi peyi a, dwa moun pa respekte. Li kesyone ekzistans Leta a, souverentè peyi a. Li deklare: «Jiska prezan ke nou pa gen pou nou reyaji sou pozisyon nou, nou gen yon pozisyon ki klè ke nou mande demisyon li.» Li fè konnen yo menm nan inisyativ pou sove tranzisyon an toujou kenbe menm pozisyon an, e ke yo ankontak avèk lòt sektè ak lòt fòs sosyal yo, pou yo ka jwenn yon lòt altènativ a Gérard Latortue.

Blakawout la retounen pi rèd
Depi nan fen ane 2004 la, direktè jeneral Elektrisite Dayiti (EDH) te anonse blakawout ap retounen nan peyi a. Jean Errol Morose fè konnen konpayi elektrisite a genyen gwo pwoblèm teknik, li an fayit. USAID anonse li kanpe sou pwogram sibvansyon li te konn bay EDH. Plizyè katye nan kapital la ki te konn resevwa 6zè tan kouran pase kounye a, 2zè tan e genyen kèk katye ki pa jwenn li menm.

Nan vil Jakmèl kote ki te konn genyen kouran 24 sou 24 sou gouvènman Lavalas la, kounye plonje nan yon veritab blakawout depi kèk tan, popilasyon an oblije pran lari pou mande kouran. Vandredi 4 mas la, plizyè milye elèv te pran lari pou fòse responsab yo ba yo kouran pou yo ka etidye.

Depi 3 janvye 2005 lan komin Bèlans pa genyen kouran, popilasyon an ap viv nan fè nwa. Direktè sant elektrik Bèlans lan, Emmanuel David fè konnen se lajan yo pa genyen pou yo achte gaz, kantite abòne yo genyen an pa pemèt yo jwenn mwayen pou bay kominote a sèvis.

Asasina 2 polisye
Mèkredi 9 mas la, nan aswè, yon polisye ki rele Jackson Philippe resevwa plizyè bal, li mouri nan komin Kafou. Nan demen jedi 10 mas la, Pierre James yon ajan penitansye asasinen tou anba plizyè bal nan zòn Kriswa, nan kapital la. Se ta yon evade 19 fevriye an daprè sa ki di ki ta touye ajan penitansye sa a. 2 polisye sa yo te an sivil lè yo tiye yo.

Atak sou komisarya Tomazo a?
Vandredi 4 mas la, yon kòmando ame ki te genyen yon trantèn nèg ame ladan l ta atake komisarya Tomazo a, dapre pòtpawòl polis sivil Minustah (CIVPOL), Daniel Moscola ki bay enfòmasyon sa a. Kòmando a ki t ap eseye pran kontwòl komisarya Tomazo a e te kouri kite zòn lan lè yo te pran nouvèl Minustah ta pral rive, se sa Moscola di. 2 polisye ayisyen ki te la nan moman atak la pa genyen anyen. Pa genyen okenn moun ki kapab bay bon eksplikasyon sou atak sa a. Carlos Chagas li menm ki se yon responsab Minustah rekonèt nan yon entèvyou ke genyen anpil konfizyon nan afè sa a, paske lè Minustah te rive nan komisarya a, yo pa t rive wè anyen.

Chavannes Jean-Baptiste mande pa li!
Lidè Mouvman peyizan Papay la (MPP), Chavannes Jean-Baptiste kritike relasyon KEP ak OEA nan fasyon y ap avanse ak pwosesis enskripsyon yo nan depatman Plato Santral la. Li di se OEA k ap mennen enskripsyon yo, se yo k ap plase biwo, yo pa pran kontak ak okenn dirijan MPP nan depatman an, prezans KEP la prèske pa egziste nan nivo sa a. Sitiyasyon sa a bay MPP tèt chaje. Daprè Chavannes Jean Baptiste, sitiyasyon sa a vin konfime ke se kominote entènasyonal la k ap mennen machin elektoral la.

Yon lòt kote, Chavannes Jean Baptiste ap denonse ensekirite a, ki kontinye ap vale teren tout kote, sitou nan seksyon kominal yo, kote chèf seksyon yo retounen an fòs ak ansyen militè yo li di k ap fè sa yo vle nan peyi a nan mache arete peyizan yo epi fòse yo peye gwo sòm lajan pou libere yo. Lidè Papay la mande gouvènman defakto a, pran dispozisyon nesesè pou frennen yon fwa pou tout ensekirite a nan peyi a. Poutan Chavannes Jean-Baptiste se youn nan moun ki t ap konplote ak ansyen militè yo pou ranvèse gouvènman konstitisyonèl la.

Konasovik some Léon Charles
Responsab Kòdinasyon nasyonal sosyetè viktim koperativ yo (Konasovik), Rosemond Jean te anonse lendi 7 mas la, li te some direktè jeneral Polis nasyonal (PNH) la, Léon Charles, pou l te prezante devan tribinal pou l te vin bay eksplikasyon sou akizasyon responsab koperativ CEI, Pierre Wilfid Boucard ki akize Léon Charles pran byen ak materyèl koperativ CEI ki evalye pou 500 mil dola, tandiske li te genyen sèlman 75 mil dola ayisyen ou byen 375 mil goud. Rosemond Jean fè konnen li te prezan, Léon Charles pa t prezante nan tribinal la ni li pa t voye avoka l. Li di l ap rete mobilize jiskaske Léon Charles al reponn kesyon lajistis pou byen koperativ CEI yo. «Paske noumenm se pa nou ki di Léon Charles vòlè lajan koperativ, men se yon dokiman notarye, ki sòt de Miyami, ki di men enplikasyon Léon Charles nan kesyon koperativ la.»

Nan yon sitin Konasovik te òganize devan lokal ministè Jistis madi 8 mas la, Rosemond Jean denonse yon gwoup endividi ame ki te tire yon rafal kout zam sou kay li. Li di zak kriminèl sa a yo pap fè l pè, l ap kontinye reklame jistis ak reparasyon an favè tout viktim koperativ ki fè fayit yo.

Margareth Fortuné bò kote pa l denonse fanm ki nan gouvènman defakto a, ansyen GNBis, li di ki pran distans jounen jodi a sou dosye koperativ. «Li di daprè prensip kontinuite Leta, teknokrat yo dwe kontinye ak pwosesis dedomajman administrasyon Lavalas la te kòmanse a».

Konasovik fè konnen y ap kontinye mobilize jiskaske rejim defakto a satisfè revandikasyon ki remèt tout lajan sosyetè yo.

Alstom bay Lopital jeneral la kouran
Konpaji Alstom fè Lopital jeneral kado yon gwo jeneratris 650 kilowat e ki kapab bay lopital la kouran. Dèlko sa a genyen yon tank ki ka pran 11 mil galon gaz, li genyen 2 transfòmatè ak yon sistèm ki pèmèt limen etèn de fason otomatik. Li koute 300 mil dola e yon kontenè ki genyen materyèl pou yon valè ki plis pase 450 mil dola. Direktè medikal Lopital jeneral la, Albert Camille Archange di li satisfè pou jès sa a, pwoblèm kouran an nan wout pou l jwenn yon solisyon nan lopital la. Pou kounye a lopital la pral bezwen lajan pou achte gaz. Li fè konnen li pral pran tout dispozisyon pou doktè pa absan sou pretèks pa genyen kouran pou yo fè travay yo.

Epidemi dyare nan depatman Latibonit
Genyen yon epidemi dyare ki gaye nan depatman Latibonit la ak yon pati nan depatman Lwès, zòn Kabarè. Ministè sante piblik la te voye yon ekip nan zòn lan pou wè kisa ki koz sa. Yo dekouvri se dlo moun yo ap bwè ki sòti nan pi yo te fouye aprè inondasyon septanm 2004 la ki ta lakòz pwoblèm sa a. Ministè Sante piblik fè konnen se pa sèl moun abitye mete nan manje, ki sòti Gonayiv ki ta pwovoke fenomèn dyare sa a. Minis Sante piblik defakto a, Josette Bijou di li pral pran tout dispozisyon nesesè. Popilasyon an ap rete tann li!

Lajistis ak lapolis anba menas nan Dedin
Aprè fijitif Pierre Paul Alexandre alyas «Kanal du Vent» te retounen nan komin Dedin, jij de pè komin lan antre nan mawon, polisye yo abandone komisarya a. Jij de pè sipleyan komin Dedin lan, Michelet Cenoble fè konnen ke Pierre Paul Alexandre se youn nan prizonye ki te sove nan Penitansye nasyonal samdi 19 fevriye a, ki te retounen nan Dedin lendi 21 fevriye ak 6 lòt bandi ak gwo zam fann fwa nan men yo, pou vin detwi lavi l. Lapolis te arete Pierre Paul Alexandre pou asasina, ensandi, vòl e detansyon zam ilegal. Nan sitiyasyon sa a jij la lanse yon apèl bay otorite yo pou vin pote yo sekou.

Bank mondyal retounen
Bank mondyal inogire yon nouvo biwo nan Pòtoprens lendi 7 mas la aprè 10 lane depi li te kite peyi a. Nan okazyon sa a, visprezidan li pou rejyon Amerik Latin ak Karayib la, Pamela Coz fè konnen konsèy administrastyon Bank lan nan Washington te apwouve 75 milyon dola pou 2 nouvo pwojè pou Ayiti, 6 janvye an. Premye minis defakto a, Gérard Latortue di li byen kontan pou ouvèti nouvo biwo Bank mondyal la nan Pòtoprens. Minis Ekonomi ak Finans defakto a, Henry Bazin fè konnen reouvèti biwo Bank mondyal la se yon bon siy pou bon mach koperasyon ant Ayiti e kominote entènasyonal la. Na wè sa!

Inyon Ewopeyèn bay Latortue yon sopouday
Gouvènman defakto a siyen 2 akò ak Inyon Ewopeyèn pou yon montan 15 milyon ewo, vandredi 4 mas la. Premye akò a ki evalye a 8 milyon ewo genyen pou objektif soutni devlopman sektè prive a. Dezyèm akò a ki se 7 milyon ewo se ta pou finanse yon pwogram enfòmasyon teritoryal pou yon devlopman dirab. Se Premye minis defakto a Gérard Latortue ak direktè jeneral pou devlopman Inyon Ewopeyèn lan Stefano Manservisi ki te siyen akò sa yo. Ala yon kalte akò kote ou deja wè se pa peyi a ki deside sa li ta vle fè! E poutan Latortue te pretann li pa vle sopoudray!

Annette Auguste mande voye l devan jij
Mèkredi 9 mas la, militant Lavalas Annette Auguste alyas Sò An mande otorite defakto yo voye l devan jij, pou yo kapab di l pou kisa yo kenbe l nan prizon. «Mwen konsakre tout vi m ap fè zèv sosyal an favè moun ki pi pòv yo e se yon bagay tout moun konnen.» Li di li pa wè kisa otorite defakto yo ap chache lè yo kenbe l nan prizon depi tout tan sa yo?

Cameau-Coicou ap travay!
Nan yon sèl semèn polis nasyonal la di li rive anpeche 2 kidnaping nan kapital la: yon komèsan ak yon responsab lekòl. Jessy Cameau Coicou, pòtpawòl lapolis la fè konnen, se gras ak konkou popilasyon ki fè yo rive dejwe plan bandi yo e rive arete plizyè nan yo.

Gouvènman defakto ap envante jistis pa li
Depi aprè evènman 19 fevriye yo nan Penitansye nasyonal, paran ak avoka prizonye yo pa kapab vizite yo nan prizon. Se gouvènman defakto a ki pran mezi sa a pou penalize prizonye yo yon lòt fwa ankò. Prizonye yo bò kote pa yo kontinye ap mande asistans avoka yo ak fanmi yo. Avoka nan Bawo Pòtoprens yo di se yon mezi ki ilegal, gouvènman defakto a pa kapab prive prizonye yo de dwa yo genyen pou paran yo al wè yo, pou avoka yo al pale avèk yo nan prizon. Carlos Hercule te di: «Dotan ke de 19 fevriye a jodi 6 mas la, pa genyen okenn detni ni ki sòti ale devan jij yo. Pa egzanp si yon dosye nan kabinè enstriksyon, jij enstriksyon an pa kapab tande l, alòs ke jij enstriksyon gen yon delè fatal nan men l pou l respekte…»

Genyen yon lòt sitiyasyon ki parèt pi grav toujou, lè lapolis arete yon moun kounye a, li mennen l nan pakè, komisè a finn tande l, li pa ka voye l nan Penitansye nasyonal, li sètoblije fè polisye yo retounen avèk li, al mete l nan gad avi nan komisarya. Avoka yo fè konnen gouvènman defakto a paralize sistèm jidisyè a, li bloke aparèy jidisyè a nèt.

Gérard Latortue te al pwomnen nan depatman Nò a
Premye minis defakto a, Gérard Latortue te vizite depatman Nò a pandan 3 jou kote li te prezante yo plizyè pwojè gouvènman defakto a ap genyen pou reyalize nan depatman an, tankou: reyabilitasyon wout Sen Mak - Gonayiv la, wout Kap-Ayisyen - Wanament, reyabilitasyon stad pak Saint Victor nan Kapayisyen an ak konstriksyon yon teren baskètbòl, e li fè konnen tout pwojè sa yo ta dwe kòmanse. Li te al pale tou ak etidyan Fakilte dwa ak syans ekonomik nan vil Kap Ayisyen e li te lonje dwèt sou moun ki pa kontan ak li pou di se yon ti minorite ki toujou vle genyen kontwòl etidyan yo, san yo pa janm rive poze gwo pwoblèm fakilte yo anndan peyi a. Li pouse odas li pou denonse kondisyon pwofesè inivèsite yo, edikatè, enstititè yo ap travay, lajan y ap touche ki pa kapab regle anyen pou yo, e li kritike sistèm edikasyon an, etc, men li pa di sa li ap fè pou sa. E vizit li a pa t deplase moun, paske yo konnen se pa anyen li vin regle, se pwomnen li vin pwomnen.

Latortue jwenn okazyon pou pwenti bouch li
Jedi 10 mas la, Premye minis defakto a, Gérard Latortue te lanse ofisyèlman nan Primati a, yon seri aktivite ki genyen pou selebrasyon kenzèn frankofoni a nan peyi Dayiti. Seremoni sa a te fèt an prezans plizyè manm gouvènman defakto a e 2 anbasadè : Lafrans ak Kanada. Latortue te pwofite pwenti bouch li pi rèd pou betize, repete menm vye refren yo.

Gadkòt Etazini kenbe 55 ayisyen sou lanmè
Ayisyen yo kontinye ap pran chemen lanmè pou chape poul yo nan dezas ak dezespwa gouvènman defakto a pote. Nan espas 2 jou, gadkòt Etazini kenbe 55 ayisyen nan lanmè nan 2 bato e yo retounen yo ann Ayiti. Pami yo gen 14 timoun. Menm jou an, li kenbe 6 lòt ayisyen nan yon lòt bato ki ta pral kite lanmè Ayiti. Depi kòmansman ane 2005 lan, gadkòt Etazini fè konnen li kenbe 900 botpipòl ayisyen.