9 Mars, 2005

March 9, 2005

9 Mas, 2005
Vol. 22 No. 52

Ensandi nan Okap
Jedi 24 fevriye a, yon gwo dife te eklate nan katye Wo Machan tou prè sant vil Kap Ayisyen, vè 11zè 30 nan maten. Dife sa a te boule 5 kay rapye tè. Pwopriyetè yo akize yon sèten Edouard ki ta lakoz dife a, nan pran priz kouran an kachèt. Abitan nan zòn lan fè konnen malgre tout demach yo te fè pou yo wè si yo ta jwenn yon sèvis ponpye pou ta touye dife a, sa pa t posib.

Ensekirite nan Tigwav
Abitan Tigwav denonse ensekirite a k ap vale teren, e yo lonje dwèt yo sou yon gwoup bandi, ki tabli baz yo nan antre vil la ak nan zòn mòn Tapyon. Se prèske chak swa bandi sa a yo ap mache opere nan diferant zòn epi pote ale tout sa abitan yo posede tankou : lajan, materyèl, ak tou sa yo jwenn sou pasaj yo. Bandi sa a yo ap opere gran lajounen nan mòn Tapyon nan antre vil la ak blòk dezyèm plenn. Nan dènye semèn mwa fevriye a, yon gwoup nèg ak zam atake nan lajounen Benoit Batichon, yon responsab Asosiyasyon peyizan komin Tigwav, yo pran motosiklèt li ak tout sa ki te sou li.

Uruguay retabli relasyon diplomatik ak Cuba
Nouvo prezidan Uruguay a, Tabaré Vazquez te patisipe madi 1e mas la, nan Montevideo, siyati dokiman ki retabli ofisyèlman relasyon diplomatik Uruguay ak Cuba. Nan seremoni sa a, prezidan Tabaré Vasquez montre satisfaksyon pou l resevwa nouvo reprezantan pèp Cuba nan Montevideo. Li te pwononse l tou an favè inite nan mitan tout pèp nan Amerik Latin lan. Se minis Afè etranjè kiben an, Felipe Perez Roque ki te siyen dokiman sa a ak omològ li Reynaldo Gargano pou Uruguay.

Retablisman relasyon diplomatik Cuba ak Uruguay se youn nan premye akt ofisyèl nouvo prezidan Uruguay a. Se ansyen prezidan Uruguay a, Jorge Battle ki te bloke relasyon 2 peyi sa yo, 6 me 2002.

Rankont sou sitiyasyon Ayiti
Lendi 28 fevriye a, «Service Jésuite pour les réfugiés» (SJR) te òganize yon rankont sou kriz peyi Dayiti ap travèse nan moman an, pou evalye sitiyasyon an yon lane aprè kidnapin prezidan Jean Bertrand Aristide. Rankont sa a ki te fèt nan Santo Domingo, te genyen yon swasantèn reprezantan diferan sektè kouwè: legliz katolik, legliz anglikàn ak pèsonalite diferant tandans politik Ayiti e Repiblik dominikèn. René Civil ki se yon dirijan òganizasyon Jenès Pouvwa Popilè, ki t ap patisipe nan rankont lan, kondane gouvènman defakto a ki kenbe Yvon Neptune, Jocelerme Privert ak Annette Auguste alyas Sò An nan prizon de fason ilegal e abitrè, li denonse tout zak asasina polis nasyonal la ap mache fè sou mas pèp la nan katye popilè yo. Yvon Neptune ap fè grèv lafen
Depi 20 fevriye, yon jou apre deblozaj ki te eklate nan penitansye nasyonal la, Premye minis Yvon Neptune e minis Enteryè a, Jocerleme Privert antame yon grèv grangou pou fòse pouvwa defakto Alexandre-Latortue a libere yo san kondisyon. 2 responsab Lavalas ap pwoteste kont enjistis pouvwa defakto a ak move kondisyon yo nan prizon an. Eta sante yo komanse deteryore, yo pa manje, se dlo sèlman yo bwè.

Kongreswoman Etazini a Maxine Waters tou fè konnen ke li genyen anpil enkyetid pou sekirite 2 responsab Fanmi Lavalas yo. «Mwen solisite entèvansyon imedyat prezidan Bush pou fè Yvon Neptune ak Jocelerme Privert sòti nan prizon an, e di li yo ka touye 2 mesye sa yo si Lèzetazini pa entèvni».

Yvon Neptune ekri kominote entènasyonal la
Premye minis Yvon Neptune ki sou 2 semèn grèv lafen nan penitansye nasyonal ekri plizyè reprezantant kominote entènasyonal la, pou l denonse move kondisyon l nan penitansye nasyonal ak danje ki plane sou tèt li. Li fè konnen li voye lèt sa a bay anbasadè Juan Gabriel Valdés, reprezantan espesyal sekretè jeneral Nasyonzini ann Ayiti ; Deneth Modeste, reprezantan espesyal sekretè jeneral OEA ; James B. Foley, anbasadè Etzini, Claude Boucher, anbasadè Kanada, Thierry Burkard, anbasadè Lafrans; Marcel Young, anbasadè Chili ak plizyè lòt òganizasyon entènasyonal la, e kongrè Etazini an. Li ekri: «Depi mwen te fèmen de fason enjis e enjistifye nan penitansye nasyonal 27 jen 2004, vi mwen direkteman menase pandan 3 okazyon. Nan twazyèm okazyon an samdi 19 fevriye a, pouvwa a deside izole m aparaman pou sekirite, men mezi sa a fè plis mal sou mwen kouwè yon sanksyon planifye. Pou prèv, 3 jou yo te fin izole m, yo retounen mwen nan selil mwen te ye avan an, sa montre rejim sa a te vle trè klèman imilye m ak tout fòs li.»

Mario Dupuy fikse pozisyon Fanmi Lavalas
Nan yon entèvyou Mario Dupuy te bay radyo Melodie nan fen mwa fevriye a, li fikse pozisyon pati Fanmi Lavalas nan konjonkti difisil peyi Dayiti ap viv jounen jodi a. Li fè konnen pozisyon Fanmi Lavalas trè klè, koudeta 29 fevriye an se yon negasyon souverènte peyi Dayiti e a vòt popilè a. Li di Fanmi Lavalas pa janm rive sou pouvwa lòt fason, se atravè yon pwosesis elektoral, atravè eleksyon lib, onèt e demokratik, kote tout popilasyon an gen okazyon eksprime vwa l e fè chwa l san presyon. Men genyen yon sektè nan peyi a ki pa dispoze respekte chwa pèp la. Menm sektè sa a fè konplo, yo kraze lòd konstitisyonel ak kidnapin yo te fè sou prezidan Aristide.

Mario Dupuy fè konnen yo pa kapab mande popilasyon an pou l vote lòske popilasyon an pa gen okenn garanti sou respè vòt li: «Nou pa pral nan eleksyon, nou pa pral nan okenn maskarad ki pou vinn lejitime, ki se yon apendis de koudeta a.»

Konasovik denonse Léon Charles
Sosyetè viktim koperativ yo te òganize yon manifestasyon devan lokal Minustah nan katye Bourdon nan kapital la, vandredi 25 fevriye a, pou egzije gouvènman defakto a remèt yo lajan yo te pèdi nan koperativ yo. Nan manifestasyon sa a, sosyetè yo te pwofite denonse direktè jeneral lapolis nasyonal la, Léon Charles ki ta pran plis lajan pase sa l te genyen nan koperativ CEI. Rosemond Jean, responsab Konasovik la fè konnen Léon Charles genyen anpil materyel koperativ CEI nan men l, li bay direktè CEI, Wilfrid Boucard anpil presyon pou l pa rantre ann Ayiti pou l vin renmèt sosyetè yo lajan yo. «Léon Charles te genyen sèlman 75 mil dola ayisyen anndan koperativ sa a, li pote ale machandiz e byen pou 500 mil dola ameriken, li pran bagay pou 500 mil dola ameriken. Li pran 2 bis Hunday, li pran yon djeep Galopè, li nan kotèj Léon Charles, se machin prive l».

Responsab koperativ CEI, Pierre Wilfrid Boucard bò kote pa l lonje dwèt li tou sou direktè jeneral polis nasyonal la, Léon Charles ki te pran anpil byen koperativ la. «Mwen jije bon pou m fè pèp ayisyen konnen ke Léon Charles kounye la a ameriken gen dosye Léon Charles nan men yo depi plis pase 2 lane, epi yo mete Léon Charles nan polis lan… Semèn dènyè a m ap tande Léon Charles k ap pale, k ap di bandi k ap vòlè oto yo, fò yo arete yo… Lè w ap gade peyi sa a, m ap mande èske pa gen yon lòt moun ki pi pwòp ke Léon Charles ki fè se Léon Charles pou yo chwazi mete nan tèt polis la.»

Rosemond Jean fè konnen se pa sèlman Léon Charles ki genyen dwèt li tranpe byen fon nan dosye koperativ, ki te patisipe nan pran byen koperativ yo, genyen direktè primati nan gouvènman Latortue a ki enplike nan dosye koperativ yo, genyen manm pati politik yo ki genyen lajan koperativ yo nan men yo, pandan manm koperativ yo lage nan lari, yo fè konnen se moun fou yo ye, se vagabon e se menm moun sa a yo ki pran lajan yo.

Atak kont Vilaj de Dye
Jedi 24 fevriye a, yon gwoup te debake nan Vilaj de Dye, yon katye popilè nan Sid kapital la, tire anpil kout zam, e touye pase 12 moun, 15 lòt moun blese e 3 kay boule.

Lapolis touye 5 moun nan Bèlè
Nan okazyon premye anivèsè kidnapin prezidan Jean Bertrand Aristide la, 28 fevriye plizyè milye patizan Lavalas te pran lari nan yon gwo kokenn chenn manifestasyon nan katye popilè Bèlè pou mande retou prezidan Aristide sou pouvwa a. Nèg ame an nwa gouvènman defakto Alexandre-Latortue yo ouvè kout zam sou manifestan yo, touye 5 nan yo e blese plizyè lòt anba je sòlda fòs okipasyon an, ki pa fè anyen pou bloke vyolans lapolis ap fè sou manifestan yo.

Depite Lavalas la, James Desrosins denonse asasina polis nasyonal la te fè sou manifestasyon pasifik militan Lavalas te òganize 28 fevriye a pou fè revandikasyon yo pase e mande depa rejim defakto a.

Kongreswoman ameriken an, Maxine Waters ekri sekretè deta gouvènman Etazini an, Condoleezza Rice pou l montre endiyasyon sou vyolans ki te fèt sou manifestan Lavalas la. Li mande sekretè Deta yon chita pale sou sitiyasyon vyolans nan peyi Dayiti.

GNBist yo ap montre desepsyon yo
Yon ane aprè kidnapin prezidan Aristide, plizyè sektè ki te nan mouvman GNB a kouwè: pati politik, legliz katolik, òganizasyon nan sosyete sivil la, etidyan yo, kontinye denonse jesyon kataswòf rejim ki la epi reklame depa li. Oganizasyon sa a yo fè konnen gouvènman defakto Gérard Latortue a kontinye ap plonje peyi a nan koripsyon, enjistis, ensekirite ak lavi chè. Evèk Sidès la, monseyè Guyre Poulard, yon pwòch mounvan GNB a, fè konnen ekip ki sou pouvwa a pa rive chanje anyen nan peyi a.