Asasina Norvela Joseph
Norvela Joseph, se yon jèn gason manm Lafanmi Selavi yo te kidnape nan katye Kanapevè dimanch 20 fevriye. Daprè kèk temwen se nèg an nwa yo, k ap travay pou gouvènman defakto Alexandre-Latortue, k ap mache touye pitit pèp la nan katye popilè yo nan kapital la, ki te kidnape Novela Joseph avèk 4 lòt jèn gason. Paran Norvela Joseph t al jwenn kadav li nan mòg lopital jeneral krible ak bal.
Ensandi nan Gonayiv
Nan lannwit mèkredi 23 fevriye, yon gwo dife eklate nan ri Egalite nan vil Gonayiv. Dife sa a boule 4 kay, pami yo lokal Radyo Gonayiv FM, tout materyèl radyo a boule. Popilasyon an te tire wòch ak moso boutèy sou fòs okipasyon ki tabli tank yo nan vil Gonayiv. Sitwayen nan vil Gonayiv lage dram sa a sou do gouvènman defakto a, yo di ki pa janm fè anyen pou mete yon sèvis ensandi nan vil la. Yo kritike Latortue yo di ki pa fè anyen pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an, ki te deja genyen yon inondasyon ki te detwi vil la nan mwa septanm 2004 la, kote plis pase 3 mil moun te jwenn lanmò yo.
Plizyè prizonye retounen nan selil yo
Aprè deblozay ki te eklate nan penitansye nasyonal la, ki sanble yon kou monte, plizyè prizonye pote tèt yo retounen nan selil yo. Pami yo, ou jwenn : Yvon Neptune, Jocelerme Privert, Jacques Mathelier, Yvon Antoine alyas Yvon Zap Zap, Hans Théophilé, Fred Altidor, Auguste Leprintemps, François Rodelet, Etienne Delormes, elatriye. Anpil ladan yo se Minustah yo te rele pou vin chache yo. Mèkredi 23 fevriye a Yvon Antoine te pote tèt li bay Minustah. Jedi 24 fevriye a se te tou pa Jacques Mathelier. Plizyè nan prizonye sa yo fè konnen, yo pa fè lapolis konfyans, yo te prefere renmèt tèt yo nan men Minustah.
Maxine Waters ekri George W. Bush sou sekirite Neptune ak Privert
Manm kongrè peyi Etazini Maxine Waters ekri gouvènman Bush la pou l mande entèvni rapido presto sou dosye Yvon Neptune ak Jocelerme Privert ki fèmen nan penitansye nasyonal kote lavi yo menase sitou aprè evènman 19 fevriye yo.Maxine Waters di li enkyete pou sekirite 2 responsab Lavalas yo ki te echape lanmò nan konfizyon ki te genyen lè yon kòmando ame te antre nan penitansye nasyonal samdi 19 fevriye a. «Mwen solisite entèvansyon imedyat prezidan Bush pou fè Neptune e Privert sòti nan prizon e mwen mande prezidan Bush pou l pran kontak ak mwen pou diskite ki pi bon fason pou 2 mesye sa yo rantre Ozetazini».
Vizit 2 delegasyon etranje
Jedi 24 fevriye a, prezidan Jent santral elektoral (JCE) an Repiblik dominikèn, Luis Arias te rive nan Pòtoprens pou yon vizit ofisyèl ki te dire 72zè tan. Prezidan KEP la, Max Mathurin te nan tèt yon delegasyon ki t al akeyi l nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture. Se gouvènman defakto a ak Konsèy elektoral pwovizwa a ki te envite Luis Arias pou l vin pataje eksperyans li genyen nan zafè eleksyon ak responsab defakto ayisyen yo.
Yon lòt kote, minis Afè etranjè peyi Taïwan, Chen Tan Sun te nan tèt yon delegasyon ki te vizite peyi a nan menm semèn lan.
Menas katastwòf natirèl
Nan yon kolòk 2 jou «Action Aid International Haiti/Dominican Republic», te òganize nan lotel Le Plaza sou dezas natirèl, responsab Biwo nasyonal Min lan Prepetit Claude deklare tout faktè reyini pou yon gwo katastwòf natirèl frape plizyè zòn nan kapital ayisyèn lan. Li di kondisyon sa yo reyini sou plan: gewolojik, plivyometrik e gewoteknik, nan 4 komin nan depatman Lwès la: Pòtoprens, Delmas, Petyonvil ak Kafou. Li mande otorite defakto yo pou pran tout dispozisyon pou jere dosye anviwonnman an de fason syantifik, pou yo aprann jere risk yo olye se dezas y ap jere toutan. Li fè konnen fòk otorite yo mennen yon lit san pran souf kont debwazman ak konstriksyon anachik nan peyi a e ki reprezante yon gwo danje pou anviwonnman.
Asasina yon ayisyen nan Jamayik
Mèkredi 23 fevriye a, yo dekouvri kadav yon refijye ayisyen ki rele Othneil Breauzua, ki genyen 30 lane, nan yon machin nan yon banlye ki rele Shettelwat nan Jamayik. Lapolis te dekouvri tou kadav Blondell Richards ki genyen 47 lane e ki pwopriyetè yon garaj kote Othneil t ap travay. Daprè premyè enfòmasyon lapolis ta jwenn, se yon moun ki te vin mande travay nan garaj Richards e ki pa t jwenn travay ki ta asasine 2 mesye sa yo.
Pa genyen dyalòg nasyonal san Fanmi Lavalas
Responsab Selil politik Fanmi Lavalas, Felito Doran fè konnen dyalòg nasyonal otorite defakto yo ap pale jounen jodi a pa posib nan konjonkti a. Dyalòg sa a ta dwe kòmanse ak liberasyon tout dirijan ak manm òganizasyon Fanmi Lavalas k ap kwoupi dèyè bawo pou opinyon politik yo epi mete fen ak tout represyon gouvènman defakto a ap fè sou mas pèp la nan katye popilè yo. Li deklare nan moman sa a dyalòg nasyonal jan y ap pale la a, pral sèvi pou ranfòse tèt ansanm GNBis yo pou kontinye represyon an nan katye popilè yo. Daprè responsab la, pa ka genyen dyalòg nasyonal san Fanmi Lavalas ki se pati ki pi fò e ki pi popilè ki genyen nan peyi a. Li mande tout patizan ak senpatizan Fanmi Lavalas yo rete mobilize de fason pasifik pou reklame retou lòd konstitisyonèl la nan peyi a. Prezidan Aristide bò kote pa l anonse l ap retounen nan peyi a nenpòt moman e pa twò lontan nan kad yon akò negosye.
Agresyon kont yon franse
Lendi 21 fevriye an nan aswè, 4 endividi ame agrese yon resòtisan fransè k ap viv nan peyi a depi plizyè lane, nan pakin yon sipèmache nan zòn Delmas 60. Bandi yo ki te vle pran machin franse a, frape l nan vizaj ak kwòs revòlvè yo, men li te fè rezistans, e bandi yo te sètoblije kouri.
Sendika anseyan yo sispann reve!
Sekretè jeneral Konfederasyon nasyonal edikatè ayisyen yo (CNEH), Frederic Lavaud fè konnen jedi 24 fevriye a, li pa satisfè fason gouvènman defakto Alexandre-Latortue a ap mennen bak peyi a. «Eske se reve nou t ap reve lè nou te imajine gouvènman an ta pral pote yon chanjman pou ayisyen». Daprè li, bagay yo vin pi mal nan tout domèn, espesyalman nan edikasyon. «Koripsyon an gaye teren nan ministè Edikasyon nasyonal». Lise yo abandone, yo pa genyen pwofesè.
Federasyon nasyonal travayè edikasyon e kilti (FENATEC), ak Santral travayè ayisyen (CTH) bò kote pa yo denonse lavi chè a k ap vale teren e yo mande yon ajisteman salè pou anseyan yo. Sekretè jeneral CTH la, Jacques Belzin denonse enjistis sosyal ak koripsyon k ap ravaje aparèy jidisyè a ak administrasyon piblik la an jeneral kouwè eskandal koripsyon k ap eklate toutan nan Konsèy elektoral defakto a.
Joseph Jasmin denonse PNH la
Ansyen depite 46zyèm lejislati a, Joseph Jasmin denonse jedi 24 fevriye a politizasyon polis nasyonal la. Daprè li lapolis pa t politize konsa sou lòt gouvènman yo. Responsab Eskanp la kritike kondisyon difisil polisye yo ap travay jounen jodi a, men li fè konnen se pa tretman y ap resevwa a ki jistifye konpòtman yo kote yo livre nan yon seri zak asasina ak ekzekisyon somè nan diferan katye popilè nan kapital la. «Nou pa kapab tolere yon polis ki enplike nan zak vyolasyon dwa moun, se entolerab, oubyen yon polis ki genyen gachèt fasil».
Ansyen prezidan blòk anti-neyoliberal la mande òganizasyon defans dwa moun yo denonse avèk menm rigè nan tan pase yo, zak vyolasyon dwa moun plizyè manm popilasyon ap sibi anba men defakto yo. Li di ògnizasyon defans dwa moun yo pa dwe genyen yon politik dwa moun a doub vitès. «Se pa pa okazyon pou yon gwoup moun vin defansè dwa moun».
Jakmèl: Manifestasyon kont blakawout la
Akòz gwo blakawout ki blayi sou tout vil Jakmèl depi 3 semèn. Nan jou ki te 24 fevriye a, vè 8 tè konsa nan aswè yon gwo manifestasyon te tanmen kote plizyè dizèn moun ak balèn nan men yo te defile nan plizyè ri nan vil la pou denonse EDH Jakmèl la. Enjenyè Rosny ke manifestan yo kalifye de movèz fwa, e yo menm mande depa direktè a. Manifestan yo te lanse pawòl piman bouk kont Premye minis defakto a Gérard Latortue ak delege Sidès la Magareth Martin ki pa fè anyen pou rezoud blakawout la nan vil Jakmèl.
Jakmèl : Polisye Ambroise ap fè abi
Pierrot Ambroise yon polisye 14zyèm pwomosyon pa sispann fè pale de li nan zak abitrè l ap fè. Jounen 23 janvye a, devan zye tout moun nan zòn Anri Kristòf, li kenbe yon ti malere k ap fè taksi li masakre li ak kout pwen, kalòt, koutpye epi menote li 2 bra dèyè e li kontinye ap bat li poutèt selon sa chofè taksi a te di li te franchi yon pano. Lòt zak pi grav ke polisye sa a fè, nan maten jedi 24 fevriye an li kenbe yon chofè taksi, li minote li aprè sa li frape li atè ak minòt nan bra li epi li kase tèt ti malere a. Kòlè te monte nan tèt chofè taksi yo, yo pran baton yo kouri dèyè polisye a ki te kouri rantre andedan komisariya a. Chofè taksi yo te mobilize yo pandan tout jounen an, yo te mete barikad pou pwoteste kont polisye bouwo a. Polisye a fè konnen se metrize li te metrize chofè taksi a ki t ap sòti nan yon sans inik. Tout moun wè lwa makout ap danse nan tèt polisye sa a.
Bèlans: Radyo Kominotè fèmen pòt li
Radyo Kominotè Bèlans (RKB) fèmen pòt li pa rapò a konpòtman premye majistra zòn nan Angelette Bertrand ki tounen yon eleman endezirab pou jounalis k ap travay nan radyo a. Nan yon entèvyou eskliziv li te bay jounal Ayiti Pwogrè nan samedi 26 fevriye a, direktè radyo a jounalis Francky Depestre fè konnen jounen 24 fevriye an radyo a kanpe travay, paske depi 8 desanm 2004 nan Bèlans, majistra Angelette Bertrand te vini limenm an pèsonn vin tire wòch sou lokal radyo a. Toujou selon Francky, majistra Angelette gen pozisyon sa a se aprè yon deklarasyon li te fè sou antèn radyo a nan dat 10 desanm 2004, kote radyo a te pran desizyon repase deklarasyon majistra Bertrand an, kote majistra di yo pat gen dwa nonmen non li sou radyo a. Jounalis la fè konnen vi li ak tout lòt anplwaye andedan radyo a vin an danje avèk patizan Angelette Bertrand yo. Li lanse apèl yon lòt fwa ankò pou laprès lokal, nasyonal ak entènasyonal pou di yon mo pou yo fas a konpòtman majistra Angelette Bertrand ansanm ak patizan li yo ki vle fè san jounalis nan awondisman Bèlans koule.
Nòt pou laprès Radyo Kominotè Bèlans
Nan yon nòt pou laprès Radyo Kominotè Bèlans (RKB) mete deyò yo fè konnen ke fas ak konpòtman endezirab majistra Angelette Bertrand nan mèkredi 8 desanm 2004 la kote li te vini an pèsonn avèk yon gwoup moun vini voye wòch sou lokal Radyo Kominotè Bèlans lan, nan moman radyo a t ap prezante yon emisyon spesyal lavèy fèt patwonal vil Bèlans. Suit aprè difizyon yon enfòmasyon an nan 10 fevriye 2005 lan sou yon zafè lajan kanaval kifè chimen kwochi nan men majistra Angelette kote gwoup maske ak band yo ki t ap pwoteste kont majistra Angelette Bertrand devan meri Bèlans. Yon lòt fwa ankò akolit yo te tonbe kalonnen lokal radyo a avèk kout wòch nan lannuit jedi 10 fevriye a. Fas avèk sitiyasyon ensekirite ki blayi nan Bèlans lan kote jou ki te mèkredi 16 fevriye 2005 la, patizan majistra komin Bèlans lan Angelette te ame avèk manchèt, pik, kouto, wòch, boutèy, po lanbi manke fè yon masak nan Bèlans. Fas ak sitiyasyon ensekirite k ap devlope nan kominotè Bèlans, fas ak sitiyasyon menas ansanm avek pèsekisyon ekip k ap travay andedan Radyo Kominotè Bèlans lan ap sibi depi yon bout tan, fas avèk sitiyasyon difisil avèk tansyon k ap devlope andedan kominote Bèlans lan, nan sans sa a konsèy administrasyon k ap dirije Radyo Kominotè Bèlans lan deside kanpe travay jiska nouvèl òd.
Moun ki siyen nòt de près sa a se Francky Depestre, prezidan direktè jeneral Radyo Kominotè Bèlans.