16 Fevrier, 2005

February 16, 2005

16 Fevrye, 2005
Vol. 22 No. 49

Latortue pwolonje represyon an kont sèten medya
Depi nan kòmansman ane 2005 lan, gouvènman defakto Alexandre-Latortue a ap atake yon seri medya nan peyi a ki pa sou menm longè dond ak li. 14 janvye a, lapolis touye jounalis Abdias Jean nan Vilaj de Dye, yon katye popilè nan zòn Sid kapital la, pandan Jean t ap fè repotay sou yon debakman lapolis t ap fè nan zòn lan. Nan menm epòk la, yo agrese ekip Teleginen. Biwo Premye minis defakto a menm fè gwo menas sou sekretè jeneral Asosiyasyon jounalis ayisyen (AJH) Guyler C. Delva.

Pou kounye a, nan koumansman mwa fevriye a, machan represyon gouvènman defakto a, pase sou estasyon prive nan kapital la, Mega Star. Vandredi 4 fevrier an, yon gwoup ame ki te nan yon machin louvri kout zam sou animatè emisyon «Pwen final» nan radio Mega Star, Raoul Saint-Louis, ki pran yon bal nan bra, pandan l te chita ak plizyè lòt kolèg li devan lokal radio a. Emisyon «Pwen final» Raoul Saint-Louis te konn prezante chak swa nan radio a, konn kritike pil ak pakèt eskandal kòripsyon k ap fèt nan gouvènman defakto a, malvèsasyon, gabji kouwè dosye 15 kontenè diri ki te pou distribiye bay mas pèp la; vyolans lapolis ap fè sou pèp la nan katye popilè yo, elatriye.

Myrtho Muraille, yon kolaboratè viktim lan, mete atak sa a nan kad deklarasyon ofisyèl pòtpawòl lapolis la, Jessie Cameau-Coicou fè plizyè fwa, kote li akize radyo a, k ap bay popilasyon k ap viv nan bidonvil yo lapawòl pou yo denonse represyon fòs fè nwa yo ap fè sou yo.

Sekretè jeneral Asosiyasyon jounalis Ayisyen (AJH) an, Guyler C. Delva fè konnen atak ki fèt sou radyo Mega Star la se yon bagay ki te byen planifye e ki rantre nan kad yon plan ki genyen pou objektif fèmen bouch laprès nan peyi Dayiti. Li denonse deklarasyon minis Jistis defakto a Bernard Gousse e pòtpawòl PNH la, Jessy Cameau Coicou te fè kote yo te monte kont medya k ap bay pèp la pale e k ap kritike moze zak gouvènman defakto yo an.

Nan madi 8 fevriye, yon kòmando lapolis te debake nan lokal radyo Mega Star, yo monte jis nan twazyèm etaj la, yo fè tout moun yo jwenn nan lokal la kouche atè, yo teworize yo, fouye, frape yo, di si yo bouje y ap touye yo. Direktè jeneral radyo a, Eddy Charleus di se yon vyolasyon libète laprès, e li lage responsabilite zak sa a sou do gouvènman defakto Alexande-Latortue a, e li di tout sa k ta rive anplwaye radyo a ap tonbe sou do otorite defakto yo.

Yon lòt bò Conatel retounen nan kò Radyo Solidarite ki gen kòm direktè Venel Remarais. Nan yon lèt Conatel ekri radyo a 7 fevriye e ke radyo a jwenn korespondans lan 14 fevriye, yo mande radyo a chanje frekans li e li gen jisko 28 fevriye pou l fè sa. Solidarite se youn nan radyo ki gen plis ekout sèjousi: li bay tout moun pale. Men diktati a pa nan sa. Savledi Solidarite pa t dwe bay militan politik ki pa nan liy GNB yo pale. E li pa dwe rapòte represyon Minustah ak PNH ap fè nan katye popilè yo.

Donk pandan gouvènman defakto a ap voye machin lanmò li al touye pèp la nan katye popilè yo, l ap voye atake radyo k ap denonse zak kriminèl l ap voye fè nan katye popilè yo.

Defakto yo ap tann pwomès kominote entènasyonal la!
Chèf fòs okipasyon Minustah, Juan Gabriel Valdés, pa kache desepsyon l poutèt kominote entènasyonal la pa debloke kantite lajan yo te pwomèt gouvènman defakto a. Nan mwa jiyè 2004 la, bayè fon entènasyonal yo, nan yon reyinyon yo te fè nan Washington, te pwomèt y ap bay defakto yo yon milya 400 milyon dola, jiska prezan se sèlman 10 pousan nan lajan sa a yo bay, ki se 100 milyon dola. Pou yon peryòd 6 mwa, Minustah depanse 500 milyon dola dapre jounal Le Monde. Jounal la di gen eskpè ki gen 10 mil dola vèt kòm salè. Kidonk, se sa k fè tou yo pa sòti pou kite peyi a!

Daprè li se Etazini ki bay EDH 3 milyon dola chak mwa pou l achte gaz ak lòt materyèl, se sa k fè EDH kapab bay kèk èd tan kouran nan kapital la. Li di te genyen 38 milyon dola ki te deja debloke pou edikasyon ki ap fini nan mwa fevriye a.

Peyi Karayib yo mande pi bon trètman!
Dapre reprezantan gwoup negosiyatè Kominote Karayib la (Karikom), Ramesh Chaito, nasyon Karayib yo bezwen pi bon trètman nan kad negosiyasyon ekonomik entènasyonal yo pou fasilite entegrasyon yo nan ekonomi mondyal la. Li te fè deklarasyon sa a nan 7e rankont entènasyonal ekonomis yo sou mondyalizasyon ak pwoblèm devlopman ki t ap fèt nan La Havane nan peyi Kiba. Aprè l te finn bay kèk eksplikasyon sou diferant aktivite ekonomik nan Karayib la Ramesk Chaito presize peyi Karayib yo pa kapab aksepte yon liberalizasyon bridsoukou nan domèn komèsyal. Li fè konnen yon liberalizasyon komèsyal konsa pral mete ekonomi Karayib la an danje fas a gwo jeyan mondyal yo, kouwè Etazini, Linyon Ewopeyèn e Japon.

Lòbèy nan ministè Afè etranjè
Reprezantasyon diplomatik ayisyèn lan an Repiblik dominiken ap travèse yon gwo kriz akòz yon seri mannèv politik. Anbasad ayisyen an an Repiblik dominikèn nan Santo Domingo bay enpresyon yon kò san tèt, li pa genyen moun k ap dirije l, se yon veritab dezòd k ap reye nan reprezantasyon ayisyèn lan ki deja ensifizan konparativman ak reprezantansyon dominikèn lan ann Ayiti.

Reprezantasyon ayisyèn lan an Dominikani genyen yon anbasad nan kapital la ak 2 konsila, genyen youn ki chita nan Sid peyi a, Barahona, lòt la chita nan Nòdwès peyi a, Dajabon. Tandiske reprezantasyon dominikèn lan genyen yon anbasad ki genyen yon anbasadè nan tèt li, Jose Serulle Ramia. Li genyen 4 konsila ki repati konsa:nan Sidès peyi a, Ansapit; Nòdès, Wanament; nan pati Lès la, Bèladè ak nan Nò peyi a, Kapayisyen.

Akò nan zòn franch Wanament
Aprè 8 mwa konfli travay nan zòn franch Wanament lan, patwon Konpayi devlopman endistriyèl (CODEVI) ak sendika travayè (SOKOWA) jwenn yon akò 5 fevriye a. Konfli sa a te pwovoke revokasyon plis pase 150 ouvriye nan zòn franch lan. Nan akò sa a konpayi a pran angajman pou l fè tout ouvriye revoke yo retounen nan travay yo, l ap rekonèt libète sendikal travayè yo, li aksepte pou yo kreye yon komite parite (patwon-ouvriye), y ap mete kanpe yon fon solidarite ak yon konvansyon kolektif de travay.

Konpayi an akseptre reyentegre touswit 5 sendikalis li te revoke aprè konfli a te eklate 11 jen 2004 la, nan mwa fevriye a. Diferan sendikalis yo genyen pou yo resevwa tout salè yo pou peryòd yo pa t kapab travay e y ap benefisye tout lòt privilèj yo te genyen. Pou lòt plis pase 15 travayè yo te revoke yo, konpayi a pran angajman pou l remete yo nan travay yo pwogresivman.

8 resòtisan ayisyen abandone nan yon lopital dominiken
Pandan reprezantan ayisyèn lan an Repiblik dominikèn ap renmèt monnen, ayisyen abandone nan peyi sa a kouwè pitimi san gadò. Daprè yon jounal dominiken El Caribe ki rapòte deklarasyon yon travayè sosyal, k ap travay nan yon sant medikal dominiken, genyen 8 ayisyen ki abandone nan yon lopital Dominikani. Pa genyen okenn enstitisyon, kouwè anbasad ayisyen an ou òganizasyon dwa moun ki pote yo sekou. Travayè sosyal la, José Ogando fè konnen, malgre tout efò li fè bò kote otorite ayisyèn yo, yo pa fè anyen pou yo pote èd bay sitwayen sa yo. Pami 8 sitwayen ayisyen yo, genyen yon adolesan ki rele Johnny, ki genyen plis pase yon mwa nan lopital la, ki t ap viv nan kan Azua, tout paran li yo ap viv ann Ayiti. Ayisyen sa a yo ki pa genyen paran an Repiblik dominikèn te blese ak zam blanch e yo te resevwa yo nan sèvis dijans lopital la. Lopital la ap tann repons responsab anbasad ayisyen pou rezoud sitiyasyon 8 moun sa yo.

Lapolis kontinye ap teworize popilasyon an
Nan premye semèn mwa fevriye a, pòtpawòl lapolis la, Jessy Cameau Coicou fè konnen lapolis mennen plizyè operasyon nan diferan katye popilè nan kapital la. Lapolis te opere nan sant vil la zòn waf Jeremi kote yo arete 76 moun e yo blese yon lòt moun. Nan Kwadèboukè yo arete 2 moun, yo di yo sezi 7 fizi AR e yon revolvè. Lapolis te debake nan plizyè lòt zòn kouwè: Avni Poupla, Solino, Sylvio Cator, Dèlma 33, Dèlma 24 elatriye, teworize popilasyon an, tire anpil gwo kout zam, blese plizyè moun e arete plizyè lòt. Pou kesyon dezameman an, Jessy Cameau Coicou di otorite defakto yo pase lapolis lòd pou dezame tout moun, tout gwoup moun ki genyen zam ilegal nan men yo. Pou kisa yo pa ale dezame ansyen militè yo?

Chèf fòs okipasyon an, Juan Gabriel Valdès, bò kote pa l fè konnen fòs l ap dirije a pran tout dispozisyon pou l dezame tout bann ame ki genyen nan peyi a. Li di fòs la pral mete tout kontenjan li yo deyò pou asire sekirite nan peryòd elektoral la, yo pral kòmanse deplwaye twoup yo nan moman anrejistreman jiska nan finalite eleksyon yo. Li di Minustah ak OEA ap voye 15 gwoup de travay pou al ede KEP la idantifye zòn kote y ap mete biwo enskripsyon yo e y ap genyen plizyè ekip sòlda k ap ba yo sekirite.

Ensekirite nan Plato Santral
Abitan nan Ba Plato Santral ap mande kisa k ap pase nan peyi a, aprè kidnapin prezidan Jean Bertrand Aristide, van ensekirite ap soufle trè fò nan depatman an, chak jou moun ap tonbe anba bal bandi ame. Se tout kategori moun k ap viktim nan zòn lan: komèsan, chofè, senp sitwayen, ata polisye. Saurel Dumornay ki se yon jij nan tribinal premyè enstans vil Mibalè, di genyen plizyè rezon ki fè bandi yo ap frape fò konsa e san krent nan depatman an. Li di pa genyen prizon nan depatman an, tout pòt prizon yo te fèmen depi lontan, malgre otorite santral defakto yo t ap fè yon reparasyon ladan l, yo pa janm louvri pòt yo, sa ki fè anyen pa kapab mache nan zafè jistis nan depatman an. Tout dosye penal yo rete fèmen nan tiwa, jij ak lapolis pa genyen sekirite. Li di kabinè denstriksyon pa kapab fonksyone, plizyè endividi ki komèt moze zak, kabinè denstriksyon kòmanse tande yo, li voye yo nan gadavi, epi 2 jou ou tande endividi sa a yo deyò, sa reprezante yon danje pou lavi jij yo. Sitiyasyon sa a ki choke anpil abitan nan zòn lan, ki mande otorite defakto yo pou pran tout dispozisyon pou mete fen nan machin ensekirite a k ap boulvèse tout sitwayen nan depatman an.

Lajistis Etazini kondane Edi One
Tribinal federal nan Miyami kondane Jean Eliobert Jasmin alyas Edi One pou l pase 20 tan nan prizon pou trafik dwòg, mèkredi 9 fevriye a. Jean Eliobert Jasmé ki genyen 42 lane te plede koupab devan jij Marcia Cooke. Jij la fè konnen depi lane 1992 Edi One te enplike nan trafix dwòg. Lajistis kondane 2 lòt kolaboratè Edi One pou trafik dwòg ; Wista Louis ki genyen 45 lane, kondane pou l pase 16 lane nan prizon e mari l Emmanuel Thibaud, kondane pou l pase 14 lane e 6 mwa nan prizon.

Pwodiktè kafe yo genyen gwo difikilte
Pwodiktè kafe ayisyen yo nan depatman Sidès lan, nan awondisman Belans lan, denonse yon konpayi dominiken ki rele Enduvan k ap mennen yon kanpay delwayal, fè espekilasyon sou teritwa ayisyen, pou yo kapab genyen monopòl komès kafe a nan zil la. Konpayi Enduvan ki genyen anpil lajan pou l achte kafe ayisyen, depi avan rekòt la, pou yon ti kras kòb nan men plantè yo epi al revann kafe a pou gwo sòm lajan sou mache entènasyonal la, kont koperativ kafe nasyonal yo ki te kòmanse bay bon randman nan peyi a, nan fè deviz rantre. Plantè kafe ayisyen yo voye yon apèl bay otorite defakto yo, k ap remèt monnen nan reprezantasyon Ayiti genyen an Repiblik dominikèn depi aprè kidnapin prezidan Jean Bertrand Aristide la nan mwa fevriye 2004, sou danje ki plane sou kafe ayisyen ki ka disparèt nan ekonomi nasyonal la.

Sitiyasyon sa a plantè kafe ayisyen genyen jounen jodi a montre nou trè klèman, rejim defakto Alexandre-Latortue a pap defann enterè peyi a.

PNH akize eks-militè yo
Pòtpawòl polis nasyonal la, Jessy Cameau Coicou akize eks-militè yo nan asasina 4 polisye, dimanch 6 fevriye a, nan Kafou Klesin nan komin Taba, nan Nò kapital la. Polisye sa a yo ta pral akonpaye yon cha ki t ap desann nan kanaval sou Channmas la. Jessy Cameau Coicou denonse fòs Minustah, li di ki pa t vle pote polisye ayisyen sekou nan moman evènman yo. Aprè ensidan sa a, lapolis lage koukouwouy dèyè eks-militè yo. Jedi 10 fevriye a, yon kòmando polisye debake nan baz eks-militè yo genyen sou wout Frè, tire anpil kout zam epi rantre nan lokal la, fouye kay la, men eks-militè yo te gentan kraze rak. Nan operasyon sa a, lapolis touye yon timoun 5 lane ki t ap sòti lekòl, nan machin papa l ki limenm blese ak bal. Men Jessy Cameau Coicou te mete odas li deyò pou l di li pa okouran de enfòmasyon sa a.

Gouvènman defakto a fòme 2 komisyon
Nan konsèy minis yo ki te fèt nan premye semèn mwa fevriye a, gouvènman defakto a deside fòme 2 nouvo komisyon. Premye a ki rele «Komisyon nasyonal dezameman, demobilizasyon e reyensèsyon endividi ame nan peyi a». Komisyon sa a ki genyen pou l travay anba lòd gouvènman defakto a, daprè minis Jistis defakto a, Bernard Gousse, genyen pou misyon detèmine yon politik dezameman e reyensèsyon tout endividi ki genyen zam ilegal nan men yo. Komisyon sa a konpoze ak: Alix Richard, reprezantan ekzekitif la, prezidan ; Charles Poisset Romain, reprezantan ekzekitif la tou ; Jude Baptiste reprezantan pouvwa jidisyè a ; Lamartine Clermont, reprezantan Konsèy saj la ; Ketly Julien e Linda Cajuste 2 reprezantan pati politik yo avèk «sosyete sivil» la ; enspektè Frantz Jean François reprezantant Polis nasyonal Dayiti (PNH). Minis Jistis defakto a Bernard Gousse fè konnen komisyon sa a pral travay nan tèt kole avèk òganizasyon entènasyonal yo kouwè : Minustah, ONU, OEA e reprezantan kèk lòt peyi ; Salvador e Nicaragua ki deja genyen eksperyans nan domèn sa a.

Lòt komisyon ki te sòti nan konsèy minis yo genyen pou l travay sou sekirite nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture. Komisyon sa a fòme konsa : minis de fakto Travo piblik, Fritz Adrien ; Finans, Henri Bazin ; Komès, Fritz Kénol, Ayisyen k ap viv lòt bò dlo, Alix Baptiste ; ak Kilti, Magalie Comeau Denis.

Jandamri Gwadloup arete 5 imigre ayisyen
Samdi 5 fevriye a, jandamri Gwadeloup la, te mobilize plizyè brigad ak yon elikoptè pou arete 5 fanm ayisyen ki te debake an klandesten nan Gwadeloup. Pami fanm sa yo genyen youn ki genyen 21 lane e ki genyen 7 mwa ansent. Sitwayen ayisyèn sa yo te rive nan Gwadloup abò yon ti kannòt ki te pran direksyon touswit La Dominik ki sitiye a 80 kilomèt nan zòn Sid Gwadloup. Genyen yon lòt nan fanm yo ki te nan yon trè move eta, yo te kouri bal swen touswit. Jandamri Gwadloup la fè konnen li mete yon dispozitif siveyans sou plas pou kontwole tout zòn lan.

Guy Philippe denonse asosye defakto li yo
Sekretè ekzekitif Fwon rekonstriksyon nasyonal la, Guy Philippe, fè konnen se pa sèlman pati Fanmi Lavalas ki gen pwoblèm politik, Fwon an tou gen yon militan l ki fèmen nan prizon depi mwa septanm san kòz, yo pa janm di l poukisa yo mete l nan prizon. Prizonye sa a rele Jean-Claude Louis-Jean, li di chak fwa li kontakte yon moun, yo di l, wè ak minis lan, wè ak jij la. Li fè konnen genyen Axel Bélizaire yo te arete paske l te ansanm ak Yvon Feuillé, rete nan prizon alòske yo lage Feuillé. Guy Philippe denonse pèsekisyon politik li pretann Fwon an ap sibi se dan ak lang k ap goumen pa gen pwoblèm !