9 Fevrier, 2005

February 9, 2005

9 Fevrye, 2005
Vol. 22 No. 48

Dyalòg nasyonal pa Micha Gaillard a
Prezidan komisyon gouvènman defakto a mete kanpe pou fè pwomosyon dyalòg nasyonal la, Micha Gaillard, fè konnen eleksyon yo ta dwe fèt avan dyalòg nasyonal la. Pou Micha Gaillard, nan peryòd eleksyon yo pral genyen anpil ajitasyon, tandiske dyalòg la se yon moman de rekonsilyasyon ant ayisyen. Li di menm si dyalòg nasyonal la ta kòmanse avan eleksyon yo, y ap fè yon ti kanpe pou eleksyon yo finn fèt, epi pou yo ta reprann apre. Micha Gaillard pwopoze nan nivo politik pou chita pale yo ta rive nan siyati yon kòd de non agresyon e yon pak de gouvènabilite pou sa k pèdi a ak sa k genyen ta kontinye travay ansanm aprè eleksyon yo. Micha Gaillard di 2 bagay sa a yo pa kapab fèt an menm tan, paske dyalòg nasyonal la ka dire plizyè mwa e menm yon lane. Daprè Micha Gaillard chak sektè genyen pwòp ajenda pa yo sou afè dyalòg nasyonal la.

Dyalòg nasyonal la se yon demagoji
Selil kominikasyon òganizasyon politik Fanmi Lavalas fè konnen apèl otorite defakto yo ap lanse pou fè yon dyalòg nasyonal nan peyi a, se yon demagoji. Ansyen depite James Derosin di yon vrè dyalòg nasyonal pa kapab reyalize sèlman avèk tout lòt moun ki pa vle wè Fanmi Lavalas. Daprè James Derosin, Fanmi Lavalas te konn pale de dyalòg nasyonal, byen avan tout moun k ap pale de dyalòg nasyonal kounye a, li te fè objè de yon plan nan pwogram pati a. Prezidan Jean Bertrand Aristide te toujou ap pwone dyalòg, pou tout pitit pèp nan peyi a chita arebò yon tab.

Dyalòg nasyonal sa a otorite defakto yo ap klewonnen nan medya yo jounen jodi a, se yon demach pou bay yon cho medyatik e pou yon konsomasyon entènasyonal, pou fè «blan» yo plezi, pou montre yo ayisyen kapab chita ansanm. Men se pa pwoblèm peyi a yo pral chita poze reyèlman, pou yo chache yon solisyon.

Diskriminasyon an Florid
Dyaspora ayisyen nan Miami leve kanpe pou mande otorite Etazini yo respekte dwa yo Kominote ayisyèn lan k ap viv nan Miami te tanmen yon gwo kokenn chenn manifestasyon vandredi 28 janvye a, devan biwo imigrasyon pou pwoteste kont arestasyon imigran ki pa legal yo k ap viv nan Etazini. Nan moun yo arete yo 44 sou 100 se ayisyen yo ye; otorite yo pran desizyon sa a depi aprè eleksyon Etazini 2 novanm 2004 la. Lucie Tondreau, yon jounalis ayisyen k ap viv nan Miami fè konnen se yon mezi diskriminatwa otorite yo pran. Li di kominote ayisyèn nan Miami genyen gwo tèt chaje, yo pè al legliz, yo pè al nan makèt, yo pè al lekòl, al travay. Se tout kote yo pase nan peyi a, nan estasyon otobis, nan mache, nan machin yo, lapolis rete yo, yo mande yo non sèlman pèmi yo men yo mande yo tou papye imigrasyon. Tout moun ki pa legal, yo depòte yo. Se poutèt sa kominote ayisyèn nan Miami ap mobilize pou sansibilize otorite Etazini yo pou yo ta rive bay ayisyen ki ilegal yo yon estati tanporè.

Militè dominikèn ap mande plis pouvwa
Otorite dominikèn yo fè konnen yo arete epi voye tounen lakay yo 320 ayisyen. Lame dominikèn lan te mennen operasyon sa a yo nan plizyè pwovens kouwè: Santiago, Dajabon ak Monte Cristi. Lame dominiken arete ayisyen yo pandan yo t ap tante franchi yon pòs vijilans lame a mete nan zòn sa yo. Lame dominiken lan mande konkou lajistis ak tout lòt sektè nan sosyete dominiken lan pou yo ka kontwole de fason pi efikas trafik ayisyen ki pa genyen papye sou fwontyè Ayiti-Dominikani an. Kolonèl Almicar Fernandez bò kote pa l mande lajistis pran bonjan mezi kont tout moun k ap ede ayisyen yo travèse fwontyè a. Lè yo kenbe moun k ap fè trafik sa a yo, fòk yo ta fè yo peye ant 2500 a 3000 peso.

Patrick Elie denonse sèten òganizasyon dwa moun
Jedi 27 janvye a, Patrick Elie yon militan dwa moun, denonse konplisite sèten òganizasyon ki di y ap defann dwa moun e ki pa janm di anyen nan pil ak pakèt asasina ak ekzekisyon somè lapolis ak fòs okipasyon an ap fè nan plizyè katye popilè nan kapital la. Patrick Elie fè konnen ke òganizasyon dwa moun sa yo ki te trè aktif sou gouvènman Jean Bertrand Aristide fèmen bouch yo konyè a sou grav vyolasyon dwa moun k ap fèt sou moun k ap viv nan katye pòv yo. Daprè li, konpòtman sa a montre trè klè òganizasyon sa yo t ap sèvi ak kesyon dwa moun lan pou yo fè politik e satisfè enterè pèsonèl yo.

Patrick Elie kritike konpòtman laprès la ki pa fè solidarite avèk yon seri de jounalis ki pa panse menm jan avèk yo, li site kòm ekzanp asasina Abdias Jean, atak ki te fèt sou ekip Radyo-Tele Ginen, nòt ekstrèmeman agresiv ki te sòti nan biwo Premye minis defakto a kont Guyler C. Delva. Poutan sou prezidan Jean Bertrand Aristide pou ti krik ti krak yo fèmen radyo yo an siy de solidarite. Li di laprès la ap pèdi kredibilite l devan popilasyon an.

Lapolis ap pèsekite manman Abdias Jean
Manman jounalis Abdias Jean ke polisye te touye nan mwa janvye a, Raymonde Jean denonse pèsekisyon lapolis ap fè sou li. Li fè konnen li pa genyen mwayen pou l fè antèman pitit li a Abdias Jean ke lapolis te touye 14 janvye pandan l t ap kouvri yon entèvansyon lapolis t ap fè nan katye popilè, Village de Dieu nan kapital la. «Se lapolis ki touye pitit mwen an, paske l te yon temwen jenan.» Li di li sètoblije kite kay li apre yon entèvansyon brital yo te fè lakay li, pou kounye a l ap viv nan kache.

Direktè jeneral UNESCO, Koichiro Matsura bò kote pa l kondane asasina jounalis Abdias Jean. Li di daprè tout rapò ki vinn jwenn li fè kwè se lapolis ki touye jounalis la. Li fè konnen lè otorite yo sèvi ak lafòs pou yo prive jounalis yo libète dekspresyon li, yon dwa ki fondamantal, yon dwa deklarasyon inivèsèl dwa moun garanti, se yon atak entolerab pou demokrasi e pou Leta de dwa.

Liberasyon «Ti Pay»
Chantè gwoup mizikal Rèv la, Jean Renald Bruno alyas «Ti Pay» jwenn liberasyon l jedi 3 fevriye a, apre plizyè mwa fèmen nan prizon nan penitansye nasyonal. Depi plizyè jou Ti Pay te benefisye yon lòd de liberasyon ki pa t janm ekzekite, li di yo kite l pase 3 jou ap dòmi nan lakou penitansye nasyonal la.

Manifestasyon kont vyolans nan Vilay de Dye
Abitan Village de Dieu te tanmen yon manifestasyon vandredi 28 janvye a, pou pwoteste kont vyolans lapolis ak Minustah ap fè sou yo nan zòn lan. Lapolis ak fòs okipasyon an te debake nan Site Letènèl ak Vilaj de Dye kote yo arete plizyè moun e genyen plizyè lòt ki te sètoblije pati kite zòn lan. Abitan yo mande gouvènman defakto a pran responsabilite, pou l bay popilasyon an sekirite. Daprè abitan yo genyen anpil sitwayen ki te pati kite zòn lan ki ta renmen retounen lakay yo, men yo di si pa genyen sekirite nan zòn lan yo pap kapab retounen. N ap raple se nan zòn sa a lapolis te touye jounalis Abdias Jean 14 janvye a.

Jij yo reprann travay nan Pòdpè
Après Atis Felix ki se yon komisè te denonse kòlèg majistra li yo, kòm moun k ap vann jistis nan Pòdpè, jij yo te kanpe travay pandan 4 jou, pou yo fòse komisè a prezante eskiz piblik ba yo e yo te di se sèl kondisyon pou tribinal yo rekòmanse fonksyone. Komisè Atis pa t pran tan pou l te konfòme l a ekzijans kolèg li yo, pou prezante eskiz li e retire mo kowonpi a. Dwayen tribinal sivil la, Ronel Gelin anonse jij yo reprann pwovizwaman travay yo annatandan desizyon ministè Lajistis.

Pwotestasyon pwofesè lise
Pwofesè lise Kafou Fèy la te obsève yon jounen grèv vandredi 28 janvye a, pou pwoteste kont difikilte y ap rankontre ak ministè Edikasyon nasyonal ki pa pran desizyon pou nome yo nan lise a. Anseyan yo fè konnen y ap kontinye ak mouvman grèv sa a jiskaske ministè Edikasyon Nasyonal yo satisfè revandikasyon yo. Pwofesè yo fè konnen y ap travay nan lise a depi lane 2002, responsab yo pa janm nome yo, kounye a yo vle siyen kontra akpwofesè yo. Pwofesè yo di yo pa dakò ak kontra a, se nome pou responsab yo nome yo nan Lise a.

Mach pou lapè nan Gonayiv
Vandredi 28 janvye a, manm Federasyon pou rekonstriksyon vil Gonayiv te òganize yon mach pasifik, yo rele «mach pou lapè» nan Gonayiv. Daprè pòtpawòl Federasyon an, Pyram Jacky, objektif mach la, se pou mande otorite defakto yo demare ak pwosesis dezameman an nan peyi a. Pyram Jacky fè konnen fòk dezameman an rive fèt nan peyi a, pou kapab genyen yon klima sekirite. Sa pral pèmèt envestisman fèt nan peyi a pou bay travay, yon jan pou pèp ayisyen an kapab sòti nan enpas difisil l ap travèse jounen jodi a, kote grangou, lamizè, ensekirite, chomaj ap taye banda sou tout teritwa nasyonal la.

Arestasyon 3 vòlè machin
Mèkredi 26 janvye a lapolis arete 3 prezime vòlè machin nan «Kafou 3 Men» sou wout ayewopò a. Daprès lapolis, sispèk yo te genyen zam nan men yo, nan moman arestasyon yo. Lapolis te prezante 3 prezime vòlè sa yo bay laprès jedi 27 janvye a, pami yo genyen Joseph Samuel ki sanse se chofè a, Louis Augustin ki di li se direktè yon lekòl enfòmatik. E ki di ke se sitiyasyon lavi a ki fè li tonbe nan vòlè machin e sa fè 2 fwa li fè sa. Lòt moun yo arete a, di li se yon teknisyen ki toujou ap mache ak direktè, li di tou se sitiyasyon lavi a ki mete l la.

Minustah ap «estabilize» li sou do pèp la
Chèf militè Minustah a, jeneral brezilyen Augusto Heleno te tanmen yon rankont 2 jou avèk diferan kòmandan kontenjan yo nan inivèsite Taba, kote li fè konnen objektif seyans sa yo se chèche konnen pwoblèm kontenjan yo sou plan lojistik, sou plan operasyonèl pou misyon an kapab ede yo rezoud pwoblèm sa a yo. Li di yo sòti nan faz deplwayman ki deja fèt nan tout peyi a, kounye a yo pral antre nan faz estabilizasyon an. Nan faz sa a yo pral montre prezans yo nan tout rakwen peyi a, nan tout katye cho nan kapitalla.Li di fòs okipasyon ap kontinye mennen operasyon tout kote, sa dwe vle di ke y ap kontinye maspinen pèp la!

Lapolis ap vanje li sou Bèlè
Madi 25 janvye a, lapolis mennen yon gwo operasyon nan mòn Marinèt, nan katye popilè Bèlè. Pòtpawòl PNH la, Jessy Cameau Coicou fè konnen lapolis arete 10 moun, pami yo genyen 2 agresè 2 jounalis Le Nouvelis yo. Jessy Cameau Coucou di tou lapolis sezi plizyè zam. Men ki lè li ap arete polisye ki egzekite Jimmy Charles ak Abdias Jean?

Fowom sou libète laprès
Sosyete entèamerinè Près (SIP) te òganize yon fowòm dijans sou libète laprès ann Ayiti jedi 3 fevriye a nan Pòtoprens. Visprezidan asosiyasyon an, Raphaël Molina, ki se youn nan responsab jounal dominiken El Nacional, ki te ouvè fowòm lan denonse gwo danje ki pandye sou laprès nan peyi Dayiti. Sergio Muñoz, yon lòt responsab SIP te ale nan menm sans lan, li te kritike konpòtman rejim defakto a, an matyè respè libète laprès. Li fè konnen menas ki pandye sou laprès ann Ayiti, se yon seri menas ki trè serye e ki rete yon sous preyokipasyon pou SIP.

Pandan sa a jisteman genyen anpil pwotestasyon sou asasina Abdias Jean, menas kont Guyler C. Delva, atak sou ekip Radyo-Tele Ginen ak sou 2 jounalis jounal Le Nouvelliste. Fowòm la se te yon okazyon pou jounalis yo te ekspoze pwoblèm yo tou anba rejim defakto a. Men kote Reporters sans Frontières pase?, Yo pa tande pale de li menm, e siman se paske chèf li Robert Ménard pa vle fè zanmi li Latortue lapenn?