26 Janvier, 2005

January 26, 2005

26 Janvye, 2005
Vol. 22 No. 46

Lapolis ap touye moun nan katye popilè
Madi 18 janvye a, ajan CIMO debake nan katye popilè Sen Maten, nan Koridò Basya, riyèl Félix, nan kapital la, yo touye 4 jèn epi boule plizyè kay manm òganizasyon popilè ki rete nan zòn lan. Abitan yo akize polisye yo ak atache k ap mache touye jèn yo, nan katye popilè yo epi ale avèk kadav yo, pami yo genyen yon jèn ki rele Clairmond Déricé. Abitan yo fè konnen lapolis touye yon jèn ki t ap sòt travay nan Otorite potyè nasyonal (APN). Paran viktim yo kritike kèk òganizasyon dwa moun ki pa janm di yon mo nan tout move zak sa yo lapolis ap fè.

2 kadav nan mòn Tapyon
Moun k ap viv nan mòn Tapyon, sou wout nasyonal nimewo 2, tou pre vil Tigwav, leve jwenn kadav Monty Charles ak Lyze Eliacin rache ak kout manchèt, madi 18 janvye a. Jij de pè ki fè konsta a fè konnen ka sa a ta sanble ak yon regleman kont. Yo arete madanm AndréCamille, ke yo te jwenn lakay li yon manchèt ki te byen netwaye. Ant parantèz tout moun konnen ke se militè demobilize yo ki ap fè lalwa nan zòn TiGwav la!

Manifestasyon militan Lavalas nan Bèlè
Dimanch 16 janvye a, plizyè milye militan Lavalas te pran lari sou fòm kanaval pou manifeste anfavè retou prezidan Aristide. Manifestan yo te genyen mayo ak foto prezidan Aristide sou yo, yo te defile nan plizyè ri nan Bèlè, akonpaye ak bann apye yo, e yo denonse pèsekisyon politik ak esklizyon sosyal y ap sibi. Militan Lavalas yo fè konnen yo pap sòti nan kanaval ane sa a, se «manifestaval» y ap fè e yo di se sèl dèyè prezidan Aristide y ap mache, se li ki «papa libète». Nèg sa yo ki sou pouvwa pa vinn fè anyen pou peyi a, se touye yo vin touye mas pèp la.

Lapolis arete 96 moun nan Site Solèy
Vandredi 7 janvye a, lapolis arete omwens 96 moun nan Site Solèy, pandan yo t ap mennen yon operasyon nan zòn lan. Genyen 4 sòlda Minustah ki blese pandan operasyon sa a e yo di yo sezi plizyè fizi mitrayèt ak plizyè grenad.

Pòtpawòl lapolis la fè konnen se nan Solèy 9, nan zòn ki rele zòn O, lapolis te mennen operasyon sa a, e 96 moun sa yo nan men lapolis. Jessy Cameau Coicou te fè konnen genyen 3 prezime «bandi» ki tonbe pandan yo t ap echanje kout zam ak lapolis nan zòn Kanasik nan komin Kafou. Popilasyon rive touye yon jenòm ki ta pral fè vòl sou yon kanbis nan ri Sentonore, zòn pase Villa.

Lapolis ak atache ap mache touye moun
Madi 18 janvye a, lidè Rasanbleman nasyonal fòs demokratik (Ranfò), Jean Nazaire Thidé, denonse ekzekisyon somè lapolis nan tèt kote ak atache ap mache fè nan katye popilè yo nan kapital la. Li fè konnen gen plizyè moun lapolis fin metrize lè l fini li touye yo. «Mwen etone anpil lè m konstate se lapolis k ap kontinye jiska jounen jodi a ankò k ap ekzekite sitwayen yo de fason somè»..

Jean Nazaire Thidé, ki te nan opozisyon kont prezidan Aristide, kritike sèten òganizasyon dwa moun ki te konn pran abitid yo kouri reyaji sou swadizan vyolasyon dwa moun, jounen jodi a pran desizyon fèmen bouch yo sou pil ak pakèt ka ekzekisyon somè sa yo atache ki retounen an fòs nan katye popilè yo. Responsab Gwoup defans dwa prizonye yo, (GDP), Ronald Saint-Jean, bò kote pa l denonse yon plan machyavelik òganizasyon dwa moun yo ki pwòch gouvènman defakto a, nan tèt kole avèk yon jij pou tante banalize afè Jimmy Charles, la polis te arete paran l t al jwenn krible ak bal nan mòg.

Eske Latortue nan volè diri?
Aprè anpil traktasyon ki te fèt nan kabinè patikilye Premye minis defakto a, Gérard Latortue, majistra adjwen meri Pòtoprens lan, Jean Philippe Sassine te rive jwenn otorizasyon pou l al pran 15 mil sak diri nan ONG (Food for the Poor) ki vle di manje pou pòv pou sipozeman al distribiye nan katye popilè yo nan fen ane a. Diri sa yo pa t rive jwenn moun yo nan katye popilè yo, e majistra prensipal la, Carline Simon akize Jean Philippe Sassine pou detounman 15 mil sak diri yo. .

Jean Philippe Sassine te reponn pou l di, ke li te distribiye 4 mil sak diri nan kè katye popilè kouwè: Koridò Bwa d Chèn, Gran Ravin nan Matisan, Bèlè ak Lasalin. Men popilasyon zòn sa yo fè konnen se pa yo menm yo te bay diri sa a. Se wè yo wè diri a ap vann..

Premye minis defakto a, Gérard Latortue te eseye defann tèt li nan eskandal diri a, e li te fè konnen se pa limenm ki te bay Sassine otorizasyon ke se moun k ap travay nan biwo li a, ki itilize papye antèt primati a, so primati ak siyati l pou bay Jean Philippe Sassine otorizasyon pou l al pran diri an nan Food for the Poor. Li fè konnen dosye sa a pa t pase devan l nan primati a. Li fè konnen li pral pran sanksyon kont tout moun ki te tranpe nan zafè sa a. De fèt Latortue voye direktè kabinè li a, Raymond Lafontant Junior ak pòtpawòl primati a, Michel Joseph ale. Si gen fo nan ekriti, èske se pa prizon manch long? Eske Latortue pap kase fèy kouvri sa?

Sitiyasyon malad yo nan lopital jeneral
Kondisyon malad yo nan Lopital Jeneral, kontinye ap deteryore chak jou akoz grèv doktè yo deklennche depi 30 desanm lan. Doktè yo fè konnen se pa yomenm ki responsab soufrans malad yo, e yo akize responsab ministè Sante piblik yo ki pa janm fè anyen pou satisfè revandikasyon yo. Paran plizyè malad sètoblije transfere yo nan lòt lopital, e sa k pa genyen mwayen pou ale nan lòt lopital yo di y ap rete tann lanmò yo. Sitiyasyon sa a montre klèman iresponsabilite gouvènman defakto a ki pa menm fè sanblan okipe l de gravite sityasyon an..

Defakto ak okipan yo ap prepare eleksyon ak kanaval
Madi 18 janvye a, gouvènman defakto a te reyini ak Konsèy Elektoral Pwovizwa li a nan palè nasyonal la pou diskite sou pwojè dekrè elektoral la ak kalandriye elektoral la. Patisipan yo pa t fè okenn kòmantè aprè rankont lan..

Pòtpawòl Minustah a, Onses Damien Cardona fè konnen fòs Loni yo nan peyi a, ap pran tout dispozisyon pou asire bon dewoulman eleksyon sa yo. Cardona di li panse òganizasyon dyalòg nasyonal plizyè sektè ap pale a, ta dwe fèt avan eleksyon yo. Li di tou sòlda Minustah yo ap mobilize pou garanti sekirite patisipan yo nan kanaval la nan Jakmèl ak nan kapital la.

Senatè Yvon Feuillé ap louvwaye!
Pòtpawòl Selil de baz Fanmi Lavalas la voye jete deklarasyon senatè Yvon Feuillé te fè ki ta fè kwè kondisyon yo pa reyini pou prezidan Aristide retounen nan peyi a. René Montplaisir fè konnen ke Yvon Feuillé trayi lit pèp ayisyen an e li trayi prezidan Aristide menm. Li di jan deklarasyon sa yo genyen pou objektif afebli mobilizasyon pèp la deklannche pou mande retou lòd konstitisyonèl nan peyi a. René Montplaisir te pwofite denonse yon lòt fwa ankò arestasyon abitrè, masak polis nasyonal la, akonpaye ak ansyen militè e atache ap fè chak jou sou mas pèp la nan katye popilè yo nan kapital la.

Fwon Rezistans mande liberasyon Butter Metayer
Manm Fwon rezistans nan vil Gonayiv te manifeste lendi 17 janvye a, pou reklame liberasyon prezidan Fwon an, Butter Metayer ki fèmen nan prizon nan peyi Etazini depi nan fen mwa novanm 2004 la. Manifestan yo fè konnen yo pre pou mande demisyon gouvènman defakto a ke yo akize kòm konplis nan arestasyon Metayer. Pòtpawòl Fwon rezistans lan, Winter Etienne fè konnen gouvènman Boniface-Latortue a gen pou wè ak arestasyon Butter Metayer e yo pra l mande depa ekip ki sou pouvwa a nan jou k ap vini yo. Nan fen semèn lan Guy Philippe limenm te al pran tèt seri manifestasyon sa yo nan vil Gonayiv pou li montre kolonn sa a ke li toujou nan vagabonday ak yo. Antouka, otorite meriken yo lage Butter e voye l Ayiti. Ki antant ki fèt ant Metayer ak sèvis sekrè meriken?

Eks-militè yo pap renmèt zam yo!
Dosye ansyen lame Dayiti an pa klase mete nan tiwa ak yon senp zafè ba yo chèk yo, jan gouvènman defako an ta vle fè kwè a. Eks-militè yo ki genyen baz yo sou wout Frè a pa dakò pou yo renmèt zam yo, malgre gouvènman an di li kòmanse peye yo. Moun sa yo ki sou kòmandanman Remissainthe Ravix fè konnen y ap toujou kenbe zam yo, menm aprè yo ta finn jwenn lajan. E yo kontinye ap fè patwouy pa twò lwen baz yo sou wout Frè a, ak tout zam yo nan men yo. Yo bare zòn nan ak yon seri gro dwoum. E teworis yo gen odas pou deklare: «Zam pa nou an se konstitisyon an ki ban nou dwa pou nou pote l e ke lè pou nou pa pote l ankò, se lè konstitisyon an kraze.»

Defakto yo pa okipe viktim Mapou yo!
Aprè 8 mwa yon inondasyon te finn ravaje lokalite Mapou nan Sidès peyi a, viktim yo kontinye ap viv nan kondisyon trè grav. Yo pa genyen kay pou yo rete, se anba yon plastik y ap dòmi, yo pa genyen manje pou yo manje, yo pa ka voye pitit yo lekòl, se yon kalvè y ap monte nan zòn lan. Kòdonatè Oganizasyon pou devlopman Mapou ak Piyon (OPMD), Jean Renaud Louis denonse sitiyasyon moun ki te viktim nan inondasyon 23 ak 24 me 2004 la ap viv nan Mapou. Li mande pou otorite yo pran ka popilasyon yo an konsiderasyon. Li mande gouvènman defakto a pou l bay Lakwawouy ayisyèn otorizasyon pou l kapab demare travay konstriksyon kay pou viktim yo nan Mapou.