19 Janvier, 2005

January 19, 2005

19 Janvye, 2005
Vol. 22 No. 45

Militan Lavalas nan Nò mande depa defakto yo
Militan Lavalas nan Nò ak nan Nòdès peyi a fè konnen, dimanch 9 janvye, pou genyen eleksyon nan peyi a, fòk gouvènman defakto Alexandre-Latortue a rache manyòk li, fòk Jean-Bertrand Aristide retounen nan peyi a. Yo mande liberasyon tout prizonye politik gouvènman defakto a fèmen nan prizon de fason abitrè e ilegal. "Pa ka gen eleksyon san Fanmi Lavalas…" Militan Lavalas yo di yo pa pral nan eleksyon ak yon gouvènman ki pa respekte dwa moun, k ap voye lapolis ak fòs okipasyon Minustah al touye mas pèp la nan katye popilè yo kouwè sa ap fèt nan Gonayiv ak nan plizyè katye popilè nan Pòtoprens. Yo di gouvènman sa a pa gen lejitimite ak kredibilite; ak yon KEP ki pa legal, GNB yo mete la pou fè eleksyon fo mamit.

Karikom pa aksepte defakto yo
Chèf diplomasi jamayiken an, Keith Knight fè konnen kominote Karayib la (Karikom) pap admèt Ayiti toutotan demokrasi pa retounen nan peyi a. "Lè demokrasi retounen ann Ayiti, peyi a ap retounen yon lòt fwa ankò nan Karikom, demokrasi a dwe ale pi lwen pase eleksyon yo. Nou pa ta dwe wè pratik diskriminatwa sa yo ann Ayiti." Karikom mete lejitimite gouvènman defakto Alexandre-Latortue a an kesyon, li pa vle l patisipe nan asanble li yo, li fè konnen se fòse yo te fòse prezidan Aristide pran egzil nan mwa fevriye 2004 la. Manm Karikom yo di yo pa satisfè sou fason gouvènman defakto Gérard Latortue a ap dirije peyi a, k ap ankouraje tout yon seri pratik abitrè nan peyi a.

Lavi travayè Ayisyen an Repiblik Dominikèn
Jounal Nuevo Herald nan Miami fè yon repòtay sou Ayisyen yo k ap travay nan izin sik ki rele "Grupo Vicini" nan vil San Pedro de Macoris an Repiblik Dominikèn e ki ap monte yon kalvè. Kondisyon lavi brasewo yo nan izin sa a ap pi mal chak jou. Jounal la ki site temwayaj pè Hartley Christopher, k ap travay nan pawas San Jose de los Llanos, fè konnen travayè yo pa genyen okenn dwa, yo pa menm kapab ale lòt kote nan zòn lan, se nan izin lan sèlman pou yo rete. "Se la a pou rete sèlman pou zafra, ou pa la a pou okenn lòt bagay", se sa yon responsab izin lan di travayè yo.

Pè Christopher fè konnen se 60 pesos responsab izin lan peye brasewos yo, brasewos yo ap viv nan mizè ak lakras, se kouwè mandyan, kouwè vakabon y ap manje. Responsab izin lan pa ba yo manje, li pa ba yo latrin, dlo, kouran, elatriye. Aprè yon jounen travay, se yon sèl fwa yo manje ki se yon labouyi mayi. Responsab izin Grupo Vicini fè konnen yo pral mete yon baryè nan antre a, pou anpeche pè Christopher rantre nan izin lan ak tout lòt moun ki pral chache konnen kouman travayè ayisyen yo ap viv nan lanfè sa a.

Represyon ap kontinye san gade dèyè
Nan dezyèm semèn mwa janvye an, gouvènman defakto a deklannche yon vag represyon nan tout katye popilè nan kapital la. Li sèvi ak polis nasyonal la, fòs okipasyon Minustah a pou mache touye pitit mas pèp la nan:LaSalin, Fò Touwon, Bèlè, Solino, Nazon, Site Letènèl, Vilaj de Dieu, Site Solèy, ba Dèlma elatriye…

Mèkredi 12 janvye a, lapolis ak Minustah debake nan La Salin, yo touye 4 moun, yo arete plis pase 100 moun e plizyè lòt blese. Nan Vilaj de Dieu, lapolis te mennen yon operasyon, kote l fè tout moun zòn lan kouche atè a nan labou santi a e yo te arete anpil anpil moun. Anpil moun tou oblije ap kouri kite zòn nan pa pil ak pa pakèt pou yo ka wè si yo te ka chape anba represyon defakto yo ap fè sou yo. Nan Site Solèy, Minustah debake ak yon kontenjan Jòdanyen, al fouye kay moun yo epi yo arete plis pase 60 moun.. Nan moman sa a plizyè kout zam t ap tire nan zòn lan. Daprè moun k ap viv nan zòn lan, fòs okipasyon an ta touye plizyè moun e blese plizyè lòt.

Pòtpawòl lapolis la, Jessy Cameau Coicou fè konnen lapolis Kwadèboukè te mennen yon operasyon nan zòn lan, yo arete 7 moun. Pou kounye a lapolis ak Minustah ap mache touye moun nan peyi a.

Sitin paran prizonye politik devan Minustah
Jedi 13 janvye a, plizyè dizèn paran prizonye politik ki fèmen de fason ilegal nan diferan prizon nan kapital la, te òganize yon lòt sitin devan lokal Minustah sou wout Boudon an pou ekzije liberasyon pwòch yo. Kòdonatè jeneral Gwoup Defans Dwa Prizonye Politik yo (GDP), Ronald Saint-Jean te denonse minis defakto Jistis la, Bernard Gousse k ap fè tout yon seri manèv pou enfliyanse travay jij yo. Li denonse anprizonman enjis plizyè santèn manm Fanmi Lavalas, pami yo genyen Anthony Nazaire ak Harold Sévère, jij Bredy Fabien pa t jwenn okenn chaj kont yo, te pase lòd pou libere yo, toujou rete fèmen nan prizon. Kèk jou aprè òdonans jis Bredy Fabien an, minis defakto Lajistis la Bernard Gousse te mande dwayen tribinal sivil Pòtoprens lan, Jean Joseph Lebrun pou l retire dosye yo nan men l, epi pou l retire tout dosye ki nan men jij Jean Sénat Fleury pou kòz de lantè. Desizyon sa a se yon enjerans pouvwa ekzekitif defakto nan pouvwa jidisyè a.

Lesly Gustave, yon ansyen prizonye politik ki te fenk jwenn liberasyon li mande paran prizonye politik yo, pou yo rete mobilize jiskaske prizonye yo jwenn liberasyon yo. Paran prizonye politik yo bò kote pa yo mande otorite defakto yo pou yo louvri yon ankèt endepandan pou limyè sou masak 1ye desanm lan nan Penitansye nasyonal, kote plizyè dizèn prizonye te jwenn lanmò yo.

GNB yo ap pèsekite senatè Yvon Feuillé
Prezidan Sena a, Yvon Feuillé fè konnen 11 janvye a, l ap kontinye resevwa pèsekisyon politik. Lendi 10 janvye, li te prezante devan lajistis nan vil Okay sou plent yon responsab lokal OPL la, Claude Bernard, ki te akize l kòm moun ki ta enplike nan mete dife nan kay li 24 fevriye 2004. Senatè a fè konnen plent sa a se yon lòt mannèv pou entimide l, fè l fèmen bouch li, pou patizan Fanmi Lavalas nan Sid peyi a ka pè fè reyinyon: "Y ap fè anpil menas kont nou, yo akize nou, paske tou senpleman yo pè fòs Fanmi Lavalas reprezante a."

Senatè Feuillé denonse atak patizan GNB yo lanse kont li nan depatman Sid la, li fè konnen genyen Coles Constant ki se yon anti-Lavalas ki agrese l ak kout wòch, e se popilasyon an ki sove lavi l.

Dirijan FRN yo mete Guy Philippe deyò
Butter Métayer ki se prezidan fwon an, ke lapolis Etazini te arete nan fen mwa novanm 2004 la, nan ayewopò Miyami aksepte pou lajistis Etazini voye l tounen ann Ayiti. Pòtpawòl imigrasyon nan Miyami, Barbara Gonzalez fè konnen, jij la deja siyen depi madi 11 janvye lòd ekstradisyon Butter Métayer. Manm Fwon an nan Gonayiv te lanse yon iltimatòm ki te ekspire madi 11 janvye an bay gouvènman defakto a, pou l pwononse l sou anprizonman prezidan yo an nan Florid. Dezyèm pòtpawòl Fwon an Dieujuste Jeanty, nan yon konferan pou laprès li te bay 10 janvye a, di : se tande l tande ekzistans Fwon an ki gen nan tèt li Guy Philippe nan kapital la. Li di yomenm nan Fwon zòn Raboto, Gonayiv yo pa rekonèt Guy Philippe. Dieujuste Jeanty fè konnen: "N ap voye mesaj sa a bay Guy Philippe, se tande noumenm nan Gonayiv, nou tande yon lòt Fwon rekonstriksyon nasyonal Pòtoprens, m pa janm rekonèt gen yon relasyon… Si Guy Philippe ap pale de rekonstriksyon de fwon an, l ap pwone tèt li kòm prezidan, si l t ap pale de rekonstwiksyon, menm bouwèt li ta pran nan Pòtoprens pou l fè yon prèv ke l gen yon ideyoloji pou konstriksyon…"

Popilasyon Site Solèy la mande depa gouvènman defakto a
Sou inisyativ Selil nasyonal reflekzyon òganizasyon popilè baz Fanmi Lavalas, plizyè milye moun te pran lari nan Site Solèy vandredi 7 janvye a, pou ekzije depa gouvènman defakto Alexandre-Latortue a, e yo reklame retou prezidan Jean Bertrand Aristide nan peyi a. Manifestan yo te denonse ensekirite a, yo denonse tou chomaj ak lavi chè k ap finn depafini ak yo nan Site a depi aprè kidnapin prezidan Aristide 29 fevriye 2004. Manifestan yo lanse yon apèl bay tout militan Lavalas konsekan pou pote kole ak yo nan tout mouvman y ap fè pou rive ranvèse gouvènman defakto sa a: "Nou mande pou prezidan Aristide kapab retounen sou pouvwa a a, si Aristide pa vini pap janm gen yon bon bagay k ap mache nan peyi a. Noumenm sa nou deside nan Site Solèy se retou prezidan Jean Bertrand Aristide. Ki di noumenm nou pap kapab viv san Aristide. Se limenm ki tout nou aprè Granmèt la… Viv Aristide pou 5 kan!"

Militan Lavalas yo denonse PNH la
Militan Lavalas yo nan Site de Dieu denonse pèsekisyon y ap sibi anba men Polis nasyonal. Ajan PNH yo debake nan Site a, yo piye anpil kay ak machin ki boule, gen plizyè moun ki mouri ak plizyè lòt blese. Popilasyon Site de Dieu di pa gen okenn rezon valab pou lapolis ap masakre popilasyon an konsa. Lendi 17 janvye a, tout moun te ka wè plizyè dizèn moun k ap kite zòn nan ak tout zafè yo.

Represyon nan Kafou
Nan wikenn 8-9 janvye a, lapolis ak sòlda Minustah yo te mennen yon operasyon nan ri Titus nan komin Kafou. Lapolis touye 3 moun, yo arete 96 lòt moun, yo di yo sezi plizyè materyèl. 2 ajan Minustah blese. Pòtpawòl lapolis la, Jessy Cameau Coicou fè konnen: "Wi se presizeman Kafou nan riyèl Titus lapolis te mennen yon operasyon nan Kanasik e lè lapolis te rive nan zòn lan se pou l te al fè fouy… Genyen 2 bandi ame ki kòmanse tire sou lapolis e nan echanj tir yo, genyen 3 bandi ki tonbe… Le 4 janvye nan ri Kòpo toujou Kafou, genyen diferant materyèl, gen yon uzi, fizi 12, revòlvè 38, pistolè 9 milimèt, gaz lakrimojèn…"

Lapolis atake elèv lise
Lendi 10 janvye a, plizyè dizèn elèv lise Daniel Fignolé, nan Sen Maten, te antre nan lakou ministè Edikasyon nasyonal pou manifeste. Elèv yo fè konnen responsab edikasyon yo pa sansib sou pwoblèm y ap konfwonte nan lise sa a ki pa janm rive fonksyone depi lekòl la louvri nan mwa septanm 2004 la. Ajan sekirite ministè a te tire gwo kout rafal bal pou dispèse foul elèv sa a yo. 2 elèv te rive blese.

Yon diplomat franse ta mele nan yon zafè pedofil
Franck Sibert ki se yon anplwaye nan anbasad franse ann Ayiti, ki te disparèt 10 desanm lan, ki te fè objè divès avi rechèch nan diferan medya nan kapital la, yo te menm rive prezante foto l nan ekran Televizyon nasyonal, sanble se plezi l li t ap pran nan vil Sen Mak.. Daprè enfòmasyon yo k ap sikile nan Sen Mak, Franck Sibert ki genyen 40 lane ta sanble li te vinn pran plezi l avèk yon ti jèn fi ki genyen sèlman 15zan pandan yon bon peryòd. .