|
24 Novamn, 2004
Defakto yo apiye ansyen lame kraze zo a
(Ayiti Pwogre/Potoprens) Nan okazyon batay Vètyè a, jedi 18 novanm 2004 la, prezidan ak Premye minis defakto a, Boniface Alexandre ak Gérard Latortue di ke gouvènman yo a pa deside mete lame Dayiti kanpe e ke se gouvènman k ap sòti nan eleksyon yo k ap genyen manda pou deside sou sa. Men Boniface Alexandre fè konnen ke se t ap yon onè pou zansèt yo si l ta mete lame a kanpe. Gérard Latortue ki t ap blofe bò kote pa l fè konnen peyi a pa bezwen yon fòs lame, li kalifye de lame «kraze zo», yon lame represiv. Li di lame sa a te espesyalize l nan komèt yon seri de zak malonèt kouwè trafik dwòg.
Ansyen militè yo te manifeste nan plizye rejyon peyi a ak zam nan men yo, malgre gouvènman defakto a pa t ba yo otorizasyon. Nan Pòtoprens, ansyen militè yo te deside pran lari pou defile, men sòlda Minustah yo te bloke parad yo a sou wout Frè a, kote yo te sètoblije manifeste sou plas, nan zòn Djoumbala kote yo denonse enjerans sòlda Minustah yo. «Chimè yo, sòlda Minustah yo ak rejim defakto mete tèt yo ansanm pou anpeche yo komemore kòm sa dwa batay Vètyè a». Pèsonn pap pran nan blòf, kòmkwa pwoblèm ant Minustah ak anyen militè yo. Sinon pouki Minustah pa t tou dezame yo?
Pòtpawòl ansyen militè yo nan Plato Santral, Joseph Jean-Baptiste denonse enjerans etranje yo nan selebrasyon 201tyèm anivèsè batay Vètyè. Li akize gouvènman defakto a ki trayi yo, aprè l te finn sèvi ak yo. Remicinthe Ravix, «kòmandan» ansyen militè yo di ansyen militè yo pa genyen anyen pou yo wè ak biwo de jesyon militè yo, li fè konnen y ap prepare yon repons pou rejim defakto a.
Lidè Mouvman demokratik e refòmatè ayisyen (MODEREH), Dany Toussaint mande otorite defakto yo rele ansyen militè yo pou fòme yon fòs sekirite enterimè pou ede lapolis mete fen ak «geriya» a nan Pòtoprens. «Otorite defakto yo dwe mete nèg sa yo nan sèvis nasyon an olye li izole yo». Dany Toussaint mande gouvènman an aji vit pou evite yon katastwòf, paske peyi a twouve l jounen jodi a sou yon barik poud ki prèt pou eksploze.
Lapolis ap «chache» Ti Will
Nan lannwit dimanch 14 novanm lan, Wilfort Ferdinand alyas Ti Will te touye yon ti jèn fi ki rele Francesca Gabriel. Wilfort Ferdinand. Kounye a, òganizasyon dwa moun yo ap mande pou lapolis arete Ti Will. Ensidan sa a rive, daprè plizyè temwayaj, pandan Ti Will ap chèche swadizan yon nèg. Tankou kòbòy, li rive devan kay la, li tonbe tire epi touye timoun lan.. Ti Will te manm FRON Guy Philippe la. Li te pami moun Premye minis defakto rele «konbatan libète». Jounen jodi a pòtpawòl FRON an, Wilfrid Joseph twouve vin fè laprès konnen ke Ti Will pa manm FRON an.
Komisè gouvènman Gonayiv la, Louiselme Joseph konfime paran Francesca Gabriel te depoze plent kont Wilfort Ferdinand nan pakè. Li fè konnen ke aprè l finn etidye dosye a, pwochen etap la, se pra l dwayen tribinal la ki dwe distribiye dosye a bay yon jij enstriksyon. Li di: «Nou genyen seksyon depatmantal polis jidisyè (SDPJ) ki te resevwa plent de paran viktim lan, ki deja achemine nan pakè. Donk mentnan, n ap reflechi sou dosye a pou nou konnen ki oryantasyon ke n dwe ba l selon lalwa. Nan rapò ki vinn devanm lan la a, li pa yon kesyon dechanj de tir, donk paran yo di se Wilfort ki touye timoun lan, donk se sèlman sa yo di, yo pa pale de echanj de tir. M pa kwè sa nan pwosè vèbal ki vin jwenn mwen la a. Si yo deplase yo ale jis nan komisarya a, nan SDPJ a, donk se paske yo ala rechèch de lajistis».
Konsèy Inivèsite a voye jete
pwopozisyon Latortue a
Christian Rousseau, yon manm konsèy Inivèsite Deta Dayiti e manm Konsèy Saj la, voye jete deklarasyon Premye minis defakto a, Gérard Latortue, ki ta fè kwè manm rektora Inivèsite yo (UEH), vle bloke refòm nan Inivèsite a, lè yo voye jete pwopozisyon l te fè pou kreye yon sekreteri Deta pou edikasyon siperyè. Li fè konnen Premye minis defakto an vle vyole otonomi Inivèsite a, li di chèf gouvènman an pa genyen yon konesans ekzak sou pwoblèm inivèsite a. Pou Rousseau konpòtman Premye minis lan pa diferan ak konpòtman gouvènman tradisyonèl yo. Slogan ak pawòl wonflan Premye minis defakto a pap mennen peyi a okenn kote; Latortue pa menm bay pou ki rezon li vle kreye sekreteri Deta pou edikasyon siperyè a. «Pwopozisyon sa parèt kòm yon tantativ denjerans e kreye yon sèten mefyans, paske objektif la pa defini de fason klè.»
Majistra Delmas a pa kontan
Majistra Delmas a, Prisca Jean Vilfort, denonse move jesyon pouvwa defakto a, nèg ki sou pouvwa kounye a. Pa gen anyen k ap fonksyone nan peyi a, sou gouvènman ki la a, se kès Leta sèlman y ap piye; yo abandone meri yo, yo pa ba yo mwayen pou yo fonksyone. «Se yon wont, aprè tout pwomès de chanjman yo te fè». Prisca fè konnen li pap chèche fè moun plezi, li pa bezwen fè moun renmen l, yon sèl zanmi li genyen, li fè konnen e ki toujou akonpaye l, se fizi Galil li.
Prisca Jean Vilfort deplore asasina kolèg GNB li a, kòdonatè mache piblik yo nan meri Pòtoprens la, Wébert Adrien, li mande otorite yo mete aksyon piblik an mouvman kont asasen yo. Li mande popilasyon an pou l pa kite yo pran l nan pyèj, kote sèten sektè ap kouri bri ki ta fè kwè ke se patizan Lavalas yo ki ta responsab tout zak vyolans k ap fèt nan peyi a, se yon estrateji yo itilize pou yo kache pwòp echèk yo.
«Grenn Sonnen» demanti lapolis
Dimanch 21 novanm lan, nan aprèmidi, lapolis te mennen yon operasyon fouy kay Anthony alyas «Grenn Sonnen» nan Delmas 33. Nan moman sa a te genyen gwo kout zam ki t ap tire nan zòn lan. Lapolis akize Grenn Sonnen nan tout yon seri zak vyolans k ap fèt nan kapital la.
Pòtpawòl PNH la fè konnen nan kad operasyon sa a, polisye yo te fè afwontman ak «Grenn Sonnen», men msye te rive kouri ak tout zam li nan men l. Lapolis te pran machin li ak lòt minisyon yo te jwenn lakay la.
Nan yon deklarasyon «Grenn Sonnen» te fè lendi 22 novanm lan, li di: «Mwen pa t la nan moman operasyon an, e mwen pa t gen okenn minisyon lakay mwen». Men li fè konnen li genyen zam pou l defann tèt li kont agresyon.
CIMO chanje inifòm
Pòtpawòl lapolis la Jessie Cameau Coicou anonse konpayi entèvansyon e mantyen lòd la, CIMO chanje inifòm. Kounye a yo genyen yon inifòm kamouflaj ki diferan de inifòm ansyen manm fòs lame Dayiti yo. Pòtpawòl la te pote plis presizyon. «Presizyon ke lapolis ta renmen pote sou sa sèke inifòm inite CIMO a chanje, pou lè nou wè yo nan lari pou nou pa konnen se yon lòt ekip, oubyen yon lòt gwoup k ap opere nan zòn lan. Inifòm inite CIMO a kounye a se inifòm de kamouflaj, men ki pa vèt tankou kamouflaj te konn ye lontan pou Leyopa pa egzanp, sa se yon kamouflaj ki yon tijan mawon epi ki gen ti vè ladan li avèk bèj. Ou konnen yon inifòm lapolis, se pa yon kesyon de gou oubyen se pa yon kesyon de mòd bagay sa yo, yon inifòm lapolis se yon bagay ki fèt pou l pratik e nan yon seri de kondisyon tou…»
Konsènan vyolans 18 novanm yo, Jessie Cameau Coicou di li poko genyen enfòmasyon sou kantite moun ki te mouri, men li konnen lapolis te pran dispozisyon pou l prezan nan tout katye popilè kote ki konn genyen zak vyolans yo nan kapital la.
ACSI denonse Carline Simon
Manm Asosiyasyon komèsan sektè enfòmèl la ACSI denonse majistra Pòtoprens lan Carline Simon, yo di k ap fè yon seri manèv louch pou fòse majistra adjwen an Yanick Mezile renmèt demisyon li. Yanick Mezil se reprezantan komèsan sektè enfòmèl la nan konsèy minisipal Pòtoprens lan. Komèsan yo di yo prè pou yo òganize tout yon seri mouvman pou fè plan Carline Simon an bwè lwil.
Carline Simon reyaji pou l di se nan laprès li tande enfòmasyon sa a, li fè konnen pa genyen okenn traktasyon.
UNICEF denonse asasina timoun
nan lari yo
Biwo UNICEF la ann Ayiti denonse nan yon nòt pou laprès li te mete deyò madi 23 novanm 2004 la, vyolans k ap fèt sou timoun yo ki nan lari a, yo menm rive asasinen kèk nan yo. Nan nòt la UNICEF fè konnen yo jwenn kadav Kenel Alexis ki genyen 10 zan e Faustin Archange ki genyen 13 zan nan mòg lopital jeneral la, nan Pòtoprens. Kadav timoun sa yo ki te resevwa anpil bal, t ap drive atè.
Nan yon rapò Jistis ak Pè te fè pou mwa septanm e oktòb 2004 la, li te fè konnen genyen 3 timoun ki viktim anba zak vyolans yo nan kapital la. Pou mwa septanm Jistis e Pè anrejistre 21 moun ki viktim, pou mwa oktòb la: 38 jèn gason e 3 jèn fi.
UNICEF fè konnen se chak jou y ap vyole dwa timoun yo nan peyi a, timoun yo ap wè chak jou tout yon seri zak vyolans nan kominote a, sou wout lekòl yo, menm nan fanmi kote y ap viv la.
Rapatriman 82 refijye
Mèkredi 24 novanm lan, gadkòt Etazini rapatriye 82 refijye ayisyen ki t ap eseye fè yon vwayay nan yon ti bato pou ale Florid. Se nan nan Matisan, nan kapital la ke yo te debake refijye yo, pami yo te genyen 11 fanm. Moun sa yo te sòti Pòdepè, nan Nòdwès peyi a. Se Ofis nasyonal migrasyon (ONM) ki te akeyi yo.
KEP la ap poze kondisyon li
Konsèy elektoral pwovizwa (KEP) a fè konnen li genyen yon dokiman li pral voye bay pouvwa egzekitif defakto a sou òganizasyon eleksyon yo. Dokiman sa a ki baze l sou lwa elektoral 1999 la, genyen yon seri bagay k ap pouse pati politik yo mete tèt yo ansanm suivan tandans yo, pou eleksyon yo. Daprè KEP la, genyen 91 pati politik ki anrejistre nan ministè Jistis epi genyen 5 lòt k ap tann rekonesans legal yo. Manm KEP la mande pati politik yo mete tèt yo ansanm pou yo ka falisite chwa elektè yo. Rosemond Pradel pòtpawòl KEP la, te di: «Si yon pati politik vle ale nan eleksyon, premye bagay n ap mande pati a se enskri epi li dwe montre efektivman li genyen 5 mil manm avèk nimewo kat elektoral chak manm yo. Se sa lalwa sou pati politik yo mande, fòk pati a genyen 5 mil manm. Donk Konsèy elektoral la, se yon otorite an matyè elektoral, donk Konsèy elektoral la ka fè kèk ekzijans… pou patisipasyon pati yo nan pwochen eleksyon yo.»
Responsab GREH a Himler Rébu voye jete dwa KEP la bay tèt li pou l bloke yon seri pati politik pou yo pa al patisipe nan eleksyon yo. Li fè konnen:.«Mwen pa wè kouman KEP la kapab deside ki moun ki pou fè oubyen ki moun ki pou pa fè politik ann Ayiti. Se konstitisyon an ak lwa sou pati politik yo ki defini kondisyon ki pou pèmèt yon pati politik ekziste, kounye a briskeman Konsèy elektoral la transfòme tèt li an palman pou l deside sou règ de lwa ann Ayiti.»
Responsab MODEREH a Dany Toussaint fè konnen limenm ke òganizasyon eleksyon yo pa posib kounye a nan peyi a pou rezon sekirite. Pou kounye a, MODEREH poko deside patisipe nan eleksyon k ap genyen pou fèt yo, men l ap swiv de trè prè fonksyonman Konsèy elektoral ki la.
Latortue kontinye meprize Konsèy Saj la
Premye minis defakto a, Gérard Latortue deklare lendi 22 novanm lan pandan pasaj li Paris ke gouvènman li a toujou kenbe dat ki te prevwa an mwa novanm 2005 la pou òganizasyon eleksyon yo. Daprè Latortue eleksyon yo genyen pou yo fèt an 2 tan : lejislativ, minisipal e lokal dabò, answit prezidansyèl. Li bay garanti tout pati politik, san distenksyon ap kapab patisipe.
Chèf gouvènman defakto a reyafime volonte pou l jije prezidan Aristide, menm pa koutimas. Li fè konnen li pase minis Jistis li a lòd pou l lanse yon manda entènasyonal kont Aristide san pèdi tan. Minis Jistis la Bernard Gousse reponn pou l fè konnen se pa yon dosye li kapab abòde avèk lejète, fòk li lanse dabò yon manda nasyonal avan tout manda entènasyonal.
Konsèj Saj la bò kote pa l kritike gouvènman defakto a sou fason l ap trete dosye manda li di li pral lanse kont prezidan Aristide. Pòtpawòl Konsèy Saj la, Danielle Magloire fè konnen gouvènman an pa t konsilte yo avan l te pran desizyon sa a, jan yo te mete yo dakò sou akò 4 avril la. Li akize Gérard Latortue ki vle ranpli wòl lajistis, li pa vle fonksyone selon prensip dekilib. Li di se menm konpòtman sa a gouvènman an te genyen lè l t ap adopte bidjè 2003-2004 la.
UNNOH mande gouvènman defakto
an pran responsabilite li
Responsab Inyon nasyonal nòmalyen ayisyen (UNNOH), Josué Mérilien, denonse lendi 22 novanm lan, nan yon konferans pou laprès, konpòtman lese grennen otorite defakto li yo fas a sitiyasyon vyolans nan kapital la. Li fè konnen gouvènman defakto a kache dèyè sitiyasyon vyolans lan pou l maske koripsyon nan administrasyon piblik yo. «Se pa posib pou sitwayen onèt kontinye ap sibi zak vyolans nan peyi a, gouvènman an dwe pran responsabilite l». Li anonse tout yon seri aktivite UNNOH genyen pou l fè nan Lekòl Nòmal siperyè, pou fòse otorite defakto yo pran dispozisyon pou frennen zak banditis nan peyi
Defakto a pran yon dekrè kont vyòl
Nan okazyon dizyèm anivèsè ministè Kondisyon Feminin, prezidan defakto a Boniface Alexandre anonse madi 23 novanm lan, pouvwa ekzekitif la pran yon dekrè-lwa pou pini de fason trè sevè tout otè vyòl. Dekrè-lwa sa a pral modifye atik 279 ak tout lòt atik ki vini aprè l yo nan kòd penal la, l ap retire enfraksyon sa a, ki rele vyòl la nan nivo de deli pou mete l nan nivo krim. Nouvèl mezi sa a prevwa yon pinisyon k ap sòti 10 zan pou rive jiska 20 tan prizon.
Sant GHESKIO resevwa plis pase 80 fanm viktim vyòl
Responsab sant GHESKIO a, Harry Théodore fè konnen sant la resevwa plis pase 80 fanm viktim agresyon seksyèl pandan 3 dènye mwa yo, pifò nan ka sa a yo sòti nan zòn Pòtoprens lan. Se fanm yo ki se prensipal viktim zak ensekirite yo nan zòn metwopolitèn lan. Nan dènye moman sa yo 81 fanm ki gen pou pipiti 30 lane ki sibi agresyon seksyèl se sant GHESKIO ki resevwa yo. Si sitiyasyon an ap kontinye konsa, responsab sant lan fè konnen, sant la ka vinn twouve l nan yon sitiyasyon difisil pou l kontinye resevwa viktim sa yo. Depi kèk tan sant GHESKIO ap bay asistans medikal pou prevni enfeksyon seksyèl yo, yon moun ka transmèt ak fanm ki pa t vle pote yon timoun ki sòti nan agresyon sa yo. Li ede viktim yo limite dega zak agresyon sa yo te ka fè sou yo kouwè : koupe apeti yo, pa ka dòmi, depresyon, tandans ki pou fè yo izole tèt yo, ak tout lòt vye lide ki ka pase nan tèt yo. Harry Théodore ankouraje viktim agresyon seksyèl yo ale nan yon sant despistaj, pou y al fè tès pou wè si yo pa enfekte ak viris Sida a.
Waf Jeremi an enpratikab
Amatè ak kapitèn bato ap rele anmwe devan gwo difikilte yo genyen jounen jodi a pou yo rive akoste bato yo sou waf nan Jeremi. Yo fè konnen ke depi anviwon yon mwa se toujou anba plede redi pou fè manèv pou bato yo pa echwe bò waf la, kit lè y ap rantre , kit se lè yo ta deja akoste sou waf la akoz pati kote waf la fèt la ansable, paske waf Jeremi an fèt sou yon sèl ang. «Nou pa gen waf Jeremi, nou pa gen kote pou bato yo kochte, pa gen limyè, waf la kraze, gen yon gwo travay ki pou ta fèt la a, pou repare waf la. Depi bouchi an desann, se li ki anbleye waf la, m pa wè kòman pou yo ta met solisyon ankò, fò yo ta janbe waf la nan bò dwat sou waf la, waf la plat, batiman an, se nan mezi pwent lan pou l rete ou pa ka antre devan.»
|