Aprè mobilizasyon militan Lavalas yo 30 septanm 2004, pou mande depa gouvènman defakto a e retou san kondisyon prezidan konstitisyonèl la, Jean-Bertrand Aristide; defakto yo deklannche yon kanpay represyon sistematik dèyè Fanmi Lavalas yo. Samdi 2 oktòb la, yo kidnape 4 palmantè Lavalas nan lokal radyo Karayib, ki rete fèmen nan prizon san prezante devan jij jan konstitisyon ann di li a. Defakto yo arete plizyè lòt moun nan Bèlè, Site Solèy, Matisan sou pretèks y ap soutni mobilizasyon pou destabilize yo. Mèkredi 13 oktòb la, yo antre nan pawas Sent Klè nan Tiplas Kazo al arete pè Gérard Jean-Juste san manda, nan presbitè a, pandan li t ap distribye manje bay plizyè timoun. Otorite defakto yo fè konnen arestasyon pè Jean-Juste antre nan kad ankèt y ap mennen sou vyolans ki genyen nan peyi a depi 30 septanm 2004.
Arestasyon gwo ponyèt sa a soulve reyaksyon nan tèt legliz la ak nan òganizasyon k ap defann dwa moun yo. Achevèk kowadjitè Pòtoprens lan, Monsenyè Serge Miot kritike otorite yo ki pa defere pè a devan lajistis, pou l ka defann tèt li. Monseyè an fè konnen se yon bagay ki natirèl, pou fidèl pawas la ak moun k ap viv nan zòn lan pwoteste kont arestasyon pè a, paske pè a te toujou fè byen pou yo. «Mwen te mande yon rankont de dyalòg, pou n konprann pwoblèm lan byen, pou nou konnen kisa. Alò lè yo arete yon moun, menm si yo te vini pou yon odisyon, se arestasyon, lalwa mande pou yo transfere l bay jij li. Alò sa nou mande fò k ke yo refere l a yon tribinal pou l gen avoka k ap tande, k ap akonpanye l, pou bagay yo fèt selon le dwa. Paske si yo gen prèv, yo k ap montre l, se swa li t ap sere bandi, l ap bay zam, kote pou yo pwouve l, limenm tou l ap pran responsabilite l… jan yo fè l la sa sanble se yon moun yo pran an flagran deli, paske fidèl yo, yo atache a limenm, lè yo vin arete l yo fè yon reyaksyon natirèl. Mwen kwè te gen yon televizyon ki te la, tou sa yo di a m pa menm kwè se vre, jan yo di yo kraze vit, menm si yo te fè manifestasyon men fò nou ta wè avèk televizyon ki te la a, sèlman sa yo di yo si se vre. Se nan yon kanpay konsa, yon kanpay jeneral, yon kanpay de represyon k ap fèt, men ki pap janm rezoud pwoblèm lan, kèlkeswa gouvènman an lè w pran wout de represyon, bagay yo pra l pi mal janm di a, se wout dyalòg, wout lalwa, wout Konstitisyon, se sa jwenn sitiyasyon an pou sove peyi a nan enpas li ye a ».
Responsab komisyon nasyonal Jistis e Pè Pòtoprens lan, pè Jean Hansen, malgre se yon nèg ki toujou ap fè ekilibris, menm si l ap vire bouch li, li sèt kritike fason lapolis arete pè Gérard Jean Juste, yon arestasyon ki fèt san manda e avèk britalite. Li kondane konpòtman yon seri moun ki bay tèt yo pou misyon akize sitwayen yo e mete lavi yo an danje sou senp baz de rimè, de ‘yo di’ : «Si yon moun koupab de yon zak vyolans oubyen li aji an deyò lalwa, yo dwe depoze plent kont moun sa a devan otorite ki plase pou sa, pou al reponn sou zak li komèt la e rive defann tèt li nòmalman. Komisyon an te aprann nouvèl ki anonse yo arete pè Gérard Jean Juste nan kondisyon ki selon enfòmasyon nou genyen pa t fin respekte sa lalwa mande nan kondisyon sila. Donk ki te gen absans manda e an menm tan tou nou te aprann te genyen kan menm yon sèten degre de vyolans ki te fèt pandan arestasyon sa a.»
Responsab komite avoka pou respè libète endividyèl (CARLI), Renan Hédouville, denonse kontradiksyon flagran nan eksplikasyon pòtpawòl lapolis la, Jessie Cameau Coicou e minis Jistis la, Bernard Gousse sou motif arestasyon an e sa fè nou wè trè klèman motif arestasyon pè a pa defini. Renan Hédouville mande liberasyon Jean-Juste san delè e li raple otorite defakto yo ke vyolatè dwa moun genyen pou yo reponn kanmenm yon jou devan lajistis nasyonal e entènasyonal. «Alò premye konsta ke nou fè di gen kontradiksyon flagrant ki te degaje nan deklarasyon pòtpawòl lapolis la, ki nan yon premye tan te deklare ke pè a se entèpele yo te entèpele l, yo pa t deside pou arete l, epi tanto ou te tande minis Jistis la, limenm ki te di w te gen dè zendis klè, gen dè soupson ki montre ke pè Gérard Jean-Juste enplike nan dè ka de vyolans ki fèt nan peyi a. Donk se dè bagay ke nou pran kòm enfòmasyon. Mentnan nan sa ki konsène pè Jean-Juste, … selon enfòmasyon yo ke nou rive rekeyi nan kad vizit sa a, se yon arestasyon ki fèt andeyò dè nòm legal, paske nan moman arestasyon pa t gen okenn manda ki siyen pa yon jij de pè, pa yon jij ki konpetan daprè sa Konstitisyon 1987 lan di.» Ki te mele Latortue ak konstitisyon, Hédouville pa wè ke defakto yo pran rad makout yo?
William P. Quigley, yon jiris ameriken ki vin ranfòse konsèy defans pè Gérard Jean-Juste denonse arestasyon an e kondisyon detansyon yo, e li akize otorite defakto yo k ap vyole dwa moun. Li fè konnen ke ka pè Jean-Juste la pwouve de fason trè klè peyi a an pàn demokrasi e ke otorite yo ap fè arestasyon ilegal e abitrè; peyi ap viv nan yon sitiyasyon enjistis total. Daprè li, sitiyasyon k ap devlope kounye a nan peyi Dayiti atire atansyon anpil obsèvatè nan peyi Etazini: «Tout moun ap swiv de trè prè dewoulman sitiyasyon ann Ayiti nan dènyè tan sa a, pou yo ka genyen yon ide sou sa k ap pase nan peyi a.»